Konferans Jeneral
Avanse nan direksyon Mak la
Konferans Jeneral Avril 2021


Avanse nan direksyon Mak la

Se pa tèlman yon kesyon de sa n ap travèse nan lavi a, men se sa n ap vin tounen.

Lè m ap li liv Travay la ak epit Pòl yo, mwen emèveye pou jan Pòl te konn chaje avèk lanmou ak gratitid nan sèvi, ansenye, ak temwanye konsènan Jezikri. Kòman yon moun konsa ka sèvi avèk sitèlman lanmou ak gratitid konsa, espesyalman lè n ap konsidere gwo soufrans li yo. Kisa ki te motive Pòl pou l te sèvi? “M ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri”1

Avanse nan direksyon Mak la se kontinye fidèlman sou “chemen etwat ak kwense ki mennen nan lavi etènèl la”2 avèk Sovè nou an ak Papa nou ki nan Syèl la. Pòl te wè soufrans li yo konsa “nou pa ka konpare sa n ap soufri koulyea ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo”3 Lèt Pòl te voye bay Filipyen yo, ke l te ekri lè l te mare nan prizon, se yon mesaj gwo lajwa ak rejwisans, ak ankourajman pou nou tout, patikilyèman nan peryòd ensètitid difisil sa a. Nou tout bezwen pran kouraj nan men Pòl: “Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri tankou Senyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m sa gen Kris la4

Pandan n ap gade sèvis Pòl yo, nou enspire epi nou edifye pa pwòp “Pòl” epòk pa nou yo, ki, tankou li, ap sèvi, ansenye ak temwanye avèk lanmou ak gratitid nan mitan pwoblèm y ap fè fas nan lavi yo ak sa nan lavi moun yo renmen. Mwen te viv yon eksperyans sa gen nevan, ki te ede m reyalize enpòtans pou nou avanse nan direksyon mak la.

An 2012, pandan m t ap mache antre pou lapremyè fwa nan reyinyon lidèchip konferans jeneral la, mwen te santi m depase epi m te gen enpresyon ke m pa t nan plas mwen. Nan lespri m, te gen yon vwa ki t ap repete avèk pèsistans “Ou pa fè pati isit la! Gen yon erè serye ki te fèt!” Pandan m t ap eseye jwenn yon plas pou m te chita, Èldè Jeffrey R. Holland te dekouvri mwen. Li te vin jwenn mwen epi l te di, “Edouard, m kontan wè w la a,” epi li te jantiman tape figi m. M te santi m tankou yon tibebe! Lanmou li ak akolad li a te rechofe mwen epi te fè m santi santiman apatenans la, lespri fratènite a. Nan jou apre a, mwen te wè Èldè Holland fè menm bagay li te fè pou mwen nan jou anvan an, plen chalè, li te tape figi Dallin H. Oaks, ki se senyò li!

Nan moman sa a, mwen te santi lanmou Senyè a atravè mesye sa yo ke nou soutni kom pwofèt vwayan ak revelatè yo. Atravè jès natirèl ak byenveyan l sa a, Èldè Holland te ede m simonte santiman konsantre sou tèt mwen an ak santiman ensifizans mwen yo. Li te ede m konsantre sou travay sakre ak plen lajwa m te resevwa apèl pou m te fè a—mennen nanm bay Kris la. Menm jan ak Pòl nan tan lontan an, li te montre m pou m te avanse nan direksyon mak la.

Sa k enteresan sèke Pòl egzète nou pou nou ale annavan pandan ke l mande nou pou nou bliye sa nou kite dèyè yo—krent lepase nou yo, enterè lepase nou yo, echèk pase nou yo, tristès pase nou yo. Li envite nou, menm jan ak chè pwofèt nou an, Prezidan Russell M. Nelson, pou nou al nan “yon apwòch pi nouvo, ak pi sen.”5 Pwomès Sovè a reyèl: “Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li; men, moun ki va pèdi lavi l pou tèt mwen, li va jwenn li ankò.”6

Nan premye diskou konferans jeneral mwen, mwen te pataje yon eksperyans sou manman m ki t ap ansenye m kijan pou m te travay nan jaden nou an. Li te di m, “Pa janm gade dèyè.” “Gade sa ki rete pou w fè a.”7

Prèske nan fen lavi li, pandan manman m t ap batay anba yon kansè, li te vin viv avèk Naume avèk mwen. Yon lannuit, mwen te tande l ki t ap kriye nan chanm ni. Doulè li te atwòs, menm apre l te fin pran dènye dòz mòfin jounen an, ki sete 2 èdtan anvan sa.

Mwen te antre nan chanm nan epi m te kriye avèk li. Mwen te priye fò pou li pou l te ka santi soulajman anba doulè l la. Epi lè sa a, li te fè menm bagay li te fè nan jaden an sa gen plizyè ane a: li te fè yon ti poz epi l te ansenye m yon leson. Mwen p ap janm bliye vizaj li nan moman sa a: frèl, akable, epi ranpli ak doulè, k ap gade pitit gason aflije l la avèk pitye. Li te souri atravè dlo nan je l yo, li te gade m dirèkteman nan je, epi l te di, “Si pou doulè sa a disparèt ou non, sa pa depann de ni oumenm ni okenn lòt moun, men sa depann de Bondye.”

Mwen te chita san fè bri. Li te chita san fè bri tou. Sèn nan rete vivan nan lespri m. Nuit sa a, palentèmedyè manman m, Senyè a te ansenye m yon leson k ap rete avèk mwen pou tout tan. Pandan manman m t ap eksprime ke l te aksepte volonte Bondye a, mwen te raple m rezon ki fè Jezikri te soufri nan Jaden Jetsemani a ak sou kwa a nan Gòlgota. Li te di: “Reyèlman, m te ba nou levanjil mwen an, e se levanjil sa a m te ba nou: m te vini nan mond lan pou m fè volonte Papa m, paske Papa m te voye m.”8

Imaj
Kris la nan Jetsemani

Sa fè m reflechi sou kesyon Prezidan Nelson, chè pwofèt nou an, te poze nou yo nan dènye konferans jeneral la. Prezidan Nelson te mande: “Èske nou dispoze pou kite Bondye gen priyorite nan lavi nou? Èske nou dispoze pou kite Bondye gen enfliyans ki pi enpòtan an nan lavi nou? … Èske n ap pèmèt vwa Li pran … priyorite sou tout lòt anbisyon? Èske nou dispoze pou nou soumèt volonte nou anba volonte pa Li?”9 Manman m t ap reponn “wi” avèk emosyon men byen fèm, epi lòt manm fidèl nan Legliz la sou tout glòb la t ap reponn avèk yon “wi” plen emosyon men fèm tou. Prezidan Nelson, mèsi paske w enspire nou ak edifye nou avèk kesyon pwofesik sa yo.

Dènyèman, mwen te gen yon konvèsasyon nan Pretoria, nan Afrik Disid, avèk yon evèk ki te antere madanm ni ak yon pitit fi li ki te gentan gran nan menm jou a. Pandemi coronavirus la te reklame lavi yo. Mwen te mande l kijan l te ye. Repons Evèk Teddy Thabete la te ranfòse rezolisyon m pou m suiv pawòl ak konsèy pwofèt, vwayan, ak revelatè Senyè a aple yo. Evèk Thabetete te reponn ke toujou genyen espwa ak rekonfò nan konnen ke Sovè a te pran tout doulè pèp li a sou tèt li, pou l ka konn kijan pou l pote nou sekou.10. Avèk yon gwo lafwa li te temwanye, “Mwen rekonesan pou plan sali a, plan bonè a.” Apresa li te poze m yon kesyon,“èske se pa sa pwofèt nou an t ap eseye ansenye nou nan konferans ki sot pase a?”

Pandan ke eprèv mòtalite yo ap vini sou nou nan yon fason oubyen yon lòt, annou konsantre sou bi ki se “avanse nan direksyon mak la,” ki se “rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la.”11

Envitasyon enb mwen pou nou tout se pou nou pa janm abandone! Nou aple pou nou “voye tout bagay k ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou, epi annou kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba.”11

Se pa tèlman yon kesyon de sa n ap travèse nan lavi a, men se sa n ap vin tounen. Gen lajwa nan avanse nan direksyon mak la. Mwen temwanye ke Limenm ki te simonte tout bagay la, ap ede nou pandan n ap leve je nou gade Li. Nan non Jezikri, amèn.