2010–2019
Pitit Fi Byeneme
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Pitit Fi Byeneme

Nan sant tout sa n ap fè nan Jènfi yo, gen yon dezi pou ede w akeri lafwa inebranlab nan Senyè a, Jezikri.

Chè sè m yo, ala m kontan pou m avèk nou la a! Nou sot wè yon devèsman revelasyon ki fè nou anvi vin pi bon e ki ranpli nanm nou ak antouzyas.

Pandan n ap kòmanse la a, m ta renmen prezante nou kèk zanmi; yo se jènfi unique nan talan, nan koutim, ak sikonstans familyal ak endividyèl. Yo chak, menmjan avèk nou, touche kè mwen.

Imaj
Bella

Premèman, m prezante nou Bella. Li kanpe solid kòm sèl jènfi nan branch li nan peyi Islande.

Imaj
Joséphine

M prezante nou Josephine, yon jènfi devwe ki soti an Afrik, ki reyangaje tèt li pou l etidye Liv Mòmon an chak jou. Li ap dekouvri pouvwa ak benediksyon ki soti nan senp aksyon fidèl sa a.

Imaj
Ashtyn

E finalman, men chè zanmi mwen, Ashtyn, yon jènfi ekstraòdinè ki te mouri apre sizan batay anba kansè. Temwayaj li konsènan Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a toujou nan kè mwen.

Nou tout se jènfi remakab. Nou unique, nou chak gen pwòp don ak eksperyans pa nou men nou sanble nan fason trè enpòtan ak etènèl.

Nou se literalman pitit fi lespri Paran Selès, epi anyen pa ka separe nou de lanmou Yo ak lanmou Sovè nou an.1 Amezi n ap pwoche pi pre Li, menm lè nou fè ti pa toupiti tankou tibebe, n ap dekouvri lapè andiran k ap antre nan nanm nou antanke disip fidèl Sovè nou an, Jezikri.

Prezidan Russell M. Nelson, pwofèt byeneme nou an, mande m pou m pale de kèk chanjman enspire ki pral ede nou “devlope potansyèl pèsonèl sakre nou”2 ak ogmante enfliyans jis nou. M pral pale de kat domèn chanjman aswè a.

Tèm Jènfi yo

Premyèman, nan sant tout sa nou fè nan Jènfi, gen yon dezi pou ede w akeri lafwa inebranlab nan Senyè Jezikri3 ak yon konesans asire de idantite w kòm yon pitit fi Bondye.

Aswè a, m ta renmen anonse yon revizyon nan tèm Jènfi yo. Mwen priye pou nou santi Sentespri a temwaye nou verite pawòl sa yo pandan m ap repete nouvo tèm nan, ki di:

Mwen se yon pitit fi byeneme paran selès,4 ki gen yon nati divin ak yon destine etènèl.5

Antanke disip Jezikri,6 m ap efòse m pou m vin menmjan avèk li.7 M ap chèche revelasyon pèsonèl e m aji selon yo8 epi m ap sèvi lòt moun nan non sakre li.9

M ap kanpe kòm temwen Bondye nan tout tan ak nan tout bagay ak nan tout kote.10

Pandan m ap fè efò pou kalifye m pou egzaltasyon,11 m ap cheri don repantans lan12 epi m ap chèche amelyore m chak jou.13 Ak lafwa,14 m ap fòtifye fwaye m ak fanmi m,15 m ap fè ak kenbe alyans sakre,16 e m ap resevwa òdonans17 ak benediksyon tanp sakre yo.18

Note chanjman soti nan “nou” pou n di “mwen” an. Verite sa yo aplike a oumenm endividyèlman. Ou se yon pitit fi Paran Selès. Ou se yon disip Sovè nou an, Jezikri. M envite w pou w etidye ek medite pawòl sa yo. Mwen konnen si w fè sa, w ap akeri yon temwayaj de verasite yo. Konprann verite sa yo ap chanje fason w ap fè fas ak pwoblèm yo. Konnen idantite ou ak bi ou ap ede w aliyen volonte w ak pa Sovè a.

W ap gen lapè ak gidans pandan w ap suiv Jezikri a.

Klas Jènfi yo

Dezyèm chanjman an konsène klas Jènfi yo. Èldè Neal A. Maxwell te di: “Souvan, sa moun bezwen anpil se pwoteksyon kont tanpèt lavi yo nan lye yo santi yo nan plas yo.”19 Klas nou yo dwe se sanktyè kont tanpèt, andwa sekirite kote nou santi lanmou ak akseptans. Nan yon efò pou bati pi gwo inite, amitye pi solid, ak ogmante santiman apatenans andedan Jènfi yo, n ap fè kèk chanjman nan structure klas yo.

Pandan plis pase yon syèk, jènfi yo te divize an twa klas. Kòmanse imdeyatman, nou envite dirijant Jènfi yo ak evèk yo pou, nan lapriyè, yo konsidere bezwen chak jènfi epi òganize yo pa laj selon sikonstans espesifik pawas la. Men kèk egzanp sou fason sa ka sanble.

  • Si w gen kèk grenn jènfi sèlman, ou gen dwa fè yon sèl klas Jènfi avèk tout moun reyini ansanm.

  • Petèt ou gen yon gwo gwoup jènfi laj 12 zan ak yon ti gwoup jènfi ki pi gran. Ou gen dwa deside fè de klas: Jènfi 12 zan ak Jènfi 13-18 tan.

  • Oubyen si w gen yon gwo pawas ki gen 60 jènfi, ou gen dwa fè sis klas, youn pou chak laj, òganize pa ane.

Kèlkeswafason klas nou yo òganize, noumenm jènfi yo nou vital nan bati inite. Se pou nou yon limyè pou moun bò kote nou. Se pou nou sous lanmou ak atansyon nou espere resevwa nan men lòt moun nan. Avèk yon priyè nan kè w, kontinye ede epi rete yon fòs pou byen. Lè w fè sa, lavi w ap ranpli ak bonte. W ap gen pi bon santiman anvè lòt moun epi w ap kòmanse wè bonte yo anretou.

Non Klas Jènfi yo

Twazyèmman, nan nouvèl òganizasyon klas sa yo, tout klas yo pral rele pa yon sèl non kounyea: ki se “Jènfi.”20 Nou p ap itilize non Abèy, Eglantin, ak Loreyòl yo ankò.

Fòtifye Prezidans Klas yo

Dènye domèn m ta renmen pale a se enpòtans prezidans klas yo. Kèlkeswa fason klas Jènfi yo òganize, chak klas dwe gen yon prezidans klas!21 Se pa dekrè diven ke jènfi yo aple pou yo dirije nan jenès yo.

Wòl ak rezondèt prezidans klas yo te ranfòse ak defini pi klè kounyea Travay sali a se youn nan responsablite enpòtan sa yo, patikilyèman nan domèn sèvis pastoral, travay misyonè, aktivasyon, ak travay tanp ak istwa familyal.22 Wi, se nan fason sa a n ap rasanble Izrayèl23—yon travay gloriye pou tout jèn fi kòm manm batayon jèn Senyè a.

Nan chak nivo nan Legliz la, Senyè a aple yon prezidans pou dirije pèp Li a. Jènfi, lè w se manm prezidans yon klas, se ka premye okazyon w genyen pou w patisipe nan modèl lidèchip enspire sa a. Dirijan adilt yo, fè apèl prezidans klas yo vin yon priyorite epi apresa, dirije kòtakòt avèk yo, konseye yo epi gide yo pou yo ka reyisi.24 Kèlkeswa nivo eksperyans nan lidèchip jènfi yo ki nan prezidans klas la ka genyen, kòmanse nan nivo yo ye a epi ede yo devlope talan ak konfyans ki pral beni yo antanke lidè. Rete pwòch yo, men pa pran plas yo. Lespri a ap gide w pandan w ap gide yo.

Imaj
Chloe

Pou ilistre wòl esansyèl paran ak dirijan yo genyen kòm gid la, kite rakonte nou yon istwa. Yo te aple Chloe pou l te sèvi kòm yon prezidant klas. Dirijan prètriz saj li a te ankouraje l pou l te chèche èd Senyè a pou l te ka rekòmande non pou prezidans li a. Chloe te priye epi l te resevwa enspirasyon sou moun pou l te rekòmande kòm konseyè l yo byen vit. Pandan l t ap kontinye medite ak priye pou aple yon sekretè, Lespri a te atire atansyon l san rete sou yon jènfi, sa k te siprann ni—yon jènfi ki te raman vin legliz la ni nan aktivite yo.

Paske l pa t santi l asire de enspirasyon an, Chloe te pale ak manman l, ki te eksplike l ke youn nan fason nou ka resevwa revelasyon se atravè panse ki pèsistan. Avèk konfyans li renouvle, Chloe te santi l ta dwe rekòmande jènfi sa a. Evèk la te prezante apèl la bay jènfi sa a, epi li te aksepte l. Apre yo te fin mete l apa, bèl sekretè sa a te di: “Ou konnen, m pa t janm te santi m nan plas mwen la a, ni ke okenn moun te bezwen m. M pa t santi m entegre. Men avèk apèl sa a, m santi kòmsi Pè Selès la gen yon bi ak yon plas pou mwen.” Pandan Chloe ak manman l t ap kite reyinyon an, Chloe te vire gade manman l epi l te di, ak dlo nan je l: “Revelasyon reyèl!” Revelasyon vrèman mache!”

Prezidans klas yo, se Bondye ki aple nou e ki fè nou konfyans pou n dirije yon gwoup nan pitit fi l yo. “Senyè a konnen nou. … Li chwazi nou.”25 Nou resevwa mizapa nan men yon moun ki gen otorite prètriz la; sa vledi pandan n ap akonpli devwa apèl nou yo, n ap egzèse otorite prètriz la. Nou gen yon travay enpòtan pou nou fè. Se pou nou veye ak aji selon enspirasyon Sentespri a. Si nou fè sa, nou ka sèvi avèk konfyans, paske nou pa p sèvi poukont nou!

Prezidant klas yo, nou bezwen sajès nou, vwa nou, ak enèji nou nan nouvo konsèy pawas jèn nan Èldè Cook te anonse jodia. Nou se yon pati esansyèl nan solisyon pou reponn bezwen frè ak sè nou yo.26

Chanjman sa yo nan òganizasyon ak lidèchip klas yo dwe kòmanse osito pawas yo ak branch yo pare, men yo dwe anplas rive Premye Janvye 2020.

Chè sè m yo, mwen rann nou temwayaj ke chanjman sa yo m sot pale jodia se direksyon ki enspire pa Senyè a. Pandan n ap enplante chanjman sa yo avèk dilijans, se pou nou pa janm bliye objektif nou: ki se fòtifye rezolisyon nou pou n suiv Jezikri ak pou n ede lòt moun vin jwenn ni. Mwen temwanye ke sa a se Legliz li. Ala m rekonesan dèske l pèmèt nou jwe yon pati trè enpòtan nan travay sakre l la.

Mwen priye pou menm Lespri sa a ki te gide chanjman sa yo ka gide nou pandan n ap avanse sou chemen alyans lan. Mwen temwaye konsa nan non Jezikri, amèn.