Konferans Jeneral
Evèk yo—Bèje ki responsab Twoupo Senyè a
Konferans Jeneral Avril 2021


Evèk yo—Bèje ki responsab Twoupo Senyè a

Evèk la gen yon wòl enpòtan pou l jwe nan sèvi kòm yon bèje pou gide jenerasyon ki ap grandi a, enkli jèn adilt sèl yo, pou mennen yo bay Jezikri.

Chè frè m yo nan prètriz la, youn nan liy ki pi memorab nan youn nan kantik m pi renmen yo poze kesyon sa a, “Vas-tu faiblir ô jeunesse?”1 Deklarasyon sensè ak retantisan m kòm repons pou kesyon sa a se “Non!”

Pou asire nou ke repons sa se verite, mwen temwaye jodi a ke sipòte jenerasyon ki ap grandi a nan yon epòk pwoblèm ak tantasyon inabityèl se yon responsablite esansyèl Pè Selès la bay paran yo ak episkopa yo.2 Kite m ilistre enpòtans yon episkopa avèk yon eksperyans pèsonèl.

Lè m te dyak, fanmi m te demenaje al nan yon nouvo kay nan yon nouvo pawas. Mwen te fèk ap kòmanse lekòl segondè, konsa, mwen te ale nan yon nouvo lekòl tou. Te gen yon bèl gwoup jènjan nan kowòm dyak la. Pifò paran yo se te manm aktif. Manman m te totalman aktif; papa m te eksepsyonèl nan tout kalite fason men li pa t yon manm aktif.

Dezyèm konseye nan episkopa a,3 Frè Dean Eyre, se te yon dirijan devwe. Pandan m t ap eseye ajiste m a nouvo pawas la, yo te anonse yon aktivite papa–pitit gason nan Bear Lake—apeprè 65 km distans. M pa t panse m te ka ale san papa m. Men Frè Eyre te voye yon envitasyon espesyal pou m te ale avèk li. Li te pale byen de papa m avèk respè epi li te eksplike siyifikasyon opòtinite m te genyen pou m te avèk lòt manm kowòm dyak yo. Konsa, m te deside ale avèk Frè Eyre, epi m te fè yon bèl eksperyans.

Frè Eyre sete yon bèl egzanp lanmou kretyen nan ranpli responsablite episkopa l la te genyen pou sipòte paran yo nan veye sou jèn yo ak nouri yo a. Li te ban m yon demaraj ekselan nan nouvo pawas sa a epi li te yon gid pou mwen.

Kèlke mwa anvan m te ale nan misyon an 1960, Frè Eyre te mouri anba yon kansè a laj 39 an. Li te kite madanm ni ak senk pitit yo te genyen yo, tout pi piti pase 16 zan. Pi gran ti gason l yo, Richard ak Chris Eyre, te asire m ke pandan papa yo pa t la a, episkopa yo te sipòte yo ak veye sou yomenm ak jèn ti frè yo ak sè yo a avèk lanmou kretyen, e mwen rekonesan pou sa.

Paran yo ap toujou gen responsablite prensipal fanmi yo.4 Prezidans kowòm yo bay sipò ak direksyon esansyèl pou manm kowòm yo tou nan asiste yo pou fè devwa ak pouvwa Prètriz Aawon an vin tounen sant lavi yo.5

Imaj
Bèje a avèk brebi a

Jodi a objektif mwen se konsantre sou evèk yo ak konseye yo, ke nou ka di sa byen apwopriye pou nou rele yo “bèje ki responsab twoupo Senyè a”—avèk aksan sou responsablite yo kòm bèje jenerasyon ki ap grandi a.6 Sa enteresan pou wè Apot Pyè te fè referans a Jezikri kòm “Gadò nou, k ap veye sou nanm nou.”7

Evèk la gen senk responsablite prensipal nan prezide sou yon pawas:

  1. Li se gran prèt prezidan nan pawas la.8

  2. Li se prezidan Prètriz Aawon an.9

  3. Li se jij an Izrayèl.10

  4. Li kowòdone travay sali ak egzaltasyon an, ki enkli pran swen moun ki nan nesesite yo.11

  5. Epi li sipèvize rejis, finans, ak itilizasyon chapèl la.12

Nan wòl li kòm gran prèt prezidan an, evèk la se “dirijan espirityèl” pawas la.13 Li se yon “disip fidèl Jezikri.”14

Anplis de sa, “episkopa a kowòdone travay sali ak egzaltasyon an nan pawas la.”15 Evèk la dwe lage responsablite chak jou pou pataje levanjil la, fòtifye nouvo manm ak manm ki retounen, sèvis pastoral, ak travay tanp ak istwa familyal nan men prezidans kowòm ansyen an ak prezidans Sosyete Sekou a.16 Evèk la kowòdone travay sa a nan konsèy pawas la ak nan konsèy jèn yo nan pawas la.

Evèk la gen yon wòl enpòtan pou l jwe nan sèvi kòm yon bèje pou gide jenerasyon ki ap grandi a, enkli jèn adilt sèl yo, pou mennen yo bay Jezikri.17 Prezidan Russell M. Nelson te mete aksan sou wòl enpòtan evèk la ak konseye l yo genyen. Li te anseye ke “Premye responsablite ak responsablite ki pi enpòtan yo genyen se pran swen jènjan ak jènfi ki nan pawas yo a.”18. Episkopa a sipòte paran yo nan veye ak nouri timoun yo ak jèn yo nan pawas la. Evèk la ak prezidant Jènfi pawas la fè konsèy ansanm. Yo fè efò pou ede jèn yo viv selon prensip ki nan Pou Fòs Jèn yo, kalifye tèt yo pou yo resevwa òdonans, epi fè ak respekte alyans sakre.

Ou ta gen dwa mande, “Poukisa yo mande episkopa a pou l pase tout tan sa a avèk jèn yo?” Senyè a òganize Legliz Li a pou akonpli priyorite enpòtan. Konsa, òganizasyon Legliz Li a gen yon estrikti kote episkopa a gen yon doub responsablite. Li gen responsablite doktrinal pou tout pawas la, men li gen responsablite doktrinal espesifik pou kowòm prèt yo tou.19

Jènjan ki se prèt yo ak jènfi ki gen menm laj yo nan yon etap enpòtan nan lavi yo ak nan devlòpman yo. Pandan yon ti bout peryòd tan, y ap pran desizyon ki gen enplikasyon siyifikatif pou tout lavi. Y ap detèmine si yo pral kalifye pou tanp, sèvi yon misyon,20 fè efò pou yo marye nan tanp, e prepare yo pou travay yo pral genyen nan lavi a. Desizyon sa yo, yon fwa yo fin pran yo, ap gen enplikasyon espirityèl ak pratik pwofon pou rès lavi yo. Evèk yo, nou dwe konnen ke tan relativman kout nou ap pase avèk yon jèn prèt oswa yon jènfi a kapab ede yo konprann pouvwa ki disponib pou yo atravè Ekspyasyon Jezikri a. Li ka ba yo yon vizyon ki pral gen yon enfliyans pwofon sou tout lavi yo.

Imaj
Evèk Mao Mahe ak konseye l yo

Youn nan pi bèl egzanp m wè sou yon evèk ki ede bay kalite vizyon sa a pou jèn li yo se te Evèk Moa Mahe. Yo te aple l pou l te sèvi kòm premye evèk Pawas Tongan nan San Francisco a.21 Li sete yon imigran ki te soti Vava’u, nan Tonga. Pawas li a te sitiye tou pre ayewopò San Francisco a, kote l t ap travay.22

Imaj
Pawas Tongan

Pawas la te gen yon gwo kantite jèn, pifò te soti nan fanmi ki te fèk imigre nan Etazini. Non sèlman Evèk Mahe te anseye yo an pawòl ak pa egzanp sou kijan pou yo te rete disip fidèl Jezikri, men tou li te ede ba yo yon vizyon sou sa yo ta ka devni epi li te ede yo prepare yo pou tanp, misyon, edikasyon, ak travay. Li te sèvi pandan prèske uitan, epi rèv li ak dezi li pou jèn yo te vin tounen yon reyalite.

Prèske 90 pou san nan jènjan kowòm Prètriz Aawon yo te sèvi misyon. Rive 1987, 15 jènjan ak jènfi te premye manm nan fanmi yo ki te ale nan inivèsite.23 Li te konn rankontre avèk direktè lekòl segondè nan lokalite a (ki pa t manm legliz nou an) epi yo te vin devlope yon amitye e yo te kolabore sou fason pou yo te ede chak jèn yo atenn bi ki diy ak simonte pwoblèm. Direktè a te di m ke Evèk Mahe te ede l travay avèk imigran nan tout relijyon ki t ap lite. Jèn yo te konnen evèk la te renmen yo.

Sa ki tris sèke Evèk Mahe te mouri pandan l t ap sèvi kòm evèk la. Mwen p ap janm bliye antèman touchan ak enspiran l lan. Te gen yon anpil moun. Koral la te konpoze pa plis pase 35 jèn manm fidèl ki te sèvi misyon oubyen ki te nan inivèsite epi ki te fè pati jèn yo pandan l t ap sèvi kòm evèk la. Youn nan oratè yo te eksprime santiman apresyasyon entans jèn yo ak jèn adilt yo nan pawas la. Li te rann omaj a Evèk Mahe pou vizyon li te ba yo nan prepare yo pou lavi yo ak pou sèvis fidèl. Men, sa ki te pi enpòtan, Evèk Mahe te ede yo bati lafwa nan Senyè Jezikri, kòm fondasyon lavi yo.

Kounyeya, evèk, kèlkeswa kote nou ye, nan entèvyou nou ak lòt rankont nou yo, nou ka bay kalite vizyon sa a epi bati lafwa nan Jezikri. Nou ka etann envitasyon puisan pou chanje konpòtman, pou prepare yo pou lavi, ak enspire yo pou yo rete sou chemen alyans lan.

Anplis de sa, nou ka ede kèk nan jèn ki an konfli avèk paran yo pou bagay ki relativman pa enpòtan.24 Nan yon epòk kote jèn yo sanble yo gen maksimòm konfli avèk paran yo, moun k ap prezide sou kowòm yo a, ki responsab yo eklezyastikman an se moun sa a tou paran yo al rankontre pou rekòmandasyon tanp. Sa mete evèk yo nan yon pozisyon unique pou yo fè konsèy ansanm ak ni jèn yo ni paran yo lè kontansyon krye yon divizyon. Evèk yo ka ede toulède wè bagay yo nan yon pèspektiv etènèl epi rezoud pwoblèm ki gen plis ou mwens enpòtans yo. Nou rekòmande pou yo pa bay evèk yo tach pou yo fè sèvis pastoral pou fanmi poutèt pou yo ka konsantre tan yo ak enèji yo pou sèvi jèn yo ak fanmi yo nan kalite sitiyasyon sa yo.25

Mwen konn yon evèk ki te kapab rezoud yon gwo kontansyon ant yon pitit gason ak paran li, epi ki te pote amoni nan fwaye a ak yon angajman ranfòse nan levanjil la. Evèk la te ede paran yo konprann ke fè efò pou vin yon disip Jezikri te pi enpòtan pase egzakteman kijan ak kilè tach familyal yo te akonpli.

Pou yo ka pase plis tan avèk jèn yo, kèlkeswa kote ye ye, enkli nan aktivite lekòl yo, nou konseye episkopa yo pou yo delege tach bay lòt moun pou reyinyon ak tan konsèy apwopriye yo konn pase avèk adilt yo. Pandan ke evèk yo ka bay konsèy sou bagay grav ak ijan yo, nou rekòmande pou yo delege tach pou bay konsèy regilyèman sou zafè kwonik ki pa twò ijan yo e ki pa mande jijman sou diyite yo bay manm kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo—abityèlman prezidans yo oswa frè ak sè sèvis pastoral yo. Lespri a ap gide dirijan yo26 pou yo ka chwazi manm kòrèk ki pou asire wòl soutyen ak konsèy sa a. Moun ki resevwa responsablite pa delegasyon sa a, yo gen dwa pou yo resevwa revelasyon. Natirèlman, yo dwe kenbe yon konfidansyalite estrik.

Dirijan ki reflechi toujou fè sakrifis pou jenerasyon ki ap grandi a. Se la manm episkopa yo pase majorite tan sèvis yo nan Legliz la.

Kounyeya, m ta renmen di kèk bagay dirèkteman a noumenm jèn yo epi a evèk nou apre sa.

Anpil nan noumenm, jèn presye yo, gen dwa pa gen yon vizyon klè sou kiyès nou ye ak kisa nou ka devni. Poutan, nou nan pwen pou nou kòmanse pran desizyon ki pi enpòtan n ap gen pou nou pran nan lavi nou. Tanpri, konsilte paran nou ak evèk nou sou chwa enpòtan ki devan nou yo. Kite evèk la vin zanmi nou ak konseye nou.

Nou konsyan ke nou gen eprèv ak tantasyon ki ap vin devan nou e ki soti nan tout direksyon. Nou tout bezwen repanti chak jou jan Prezidan Nelson te anseye a. Tanpri, pale ak evèk nou sou nenpòt bagay kote yon jij an Izrayèl ka ede nou mete lavi nou nan lòd pou nou ka avèk Senyè a nan preparasyon pou “gwo travay” Li gen pou nou an nan dispansasyon final sa a.27 Jan Prezidan Nelson te envite nou an, tanpri, kalifye tèt nou pou nou vin fè pati batayon jèn Senyè a!28

Kounyeya, yon mo pou evèk presye nou yo nan non dirijan yo ak manm yo nan Legliz la. Nou eksprime gratitid pwofon nou pou ou. Avèk tout chanjman yo te mande w pou w te fè nan ane k sot pase yo, chè evèk, tanpri konnen konbyen nou renmen ou e apresye ou. Kontribisyon w nan wayòm nan prèske depase deskripsyon. Legliz la gen 30.900 evèk ak prezidan branch ki ap sèvi nan tout mond lan.29 Nou onore nou chak.

Kèk pawòl avèk apèl sakre yo dekri yo ranpli avèk siyifikasyon espirityèl ekstrawòdinè. Apèl evèk la depase definitivman siyifikasyon mo sa yo. Sèvi Senyè a nan apèl sa a se yon bagay ki remakab nan si anpil fason. Apèl, soutyen, ak mizapa yon evèk se yon eksperyans moun p ap janm bliye. Pou mwenmenm, li se youn nan evenman ki pi siblim nan lavi sa a akoz de gwo kantite ak pwofondè santiman li evoke yo. Li kanpe konfòtableman nan yon yerachi evenman presye tankou maryaj ak vin papa ke moun pa ka dekri an kèlke mo.30

Evèk yo, nou soutni nou! Evèk yo, nou renmen nou! Tout bon vre nou se bèje Senyè a ki responsab twoupo L la. Sovè a p ap bliye nou nan apèl sa yo. Mwen temwaye sou sa, nan wikenn Pak sa a, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Vas-tu faiblir, ô jeunesse,” Cantiques,no. 164.

  2. Dirijan jèn yo, prezidans kowòm ak klas yo, ak lòt dirijan yo nan Legliz la pataje responsablite sa a.

  3. Evèk la se prezidan kowòm prèt yo. Premye konseye li gen responsablite kowòm enstriktè yo, epi dezyèm konseye l la gen responsablite kowòm dyak yo. (Gade nan Manyèl Enstriksyon: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 10.3, ChurchofJesusChrist.org.)

  4. Gade nan Doktrin ak Alyans 68:25–28.

  5. Gade Quentin L. Cook,“Adjustments to Strengthen Youth,” Liahona, Nov. 2019, 40–43.

  6. Itilizasyon mo evèk la aplike menm jan tou pou prezidan branch fidèl nou yo.

  7. 1 Pyè 2:25.

  8. Gade nan Manyèl Jeneral, 6.1.1.

  9. Gade Manyèl Jeneral, 6.1.2.

  10. Gade Manyèl Jeneral, 6.1.3.

  11. Gade Manyèl Jeneral, 6.1.4.

  12. Gade Manyèl Jeneral, 6.1.5.

  13. Manyèl Jeneral, 6.1.1; gade tou Manyèl Jeneral, 6.1.1.1–6.1.1.4.

  14. Manyèl Jeneral, 6.1.1.

  15. Manyèl Jeneral, 6.1.4.

  16. Gade Manyèl Jeneral, 21.2; 23.5; 25.2.

  17. Gade Manyèl Jeneral, 6.1; 14.3.3.1; gade tou Quentin L. Cook, “Adjustments to Strengthen Youth,” 40–43. Yo ankouraje evèk la pou l pase plis tan avèk madanm ni ak fanmi l tou. Kalite fokis sa a posib lè konseye ak espesyalis adilt ki kapab aple pou yo ede prezidans kowòm Prètriz Aawon yo ak episkopa a nan devwa yo.

  18. Russell M. Nelson, “Temwen, Kowòm Prètriz Aawon, ak Klas Jènfi yo,,” Liahona,, Nov. 2019, 39.

  19. Gade nan Doktrin ak Alyans 107:87–88.

  20. “Senyè a atann ke chak jènjan ki kapab prepare yo pou yo sèvi [yon misyon] (gade” Doktrin ak Alyans 36:1, 4–7). Jènfi ak manm aje ki vle sèvi yo dwe prepare yo tou. Yon pati esansyèl nan preparasyon an se eseye vin konvèti nan Jezikri ak levanjil retabli L la. Moun ki gen dezi pou sèvi yo dwe prepare yo fizikman, mantalman, emosyonèlman, ak finansyèman tou” (Manyèl Jeneral, 24.0).

  21. Pawas la te òganize le 17 Desanm 1980. Elder John H. Groberg nan Premye Kolèj Swasanndis la te ede òganize pawas lang Tongan sa a. (See Gordon Ashby, chairman, and Donna Osgood, ed., History of San Francisco California Stake, 1927–87 [1987], 49–52.)

  22. Evèk Mahe te avanse nan yon pozisyon manadjè avèk konpayi Pan American Airlinesnan Ayewopò Entènasyonal San Francisco, California a.

  23. Gade nan History of San Francisco California Stake49.

  24. Yo gen dwa rebele kont bagay ki gen siyifikasyon etènèl yo tou.

  25. Gade nan Manyèl Jeneral, 21.2.1.

  26. Evèk la ap kowòdone ak prezidans kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo nan bagay pou l asiyen ba yo ak ki suivi plan lanmou ak swen yo fè.

  27. Doktrin ak Alyans 64:33.

  28. Gade Russell M. Nelson n “Espwa Izrayèldevosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018), HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org.

  29. Jiska 19 Fevriye 2021, te gen 24,035 evèk ak 6,865 prezidan branch ki ap sèvi nan tout mond lan.

  30. Mwen te aple kòm evèk Pawas Burlingame nan Kalifòni a an 1974 pa Prezidan David B. Barlow epi m te resevwa mizapa 15 Septanm 1974, nan men Elder Neal A. Maxwell, ki te fèk aple kòm Asistan Kolèj Douz Apot yo.