2010–2019
Temwen, Kowòm Prètriz Aawon, ak Klas Jènfi
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Temwen, Kowòm Prètriz Aawon, ak Klas Jènfi

Chanjman sa yo nou pral anonse kounyea fèt pou ede jènjan yo ak jènfi yo devlope potansyèl pèsonèl sakre yo.

Chè frè m ak sè m yo, m kontan pou m avèk nou ankò nan konferans jeneral. Yè, yo te anonse manm Legliz yo chanjman ki te fèt nan règleman konsènan kimoun ki ka sèvi kòm temwen pou òdonans batèm ak sèlman yo. Mwen ta renmen souliyen twa pwen sa yo.

  1. Nenpòt moun ki gen yon rekòmandasyon tanp valid ka sèvi kòm temwen pou batèm pa pwokirasyon pou yon moun ki mouri, enkli moun ki gen yon rekòmandasyon a izaj limite.

  2. Nenpòt manm ki dote, ki gen yon rekòmandasyon tanp valid kapab sèvi kòm temwen pou òdonans sèlman, vivan ak mò.

  3. Nenpòt manm ki batize nan Legliz la kapab sèvi kòm temwen nan batèm yon moun ki vivan. Chanjman sa a konsène tout batèm k ap fèt andeyò tanp yo.

Chanjman nan règleman sa yo se chanjman nan pwosedi yo yo ye. Doktrin ak alyans ki anrapaò avèk yo pa chanje. Yo egalman efikas nan tout òdonans yo. Chanjman sa yo ta dwe grandman amelyore patisipasyon fanmi yo nan òdonans sa yo.

Epi, kounyea, m vle prezante nou chanjman ki konsène jèn nou yo ak dirijan yo.

N ap sonje ke m te envite jèn yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pou yo anwole nan batayon Senyè a pou yo ka patisipe nan gran koz sou tè a jodia—rasanbleman Izrayèl.1 M te lanse envitasyon sa a bay jèn yo paske yo gen yon don ekstraòdinè pou yo lonje lamen bay lòt moun e pataje sa yo kwè nan yon fason konvenkan. Travay rasanbleman an se yon pati esansyèl nan ede prepare mond lan ak pèp yo pou Dezyèm Vini Senyè a.

Nan chak pawas, batayon jèn Senyè a dirije pa yon evèk, ki se yon sèvitè devwe Bondye. Premye ak responsablite prensipal li se pran swen jènjan ak jènfi pawas li yo. Evèk la ak konseye l yo dirije travay kowòm Prètriz Aawon yo ak klas Jènfi yo nan pawas la.

Chanjman sa yo nou pral anonse kounyea fèt pou ede jènjan yo ak jènfi yo devlope potansyèl pèsonèl sakre yo. Nou vle fòtifye kowòm Prètriz Aawon yo ak klas Jènfi yo tou epi pote sipò bay evèk yo ak lòt dirijan adilt yo ki ap sèvi jenerasyon k ap grandi a.

Kounyea, Èldè Quentin L. Cook pral pale nou de chanjman ki konsène jènjan yo. Epi aswè a, nan sesyon jeneral fi yo, Sè Bonnie H. Cordon, Prezidant Jeneral Jènfi a, pral pale nou de chanjman ki konsène jènfi yo.

Premye Prezidans lan ak Douz yo ini ansanm pou andose pwogram sa yo pou fòtifye jèn nou yo. O, ala nou renmen jèn yo epi nou priye pou yo! Yo se “Lespwa Izrayèl”, lame Siyon an, pitit jou pwomès la.”1 Nou eksprime konfyans total nou nan jèn nou yo ak rekonesans nou pou yo. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Russell M. Nelson, “Espwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018), HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org.

  2. “Hope of Israël,” Hymns, no. 259.