Konferans Jeneral
KOVID-19 ak Tanp yo
Konferans Jeneral Avril 2021


KOVID-19 ak Tanp yo

Kenbe alyans tanp nou yo ak benediksyon yo nan lespri nou ak nan kè nou anvan tout bagay. Rete fidèl a alyans nou te fè yo.

Frè ak sè byenneme m yo, nou te vrèman gen yon festen espirityèl. Mwen rekonesan anpil pou priyè yo, mesaj yo, ak mizik yo nan tout konferans lan. Mèsi a nou chak ki ap patisipe avèk nou, kèlkeswa kote nou ye a.

Nan kòmansman ane ki sot pase a, akoz pandemi KOVID-19 la ak dezi nou pou nou rete bon sitwayen nan mond lan, nou te pran desizyon difisil pou nou te fèmen tout tanp yo tanporèman, Pandan mwa ki te vin apre yo, nou te santi nou enspire pou nou te relouvri tanp yo etap pa etap atravè yon metòd trè pridan. Kounyeya tanp yo ap louvri an kat faz, pandan n ap estrikteman respekte règleman ak pwotokòl sekirite gouvènman lokal yo.

Pou tanp ki nan faz 1 yo, koup kalifye ki te deja resevwa pwòp dotasyon yo kapab sele kòm mari ak madanm.

Pou tanp nan faz 2 yo, tout òdonans pou vivan yo kapab fèt, enkli dotasyon pèsonèl, sèlman mari ak madanm, epi pitit ak paran. Pa twò lontan nou te fè chanjman nan faz 2 a epi kounyeya nou pèmèt jèn nou yo, nouvo manm yo, ak lòt moun ki gen yon rekòmandasyon a izaj limite pou yo patisipe nan batèm pa pwokirasyon pou zansèt yo.

Pou tanp nan faz 3 yo, moun ki gen randevou kapab patisipe non sèlman nan òdonans pou vivan, men nan òdonans pa pwokirasyon pou zansèt desede yo tou.

Faz 4 la se yon retou nan tout aktivite regilye tanp yo.

Nou rekonesan pou pasyans nou ak sèvis devwe nou pandan peryòd chanjman difisil sa a. Mwen priye pou dezi pou nou adore ak sèvi nan tanp la briye pi klere pase tout tan.

Kounyeya, pwobableman n ap mande tèt nou kilè n ap kapab retounen nan tanp. Repons: Tanp ou a ap louvri lè règleman gouvènman lokal ou yo dakò sa. Lè enpak KOVID-19 nan zòn ou an rive nan limit sekirite, tanp ou a ap relouvri. Fè tout sa nou kapab pou nou ede diminye kantite KOVID nan zòn nou an pou òpòtinite pou nou al nan tanp yo ka ogmante.

Pandan tan sa a, kenbe alyans tanp nou yo ak benediksyon yo anvan tout bagay nan lespri nou ak nan kè nou. Rete fidèl a alyans nou te fè yo.

N ap bati kounyeya pou lefiti! Kounyeya gen karanteyen tanp ki an konstriksyon oswa k ap renove. Ane pase sèlman, malgre pandemi an, nou te poze premye wòch pou 21 nouvo tanp!

Nou vle pote kay Senyè a pi pre manm nou yo toujou, pou yo ka gen privilèj sakre pou yo ale nan tanp osi souvan sikonstans yo pèmèt yo.

Pandan m ap anonse plan pou konstwi 20 nouvo tanp, mwen medite epi m louwe pyonye—pase ak prezan—ki te konsakre lavi yo pou ede fè istwa sa a jodia. Yon nouvo tanp pral bati nan chak nan kote sa yo: Oslo, Norvège; Brussels, Belgique; Vienne, Autriche; Kumasi, Gana; Beira, Mozambique; Cape Town, Afrique du Sud; Singapour, Republique de Singapour; Belo Horizonte, Brésil; Cali, Colombie; Querétaro, Mexique; Torreón, Mexique; Helena, Montana; Casper, Wyoming; Grand Junction, Colorado; Farmington, New Mexico; Burley, Idaho; Eugene, Oregon; Elko, Nevada; Yorba Linda, Californie; ak Smithfield, Utah.

Travay tanp se yon pati vital nan Retablisman Legliz Jezikri a nan plenitid li. Òdonans tanp yo ranpli lavi nou avèk pouvwa ak fòs ki pa disponib nan okenn lòt fason. Nou remèsye Bondye pou benediksyon sa yo.

Pandan n ap klotire konferans sa a, nou eksprime lanmou nou pou ou ankò. Nou priye pou Bondye vide benediksyon Li epi veye sou nou chak. Ansanm, nou angaje nan sèvis sakre Li. Ak kouraj, annou kontinye avanse nan travay gloriye Senyè a! Konsènan sa mwen priye, nan non sakre Jezikri, amèn.