Konferans Jeneral
Limyè Levanjil Verite ak Amou an
Konferans Jeneral Avril 2021


Limyè Levanjil Verite ak Amou an

Mwen temwaye ke limyè levanjil verite ak amou an ap briye toupatou sou tè a jodi a.

Bèl kantik Sen Dènye Jou yo “Peuples du monde!” la klèman reflete antouzyas ak eksitasyon plenitid levanjil la ki prale nan tout mond lan. Nan kantik sa a, nou chante:

Peuples du monde! (Pèp nan mond lan) Écoutez donc (Koute)

Réjouissez-vous ô nations! (Rejwi nou, o nasyon)

Anges célestes, chantez de joie: (Anj selès, chante ak lajwa:)

La vérité est là (Verite a la)!1

Louis F. Mönch, otè tèks jwaye sa a, se te yon konvèti Alman ki te ekri pawòl enspire kantik la lè l t ap viv nan peyi La Suis pandan l t ap sèvi misyon aplentan li an Ewòp.2 Jwa ki soti nan temwaye enpak mondyal Retablisman an eksprime klèman nan pawòl sa yo ki nan kantik la:

Peuple aveuglé par l obscurité [Nasyon t ap kriye, chèche nan fènwa];

Attendant l aube, tu as veillé (Jistan l fè jou, yo tout t ap veye)

Rejouis toi, la nuit est finie (Tout moun rejwi, nuit long nan pase).

L Eglise est rétablie (Levanjil la retabli)!3

Gras a kòmansman Retablisman kontinyèl la sa gen plis pase 200 zan an, “limyè levanjil verite ak lanmou” an4 ap klere kounyea sou tout tè a. An 1820, Pwofèt Joseph ak dè milyon lòt moun depi lè sa a, te aprann ke Bondye “bay tout moun liberalman, e san repwòch.”5

Yon ti tan apre òganizasyon Legliz la nan dènye dispansasyon sa a, Senyè a te pale avèk Joseph Smith epi Li te manifeste lanmou abondan Li pou nou kote L te di:

“Se poutèt sa, mwen menm Senyè a, paske m konnen kalamite ki dwe tonbe sou abitan tè yo, m te rele sèvitè m nan, Joseph Smith, epi m te pale avèk li depi nan syèl la, epi m te ba li kòmandman yo; …

“Pou alyans etènèl mwen an kapab tabli;

“Pou moun ki fèb yo ak moun ki senp yo kapab pwoklame plenitid levanjil mwen an jis nan bout tè a.”6

Tousuit apre l te fin resevwa revelasyon sa a, misyonè te kòmanse resevwa apèl, yo te voye yo nan anpil nasyon nan mond lan. Jan pwofèt Nefi te prevwa a, mesaj levanjil retabli a te kòmanse preche “nan pami tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp.”7

“Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te òganize ofisyèlman nan yon ti kay an bwa nan nò Eta Nouyòk la an 1830.

“Sa te pran 117 ane—jis an 1947—pou Legliz la te grandi sòti nan sis manm pou rive nan yon milyon. Misyonè yo sete karakteristik Legliz la depi nan premye jou l yo, yo te voye yo sou tè Amerendyen yo, nan peyi Kanada, epi, an 1837, yo te soti kite limit kontinan Amerik di Nò a pou ale an Angletè. Pa lontan apre, misyonè t ap travay sou kontinan Ewopeyen an epi, osi lwen ke Inde ak zile Pasifik yo.

“Legliz te rive gen de-milyon manm 16 ane apre, an 1963, epi li te pase a twa-milyon uitan apre.”8

Pou souliye kwasans rapid Legliz la, Prezidan Russell M. Nelson te di resamman: “Jodi a, travay Senyè a nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap avanse avèk yon rit akselere. Legliz la pral gen yon avni san presedan, san parèy.”9

Retablisman plenitid levanjil Jezikri a, òganizasyon Legliz vivan Senyè a sou tè a ankò, ak kwasans remakab li depi lè sa a, te rann benediksyon prètriz yo disponib sou tout tè a. Òdonans ak alyans sakre ki lye nou avèk Bondye yo epi ki mete nou sou chemen alyans lan manifeste “pouvwa divinite a” klèman.10 Lè nou patisipe nan òdonans sakre sa yo pou vivan yo ak mò yo, nou rasanble Izrayèl sou toulède bò vwal la, epi nou prepare tè a pou Dezyèm Vini Sovè a.

An Avril 1973, paran m yo te vwayaje avèk mwen sòt nan peyi natal nou, Ajantin pou yo te ka sele nan tanp. Kòm pa t gen tanp nan tout Amerik Latin nan lè sa a, nou te pakouri plis pase 6.000 miles [9.656 kilomèt] pou nou te al sele nan tanp Salt Lake la e nou te pakouri menm distans lan pou nou retounen. Malgre m te gen dezan sèlman nan epòk sa a, e m pa sonje tout bagay sou eksperyans espesyal sa a, gen twa imaj byen distenk nan vwayaj sa a ki te fikse nan lespri mwen eki ki rete ladan l depi lè sa a.

Imaj
Rega atravè yon fenèt nan avyon

Premyèman, m sonje yo te mete m tou pre fenèt avyon an epi m t ap gade nyaj blanch yo anba a.

Bèl nyaj briyan sa yo rete nan lespri m kòmsi yo te gwo boul koton.

Yon lòt imaj ki rete nan lespri m se kèk pèsonaj dwòl m te wè nan yon pak atraksyon nan zòn Los Angeles la. Sa difisil pou m bliye pèsonaj sa yo.

Men, imaj ki gen plis enpòtans la pou mwen se imaj mèveye ak inoubliyab sa a:

Imaj
Sal sèlman Tanp Salt Lake la

M sonje klèman ke m te nan yon sal sakre nan Tanp Salt Lake la, kote sèlman koup ak fanmi yo fèt pou letan ak pou tout letènite. M sonje bèl otèl nan tanp lan e m raple m solèy eklatan ki te klere nan fenèt eksteryè sal la. Sa m te santi lè sa a, epi m kontinye santi depi jou sa a, se chalè, ak sekirite ak rekonfò limyè levanjil verite ak lanmou an.

Menm kalite santiman sa yo te reyafime nan kè m ankò 20 tan apre, lè m te antre nan tanp pou m te sele yon fwa ankò—fwa sa a, se te fiyanse m avèk mwen ki t ap sele pou letan e pou tout letènite. Sepandan, nan okazyon sa a, nou pa t bezwen vwayaje plizyè milye kilomèt, paske, nan moman an, Tanp Buenos Aires ki nan Ajantin nan te gentan bati ak konsakre, epi li te sou yon distans tou kout nan machin soti lakay nou.

Imaj
Fanmi Walker

Venndezan apre maryaj ak sèlman nou, nou te gen benediksyon pou nou te retounen nan menm tanp lan, men fwa sa a, avèk bèl pitit fi nou an, epi nou te sele kòm yon fanmi pou letan ak pou tout letènite.

Lè m reflichi sou moman trè sakre sa yo nan lavi mwen, mwen anvayi avèk lajwa pwofon e dirab. M te santi epi m kontinye santi lanmou yon Pè Selès la konpatisan, ki konnen bezwen individyèl nou ak dezi sensè nou.

Pou pale de rasanbleman Izrayèl la nan dènye jou yo, Senyè a, Jewova, te di: “M pral mete lwa mwen nan pati andedan yo, epi m pral ekri nan kè yo; epi m pral Bondye yo epi yo pral pèp mwen.”11 Mwen santi m etènèlman rekonesan dèske depi lè m te jèn, lwa Senyè a te kòmanse grave fon nan kè m, atravè òdonans sakre nan kay sakre L la. Sa fondamantal pou nou konnen ke Li se Bondye nou, ke nou se pèp Li, epi kèlkeswa sikonstans ki antoure nou, si nou fidèl epi nou obeyi alyans nou fè yo, nou ka “ansèkle nan bra mizèrikòd li etènèlman.”12

Pandan sesyon fi yo nan konferans jeneral Oktòb 2019 la, Prezidan Nelson te di, “Tout efò nou pou nou youn fè sèvis pastoral pou lòt, pou pwoklame levanjil la, pèfeksyone Sen yo, ak rachte mò yo konvèje nan tanp sakre a.”13

Epi, pandan menm konferans jeneral sa a, Prezidan Nelson te anseye: “Natirèlman, pi gwo achèvman Retablisman an se tanp sakre a. Òdonans ak alyans sakre l yo esansyèl pou prepare yon pèp pou l akeyi Sovè a nan Dezyèm Vini L la.”14

Konstriksyon ak akselerasyon konsekrasyon tanp yo montre ke Retablisman an ap kontinye. Lè nou rasanble sou toulède bò vwal la, lè nou fè sakrifis pou nou sèvi epi nou fè tanp la tounen pwen santral nan lavi nou, Senyè ap bati nou reyèlman —L ap bati pèp alyans Li a.

La lumière nous parvient d en haut (Limyè vini soti anwo)

L évangile est sur terre à nouveau (Levanjil la sou tè a anouvo)

Car aujourd hui ce don merveilleux (Paske jodia don mèveye sa a)

Nous éclaire en tout lieu (Klere nou tout kote).15

Mwen temwaye ke limyè levanjil verite ak lanmou an ap briye toupatou sou tè a jodi a. “Travay mèvèy ak pwodij” pwofèt Ezayi te predi a16 e ke Nefi te wè a17 ap fèt avèk yon vitès, menm nan epòk difisil sa yo. Jan Joseph Smith te deklare pwofetikman an: “L étandard de la verité a été dressé; aucune main impie ne peut empecher l oeuvre de progreser … jusqu a ce que les desseins de Dieu soient accomplis et que le grand Jéhova dise que l oeuvre est accomplie.”18

Frè m ak sè m yo, mwen swete pou nou dispoze epi deside jodi a menm pou nou angaje tèt nou ak fanmi nou pou koute vwa syèl la, vwa Sovè nou an. Mwen swete nou fè ak respekte alyans avèk Bondye, ki pral kenbe nou byen fèm sou chemen ki mennen retounen nan prezans Li a, epi mwen swete nou rejwi nan benediksyon limyè gloriye levanjil verite ak lanmou an. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. “Peuples du monde, écoutez-donc!” Cantiques,, no. 170.

  2. Gade Karen Lynn Davidson, Our Latter-day Hymns: The Stories and the Messages (1988), 268–69, 413.

  3. “Peuples du monde, écoutez-donc!” Cantiques,, no. 170.

  4. “Peuples du monde, écoutez-donc!” Cantiques,, no. 170.

  5. Jak 1:5.

  6. Doktrin ak Alyans 1:17, 22–23.

  7. 2 Nefi 30:8.

  8. Growth of the Church,” Newsroom, newsroom.ChurchofJesusChrist.org.

  9. Russell M. Nelson, “Fiti Legliz la: Prepare Mond lan pou Dezyèm Vini Sovè a,” Liahona, Avr. 2020, 7.

  10. Doktrin ak Alyans 84:20.

  11. Jeremi 31:33.

  12. 2 Nefi 1:15.

  13. Russell M. Nelson, “Trezò Spirityèl,” Liahona, Nov. 2019, 79.

  14. Russell M. Nelson, , “Diskou Final,” Liahona, Nov. 2019, 120.

  15. “Peuples du monde, écoutez-donc!” Cantiques,, no. 170.

  16. Ezayi 29:14.

  17. Gade nan 2 Nefi 25:17.

  18. Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 142.