Konferans Jeneral
Vwayaj Pèsonèl Yon Pitit Bondye

Vwayaj Pèsonèl Yon Pitit Bondye

Antanke pitit Bondye, nou renmen, onore, nouri, pwoteje, epi akeyi espri sa yo ki ap vini soti nan mond pre-mòtèl la.

Nou chak afekte pa pandemi mondyal la, lè fanmi ak zanmi nou mouri sanzatann. Kite m pataje twa ki reyèlman manke nou, ki reprezante moun nou si renmen yo.

Sa a se Frè Philippe Nsondi ak Sè Germaine Nsondi. Frè Ngondi t ap sèvi kòm patriyach Pieu Brazavil la nan Repiblik Kongo lè l te mouri a. Se te yon doktè medikal ki te pataje talan l jenerezman avèk lòt moun.1

Sa a se Sè Clara Ruano de Villareal ki se moun Tulcán, Ekwatè. Li te vin manm Legliz la a laj 34 an e se te yon dirijan yo te renmen. Fanmi l te di l orevwa avèk kantik li te renmen anpil la: “Je sais qu il vit, mon Rédempteur.”2

Sa a se Frè Ray Tuineau ki te moun Utah, avèk bèl fanmi li. Madanm li, Juliet, te di: “Sa m vle pou [pitit gason m yo] [sonje sè ke papa yo] te toujou eseye mete Bondye anpremye.”3

Senyè a di: “Nou dwe viv ansanm avèk amou, pou nou menm kriye pou moun ki mouri.”4

Pandan nou ap kriye a, nou ap rejwi tou nan Rezirèksyon gloriye Sovè nou an. Gras avèk Li, moun ki chè pou nou yo ak zanmi nou yo ap kontinye vwayaj etènèl yo a. Jan Prezidan Joseph F. Smith te eksplike a, “Nou pa kapab bliye yo; nou pa p sispann renmen yo. … Yo avanse; nou ap avanse; nou ap pwogrese jan yo pwogrese a.”5 Prezidan Russell M. Nelson te di, “Dlo tristès nou yo… ap vin tounen dlo antisipasyon.”6

Nou Konnen Apwopo Lavi anvan Nesans nou

Non sèlman pèspektiv etènèl nou an agrandi konpreyansyon nou sou kondisyon moun ki ap kontinye vwayaj yo apre lamò yo men tou, li ouvri konpreyansyon nou sou kondisyon moun ki fèk kòmanse vwayaj pa yo a e ki fèk ap antre nan mòtalite a.

Chak moun ki vini sou tè a se yon pitit gason oswa yon pitit fi san parèy Bondye.7 Vwayaj pèsonèl nou pa t kòmanse nan nesans nou. Avan nou te fèt, nou te ansanm nan yon mond preparasyon kote nou “te resevwa premye leson [nou] yo nan mond espri yo.”8 Jewovah te di Jeremi, “Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt.”9

Gen kèk moun ki kapab poze kesyon pou konnen si lavi kòmanse, avèk fòmasyon anbriyon an, lè kè l kòmanse bat, oswa lè bebe a kapab viv deyò vant manman li, men pou noumenm, pa gen okenn dout ke pitit fi ak pitit gason Bondye yo kòmanse pwòp vwayaj pèsonèl yo vini sou tè a pou yo resevwa yon kò epi fè eksperyans mòtalite a.

Antanke pitit Bondye, nou renmen, onore, nouri, pwoteje, epi akeyi espri sa yo ki ap vini soti nan mond pre-mòtèl la.

Kontribisyon Ekstraòdinè Fi yo

Pou yon fi, fè yon pitit kapab se yon gwo sakrifis fizikman, emosyonèlman, ak ekonomikman. Nou renmen ak honore fi mèveye sa yo nan Legliz la. Avèk entèlijans ak sajès, ou pote fado fanmi ou. Ou renmen. Ou sèvi. Ou sakrifye. Ou fòtifye lafwa, ou pran swen moun ki nan bezwen yo, epi, avèk entèlijans ak sajès, ou kontribye anpil a sosyete a.

Responsablite Sakre pou Sovgade Lavi a

Sa gen kèk ane, kòm li te santi yon preyokipasyon pwofon pou kantite avòtman ki genyen nan mond lan, Prezidan Gordon B. Hinkley te adrese medam yo nan Legliz la. “Noumenm ki se madanm ak manman nou se potomitan fanmi an. Nou pote timoun yo. Sa a se yon responsablite vrèman enòm e sakre. … Kisa k ap pase apresyasyon nou pou sentete lavi moun? Avòtman se yon mal brital, reyèl, ak repiyan, ki ap sibmèje tè a. Mwen sipliye medam yo nan Legliz la pou yo konbat li, pou yo evite l, pou yo rete lwen sitiyasyon konpwometan sa yo ki fè l sanble yon bagay dezirab la. Ka petèt gen kèk grenn sikonstans kote sa ka rive, men yo ekstrèmeman limite.10 … Nou se manman pitit gason ak pitit fi Bondye, epi lavi yo sakre. Sovgade yo se responsablite diven ke moun pa dwe inyore.”11

Èldè Marcus B. Marrcus te pataje avèk mwen istwa yon dam 84 an ki te “rekonèt li te fè yon avòtman [anpil ane desa] pandan entèvyou batèm li.” Avèk emosyon nan kè l, li te di: “Mwen te santi m koupab chak jou pandan 46 an poutèt mwen te avòte yon timoun.… Pa gen anyen mwen ta kapab fè pou retire doulè a ak santiman killpabilite a. Mwen te san espwa jiskaske yo te anseye m levanjil Jezikri a. Mwen te aprann kijan pou m te repanti … e toudenkou mwen te ranpli avèk espwa. FinaIman m te rive konnen ke m ta kapab jwenn padon si m te repanti konplètman pou peche m yo.”12

Ala rekonesan nou rekonesan pou don diven repantans ak padon an.

Kisa nou ka fè?

Ki responsablite nou kòm disip pasifik Jezikri? An nou viv kòmandman Bondye yo, an nou anseye timoun nou yo kòmandman sa yo, epi pataje yo avèk lòt moun ki dispoze pou yo koute.13 An nou pataje santiman pwofon nou konsènan sentete lavi avèk moun k ap pran desizyon yo nan sosyete a. Yo kapab pa totalman apresye sa nou kwè, men nou ap priye pou yo kapab pi byen konprann poukisa , pou noumenm, desizyon sa yo ale odela sa yon moun vle pou limenm oswa pou pwòp lavi pèsonèl li.

Si yon fi vin ansent san li pa t atann oubyen san l pa t vle sa, an nou lonje men ba li avèk lanmou, ankourajman, avèk èd finansye lè sa nesesè pandan nou ap fòtifye yon manman nan pèmèt timoun li a pran nesans epi kontinye vwayaj li nan mòtalite a.14

Bote Adopsyon

Nan fanmi nou, nou resevwa anpil benediksyon paske sa gen de deseni yon jènfi ki te gen 16 an te aprann ke li te ansent. Limenm ak papa tibebe a pa t marye, e yo pa t panse yo t ap kapab rete ansanm kòm koup pou elve timoun nan. Jèn ti manman an te konnen ke lavi li t ap pote a te presye. Li te fè yon tibebe fi, e li te pèmèt yon fanmi fidèl adopte l kòm pitit pa yo. Pou Bryce ak Jolinne, tibebe sa a se te repons priyè yo. Yo te rele l Emily e yo te anseye l pou l mete konfyans li nan Pè Selès la ak Pitit Gason L lan, Jezikri.

Emily te grandi. Se pa ti rekonesan nou rekonesan poutèt Emily ak pitit pitit nou an, Christian, te vin renmen epi yo te marye nan kay Senyè a. Emily ak Christian gen yon ti pitit fi kounyeya.

Emily te ekri resamman: “Pandan tout nèf mwa gwosès sa a, mwen te gen tan pou m te reflechi sou evenman pwòp nesans pa m. Mwen te panse a manman ki te fè m nan, ki te gen sèlman 16 an. Pandan m t ap fè eksperyans lapenn ak chanjman gwosès pote, m pa t kapab anpeche m imajine kijan l t ap difisil pou yon jèn timoun 16. … Dlo koule nan je m menm kounyeya lè m ap panse a manman ki te fè m nan, ki te konnen li pa t ap kapab ban m lavi [li te vle pou mwen an e san egoyis li te plase] m pou adopsyon. Mwen pa kapab konprann kisa lid we te travèse pandan nèf mwa sa yo; ap gade kò l ki t ap chanje, eksperyans adolesan li te rate, epi pou l te konnen ke nan fen akouchman lanmou matènèl sa a, li tappral mete pitit li a nan bra yon lòt moun. Mwen rekonesan pou chwa dezenterese l la, poutèt li pa t chwazi pou l te sèvi avèk libabit li nan yon fason ki t ap retire libabit pa m.” Emily konkli: “Mwen vrèman rekonesan pou plan diven Pè Selès la, pou paran enkwayab mwen yo [ki te renmen m e ki te pran swen] m, ak pou tanp kote nou sele avèk fanmi nou pou letènite.”15

Sovè a “te pran yon timoun, e li te mete l nan mitan yo: epi llè l te kenbe nan bra l, li te di yom, WNenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa.”16

Lè Dezi ki Jis yo Pa Ko Reyalize

Mwen eksprime lanmou m ak konpasyon m pou koup fidèl ki marye e ki pa kapab gen timoun ke yo si ap tann avèk enpasyans yo ak pou fi ak gason sa yo ki pa t gen opòtinite pou yo marye selon lwa Bondye a. Rèv ki pa reyalize yo nan lavi a pi difisil pou moun konprann si yo gade yo sèlman dapre pèspektiv mòtalite a. Antanke Sèvitè Senyè a, m pwomèt ou ke depi w fidèl a Jezikri ak alyans ou yo, w ap resevwa benediksyon konpansatwa nan lavi sa ak dezi jis ou yo nan ou nan liy tan etènèl Senyè a17 Kapab gen bonè nan vwayaj nan mòtalite a menm lè tout espwa jis ou yo pa reyalize.18

Apre nesans yo, timoun yo kontinye bezwen èd nou. Genyen ki bezwen l dezespereman. Chak ane gras a evèk byenveyan ak kontribisyon jenere nou yo ak fon imanitè yo, lavi anpil milyon timoun beni. Premye Prezidans lan te anonse resamman yon 20 milyon dola anplis pou asiste UNICEP nan efò global yo pou yo administre de milya vaksen.19 Bondye renmen timoun yo.

Desizyon Sakre pou Nou Fè Pitit la

Sa preyokipan pou nou wè ke menm nan kèk nan peyi ki pi pwospè yo nan mond lan, pa gen anpil timoun ki ap fèt.20 Nou deklare “kòmandman Bondye te bay pitit li yo pou yo miltipliye epi pou yo ranpli latè a toujou valab.”21 Kilè pou nou gen yon timoun ak konbyen timoun pou nou genyen se desizyon prive ki dwe pran ant mari ak madanm ak Senyè a. Avèk lafwa ak lapriyè, desizyon sakre sa a kapab yon bèl eksperyans, yon eksperyans ki revele anpil bagay.22

Avèk pèmisyon, m ap pataje istwa fanmi Laing ki ap viv nan Sid Californie. Sè Rebecca Laing ekri:

“Nan ete 2011 la, lavi te sanble l pafè pou fanmi mwen. Nou t ap viv ak kè kontan avèk kat pitit nou yo —ki te gen 9, 7, 5, ak 3 zan. …

“Gwosès mwen yo ak akouchman m yo [te] riske anpil … [e] nou te santi nou [trè] beni poutèt nou te gen kat pitit, [paske nou te panse] ke fanmi nou an te konplè. An Oktòb, pandan m t ap koute konferans jeneral, m te gen yon santiman klè ke nou te dwe gen yon lòt tibebe. Lè LeGrand avèk mwen te medite e priye, … nou te konnen ke Bondye te gen yon plan pou nou ki te diferan de sa nou te genyen pou tèt pa nou an.

“Apre yon lòt gwosès ak akouchman difisil, nou te beni avèk yon bèl tibebe fi. Nou te rele l Brielle. Li sete yon mirak. Yon ti tan apre nesans li, pandan nou te toujou nan [sal akouchman] an, m te tande vwa klè Lespri a: ‘Gen yon lòt ankò.’

“Twazan apre, yon lòt mirak, Mia. Brielle ak Mia se yon jwa ekstrawòdinè pou fanmi nou.” Li konkli: “Lè moun ouvè pou direksyon Senyè a epi nou suiv plan L pou nou, sa ap toujou pote pi gran bonè pase … lè nou konte sou pwòp konpreyansyon pa nou.”23

Sovè a renmen chak timoun presye L yo.

“Epi li te pran timoun piti yo, youn pa youn, epi li te beni yo, …

“Epi … , yo te voye je yo nan direksyon syèl la … yo te wè zanj k ap desann sòti nan syèl la …kòm si se te nan mitan dife; yo te desann ] …antoure timoun piti yo, … epi zanj yo t ap sèvi yo unto them.”25

Mwen temwaye ke pwòp vwayaj pèsonèl nou kòm pitit Bondye pa t kòmanse pou nou lè premye boufe lè sou tè a te antre nan poumon nou ni li p ap fini lè nou rann dènye souf nou nan mòtalite a.

Se pou nou toujou sonje ke chak pitit espri Bondye ap vin sou tè a nan pwòp vvwayayj pèsonèl pa l.25 Se pou nou akeyi yo, pwoteje yo, epi toujou renmen yo. Lè w resevwa timoun presye sa yo nan non Sovè a epi w ede yo nan vwayaj etènèl yo a, mwen pwomèt ou ke Senyè a ap beni w epi L ap benyen w avèk lanmou L epi apwobasyon L ap sou ou. Nan non Jezikri, amèn.