Konferans Jeneral
Sovè Pèsonèl Nou
Konferans Jeneral Avril 2021


Sovè Pèsonèl Nou

Akoz sakrifis ekspyatwa a, Sovè a gen pouvwa pou netwaye, geri ak ranfòse nou youn pa youn.

Mwen rekonesan pou m avèk nou bèl jou maten Pak sa a. Lè m ap panse ak Pak, mwen renmen repase nan lespri m pawòl zanj yo te di moun yo ki te nan Tonb nan Jaden an: “Poukisa n ap chache moun vivan an nan mitan mò yo? Li pa isit; li leve soti vivan nan lanmò.”1 Mwen temwanye ke Jezi Nazarèt la te resisite epi Li vivan.

Kisa w Panse de Kris la?

Sa gen trannkatran, konpanyon misyonè m nan avèk mwen te rankontre ak ansenye yon mesye trè entelektyèl ki sete yon ekriven ki t ap ekri pou yon jounal lokal nan Vil Davao, nan Filipin. Nou te renmen anseye li paske li te gen anpil kesyon epi li te trè respektye anvè kwayans nou yo. Kesyon ki pi memorab li te poze nou sete “Kisa nou panse de Kris la?”2 Tou nòmalman, avèk eksitasyon, nou te pataje santiman nou epi rann temwanyaj nou konsènan Jezikri. Nan apre, li te pibliye yon atik sou menm sijè a ki te gen bèl pawòl ak bèl fraz sou Sovè a. Mwen sonje m te enpresyone men pa t nesesèman edifye. Atik la te gen bon enfòmasyon men ou te ka santi li te vid epi l te manke puisans espirityèl.

Aprann a Konnen L Pi Plis

“Kisa w panse de Kris la?” Mwen reyalize kijan lè m pi byen konnen Sovè a nan fason entim, sa grandman enfliyanse kapasite m pou m tande Li ak fason m ap reponn. Sa gen kèk ane, Èldè David A. Bednar te poze kesyon sa yo kòm yon pati nan yon diskou li: “Èske nou sèlman konnen konsènan Sovè a, oubyen èske n ap kontinye aprann konnen L pi plis? Kijan nou ka vin konnen Senyè a?”3

Pandan mwen t ap etidye ak medite, mwen te vin rann mwen kont klèman ke sa m konnen sou Sovè a te grandman depase konbyen m te reyèlman konnen Li. Lè sa a mwen te deside pou m te fè plis efò pou m konnen Li. Mwen rekonesan anpil pou ekriti yo ak temwanyaj gason ak fi fidèl ki se disip Jezikri yo. Pwòp pakou pa m nan dènye ane ki pase yo te mennenm sou anpil chemen etid ak dekouvèt. Mwen priye pou Sentespri a transmèt a noumenm jodi a yon mesaj ki pi gran pase mo ensifizan mwen te ekri yo.

Premyèman, nou bezwen rekonèt ke konnen Sovè a se pousuit ki pi enpòtan nan lavi nou. Sa ta dwe gen priyorite sou tout lòt bagay.

“Paske lavi ki p ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri.”4

“Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.”5

“Se mwen menm ki limyè k ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki suiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p ap janm mache nan fènwa.”6

Dezyèmman, pandan n ap vin konnen Sovè a pi plis, pasaj ekriti yo ak pawòl pwofèt yo ap vin tèlman siyifikatif pou nou ke y ap vin tounen pwòp pawòl pa nou. Se pa jis yon zafè kopye pawòl, santiman ak eksperyans lòt moun, men sa vledi pou nou aprann konnen pou tèt pa nou, nan pwòp fason pa nou, nan fè eksperyans avèk pawòl la7 ak resevwa yon temwayaj nan men Sentespri a. Jan pwofèt Alma te deklare a:

“Èske nou pa sipoze m konnen bagay sa yo pou tèt pa m? Gade, m rann nou temwayaj mwen, m konnen bagay m te pale yo se verite. Epi kòman nou sipoze m konnen yo se verite?

“Gade, m ap di nou se Lespri Sen Bondye a ki te fè m konnen yo. Gade, m te jene epi m te priye pou anpil jou, pou m te kapab konnen pou tèt pa m. Epi kounyeya, m konnen pou tèt pa m bagay sa yo se verite; paske Senyè Bondye ta manifeste yo ban mwen pa mwayen Lespri Sen li a; e se lespri revelasyon sa a ki nan mwen.”8

Twazyèmman, yon konpreyansyon kwasant ke Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a aplike a noumenm pèsonèlman epi endividyèlman l ap ede nou konnen Li. Souvan li pi fasil pou nou panse ak pale de Sakrifis Ekspyatwa Kris la an tèm jeneral olye nou rekonèt siyifikasyon pèsonèl li nan lavi nou. Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a enfini ak etènèl epi li anglobe tout bagay nan grandè l ak pwofondè li men efè li totalman pèsonèl ak endividyèl. Gras ak sakrifis ekspyatwa L la, Sovè a gen pouvwa pou netwaye, geri ak ranfòse nou youn pa youn.

Sèl dezi Sovè a, sèl objektif Li depi okòmansman, sete fè volonte Papa a. Volonte Papa a sete pou L asiste Li nan “[reyalize] imòtalite ak lavi etènèl lòm”9 nan vin tounen “avoka nou kote Papa a.”10 Konsa, “Atout li te pitit Bondye, li vin konnen sa ki rele yon moun obeyisan, avèk tout soufrans li soufri yo, lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi Li.”11

“Epi, li prale pou l soufri lapenn, afliksyon ak tout kalte tantasyon. …

“Epi, li pral pran lanmò sou tèt, pou l kapab lage kòd lanmò ki mare pèp li a; e li pral pran enfimite yo sou tèt, pou zantray li kapab plen avèk mizèrikòd dapre kò fizik la, pou l kapab konnen dapre kò fizik la kouman pou l pote pèp li a sekou dapre enfimite yo.

“… Kounyeya Lespri a konnen tout bagay, poutèt sa, Pitit Gason Bondye a soufri nan kò fizik la pou l kapab pran peche pèp li a sou tèt, pou l kapab efase transgresyon yo dapre pouvwa delivrans li a.”12

Mwen ta renmen pataje yon senp eksperyans ki ilistre difikilte nou genyen pafwa pou nou anbrase nati pèsonèl Sakrifis ekspyatwa Senyè a.

Sa gen kèk ane, sou envitasyon dirijan dosye m nan, mwen te li Liv Mòmon an soti nan kòmansman rive nan fen epi m te make vèsè ki fè referans ak sakrifis ekspyatwa Senyè a. Dirijan m nan te envite m pou m te prepare yon rezime yon paj sou sa mwen te aprann tou. Mwen te di tèt mwen, “Yon paj? Oke, sa fasil.” Men, mwen te sezi wè ke m te twouve tach la trè difisil, epi mwen pa t reyisi.

Depi lè sa a, mwen vin reyalize ke m te echwe paske m te pase akote mak la epi m te fè move sipozisyon. Premyèman, m te atann ke rezime a ta pral enspiran pou tout moun. Rezime a sete pou mwen pa pou okenn lòt moun. Objektif li sete pou kaptire santiman ak emosyon mwen sou Sovè a ak sa Li te fè pou mwen pou ke, chak fwa mwen li li, li fè m sonje eksperyans espirityèl pèsonèl mèveye ak touchan yo.

Dezyèmman, mwen t ap atann pou rezime a te gran ak elabore epi pou l te gen gwo mo ak gwo fraz ladan l. Li pa t janm apwopo gwo mo. Li te dwe yon deklarasyon konviksyon senp epi klè. “Paske, nanm mwen pran plèzi nan klète; paske, se nan fason sa a Senyè Bondye a travay nan pami pitit lèzòm. Paske Senyè Bondye a bay limyè pou konpreyansyon.”13

Twazyèmman, mwen te atann pou l te pafè, yon rezime ki t ap sipase tout lòt rezime—yon rezime final ke yon moun pa kapab ni pa ta dwe ajoute ladann—olyede yon travay kontinyèl kote m kapab ajoute yon mo isit oswa yon fraz la pandan konpreyansyon m sou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ap grandi.

Temwayaj ak Envitasyon

Lè m te yon jèn gason, mwen te aprann anpil bagay nan konvèsasyon m te konn genyen avèk evèk mwen. Pandan ane jenès mwen sa yo, mwen te aprann renmen pawòl sa yo ki nan yon chan mwen renmen anpil.

Merveilleux l amour que Jésus m a donné!

Avec quelle grâce souvent il m a pardonné.

Je tremble d apprendre qu Il mourut pour moi pécheur.

Soufrant sur la croix pou que j obtienne le bonheur.

Oh que c est merveilleux que son amour pour moi

L ait fait mourir pour moi.

Oh! que c est merveilleux, merveilleux pour moi!14

M ap tèmine avèk pawòl pwofèt Mowoni sa yo: “Kounyeya, m kòmande w pou w chèche Jezi sa a ke pwofèt ak apot yo te pale a.”15

Prezidan Russell M. Nelson pwomèt ke “si [nou] kontinye aprann tout sa [nou] kapab konsènan Jezikri, … kapasite pou [nou] vire ale lwen peche a ap ogmante. Dezi [nou] pou nou kenbe kòmandman yo ap grandi anpil.”16

Nan jou Dimanch Pak sa a, menmjan Sovè a te soti nan tonm an wòch Li a, se pou nou reveye soti nan somèy espirityèl epi elve nou pi wo nyaj dout, grif laperèz, pwazon lògèy ak ilizyon sou sifizans nou. Jezikri ak Papa nou ki nan Syèl la vivan. Mwen temwaye de lanmou pafè Yo genyen pou nou. Nan non Jezikri, amèn.