2010–2019
Pouvwa pou nou venk advèsè a
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Pouvwa pou nou venk advèsè a

Kijan nou ka jwenn lapè sa a, sonje kiyès nou ye, epi simonte twa D advèsè a itilize yo?

Frè m ak Sè m yo, mèsi pou tout sa n ap fè pou nou vin vrè disip Jezikri, ak pou n ede lòt moun vin vrè disip Jezikri ak jwi benediksyon tanp sakre yo. Mèsi pou bonte nou. Nou admirab; nou bèl.

Mwen priye pou ke, lè nou totalman konprann ke nou se pitit Bondye, na rekonèt enfliyans Sentespri a ki ap konfime sa pou nou. . “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” deklare: “Tout kretyen vivan—gason ak fi— kreye nan imaj Bondye. Yo chak se yon pitit lespri gason oubyen fi ki soti nan paran selès, epi konsa, yo chak gen yon nati ak yon destine diven.”1 Nou se “espri chwazi ki te rezève pou nou vin pran nesans nan plenitid tan yo pou nou ka patisipe nan etablisman fondasyon gwo travay dènye jou a.”2 Prezidan Russell M. Nelson te deklare: “Nan mond dèzespri a, yo te anseye nou pou nou ka prepare nou pou a tout sa nou ta pral genyen pou nou rankontre nan dènye pati nan dènye jou sa yo (gade D&A 138:56). Ansèyman sa a ankre andedan nou.”3

Nou se pitit gason ak pitit fi chwazi Bondye. Nou gen pouvwa pou nou venk advèsè a. Sepandan, advèsè a byen konnen kiyès nou ye. Li konnen nou gen yon eritaj diven epi l ap chèche pou l limite potansyèl tèrès ak selès nou nan itilize 3 metòd:

  • Twonpri

  • Distraksyon

  • Dekourajman

Twonpri

Advèsè a te itilize zouti twonpri a nan epòk pa Moyiz la. Senyè a te di Moyiz:

“Epi gade, ou se pitit gason mwen. ...

“Mwen gen yon travay pou ou, … epi ou nan resanblans Sèl Pitit Literal mwen an.”4

Tousuit apre vizyon gloriye sa a, Satan te eseye twonpe Moyiz. Pawòl li te itilize yo enteresan: “Moyiz, pitit gason lòm nan, adore m.”5 Twonpri a se pa t sèlman nan envitasyon pou adore Satan an, men li nan fason li te dekri Moyiz kòm pitit gason lòm nan tou. Sonje ke Senyè a te fèk di Moyiz ke li se yon pitit Bondye, ki te kreye daprè imaj Sèl Pitit Gason Literal li a.

Advèsè a te fè tantativ san rete nan efò li pou l te twonpe Moyiz, men Moyiz te reziste, li te di: “Wete kò w, Satan, paske se sèlman Bondye sa a m ap adore, ki se Bondye laglwa a..”6 Moyiz te sonje kiyès li ye—yon pitit gason Bondye.

Pawòl Senyè a te adrese Moyiz yo aplike pou noumenm avèk mwen. Nou kreye dapre pwòp imaj Bondye, epi li gen yon travay pou nou ka akonpli. Advèsè a fè tantativ pou desevwa nou nan fè nou bliye kiyès nou ye an reyalite. Si nou pa konprann kiyès nou ye, sa rann difisil pou nou rekonèt kiyès nou kapab devni.

Distraksyon

Advèsè a eseye tou pou l distrè nou pou detounen nou de Kris la ak chemen alyans li a. Èldè Ronald A. Rasband te pataje sa ki pi ba a: “Objektif advèsè a se pou detounen nou de temwayaj espirityèl nou, alòske ke dezi Senyè a se pou ba nou konesans e angaje nou nan travay li.”7

Nan epòk pa nou an, gen anpil distraksyon, ladan yo Twitter, Facebook, Instagram, jwèt videyo imajinè, ak pi plis ankò. Devlopman teknolojik sa yo se bagay ekstraòdinè, men si nou pa fè atansyon, yo ka distrè nou pou nou pa reyalize potansyèl diven nou. Si nou itilize yo nan fason apwopriye, sa ka louvri aksè nan pouvwa selès yo epi pèmèt nou vin temwen mirak pandan n ap chèche rasanble Izrayèl ki te gaye a sou toulède bò vwal la.

An nou fè atansyon epi pa neglijan nan fason n ap itilize teknoloji.8 Toujou chèche jwenn fason pou teknoloji a ka rapwoche nou pi pre Sovè a epi pèmèt nou akonpli travay li a pandan n ap prepare pou Dezyèm Vini l lan.

Dekourajman

Finalman, advèsè a vle pou nou vin dekouraje. Nou ka santi nou dekouraje lè nou konpare tèt nou avèk lòt moun oswa santi nou pa viv jan moun ap atann nan, oubyen jan nou swete pou tèt nou.

Lè m te kòmanse pwogram doktora mwen, m te santi m dekouraje. Pwogram nan te aksepte sèlman kat etidyan nan ane sa a, epi lòt etidyan yo te briyan. Yo te gen pi gwo nòt ak plis eksperyans travay nan gwo pozisyon responsablite, epi yo te montre yo te gen anpil konfyans nan kapasite yo. Apre de premye semèn nan pwogram nan, santiman dekouraman ak dout te kòmanse mete pye—jiskaske yo te prèske kraze m.

Mwen te deside ke, si pou m ta konplete pwogram kat ane sa a, mwen ta dwe li Liv Mòmon an annantye chak semès. Chak jou pandan mwen t ap li, m te fè eksperyans deklarasyon Sovè a ke Sentespri a ta pral anseye m tout bagay epi t ap pèmèt mwen sonje tout bagay la.9 Li te reyafime m kiyès mwen ye kòm yon pitit Bondye, li te fè m sonje pou m pa konpare tèt mwen avèk lòt moun, epi li te ban m konfyans nan kapasite divin mwen pou m reyisi a.10

Chè zanmi m yo, tanpri pa kite pèsonn moun vòlè bonè nou. Pa konpare tèt nou ak lòt moun. Tanpri sonje pawòl plen lanmou Sovè a.: “Lapè M ap kite pou nou, lapè mwen mwen ba nou: mwen ba nou li, men se pa tankou mond lan ba nou an. Pa kite anyen fè kè nou twouble, ni pa kite anyen fè nou pè.”11

Kijan nou ka fè sa? Kijan nou ka jwenn lapè sa a, sonje kiyès nou ye, epi simonte twa metòd advèsè a itilize yo?

Premyèman, sonje ke premye ak gran kòmandman an se renmen Bondye ak tout kè nou, pouvwa, panse, ak fòs nou.12 Tout sa nou n ap fè dwe motive pa amou nou pou li ak pou Pitit Gason l lan. Pandan n ap devlope lanmou pou yo nan kenbe kòmandman Yo bay yo, kapasite nou pou renmen tèt nou epi pou nou renmen lòt moun nan ap ogmante. N ap kòmanse sèvi fanmi nou, zanmi nou, ak pwochen nou paske n ap wè yo menmjan Sovè a wè yo a—kòm pitit gason ak pitit fi Bondye.13

Dezyèman, priye Papa a nan non Jezikri chak jou, chak jou, chak jou.14 Se pa mwayen lapriyè ke n ap kapab santi lanmou Bondye epi montre lanmou nou pou li. Pa mwayen lapriyè nou eksprime rekonesans nou epi nou mande pou l ba nou fòs ak kouraj pou soumèt volonte nou anba volonte Bondye epi jwenn gidans ak direksyon nan tout bagay.

Mwen ankouraje nou pou “priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou ka ranpli avèk lanmou sa a, … pou nou ka vin tounen pitit gason [ak pitit fi] Bondye; pou lè li parèt nou ka vin menmjan avèk li.”15

Twazyèman, li Liv Mòmon an epi etidye l chak jou, chak jou, chak jou.16 Etid mwen nan Liv Mòmon an gen tandans dewoule pi byen lè mwen li avèk yon kesyon nan tèt mwen. Lè nou li avèk yon kesyon, nou ka resevwa revelasyon epi rekonèt ke Joseph Smith te pale verite lè li te deklare, “Liv Mòmon an [se] liv ki pi kòrèk nan tout liv sou tè a, … epi yon gason [oswa yon fi ap] rapwoche pi pre Bondye nan viv dapre presèp, plis pase okenn lòt liv.”17 Liv Mòmon an gen pawòl Kris la epi li ede nou sonje kiyès nou ye.

FInalman, pran sentsèn nan lapriyè chak semèn, chak semèn, chak semèn. Se atravè alyans ak òdonans prètriz yo, enkli sentsèn, ke pouvwa divinite a manifeste nan lavi nou.18 Èldè David A. Bednar te ansenye: “Òdonans sentsèn nan se yon envitasyon sen ki repete pou nou repanti sensèman epi pou nou renouvle espirityèlman. Pran sentsèn nan, nan limenm e pa limenm, pa rachte peche. Men si nou prepare nou an tout konsyans epi nou patisipe nan òdonans sakre sa a avèk yon kè brize ak yon lespri kontri, enben, pwomès la sèke nou ka toujou gen Lespri Senyè a avèk nou.”19

Lè nou pran sentsèn nan nan imilite, nou sonje soufrans Jezi nan jaden sakre a ki rele Jetsemani an ak sakrifis li sou kwa a. Nou eksprime rekonesans nou pou Papa a paske l te voye Sèl Pitit Gason Byeneme l la, Redanmtè nou an, epi nou montre dispozisyon nou pou nou kenbe kòmandman l yo epi pou nou toujou sonje li.20 Gen yon limyè espirityèl ki asosye avèk sentsèn nan—se yon bagay pèsonèl, li puisan, epi nou bezwen li.

Zanmi m yo, mwen pwomèt nou ke si nou fè efò pou nou renmen Bondye avèk tout kè nou, nou priye li nan non Jezikri, nou etidye nan Liv Mòmon an, epi nou pran sentsèn nan nan yon espri lapriyè, n ap gen kapasite, avèk sipò Senyè a, pou nou simonte tout twonpri advèsè a, pou nou limite distrasyon ki detounen nou de potansyèl diven nou yo, epi pou nou reziste anba dekourajman ki diminye kapasite nou pou nou santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason l lan. N ap ka vin totalman konprann kiyès nou ye kòm pitit gason ak pitit fi Bondye.

Frè m ak sè m yo, mwen pataje lanmou m avèk nou e m rann nou temwayaj ke m konnen Pè Selès la vivan epi Jezi se Kris la. Mwen renmen yo. Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Bondye a sou tè a. Nou gen yon responsablite divin pou nou rasanble Izrayèl ak prepare mond lan pou Dezyèm Vini Mesi a. Nan non Jezikri, Amèn.