2010–2019
Ranpli avèk benediksyon
Konferans Jeneral Avril 2019


Ranpli avèkl benediksyon

Nan menm fason an, pifò benediksyon Bondye gen dezi pou ba nou yo mande pou n fè aksyon bò pa nou—aksyon ki baze sou lafwa nou nan Jezikri.

Pè Selès nou an ak Jezikri gen dezi pou beni nou chak.1 Kesyon sou fason nou gen aksè ak jwenn benediksyon sa yo te fè objè deba ak diskisyon teyolojik pandan dè syèk.2 Kèk moun pretann ke benediksyon sa yo konplètman baze sou merit; nou resevwa yo sèlman pa mwayen zèv nou yo. Lòt moun fè konnen ke Bondye te deja chwazi kiyès li pral beni ak kijan—epi ke kalifikasyon yo pa ka chanje. Toude pozisyon yo fondamantalman enpafè. Benediksyon selès yo pa chita ni sou baz merit nan akimile frenetikman “rekonpans pou bòn aksyon,” ni nan rete tann an fè anyen pou wè si n ap genyen nan lotri. Non, verite a pi pwofon men pi apwopriye pou relasyon ant yon Pè Selès eman ak eritye potansyèl li yo—noumenm. Verite retabli a revele ke benediksyon pa janm baze sou merit, men aksyon lafwa enspire nou poze yo, depi nan kòmansman epi sanrete, esansyèl.3

Imaj
Pil bwa

Lè n ap reflechi sou fason nou resevwa benediksyon Bondye yo, se pou nou konpare benediksyon selès yo ak yon gwo pil bwa. Imajine nan mitan l yon ti dispozitif alimaj, avèk yon kouch kalbwa sou li. Bagèt yo vini apre, ansuit timoso bwa yo, epi finalman gwo bout bwa yo. Pilbwa sa gen yon gwo kantite enèji, ki kapab pwodui limyè ak chalè pandan anpil jou. Imajine akote pilbwa sa yon grenn alimèt, tankou sa ki gen souf nan pwent li.4

Imaj
Pil bwa avèk alimèt

Pou enèji nan pilbwa a ka libere, se pou n fwote alimèt la epi demare yon tidife. Asanblaj la pral rapidman pran dife epi lakòz pi gwo pyès bwa yo boule. Depi reyaksyon konbisyon sa kòmanse, l ap kontinye jistan tout bwa yo boule oswa dife a vin manke oksijèn.

Imaj
Pilbwa k ap boule

Fwote alimèt la ak limen asanblaj la se ti aksyon ki pèmèt potansyèl enèji nan bwa a libere.5 Toutotan nou pa fwote alimèt la, anyen pa p rive, kelkeswa dimansyon pil bwa a. Si n fwote alimèt men pa aplike l nan asanblaj la, kantite limyè ak chalè ki libere apati alimèt la ensiyifyan epi enèji konbisyon an nan bwa a rete kache. Si oksijèn vin pa disponib kelkeswa lè a, reyaksyon konbisyon an ap kanpe.

Nan menm fason an, pifò benediksyon Bondye gen dezi pou ba nou yo mande pou n fè aksyon bò pa nou—aksyon ki baze sou lafwa nou nan Jezikri. Lafwa nan Sovè a se yon prensip daksyon ak pouvwa.6 Premyèman nou aji pa lafwa, ansuit pouvwa a vini—dapre volonte ak moman pa Bondye. Sekans lan trè enpòtan.7 Aksyon obligatwa a toujou tou piti lè nou konpare l ak benediksyon nou finalman resevwa yo.8

Reflechi sou sa ki pase lè sèpan brilan, volan yo te vini nan mitan ansyen Izrayelit yo sou wout yo pou tè pwomès la. Koutdan sèpan venime yo te fatal. Men yon moun ki fin pike te ka geri nan gade yon sèpan eren Moyiz te prepare e plase sou yon poto.9 Ki kantite enèji sa mande pou gade yon bagay? Tout moun ki te gade te jwenn aksè nan pouvwa selès yo epi te geri. Lòt Izrayelit ki te pike yo men pa t gade sèpan eren an epi mouri. Petèt yo te manke lafwa pou yo gade.10 Petèt yo pa te kwè ke yon aksyon senp konsa te ka deklanche gerizon ki te pwomèt la. Oswa petèt yo te volontèman fè kè yo di epi rejte konsèy pwofèt Bondye a.11

Prensip aktivasyon benediksyon ki soti nan Bondye yo etènèl. Tankou ansyen Izrayelit sa yo, noumenm tou nou dwe aji fwa nou nan Jezikri pou nou beni. Bondye te revele ke “genyen yon lwa irevokab ki te dekrete nan syèl al depi avan fondasyon mond sa, sou li tout benediksyon yo chita—epi lè nou jwenn nenpòt benediksyon nan men Bondye, se pa obeyisans pou lwa ki responsab yo.”12 Sa vledi, nou pa ganye yon benediksyon—nosyon sa a fo—men nou dwe kalifye nou pou li. Sali nou vini sèlman atravè merit ak gras Jezikri.13 Dimansyon sakrifis ekspyatwa li a vledi ke pil dwa a enfini; aksyon ensiyifyan nou yo pa twò lwen zewo an konparezon. Men yo pa zewo, e yo pa ensiyifikan; nan fènwa, nou ka wè yon alimèt ki limen sou dè kilomèt. Anfèt, nou ka wèl nan syèl la paske ti zak lafwa yo mande pou nou limen pwomès Bondye yo..14

Pou resevwa yon benediksyon nou dezire nan men Bondye, aji avèk lafwa, pou aktive enèji selès ki kondisyone benediksyon sa. Paegzanp, youn nan objè priyè se pou sekirize benediksyon ke Bondye vle akòde yo men ki fèt sou kondisyon ke nou mande yo.15 Alma, paegzanp, te kriye pou mizerikòd e doulè li yo te kontwole; souvni peche li yo pa te dechire li ankò. Lajwa li te depase doulè li—tout sa akòz li te kriye avèk lafwa nan Jezikri.16 Enèji aktivasyon nesesè pou nou se pou gen ase lafwa nan Kris pou sensèman mande Bondye nan priyè epi aksepte volonte ak moman pa Li pou reponn.

Souvan, aktivasyon enèji ki nesesè pou benediksyon yo egzije plis pase jis gade oswa mande; aksyon chaje lafwa sanrete, repete se yon egzijans. Nan mitan 19èm syèk la, Brigham Young te dirije yon gwoup Sen Dènye-jou pou eksplore epie tabli yo nan Arizona, yon rejyon arid nan Amerik Dinò. Apre yo te rive nan Arizona, gwoupla te vin manke dlo epi yo te krenn pou yo pa te peri. Yo te sipliye Bondye pou ede yo. Rapidman, lapli ak lanèj te tonbe, pou pèmèt yo ranpli rezèvwa yo avèk dlo epi fè pwovizyon pou betay yo. Rekonesan epi rejenere, yo te retounen nan vil Salt Lake avèk rejwisans pou bonte Bondye. Lè yo te tounen, yo te fè rapò detaye sou ekspedisyon an bay Brigham Young epi tire konklizyon yo ke Arizona te envivab.

Imaj
Brigham Young

Apre l te fin tande rapò, Brigham Young te mande te mande yon mesye nan sal la kisa li te panse konsènan ekspedisyon an ak mirak la. Mesye sa, Daniel W. Jones, lakonikman te reponn, “Mwen t ap ranpli tout bagay, avanse, epi priye ankò.” Frè Brigham te poze men sou Frè Jones epi di, “Se mesye sa ki te pral pran responsablite pou pwochen vwayaj nan Arizona a.”17

Imaj
Daniel W. Jones

Nou tout ka sonje moman kote nou te ensiste epi priye sanrete—epi benediksyon te vini. Eksperyans Michael ak Marian Holmes la demontre prensip sa yo. Michael ak mwen te sèvi ansanm kòm Swasanndis Zòn. Mwen te kontan anpil nenpòt lè yo te rele li pou priye nan reyinyon nou yo paske espirityalite pwofon li te rapdiman evidan; li te konnen kijan pou pale avèk Bondye. Mwen te renmen tande li priye. Nan kòmansman maryaj yo, sepandan, Michael ak Marian pa t ap priye ni asiste legliz. Yo te okipe avèk twa timoun piti epi yon konpayi konstriksyon ki t ap mache byen. Michael pa te santi ke li sete yon moun relijye. Yon jou swa an 1963, evèk yo te vini lakay yo epi ankouraje yo pou kòmanse priye.

Apre evèk la te ale, Michael ak Marian te deside ke yo t ap eseye priye. Avan yo te ale nan kabann, yo te ajenou devan kabann yo, epi, avèk malèz, Michael te kòmanse. Apre kèk pawòl priyè anbarasan, Michael sanzatann te rete, pou l di, “Marian, mwen pa ka fè sa.” Lè li te kanpe epi kòmanse deplase ale, Marian, te pran men li, rale retounen sou jenou li, epi di, “Mike, ou ka fè sa. Eseye ankò!” Avèk ankourajman sa, Michael te fini yon priyè kout.

Holmess yo te kòmanse priye regilyèman. Yo te aksepte envitasyon yon vwazen pou asiste legliz. Pandan yo t ap mache antre legliz la epi tande kantik ouvèti a, Espri a te chichote pou yo, “Sa se verite.” Pita, san moun pat konnen, Michael te ede deplase fatra soti nan chapèl la. Lè l te fè sa, li te santi yon enpresyon klè, “Sa se kay mwen.”

Imaj
Jèn Michael ak Marian Holmes

Michael ak Marian te aksepte apèl Legliz yo epi sèvi nan pawas ak pieu yo. Yo te sele youn ak lòt epi avèk twa pitit yo. Yo te gen plis pitit, pou rive yon total douz. Holmess yo te sèvi kòm prezidan misyon ak konpayon li—defwa.

Imaj
Michael ak Marian Holmes jodia

Premye priyè maladwa a sete yon ti aksyon ranpli lafwa ki te deklanche benediksyon selès yo. Holmess yo te nouri flàm lafwa yo nan asiste legliz la ak sèvi. Devouman yo kòm disip pandan anpil ane te kondui nan yon gwo dife anraje ki se yon enspirasyon jis jodia.

Imaj
Fanmi elaji Holmes yo

Yon dife, sepandan, dwe resevwa yon pwovizyon konstan oksijèn pou bwa a ka finalman libere tout potansyèl li nèt. Jan Michael ak Marian Holmess te demontre sa, lafwa nan Kris egzije aksyon sanrete pou flàm lan kontinye. Ti aksyon yo alimante abilite nou pou avanse sou wout alyans la epi mennen nan pi gwo benediksyon Bondye ka ofri yo. Men oksyijèn sikile sèlman si nan sans figire nou kontinye bouje pye nou yo. Pafwa nou bezwen fè yon flèch ak lansflèch avan revelasyon vini konsènan kote nou ta dwe al chèche manje.18 Pafwa nou bezwen prepare enstriman avan revelasyon vini konsènan fason pou bati yon bato.19 Pafwa, sou direksyon pwofèt Seyè a, nou dwe prepare yon ti gato apati yon tikras lwil ak farin pou nou ka resevwa yon sous enfayib lwil ak barik farin.20 Epi pafwa nou bezwen “rete kalm epi konnen ke [Bondye se] Bondye,” epi konfye nou nan moman pa li.21

Lè nou resevwa nenpòt benediksyon nan men Bondye, nou ka konkli ke nou te konfòme nou ak lwa etènèl ki gouvène resepsyon benediksyon sa.22 Men sonje ke lwa “irevokab ki te dekrete” a pa enfliyanse pa tan, sa vledi benediksyon vini dapre tan pa Bondye. Jan Apot Pòl te eksplike, menm ansyen pwofèt yo nan chèche fwaye selès yo23 “te mouri nan lafwa, san yo pa te resevwa pwomès yo, men nan kontanple yo delwen … yo te konvenki … epi anbrase yo.”24 Si Bondye pa te bay yon benediksyon nou dezire—toutfwa—nou pa bezwen pèdi tèt nou, ap mande kisa n dwe fè anplis. Okontrè, koute konsèy Joseph Smith pou “nan kè kontan fè tout sa ki nan pouvwa [nou]’; epi apresa … rete tann, avèk asirans fèm, pou n wè… men [Bondye] … revele.”25 Kèk benediksyon rezève pou pita, menm pou pitit Bondye ki pi vanyan yo.26

Sa gen sis mwa, yon plan, santre sou fwaye, ke legliz la sipòte pou aprann doktrin, ranfòse lafwa, ak fòtifye moun ak fanmi yo te entwodui. Prezidan Russell M. Nelson te pwomèt ke chanjman yo ka ede nou siviv espirityèlman, ogmantge lajwa nou nan levanjil la, epi apwofondi konvèsyon nou nan Pè Selès la ak Jezikri.27 Men se responsablite nou pou revandike benediksyon sa yo. Nou chak responsab pou louvri ak etidye Vini, Suiv Mwen—Pou Moun ak Fanmi yo, ansanm ak ekriti yo ak lòt materyèl Vini, Suiv Mwen yo.28 Nou bezwen diskite yo avèk fanmi ak zanmi nou epi òganize jou Saba a pou limen yon dife senbolik. Oswa nou ka kite resous yo chita anpile nan fwaye nou yo avèk potansyèl enèji antere anndan yo.

Mwen envite nou pou lwayalman aktive pouvwa selès pou resevwa benediksyon espesifik Bondye yo. Egzèse lafwa pou fwote alimèt la epi limen dife a. Founi oksijèn nesesè a pandan n ap rete tann Seyè a pasyaman. Avèk envitasyon sa yo, mwen priye ke Sentespri a pral gide ak dirije nou, pou nou ka, tankou “mesye fidèl” ki dekri nan Pwovèb yo, kapab “ranpli avèk benediksyon.”29 Mwen temwaye ke Pè Selès nou an ak Pitit gason Byenneme li a, Jezikri, vivan, yo fè sousi pou byennèt nou, epi kontan pou beni nou, nan non Jezikri, amèn.