2010–2019
Atansyone oubyen Neglijan
Konferans Jeneral Avril 2019


Atansyone oubyen Neglijan

Pandan ke enfliyans mond la ap plis an plis anbrase sa ki mal yo, noumenm nou dwe eseye ak tout dilijans pou nou rete fèm sou chemen k ap mennen nou ansekirite bay Sovè a.

Yon jou, m te wè yon pannkàt nan vit yon magazen ki te ekri: “Bonè, $15.00.” M te tèlman anvi konnen ki kantite bonè m te ka achte pou $15.00 a ke m te antre nan magazen an pou m te wè. Sa m te jwenn se te yon pakèt biblo ak souvni bon mache—pa menm youn nan sa m te wè yo pa t ap ka posibman ban m kalite bonè pannkàt la te pwomèt la! Atravè ane yo, m te souvan panse a pannkàt sa a ak sou kijan sa ka fasil pou nou chèche bonè nan bagay ki bon mache oubyen ki tanporè. Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou gen benediksyon pou n konn kibò ak ki kote pou nou jwenn vrè bonè. Nou jwenn ni lè nou pran tan pou n viv levanjil Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, te etabli a, ak nan eseye pou nou vin menm jan avèk li.

Mwen gen yon bon zanmi ki sete yon chofè tren. Yon jou pandan l t ap kondui tren an, li te wè yon machin ki te kanpe sou ray la devan l lan. Li te rapidman reyalize ke machin nan te bloke epi l pa t ka travèsè ray la. Li te imedyatman mete tren an sou kòdmand ijans la, sa k te aksyone fren yo nan chak wagon ki te sou yon distans 1.200 mèt dèyè motè a, e ki t ap transpòte yon chay 6.500 tòn. Pa t gen okenn posiblite k te egziste pou tren an te kapab fin frennen anvan l te frape machin nan, epi se sa k te rive. Erezman pou moun ki te nan machin nan, yo te tande avètisman siflè tren an epi yo te kouri soti nan machin nan avan l te frape a. Pandan zanmi m nan t ap pale avèk polisye ki t ap fè envestigasyon an, yon madanm byen fache te pwoche kote yo. Li te di byenfò ke l te wè tout aksidan an epi l te afime ke chofè tren an pa t menm eseye fè yon eka pou l te ka eskive machin nan!

Evidamman, si zanmi m nan te ka fè yon ekate pou l te kite wout tren an pou l te ka evite aksidan an, limenm ak tout tren an t ap viktim paske tren an t ap deraye epi li t ap sispann avanse epi l t ap kanpe sèk. Erezman pou li, ray yo koute tren an t ap woule a te kenbe kawoutchou tren yo byen fèm sou ray la, kèlkeswa obstak li ta ka rankontre sou wout li. Erezman pou nou, nou menm tou nou sou yon ray, yon chemen alyans ke nou te angaje ladan lè nou te batize kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Byenke nou ka rankontre obstak pafwa sou wout la, chemen sa ap ede nou avanse pou n al nan destinasyon etènèl n ap chache a si nou rete sou li byen fèm.

Imaj
Vizyon Leyi sou pyebwa lavi a

Vizyon pyebwa lavi a montre non kòman yon atitid neglijan ka retire nou sou chemen alyans lan. Note ke ba fè a ak chemen dwat ak etwat la, oubyen chemen alyans lan, mennen dirèkteman nan pyebwa lavi a, kote tout benediksyon Sovè a ba nou yo ak Ekspyasyon l lan disponib pou moun ki fidèl yo. Epitou te gen yon rivyè dlo nan vizyon an ki te reprezante salte mond lan. Ekriti yo dekri ke rivyè sa a te “nan menm direksyon” ak chemen an men li te pase “toupre” pyebwa a, pa nan pyebwa a. Mond lan chaje avèk distraksyon ki kapab twonpe menm eli yo, sa k ka lakoz yo vin gen yon atitid neglijan nan viv alyans yo--sa k ap mennen yo tou pre pyebwa a, men pa ladann. Si nou pa fè atasyon pou nou respekte alyans nou yo avèk ekzaktitid, neglijans nou yo kapab finalman mennen nou nan chemen entèdi oubyen fè nou rejwenn moun yo ki te gentan antre nan gwo kay byen laj la. Si nou pa fè atansyon, nou riske menm nwaye tèt nou nan pwofondè yon rivyè sal.

Gen yon fason aplike ak yon fason neglijan pou nou fè tout bagay, enkli viv levanjil la. Lè nou konsidere angajman nou anvè Sovè a, èske nou atansyone oubyen nou neglijan? Akoz nati mòtèl nou, èske pafwa nou pa jistifye konpòtman nou, pou nou di pafwa ke aksyon nou yo nan yon zòngri, kivledi nou melanje yon bagay ki bon avèk yon bagay ki pa tèlman bon? Chak fwa nou di, “sepandan,” “eksepte,” oubyen “men” lè sa gen rapò avèk suiv konsèy pwofèt dirijan nou yo oubyen konsènan viv levanjil la avèk atansyon, nou di anreyalite: “Konsèy sa a pa aplike pou mwen.” Nou ka fè jistifikasyon otan nou vle, men, reyalite a sèke, pa gen yon fason kòrèk pou nou fè yon bagay ki pa bon!

Tèm pou jèn yo pou ane 2019 la soti nan Jan 14:15, kote Senyè a te bay enstriksyon: “Si nou renmen m, respekte kòmandman m yo.” Si nou renmen l jan nou di a, èske nou pa ka montre lanmou sa a nan fè plis atansyon pou nou respekte kòmandman l yo.

Fè atansyon pou nou viv levanjil la pa nesesèman vle di pou nou vin solanèl oubyen rijid. Sa vle di pou nou gen panse ak konpòtman apwopriye kòm disip Jezikri. Lè nou reflechi sou diferans ant viv levanjil la avèk atansyon oubyen avèk neglijans, men kèk ide pou nou konsidere:

Èske nou pran prekosyon pou n veye adorasyon jou Saba nou ak preparasyon nou pou n pran sentsèn nan chak semèn?

Èske nou ta kapab pote plis atansyon a priyè nou yo ak etid ekriti nou oubyen angaje nou pi aktivman nan pwogram Vini, Suiv Mwen--Pou Moun ak Fanmi yo a?

Èske nou pote atasyon nan adorasyon tanp nou epi èske nou respekte alyans nou te fè nan batèm ak nan tanp yo avèk atansyon e an tout konsyans? Èske nou pote atansyon ak aparans nou epi èske nou modès nan rad n ap mete, espesyalman nan andwa ak sikonstans sakre yo? Èske nou pote atasyon a fason nou mete gaman sakre yo? Oubyen èske lamòd mond lan dikte nou yon atitid ki pi rilaks?

Èske nou pote atansyon a fason n ap sèvi lòt moun ak nan fason n ap mayifye apèl nou nan Legliz la, oubyen èske nou endiferan oubyen neglijan nan apèl nou pou nou sèvi?

Èske nou pote atansyon oubyen nou neglijan nan sa n ap li ak sa n ap gade nan televizyon ak sou aparèy pòtatif nou yo? Èske nou pote atansyon ak langaj nou? Èske nou itilize pwopo gwosye ak vilgè alèz?

Bwochi Pou Fòs Jèn Yo gen prensip ki, si nou suiv yo atantivman, ap pote gwo benediksyon epi y ap ede nou rete sou chemen alyans lan. Menmsi l ekri pou benefis jèn yo, prensip li yo pa ekspire lè nou kite pwogram Jènjan ak Jènfi yo. Yo aplike pou nou chak, tout tan. Yon revizyon prensip sa yo kapab montre nou lòt fason nou kapab pi atansyone nan viv levanjil la.

Nou pa dwe bese prensip nou yo poutèt pou moun ka aksepte nou oubyen pou nou mete lòt moun alèz. Nou se disip Jezikri, e antanke disip li, nou dwe edifye lòt moun pou mennen yo nan yon nivo pi elve ak pi sakre kote yo menm tou yo ka rekòlte pi gwo benediksyon.

M envite nou chak pou nou chèche gidans Sentespri a pou nou ka konnen ki ajisteman nou bezwen fè nan lavi nou pou nou kapab aliyen nou avèk alyans nou yo pi atantivman. Mwen egzòte nou tou pou nou pa kritike lòt moun k ap fè menm vwayaj sa a. “Senyè a te di, jijman se pou mwen.” Nou chak nan yon pwosesis pwogresyon ak chanjman.

M twouve istwa ki nan Liv Mòmon an konsènan Amlisit aposta yo trè enteresan. Pou yo te ka montre lòt moun ke yo p t ap asosye avèk Jezikri ak Legliz li a ankò, yo te mete yon mak wouj byen distenk sou fwon yo pou tout moun te ka wè. Nan yon fason opoze, epi antanke disip Jezikri, kijan nou make tèt nou? Èske lòt moun ka fasilman wè imaj li sou figi nou epi konnen kiyès nou reprezante nan fason non kondui lavi nou?

Antanke yon pèp alyans, nou pa sanse melanje nou avèk rès mond lan. Yo te rele nou “yon pèp etranj”—ala yon konpliman! Pandan ke enfliyans mond la ap plis an plis anbrase sa ki mal yo, noumenm nou dwe eseye ak tout dilijans pou nou rete fèm sou chemen k ap mennen nou ba li ansekirite a, pou nou elaji distans ki egziste ant lavi alyans nou an ak enfliyans mond lan.

Lè m reflechi sou kijan pou nou jwenn bonè dirab, mwen reyalize ke pafwa nou twouve nou nan zòn gri a. Gouf tenèb yo inevitab pandan n ap vwayaje sou chemen alyans lan. Tantasyon ak neglijans ka lakoz nou devye sou chemen nou nan yon fason sibtil, pou n ale nan tenèb mond lan epi elwaye nou de chemen alyans lan. Pou moman kote sa ka rive yo, pwofèt byeneme nou an, Prezidan Russel M. Nelson, mande nou pou nou retounen sou chemen alyans lan, epi pou nou fè sa vit. Ala m rekonesan pou don repantans lan ak pou pouvwa Ekspyasyon Sovè nou an.

Li enposib pou nou viv yon lavi pafè. Se yon sèl moun ki te viv pafè pandan l t ap viv sou planèt telès sa a. Se te Jezikri. Frè m ak sè m yo, menm si nou pa pafè, nou ka diy: diy pou nou pran sentsèn, diy pou benediksyon tanp yo, epi diy pou nou resevwa revelasyon pèsonèl.

Wa Benjamen te temwaye konsènan benediksyon ki vini pou moun ki suiv Sovè a avèk swen yo: “Epi ankò, m ta vle nou konsidere abenediksyon ak bonè moun sa yo ki respekte kòmandman Bondye yo. Gade, yo beni nan tout bagay, ni tanporèl ni espirityèl; e si yo rete fidèl jiskalafen, y ap jwenn akèy nan syèl la, pou yo kapab rete avèk Bondye nan yon bonè ki p ap fini.”

Èske $15.00 ka achte bonè? Non, li pa kapab. Bonè pwofon e dirab vini lè nou viv levanjil Jezikri avèk atansyon epi entansyonèlman. Nan non Jezikri, amèn.

Enprime