2010–2019
Gade sou Jezikri
Konferans Jeneral Avril 2019


Gade sou Jezikri

L ap ede nou viv alyans nou yo ak mayifye apèl nou kòm ansyen nan Izrayèl.

Pandan Jezi t ap mache nan yon ri tou pre Kapènawòm1 antoure pa yon foul moun, yon madanm ki te gen yon maladi grav depi douzan te pwoche epi l te touche rad li. Li te geri imdeyatman.2

Ekriti yo rapòte ke Jezi, ki te santi “te gen [yon fòs] ki te soti nan [li],”3 “te vire nan mitan foul moun nan”4 epi “li te gade … kiyès ki te manyen rad li a.”5 “Madanm nan, ki te wè yo dekouvri li,”6 te “lage kò l nan pye Jezi, li te di l tout verite a.”7

“Epi Jezi te di li: Mafi, se lafwa ou nan Bondye ki geri ou; ale ak kè poze”8

Jezikri te sove madanm nan. Li te geri fizikman, men, lè Jezi te vire gade l la, li te deklare lafwa l nan li epi Jezi te geri kè li.9 Li te pale avèk li ak lanmou, li te asire l ke l te dakò avèk li, epi l te beni l avèk lapè li.10

Frè m yo, antanke detantè sent prètriz la, nou angaje nan travay sali a. Nan ane k sot pase a, Senyè a te mete direksyon travay sa a dirèkteman sou zepòl ansyen nan Izrayèl yo.11 Nou gen yon travay enspiran Senyè a ba nou—pou n travay avèk sè nou yo, pou nou sèvi nan yon fason ki pi sen, pou n akselere rasanbleman Izrayèl nan toulèdebò vwal la, fè fwaye nou vin sanktyè lafwa ak aprantisaj levanjil la, epi prepare mond lan pou Dezyèm Vini Jezikri a.12

Tankou nan tout bagay, Sovè a montre nou mwayen an: nou bezwen gade sou li epi sèvi li menmjan li gade sou Papa a epi l sèvi l la.13 Sovè a te di Pwofèt Joseph Smith sa nan fason sa a:

“Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.

“Gade blese ki te pèse bò kòt mwen yo, epi tou gade mak klou yo nan men m yo ak pye m yo; rete fidèl, respekte kòmandman m yo, epi n ap eritye wayòm syèl la.”14

Nan wayòm premòtèl la, Jezi te pwomèt Papa a ke l t ap fè volonte li epi li t ap vin Sovè nou ak Redanmtè nou. Lè Papa a te mande: “Kiyès pou m voye?”15 Jezi te reponn:

“Men mwen, voye m”16

“Papa, se pou volonte ou fèt, epi se pou ou laglwa a pou tout tan gen tan.”17

Pandan tout lavi l nan mòtalite a Jezi te kenbe pwomès sa a.” Nan imilite, dousè ak amou, li te anseye doktrin Papa a epi l te fè travay Papa li avèk pouvwa ak otorite Papa l te ba li.18

Li te bay Papa l kè li. Li te di:

“Mwen renmen Papa .”19

“Mwen toujou fè sa ki fè l plezi.”20

“Mwen vini ... non pa pou m fè volonte pa m, men pou m fè volonte [Papa a ki] voye m nan”21

Nan agoni li nan Jetsemani an, li te priye: “Toutfwa, se pa volonte pa m, men volonte pa w ki pou fèt.”22

Lè Senyè a rele ansyen nan Izrayèl yo pou yo “vire gade l nan tout panse” yo epi “gade blese yo” nan kò resisite l la, se yon apèl pou nou detounen nou de peche ak de mond lan epi pou n vire gade l epi renmen li epi obeyi li. Se yon apèl pou n anseye doktrin ni an ak pou n fè travay li nan fason pa li. Se poutèt sa, se yon apèl pou nou fè l konfyans totalman, pou n soumèt nou anba volonte li epi ba l kè nou, epi atravè pouvwa redanmtè l la, pou n vin menmjan avèk li.23

Frè m yo, si nou gade sou Jezikri, l ap beni nou pou n ka vin ansyen Izrayèl pa li enb, sou, soumi, ranpli avèk amou li.24 Epi n ap pote lajwa ak benediksyon levanjil li yo ak Legliz li a bay fanmi nou ak frè n ak sè nou yo nan toulède bò vwal la.

Prezidan Russell M. Nelson mande nou pou nou gade sou Jezikri nan fason sa a: “Pa gen anyen ki fasil ni otomatik nan vin kalite disip puisan konsa. Atansyon nou dwe konsantre sou Sovè a ak levanjil li a. Sa mande anpil rigè mantal pou n fè efò pou n leve je gade li nan chak panse. Men, lè nou fè sa, dout nou yo ak laperèz nou yo efase.”25

Konsantre a se yon mo puisan. Li vledi atache byen fèm, atire oubyen kenbe totalman.26 Nou konsantre fokis nou sou Jezikri ak sou levanjil li a respekte alyans nou yo.

Lè nou viv alyans nou yo, yo enfliyanse tout sa nou fè ak tout sa nou di. Nou viv yon lavi alyans27 ranpli avèk senp aksyon lafwa kotidyen santre sou Jezikri: nan priye nan non li, fè festen ak pawòl li, vire gade li pou nou repanti pou peche nou, respekte kòmandman li pran sentsèn ak sanktifye Jou Saba li a, adore nan tanp sakre li osi souvan nou kapab, epi egzèse prètriz sakre l la pou n sèvi pitit Bondye yo.

Aksyon devosyon anvè alyans nou sa yo ouvri kè nou ak espri nou pou pouvwa redanmtè Sovè a ak enfliyans sanktifyan Sentespri a. Liy apre liy, Sovè a chanje nati nou, nou vin pi pwofondeman konvèti nan li epi alyans nou yo vin vivan nan kè nou.28

Pwomès nou fè Pè Selès la yo vin angajman solid tankou wòch, dezi ki pi pwofon nou. Pwomès Pè Selès la fè nou yo ranpli nou avèk rekonesans ak lajwa.29 Alyans nou yo sispann tounen règ pou nou suiv men yo vin tounen prensip ke nou cheri, ki enspire nou ak gide nou e kenbe nou konsantre sou Jezikri.30

Aksyon devosyon sa yo disponib pou nou tout, jèn ak granmoun. Noumenm jènjan ki detni Prètriz Aawon yo, tout sa m di la yo aswè a aplike pou nou. Mwen remèsye Bondye pou nou. Nou fè òdonans ak alyans sakre vin disponib pou dè milyon Sen Dènye Jou chak semèn. Lè nou prepare, beni, ak distribye sentsèn, fè sèvis pastoral, fè batèm nan tanp; envite yon zanmi nan yon aktivite; oubyen mennen yon manm kowòm nou retounen; se travay sali a n ap fè. Nou menm tou nou ka gade sou Jezikri epi viv alyans nou yo chak jou. Mwen pwomèt nou ke, si nou fè sa, n ap vin sèvitè Sovè a fè konfyans, epi nan yon jou pwòch, n ap vin ansyen puisan nan Izrayèl.

Frè m yo, Mwen konnen tout bagay sa yo gen dwa parèt entimidan. Men tanpri, sonje pawòl sa yo Sovè a te di: “Mwen pa poukont mwen, paske Papa a avèk mwen.”31 Se konsa sa ye pou nou. Nou pa poukont nou. Senyè a, Jezikri, ak Pè Selès la renmen nou, yo avèk nou.32 Paske Jezi te vire gade Papa a epi l te akonpli gran sakrifis ekspyatwa a, nou ka vire gade Jezikri avèk asirans ke l ap ede nou.

Pa gen nou youn ki pafè. Pafwa nou bloke. Pafwa nou distrè oubyen dekouraje. Nou trebiche. Men, si nou gade sou Jezikri avèk yon kè repantan, l ap elve nou, l ap pwòpte peche nou, l ap padone nou epi l ap geri kè nou. Li pasyan epi l bon; amou redanmtè li pa janm fini ni l pa janm peri.33 L ap ede nou viv alyans nou yo ak mayifye apèl nou kòm ansyen nan Izrayèl.

Epi, Papa a ap beni nou kote l ap ba nou tout sa ki nesesè pou n akonpli objektif li: “bagay ... ni nan syèl la ni sou tè a, lavi a ak limyè a, Lespri a ak pouvwa a volonte Papa a te voye pa mwayen Jezikri, Pitit Gason li a.”34

Lè limyè ak pouvwa divin devèse nan lavi nou, gen twa bagay mirakile ki rive:

Premyèman, nou ka wè! Atravè revelasyon, nou kòmanse wè jan Jezi te wè fi a: odela sifas la al nan fon kè a.35 Lè nou wè jan Jezi wè a, l ap beni nou avèk lanmou pou nou ka renmen moun n ap sèvi avèk menm amou avèk li yo. Avèk èd li, moun n ap sèvi yo ap wè Sovè a epi y ap santi amou li.36

Dezyèmman, nou gen pouvwa prètriz la! Nou gen otorite ak pouvwa pou nou aji nan non Jezikri pou “beni, gide, pwoteje, fòtifye, ak geri lòt moun epi akonpli mirak nan lavi moun [nou] renmen yo ak kenbe maryaj [nou] ak fanmi nou an sekirite.”37

Twazyèmman, Jezikri avèk nou! Kote nou ale, l ale tou. Lè n ap anseye, li anseye tou. Lè n ap rekonfòte, li rekonfòte tou. Lè nou beni, li beni tou.38

Frè m yo, èske nou pa gen rezon pou nou rejwi? Wi! Nou detni prètriz sakre Bondye a. Si nou gade sou Jezikri, nou viv alyans nou yo, epi nou konsantre nou sou li, n ap ini avèk sè nou yo epi sèvi nan yon fason pi sakre, pou n rasanble Izrayèl dispèse a nan toulède bò vwal yo, fòtifye ak sele fanmi nou, epi prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè a, Jezikri. Sa ap fèt. Mwen temwaye de sa.

M ap fini avèk priyè sa a nan kè m pou nou tout, chak grenn nan nou, ka gade sou Jezikri nan chak panse nou. Pa doute. Pa pè. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. James E. Talmage mete Jezi “andedan Kapènawòm” lè gerizon sa a te fèt la (gade Jésus, le Christ [21916], 313).

  2. Gade Lik 8:43–44; gade tou Matye 9:20–21; Mak 5:25–29

  3. Lik 8:46

  4. Mak 5:30

  5. Mak 5:32

  6. Lik 8:47

  7. Mak 5:33

  8. Lik 8:48

  9. James E. Talmage te di sa k te gen pi gwo valè pou fi a plis pase gerizon fizik la, sete asirans ke Sovè a te akòde l dezi kè li, epi li te aksepte lafwa l la (gade Jésus le Christ, 318).. Jezi te geri l fizikman ak spirityèlman epi l te louvri wout sali a pou li (gade Jésus, le Christ, 296.)

  10. Sa enstriktif ke Jayiris, youn nan dirijan nan sinagòg la, te avèk Jezi lè gerizon an te fèt la. Jezi te sou wout pou l t al lakay Jayiris kote li t apral leve pitit fi Jayiris la ki te mouri. Siman yo te chase fi a Jezi te geri a nan sinagòg la akoz maladi l la. Lè Jezi te geri l la, li te klèman montre tout moun ki te la yo, enkli Jayiris, ke fi sa a sete yon pitit fi byeneme, yon fi lafwa, ki te antye nan kò l ak lespri l.

  11. Gade D. Todd Christofferson, “Kowòm Ansyen an” (Liahona, Me 2018, 55–58) pou yon diskisyon sou chanjeman ki nesesè pou kreye yon kowòm Prètriz Mèlkisedèk nan yon pawas. Objektif chanjman sa te dekri nan fason sa nan seksyon Kesyon Moun Poze Souvan nan sit Sèvis Pastoral: “Avèk yon kowòm Prètriz Melkisedèk nan yon pawas sa kreye inyon aky detantè Prètriz yo nan akonpli tout aspè yo nan travay sali, sa ki enkli travay tanp ak istwa familyal ki te kowòdone avan sa pa dirijan gwoup gran prèt” (“Sa se Sèvis Pastoral: Kesyon yo souvan poze,” kesyon 8, ministering.ChurchofJesusChrist.org).

    Ajisteman adisyonèl yo te tonbe sou dirijan misyon pawas la ak nouvo dirijan tanp ak istwa familyal nan pawas la sou direksyon prezidans kowòm ansyen yo. Avèk sèvis pastoral pou fanmi yo anba direksyon yo, ajisteman sa yo te tonbe anba lidèchip yo pou travay sali nan kowòm ansyen yo. Evidaman, evèk la kenbe kle yo pou travay sali a nan pawas la, men li delege responsablite ak otorite a pou travay sa bay prezidan kowòm ansyen yo yon fason pou evèk la ka pase plis tan avèk fanmi pa li, fòtifye jèn yo, epi sèvi kòm jij nan Izrayèl.

  12. Gade Russell M. Nelson, “Mettons de l’ardeur,” Liahona, Me 2018, 118–19; Russell M. Nelson, “Vin tounen SeN Dènye Jou egzanplè,” Liahona, Nov. 2018, 113–14; Quentin L. Cook, “Yon pi gwo konvèsyon pi dirap nan Pè Selès la ak Senyè Jezikri,” Liahona, Nov. 2018, 8–12.

  13. Papa a te voye Jezikri nan mond lan (gade Jan 17:18).

  14. Doktrin ak Alyans 6:36–37.

  15. Abraram 3:27.

  16. Abraram 3:27.

  17. Moyiz 4:2.

  18. Genyen anpil referans nan ekriti yo ki anrejistre deklarasyon Jezi te fè yo konsènan fè travay Papa li ak anseye doktrin Papa li. Gade, paegzanp, Jan 5:19 (Jezi fè sa Li wè Papa a fè); Jan 5:36 (Papa a te bay Pitit gason li travay pou fè); Jan 8:26 (Jezi te anseye sa li te resevwa nan men Papa li); Jan 14:28 (Jezi deklare: “Papa m pi gran pase mwen”); 3 Nefi 11:32 (Doktrin ni an se doktrin Papa l ba li).

  19. Jan 14:31

  20. Jan 8:29.

  21. Jan 6:38; gade tou Jan 5:30.

  22. Lik 22:42

  23. Mo gade a nan pasaj sa a (gade Doktrin ak Alyans 6:36–37) gen siyifikasyon ki koresponn ak apèl Senyè a: fè fas (oubyen gade; dirije atansyon nou; fè konfyans; chèche; tann avèk espwa; gen sa kòm objektif nan lespri nou; espere oubyen antisipe (gade merriam-webster.com, “look”).

  24. Gade Doktrin ak Alyans 121:41–42 Atribi kretyen yo ki mansyone nan ekriti a se don Lespri yo ki vini atravè mizerikòd ak gras Jezikri. Yo se sa ki fè ansyen nan Izrayèl yo vin tounen anyen pa li yo.

  25. Russell M. Nelson, “Atire pouvwa Jezikri nan lavi nou,” Liahona, Me 2017, 41.

  26. Gade merriam-webster.com, “rivet.”

  27. Pou yon diskisyon sou yon lavi alyans , gade Donald L. Hallstrom“ Viv yon lavi alyans,” Ensign, Jen 2013, 46–49. Atik sa se yon adaptasyon apati yon diskou pi long nan BYU-Idaho nan Me 2011. Pou yon vèsyon pi long, gade Donald L. Hallstrom, “Yon lavi alyans” (devosyon nan Inivèsite Brigham Young –Idaho, 10 Me 2011), byui.edu.

  28. Gade Jeremi 31:31–33, kote Seyè a deklare ke li pral fè yon alyans tounèf avèmezon Izrayèl la ki ekri nan kè yo. Imaj sa a sou alyans ki ekri nan kè nou yo, oswa alyans ki jwenn lavi nan kè nou yo, disponib tou nan ekriti Pòl yo (gade 2 Korentyen 3:3; Ebre 8:10). Pou yon diskisyon sou konvèsyon ak kè a, gade David A. Bednar,“Konvèti nan Senyè a,” Liahona, Nov. 2012, 106–9.

  29. Priyè sentsèn lan pou pen an eksprime admirableman nati relasyon ant alyans nou an avèk Pè Selès nou an. Nan plan sali Papa a nou fè alyans avè Pè Selès nou an, men objektif yo nan alyans lan akonpli epi nou kalifye pou benediksyon ki pwomèt yo atravè Seyè a Jezikri; Li se Medyatè a. Nan òdonans sentsèn lan nou temwaye devan Papa a (an reyalite, nan renouvle yon alyans avèk li) ke nou gen volonte pou pran sou tèt nou non Jezikri, toujou sonje li, epi kenbe kòmandman li yo, pou nou ka troujou genyen lespri li (Sentespri a) rete avèk nou.

    Don yo nan pwomès Papa a vini atravè pouvwa redanmsyon ak fòtifyan Jezikri a. Paegzanp, jan Prezidan Russell M. Nelson te anseye sa, Jezikri se sous tout lajwa (gade “Joie et survie spirituelle,” Liahona, Nov. 2016, 82). KOnsa, kenbe fokis nou sou Jezikri pote lajwa nan lavi nou kelkeswa sitiyasyin nou yo.

  30. Prezidan Ezra Taft Benson te dekri enpak yon chanjman atitid ak oryantasyon lè li te di, “Lè obeyisans sispan tounen yon rezon pou irite nou epi vin tounen konkèt nou, nan moman sa Bondye pral dote nou avèk pouvwa” (nan Donald L. Staheli, “Obeyisans—pi gwo defi lavi a,” Ensign, Me 1998, 82).

  31. Jan 16:32.

  32. Pou diskisyon adisyonèl sou reyallite ke Papa ak Pitrit gason an fè sousi pou, gen enterè nan, gen lanmou pou, epi enplike nan lavi nou, gade Jeffrey R. Holland, , “Grandè Bondye,” Liahona, Nov. 2003, 70–73; Henry B. Eyring, “Mache avèk mwen,” Liahona, Me 2017, 82–85. Gade tou Matye 18:20; 28:20; Doktrin ak Alyans 6:32; 29:5; 38:7; 61:36; 84:88

  33. Gade Women 8:35–39; 1 Korentyen 13:1–8; Mowoni 7:46–47.

  34. Doktrin ak Alyans 50:27. Note ke Senyè a bay chak moun ki òdone epi ke l voye yo pwomès ki anrapò avèk tach espesifik li ba yo a, epi sa limite pa tach la:

    “Yon moun Bondye òdone epi Bondye voye, moun sa a jwen apèl pou l vin pi gran pase tout lòt menm lè li pi piti epi sèvitè tout moun.

    “Se poutèt sa, li posede tout bagay; paske tout bagay soumèt devan l, ni nan syèl la ni sou tè a, lavi a ak limyè a, Lespri a ak pouvwa a volonte Papa a te voye pa mwayen Jezikri, Pitit Gason li a.

    “Men, pèsonn pa posede tout bagay eksepte si l pirifye epi si l lave anba tout peche.

    “Epi si nou pirifye epi nou lave anba tout peche, n ap mande nenpòt bagay nou vle nan non Jezi epi l ap fèt” (Doktrin ak Alyans 50:26–29).

  35. Gade 1 Samyèl 16:7; 1 Korentyen 2:14. Pou yon egzanp soju benediksyon sa pou n wè jan Jezi wè, gade istwa Prezidan Henry B, Eyring sou eksperyans li kòm evèk yon jèn gason ki te komèt yon krim. Senyè a te di Bishop Eyring lè sa a, “Mwen pral fè w wè li jan m wè l la” (“Mache avèk mwne,” 84).

  36. Sa se pwomès la ak responsablite Sovè a te ba moun yo nan tanp Abondans la. Li te kòmande yo pou yo viv yon fason pou limyè li ak egzanp li ta klere nan yo, yon fason pou yo te ka pote li kòm limyè pou mond lan nan lavi yo epi nan envitasyon yo pou lòt mloun vini jwenn li. Pandan disip li yo ap viv konsa epi envite konsa, lòt moun ap santi li epi y ap wè li nan sèvitè Senyè a yo. (Gade 3 Nefi 18:24–25.)

  37. Russell M. Nelson, “Pri Pouvwa Prètriz la,” Liahona, Me 2016, 68.

  38. Gade Doktrin ak Alyans 84:88