Konferans Jeneral
Beni nan non Li
Konferans Jeneral Avril 2021


Beni nan non Li

Rezon ki fè nou resevwa prètriz la se pou pèmèt nou beni moun pou Senyè a, pandan n ap fè sa nan non Li.

Chè frè m yo, sèvitè parèy mwen nan prètriz Bondye a, se yon onè pou mwen pou m pale avèk nou aswè a. Mwen gen respè ak gratitid ki pi pwofon an pou nou. Lè m pale avèk nou epi m tande jan lafwa nou gran, mwen gen konviksyon ke pouvwa prètriz la ap grandi plis anplis nan mond lan, avèk kowòm ki pi solidpase jamè ak detantè prètriz ki pi fidèl ke jamè.

Nan ti tan m genyen avèk nou aswè a, m pral pale ak sila nan nou ki vle vin menm pi efikas toujou nan sèvis pèsonèl nou nan prètriz la. Nou konn responsablite nou genyen pou mayifye apèl nou pou sèvi a.1 Men nou gendwa ap mande kisa apèl sa ka vledi pou nou.

M ap kòmanse avèk dyak ki pi nouvo a paske yo gen plis chans pou yo santi ensètitid konsènan sa mayifye sèvis yo nan prètriz la vledi. Ansyen ki fèk òdone yo gendwa vle tande tou. Yon evèk ki nan premye semèn ni nan sèvis la gendwa enterese tou.

M ka aprann anpil nan gade dèyè sou premye jou m kòm dyak yo. Mwen swete te gen yon moun te di m sa m pral sigjere nou yo kounyea. Sa ta ka ede m nan tout tach nan prètriz la ke m te jwenn depi lèsa a—menm sa m resevwa yo nan epòk sa a.

Mwen te òdone kòm dyak nan yon branch ki te sitèlman piti ke m sete sèl dyak ladan l epi frè m nan, Ted, te sèl enstriktè a. Nou sete sèl fanmi nan branch la. Tout branch la te konn reyini lakay nou. Dirijan prètriz pou frè m nan avèk mwen sete yon nouvo konvèti ki te apèn resevwa prètriz la limenm. Mwen te panse ke sèl devwa m nan prètriz la sete pase sentsèn nan pwòp salon lakay mwen.

Lè fanmi m te demenaje ale Utah, mwen te poukont mwen nan yon gwo pawas avèk anpil dyak. Nan premye reyinyon sentsèn mwen nan kote sa a, mwen te obsève mouvman dyak yo avèk presizyon pandan yo t ap pase sentsèn tankou yon ekip byen antrene.

Pwochen Dimanch la mwen te ale bonè nan chapèl la pou m te rete poukont mwen kote pèsonn pa t ka wè m. Mwen sonje sete Pawas Yalecrest la nan Salt Lake City, epi l te gen yon estati nan lakou a. Mwen te ale dèyè estati a epi m te priye avèk fèvè pou èd pou m te ka konn kijan pou m pa t fè erè lè m te pran plas mwen nan pase sentsèn nan. Priyè sa a te jwenn repons.

Men mwen konnen kounyea ke gen yon pi bon fason pou priye ak pou panse pandan n ap eseye pwogrese nan sèvis nou nan prètriz la. Mwen fini pa konprann poukisa yo bay moun prètriz la. Rezon ki fè nou resevwa prètriz la se pou pèmèt nou beni moun pou Senyè a, pandan n ap fè sa nan non Li.2

Sete nan ane apre m te vin dyak yo ke m te aprann kisa sa vledi an reyalite. Paregzanp, kòm yon gran prèt, mwen te resevwa tach pou m t al vizite yon reyinyon sentsèn nan yon sant sante. Yo te mande m pou m te distribye sentsèn nan. Olye m te panse a pwosesis la oswa presizyon nan fason m t ap distribye sentsèn nan, mwen te gade nan figi chak nan granmoun yo. Mwen te wè anpil nan yo t ap kriye. Yon dam te rale chemiz mwen, li te gade m, epi l te di byen fò, “Oh, mèsi, mèsi.”

Senyè a te beni sèvis ke te m te bay nan non L la. Jou sa a mwen te priye pou yon mirak konsa te pwodui olye ke m te priye sou fason m ta pral byen akonpli pati pa m nan. Mwen te priye pou moun yo te santi lanmou Senyè a atravè sèvis mwen nan lanmou an. Mwen te aprann ke sa se kle pou sèvi ak beni lòt moun nan non Li.

Mwen te fè yon eksperyans dènyèman ki te raple m kalite lanmou sa a. Lè tout reyinyon legliz yo te kanpe akoz pandemi Covid-19 la, yon frè sèvis pastoral te aksepte yon tach nan men prezidan kowòm ni pou l te beni ak administre sentsèn pou yon sè li t ap rann sèvis pastoral. Lè l te rele sè a pou l te ofri pou l pote sentsèn nan, sè a te aksepte avèk retisans, paske li pa t vle envite pou l te fè l soti kite kay li nan yon moman danje konsa epitou li te panse ke bagay yo ta pral tounen nan nòmal rapidman.

Lè l te rive lakay sè a nan Dimanch maten sa a, sè a te gen yon rekèt. Èske yo te ka mache rive nan pòt akote a pou l t al pran sentsèn avèk vwazin ni an ki te gen 87 tan? Avèk otorizasyon evèk la, li te dakò.

Pandan anpil, anpil semèn, epi avèk bon jan respè pou distans sosyal ak lòt mezi sekirite yo, ti gwoup Sen sa a te rasanble chak Dimanch pou yon sèvis sentsèn tou senp. Jis kèk moso pen kase ak kèp dlo—men anpil dlo te koule pou bonte yon Bondye eman.

Lè moman an te rive, frè sèvis pastoral la, fanmi li, ak sè a li t ap sèvi a te gen posiblite pou yo te retounen legliz. Men vèv 87 tan an te oblije rete lakay li akoz de anpil prekosyon li te oblije pran. Frè sèvis pastoral la—sonje ke tach li sete pou l te veye sou vwazin ni an, men pa sou sè granmoun sa a limenm—rive jis jodia toujou kontinye ale diskrètman lakay sè a chak dimanch, avèk ekriti yo ak yon ti moso pen nan men li, pou l administre sentsèn Senyè a.

Sèvis prètriz li a, tankou pa m nan jou sa a nan sant sante a, l ap fè l pa amou. Anfèt, frè sèvis pastoral sa a te mande evèk li resamman si te gen lòt moun nan pawas la li te ka ede tou. Dezi li pou mayifye sèvis li nan prètriz la grandi amezi l ap sèvi nan non Senyè a ak nan yon fason ke se sèl Limenm konnen. Mwen pa konn si frè sèvis pastoral la te priye, jan m te fè a, pou moun l ap sèvi yo konnen lanmou Senyè a, men paske sèvis li a fèt nan non Senyè a, rezilta a sete menm bagay la.

Menm rezilta mèveye sa a rive lè m priye avan m bay yon benediksyon prètriz a yon moun ki malad oswa nan yon moman nesesite. Sa te rive yon fwa nan yon lopital kote kèk doktè enpasyan t ap ban m presyon —plis pase ban m presyon—yo te ban m lòd pou—m te soti al fè wout mwen pou yo te ka fè travay pa yo, olye pou yo te ban m opòtinite pou m te bay yon benediksyon prètriz. Mwen te rete, epi m te fè benediksyon an. Epi, ti pitit fi sa a m te beni jou sa a, ke doktè yo te panse k t ap mouri a, li te viv. Mwen rekonesan jodia dèske jou sa a, mwen pa t kite santiman m te fè m reyaji mal men mwen te santi ke Senyè a te vle pou ti pitit fi sa a te resevwa yon benediksyon. Epi m te konn kisa benediksyon an te ye: M te beni l pou l te geri. Epi li te geri.

Sa konn rive anpil fwa lè m ap bay yon benediksyon a yon moun ki aparaman toupre lanmò, avèk manm fanmi ki antoure kabann ni, nan espwa yon benediksyon pou gerizon. Menmsi m gen yon moman sèlman, mwen toujou priye pou m konn ki benediksyon Senyè a gen an rezèv ke m ka bay nan non Li. Epi mwen mande pou m konn kijan Li vle pou m beni moun sa a e non pa kisa mwenmenm oswa moun ki kanpe bò kote m yo ta renmen. Eksperyans mwen sèke menm lè benediksyon an se pa sa lòt moun yo te vle pou tèt yo oswa pou moun yo renmen an, Lespri a toujou touche kè yo pou fè yo santi yon santiman akseptasyon ak rekonfò olye de desepsyon.

Menm enspirasyon an vini lè patriyach yo jene ak priye pou gidans lè y ap bay yon benediksyon Senyè a genyen pou yon moun. Ankò, mwen te tande benediksyon ki te bay nan prezans mwen ki te siprann mwen epi siprann moun ki t ap resevwa benediksyon an tou. Sa te klè ke benediksyon an te soti nan Senyè a—alafwa avètisman l te genyen yo ansanm ak pwomès ki te bay nan non L yo. Priyè ak jèn patriyach la te jwenn rekonpans nan men Senyè a.

Lè m te yon evèk, mwen te aprann lè m te konn ap fè entèvyou diyite pou m te priye pou Senyè a te pèmèt mwen santi kisa Li te vle pou moun nan, afenke okenn enspirasyon Li t ap bay pa t bouche pa pwòp jijman pa m. Sa difisil si Senyè a, pa anmou, ka vle beni yon moun avèk koreksyon. Sa mande efò pou nou distenge ant sa Senyè a vle ak sa noumenm ak lòt moun nan vle.

Mwen kwè ke nou ka mayifye sèvis prètriz nou pandan tout lavi nou epi petèt odela. Sa pral depann de dilijans nou nan eseye konnen volonte Senyè a ak efò nou pou nou koute vwa Li pou nou ka pi byen konnen kisa L vle pou moun nan n ap sèvi pou Li a. Sa ap fèt etap pa etap. Li ka vini tou dousman, men l ap vini. Senyè a fè nou pwomès sa a:

“Paske nenpòt moun ki fidèl pou jwenn de prètriz sa yo m te pale a epi ki mayifiye apèl yo, Lespri a sanktifye yo pou kò yo kapab renouvle.

“Yo vin tounen pitit gason Moyiz ak Aawon epi desandan Abraram, ak legliz la ak wayòm nan, ak moun Bondye chwazi yo.

“Senyè a di, epi tou, tout moun ki resevwa prètriz sa yo resevwa m.”3

Sa se temwayaj mwen ke kle prètriz yo te retabli bay pwofèt Joseph Smith. Sèvitè Senyè a te parèt soti nan syèl la pou yo te retabli prètriz la pou gwo evènman ki te dewoule yo ak sa k ap tann nou yo. Izrayèl gen pou l rasanble. Pèp Senyè a pral prepare pou Dezyèm Vini gloriye L la. Retablisman an pral kontinye. Senyè a pral revele plis sou volonte Li bay pwofèt Li yo ak sèvitè L yo.

Ou gendwa petèt santi w piti konpare ak gwo kout bale sou sa a Senyè a pral fè a. Si w santi w konsa, mwen envite ou pou w mande nan lapriyè kijan Senyè a wè ou. Li konnen ou pèsonèlman, li konfere prètriz la sou ou, epi pwogresyon w ak agrandisman ou nan zafè prètriz la enpòtan pou Li paske Li renmen ou epi Li fè w konfyans pou w beni moun Li renmen yo nan non Li.

Mwen beni nou kounyea pou nou kapab santi lanmou Li ak konfyans Li, nan non Jezikri, amèn.