2010–2019
Fè Senyè a konfyans
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Fè Senyè a konfyans

Sèl rekou asire nou genyen se mete konfyans nou nan Senyè a ak nan amou Li pou pitit Li yo.

Chè frè m ak sè m yo, yon lèt m te resevwa sa gen yon ti bout tan ap entwodui sijè diskou m nan. Moun ki te ekri lèt la t ap anvizaje pou l te marye nan tanp avèk yon gason ki te gen konpay etènèl li ki te mouri. Li t ap vin yon dezyèm madann. Li te poze kesyon sa a: èske l tap ka gen pwòp kay pa l nan lavi apre a, oubyen èske l ta pral oblije viv avèk mari l ak premye madanm ni an? M te senpleman di l pou l te fè Senyè a konfyans.

M ap kontinye avèk yon eksperyans m te tande nan men yon kolaboratè m apresye anpil, ke m ap pataje avèk pèmisyon li. Apre lamò madanm ni ke l te renmen anpil, ki te manman pitit li yo, yon papa te remarye. Kèk nan gran pitit yo pa t dakò avèk maryaj la epi yo te chèche konsèy nan men yon paran pwòch ki sete yon dirijan respektab nan Legliz la. Apre l te fin koute rezon k te fè yo pa t dakò a, ki te santre sou kondisyon ak relasyon nan mond dèzespri a oubyen nan wayòm laglwa ki vin apre Jijman Final la, dirijan sa a te di: “N ap enkyete nou pou move bagay yo. Nou ta dwe sousye pou nou konnen si nou ap rive nan kote sa yo. Konsantre sou sa. Si nou rive ladan yo, tout bagay pral pi bèl pase nou ka imajine.”

Ala yon ansèyman rekonfòtan! Fè Senyè a konfyans!

Daprè lèt m resevwa, m konnen gen lòt moun ki twouble pa kèk kesyon konsènan mond dèzespri kote nou pral abite apre nou mouri e anvan nou resisite a. Kèk moun asime ke lavi nan mond dèzespri a se pral kontinyasyon anpil nan pil sitiyasyon ak pwoblèm tanporèl n ap fè eksperyans yo nan lavi mòtèl sa a. Kisa nou reyèlman konnen konsènan kondisyon nan mond dèzespri a? M panse ke yon atik yon pwofesè relijyon nan Inivèsite Brigham Young te ekri sou sijè sa a, eksplike sa byen: “Lè nou mande tèt nou kisa nou konnen sou mond dèzespri a daprè liv kanonik nou yo, repons la se ‘pa otan ke nou souvan panse.’”1

Natirèlman, nou konnen daprè ekriti yo ke, apre kò nou fin mouri, nou pral kontinye viv kòm espri nan mond dèzespri a. Ekriti yo anseye nou tou ke mond dèzespri a divize ant moun ki te “viv nan ladwati” oubyen “ki te jis” pandan lavi yo ak moun ki te mechan. Yo dekri kijan kèk espri fidèl ap anseye levanjil la pou moun ki te mechan oubyen rebèl yo tou (gade nan 1 Pyè 3:19; Doktrin ak Alyans 138:19–20, 29, 32, 37). Pi enpòtan toujou, revelasyon modèn nan revele ke travay sali a ap kontinye nan mond dèzespri a (gade nan Doktrin ak Alyans 138:30–34, 58), epi menmsi yo egzòte nou pou nou pa ranvwaye repantans nou pandan mòtalite a (gade nan Alma 13:27), nou aprann ke gen yon degre repantans ki posib nan kote sa a (gade nan Doktrin ak Alyans 138:58).

Travay sali nan mond dèzespri a se pou libere espri yo anba sa ekriti yo dekri souvan kòm “esklavaj.” Tout moun ki nan mond dèzespri yo anba yon fòm esklavaj. Gran revelasyon Prezidan Joseph F. Smith la, ke yo mete nan ekriti yo kòm seksyon 138 Doktrin ak Alyans yo, deklare ke mò ki jis yo, ki te nan eta “lapè” yo (Doktrin ak Alyans 138:22) pandan yo t ap ret tann Rezirèksyon an, (gade nan Doktrin ak Alyans 138:16), “te konsidere gran espas tan lespri yo te rete san kò a kòm yon esklavaj” (Doktrin ak Alyans 138:50).

Mechan yo soufri yon lòt fòm esklavaj tou. Akoz peche san repantans, yo nan sa Apot Pyè refere kòm yon “prizon” espirityèl (1 Pyè 3:19; gade nan Doktrin ak Alyans 138:42tou). Yo dekri espri sa yo kòm “prizonye” oubyen kòm “kaptif” (Doktrin ak Alyans 138:31, 42) oubyen kòm moun ki “chase al deyò nan tenèb” k ap “kriye, ak rele, ak graje dan yo” pandan y ap ret tann rezirèksyon ak jijman an (Alma 40:13–14).

Rezirèksyon pou tout moun nan mond dèzespri a garanti gras ak Rezirèksyon Jezikri a (gade nan 1 Korentyen 15:22), malgre l ap fèt nan diferan tan pou diferan group. Jiskaske tan sa a rive, sa ekriti yo di nou sou aktivite nan mond dèzespri a prensipalman konsène travay sali a. Pa gen anpil lòt bagay ki revele. Yo preche levanjil la pou inyoran yo, sa k pa repanti yo, ak rebèl yo, pou yo ka libere anba esklavaj yo a epi pou yo avanse al jwenn benediksyon yon Papa eman ki nan Syèl la genyen pou yo.

Esklavaj mond dèzespri a ki aplike a moun jis ki konvèti yo se obligasyon pou yo ret tann nan—epi petèt, yo menm gen pèmisyon pou ede nan —akonplisman òdonans nan tanp pou mò yo sou tè a, pou yo ka batize, epi jwi benediksyon Sentespri yo.(gade Doktrin ak Alyans 138:30–37, 57–58).2 Òdonans ki fèt pa pwokirasyon sa yo nan isit la ba yo pouvwa pou yo pwogrese anba otorite prètriz la pou yo al elaji lame moun jis yo k ap preche levanjil la bay espri nan prizon yo.

Apa bagay debaz sa yo, ekriti kanonik nou yo pa di anpil bagay sou mond dèzespri a nan sa ki konsène apre lanmò ak anvan Jijman Final la.3 Konsa, ki lòt bagay nou konnen konsènan mond dèzespri a? Anpil nan manm Legliz yo konn gen vizyon oubyen lòt eksperyans espirityèl ki enfòme yo sou sa k ap pase oubyen sou jan bagay òganize nan mond dèzespri a, men, nou pa dwe konsidere ni anseye eksperyans espirityèl pèsonèl sa yo kòm doktrin ofisyèl Legliz la. Epi natirèlman, gen pakèt sipozisyon manm yo ak lòt moun bay nan sous ki pibliye tankou liv sou eksperyans moun ki te manke mouri.4

Konsènan tout bagay sa yo, li enpòtan pou nou sonje avètisman plen sajès Èldè D. Todd Christofferson ak Èldè Neil L. Anderson te bay nan mesaj konferans jeneral anvan yo. Èldè Christofferson te anseye: “Nou dwe sonje ke se pa tout deklarasyon yon dirijan Legliz fè, nan lepase oubyen kounyea, ki nesesèman konsidere kòm doktrin. Jeneralman nan Legliz la, nou souvan konprann ke yon deklarasyon yon dirijan fè yon sèl fwa souvan reprezante yon opinyon pèsonèl, menm lè l byen fonde, li pa nesesèman destine pou l ofisyèl ni obligatwa pou tout Legliz la. ”5

Nan konferans apre a, Èldè Anderson te anseye prensip enpòtan sa a: “Se tout 15 manm nan Premye Prezidans yo ak Kolèj Douz yo ki anseye doktrin nan. Li pa kache nan paragraf sekrè yon diskou.”6 Pwoklamasyon sou Fanmi an, ke 15 pwofèt, vwayan, ak revelatè yo te siyen an, se yon bèl ilistrasyon sou prensip sa a.

Andeyò yon bagay osi ofisyèl ke pwoklamasyon sou fanmi an, ansèyman pwofetik Prezidan Legliz yo, ke lòt pwofèt ak apot yo koonfime, se egzanp sou sijè sa a tou. Konsènan sitiyasyon ki egziste nan mond dèzespri a, Pwofèt Joseph Smith te bay de ansèyman prèske nan fen ministè li, ke siksesè l yo anseye souvan. Yonn nan bagay sa yo se ansèyman l la nan diskou King Follett la, ki anseye ke manm fanmi ki jis yo ap ansanm nan mond dèzespri a.7 Yon lòt ladan yo se deklarasyon li te fè nan yon antèman nan dènye ane lavi li: “Espri jis yo egzalte al nan yon travay ki pi gran ak pi glorye … [nan] mond dèzespri a. … [Yo pa lwen nou, epi yo konnen ak konprann panse nou, santiman nou, ak aktivite nou, epi souvan sa fè yo lapenn.”8

Konsa, kijan nou ka reponn yon kesyon tankou sa m te mansyone anvan an sou ki kote espri yo abite a? Si kesyon sa a parèt etranj oubyen kèlkonk pou ou, panse a kèk nan pwòp kesyon pa w yo, oubyen menm sa w te konn pafwa tante pou w reponn yo daprè kèk bagay ou te tande nan bouch yon lòt moun nan lepase? Pou tout kesyon konsènan mond dèzespri a, m ap sigjere de repons. Premyèman, sonje ke Bondye renmen pitit Li, epi L ap sètènman fè sa ki pi bon an pou nou chak. Dezyèmman, sonje ansèman familye sa a nan Bib la, ki toujou ede m nan anpil kesyon ki rete san repons:

“Konfye w nan Senyè a avèk tout kè ou; epi pa apiye w sou pwòp konpreyansyon pa ou.”

“Toujou sonje Senyè a nan tout sa w ap fè. Li menm la montre ou chemen pou ou pran (Pwovèb 3:5–6).

Menmjan tou, Nefi te fini gwo sòm remakab li a pa mo sa yo: “O Senyè, m te konfye m nan ou, epi m ap konfye m nan ou pou tout tan.” M p ap mete konfyans mwen nan bra lachè” (2 Nefi 4:34).

Nou tout gen dwa pou nou poze tèt nou kesyon an prive sou sikonstans nan mond dèzespri a, oubyen menm diskite sou yo oubyen sou lòt kesyon ki san repons yo avèk fanmi nou oubyen nan lòt okazyon entim. Men, annou pa anseye ni itilize kòm doktrin bagay ki pa koresponn avèk prensip doktrin ofisyèl yo. Lè nou fè sa, nou p ap fè travay Senyè a avanse, epi nou ka menm dekouraje moun pou anpeche yo chèche pwòp byennèt oubyen edifikasyon pa yo atravè revelasyon pèsonèl plan Senyè bay pou nou chak la. Lè nou depann twòp sou ansèyman pèsonèl oubyen sou sipozisyon pèsonèl nou, sa ka menm anpeche nou konsantre nou sou aprantisaj ak efò ki ka devlope konpreyansyon nou ak ede nou avanse sou chemen alyans lan.

Fè Senyè a konfyans se yon ansèyman familye ak veritab nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Sete ansèyman Joseph Smith lè premye Sen yo t ap travèse gwo pèsekisyon ak obstak ki te parèt enposib pou yo te simonte.9 Se toujou pi bon prensip nou ka itilize lè efò nou pou nou aprann oubyen tantatif nou pou nou jwenn rekonfò yo rankontre obstak nan domèm ki poko revele ni ki poko adopte kòm doktrin ofisyèl Legliz la.

Menm prensip sa a aplike pou kesyon ki pa gen repons konsènan sèlman nan lavi apre a oubyen reyajisteman nouta renmen akoz evènman oubyen transgresyon nan mòtalite a. Gen sitèlman anpil bagay nou pa konnen ke sèl asirans nou se mete konfyans nou nan Senyè a ak nan amou L pou pitit Li yo.

An konklizyon, sa nou konnen konsènan mond dèzespri a sèke travay sali Papa a ak Pitit Gason L lan ap kontinye nan kote sa a. Sovè nou an te derape travay pou deklare libète bay kaptif yo (gade nan 1 Pyè 3:18–19; 4:6; Doktrin ak Alyans 138:6–11, 18–21, 28–37), epi travay sa a ap kontinye lè mesaje diy ki kalifye kontinye preche levanjil la, ansanm avèk repantans, pou moun ki ankò bezwen efè pirifikatè repantans yo (gade nan Doktrin ak Alyans 138:57). Objektif tout bagay sa yo dekri nan doktrin ofisyèl Legliz la, ke nou resevwa nan revelasyon modèn nan.

“Mò ki repanti yo pral rachte atravè obeyisans nan òdonans ki nan kay Bondye a,

“Epi apre yo fin peye chatiman pou transgresyon yo, epi yo lave pwòp, yo pral resevwa rekonpans yo dapre zèv yo, paske yo se eritye sali a” (Doktrin ak Alyans 138:58–59).

Devwa nou chak se pou anseye doktrin levanjil retabli a, kenbe kòmandman yo, renmen ak ede yonn lòt, epi fè travay sali a nan tanp sakre yo.

Mwen temwaye konsènan verasite bagay m sot di la yo, ak konsènan verite yo te anseye nou, ak sa yo pral anseye nou nan konferans sa a. Tout bagay sa yo posib gras a Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Jan nou konnen nan revelasyon modèn nan, Li “glorifye Papa a, epi L sove tout travay men L yo” (Doktrin ak Alyans 76:43; italik ajoute). Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. “Kisa ki nan lòtbò vwal la” Yon konvèsasyon avèk Brent L. Top sou Mond Dèzespri a,” Religious Educator, vol. 14, no. 2 (2013), 43, 48.

  2. Gade Enseignements du Prophète Joseph Smith, sel. Joseph Fielding Smith (1976), 309–10; Joseph Smith, “Journal, Desanm 1842–Jen 1844; Book 2,” p. 246, The Joseph Smith Papers, josephsmithpapers.org.

  3. Yon revelasyon Joseph Smith te souvan site konsènan mond dèzespri a di konsa, “Menm sosyabilite ki egziste nan pami nou isit la pral egziste nan pami nou lòtbò a tou” (Doktrin al Alyans 130:2). Sa a ka dekri yon wayòm glwa olye de mond espri a, paske l kontinye pou l di, “Sèlman, li pral douple avèk glwa etènèl, yon glwa nou pa jwi kounyeya” (v. 2

  4. Paregzanp, George G. Ritchie, Return from Tomorrow (1978) ak Raymond Moody, Life after Life (1975).

  5. D. Todd Christofferson, “Doktrin Kris la,” Lyawona, Me 2012, 88; gade tou nan Joseph F. Smith, Doktrin Levanjil la, 5th ed. (1939), 42. Gade paregzanp, deskripsyon ki nan Doktrin ak Alyans 74:5 la konsènan yon ansèyman pèsonèl Apot Pòl.

  6. Neil L. Andersen, “Tès Lafwa nou,” Lyawona, Nov. 2012, 41.

  7. Gade Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 175.

  8. History of the Church, 6:52; enkli nan Enseignements du prophète Joseph Smith, 326; souvan site, tankou nan Henry B. Eyring, Pwoche Pi Pre Bondye (1997), 122; gade tou Enseignements des présidents de l’église: Brigham Young (1997), chapit 38, “Le monde des esprits.”

  9. Gade Enseignements: Joseph Smith, 231–33.