2010–2019
Nou ka fè pi byen e nou ka pi bon
Konferans Jeneral Avril 2019


Nou ka fè pi byen e nou ka pi bon

Mete fokis nou sou fè repantans vin yon pati entegral nan lavi nou chak joupou n ka egzèse prètriz la avèk pi plis pouvwa pase jamè anvan.

Chè frè m yo, sa enspiran pou m gade gwo kongregasyon sa a, batayon detantè prètriz Senyè a. Ala yon fòs puisan nou ye! Nou renmen nou. Nou pirye pou nou. E nou rekonesan pou nou.

Dènyèman, m te santi m atire pa enstriksyon Senyè a te bay Pwofèt Joseph Smith la: “Pa di jenerasyon sa a anyen eksepte repantans.”1 Deklarasyon sa a souvan repete atravè ekriti yo.2 Li soulve yon bèl kesyon: “Eske tout moun bezwen repanti” Repons la se wi.

Twòp moun konsidere repantans kòm yon pinisyon—yon bagay pou yo evite sof nan sitiyasyon ki pi grav yo. Men, santiman pinisyon sa a se nan Satan l soti. Li eseye anpeche nou vire gade Jezikri,3 ki kanpe ak bra louvri,4 ak espwa pou geri, padone, pwòpte, fòtifye, pirifye, ak sanktifye nou.

Mo pou repentans la nan Nouvo Testman Grèk la se metanoeo. Prefiks metaa vledi “chanjman.” Sifiks noeoa anrapò ak mo Grèk ki vledi “panse”, “konesans” “espri,” ak “souf.”5

Donk, lè Jezi mande oumenm avèk mwen pou n “repanti a”6 li envite nou pou nou chanje fason nou panse, konesans nou, espri nou, —menm fason nou respire. Li mande nou pu n chanje fason nou renmen, panse, sèvi, fason nou pase tan nou, fason nou anseye pitit nou e menm fason nou pran swen kò nou.

Anyen pa pi libere nou, pi annobli nou ni pi endispansab pase yon fokis sou repantans chak jou. Repantans se pa yon evenman, se yon pwosesis. Se kle bonè ak lapè despri. Ansanm ak lafwa, repantans ouvri aksè nan pouvwa Ekspyasyon Jezikri a.7

Ke n ap avanse ak dilijans sou chemen alyans lan, ke nou te dewoute oubyen kite chemen an, ou menmsi nou pa ka wè chemen alyans lan de kote nou ye a, mwen priye nou pou nou repanti. Fè eksperyans pouvwa fòtifyan repantans lan chak jou—pou n ka fè pi byen e pou n yon ti jan pi bon chak jou.

Lè nou chwazi pou n repanti, nou chwazi chanje! Nou pèmèt Sovè a transfòme nou vin yon pi bon vèsyon tèt nou. Nou chwazi pou n grandi spirityèlman e resevwa lajwa—lajwa redanmsyon nan li.8 Lè nou chwazi repanti, nou chwazi pou n vin plis tankou Jezikri!9

Frè m yo, nou bezwen pi byen e vin pi bon. Batay kont peche a reyèl. Advèsè a miltipliye efò l an kat pou pètibe temayaj nou ak antrave travay Senyè a. Li ekipe patizan l yo avèk puisan pou anpeche nou pran pa nan lajwa ak lanmou Senyè a.10

Repantans se kle pou n evite mizè ki enflije pa pyèj advèsè a. Senyè a pa atann pèfeksyon nan men nou nan pwen sa a nan pwogresyon etènèl nou an. Men li espere n ap vin plis anplis pur. Repantans chak jou se chemen pite, epi pite pote pouvwa. Pite pèsonèl fè nou vin enstriman puisan nan men Bondye. Repantans nou—pite nou—ap ba nou pouvwa pou n ede nan rasanbleman Izrayèl la.

senyè a te anseye Joseph Smith ke “dwa prètriz yo makònen seresere avèk pouvwa syèl la, epi pouvwa syèl la pa kapab kontwole ni manipile san se pa avèk prensip lajistis.”11

Nou konnen sa k ap banou pi gran aksè nan pouvwa syèl yo. Nou konn sa k ka anpeche pwogresyon nou tou—sa nou bezwen sispann fè pou nou ka ogmante aksè nou nan pouvwa syèl yo. Frè m yo, nan lapriyè, chèche konprann sa k kanpe kòm obstak sou chemen repantans nou. Idantifye sa anpeche nou repanti. Epi apresa, chanje! Repanti Nou tout ka fè pi byen e vin pi bon pase jamè anvan.12

Gen fason spesifik pou nou ka pwobableman amelyore. Youn ladan yo se fason nou trete kò nou. Mwen emèveye pa mirak ki se kò imen an. Se yon kreyasyon mayifik, ki esansyèl pou nou avanse gradyèlman al nan potansyèl diven final nou. Nou pa ka pwogrese san li. Bondye ba nou yon kò kòm kado pou pèmèt nou fè yon pa enpòtan nan pwosesis pou n vin plis sanble avèk li a.

Satan konprann sa. Li kontrarye palefèt ke apostazi l la nan lavi premòtèl la diskalifye l pou privilèj sa a, sa ki fè l nan yon eta jalouzi ak rankin sab rete, Konsa, anpil, se se pa tout, tantasyon li mete sou chemen nou yo ka lakoz nou maltrete kò nou ak kò lòt moun. Paske Satan mizerab san kò a, li vle pou nou mizerab akoz kò nou.13

Kò nou se tanp pèsonèl nou, ki kreye pou espri etènèl nu abite ladan.14 Swen n ap bay tanp sa a enpòtan. M ap mande nou, frè m yo: èske nou pi enterese nan abiye ak trete kò nou yon jan pou nou fè mond lan plezi pase pou n fè Bondye plezi? Repons nou an transmèt yon mesaj dirèk ba li sou sa nou santi konsènan kado enpòtan sa a li fè nou an. Konsènan respè kò nou, frè m yo, m panse nou ka fè pi byen e nou ka pi bon.

Yon lòt fason nou ka fè pi byen e vin pi bon se fason nou onore fi ki nan lavi nou yo, kòmanse ak madanm nou ak pitit fi nou, manman nou ak sè nou.15

Sa gen kèk mwa, m te resevwa yon lèt yon sè te voye ban mwen ki te brize kè m. Li te ekri: “[Pitit fi m yo avèk mwen] santi nou an konpetisyon fewòs devan atansyon eksesif mari nou ak pitit gason nou yo ap bay, 24 sou 24, nan aktivite spòtif, jwèt videyo, aksyon LaBous, [ak] analize ak gade chak aktivite spòtif san rete.” Nou gen enpresyon ke nou pa nan premye plas ankò avèk mari nou ak pitit gason nou yo paske yo toujou pran premye plas la pou suiv [espò ak match] an pèmanans.”16

Frè m yo, premye ak pi enpòtan devwa nou kòm detantè prètriz se pou renmen madanm nou ak pran swen li. Fè youn avèk li. Vin patnè li. Fè l anvi vin moun pa nou. Okenn lòt enterè nan lavi a pa dwe pran priyorite sou bati yon relasyon etènèl avèk li. Okenn bagay nan televizyon, nan aparèy mobil, oubyen nan konpitè pa pi enpòtan pase byennèt madanm nou. Al fè envantè sou fason nou pase tan nou ak nan kisa nou depanse enèji nou. Sa ap di nou ki kote kè nou ye. Priye pou l sou menm liy avèk kè madanm nou. Chèche pote lajwa pou li. Chèche konsèy li epi koute. Kontribisyon li ap amelyore rezilta nou yo.

Si nou dwe repanti poutèt fason nou te trete fi ki pi pwòch nou yo, kòmanse kounyeya. Epitou, sonje ke se responsablite pa noupou n ede fi nan lavi nou yo resevwa benediksyon ki soti nan respekte lwa chastete Senyè a. Nou pa dwe janm moun ki lakoz yon fi pa ka resevwa benediksyon tanp yo.

Frè mwen, nou tout bezwen repanti Nou bezwen leve sou kanape a, depoze remote televizon an, epi reveye nou anba somèy spirityèl nou. Li lè pou nou mete tout zam Bondye yo sou nou pou n ka angaje nou nan travay ki pi enpòtan sou tè a. Li lè pou nou “manche kouto digo ou, epi rekòlte avèk tout puisans [nou], tout panse ak fòs nou.”17 Fòs mal yo pa t janm fè plis raj pase y ap fè si enèjikman jodia. Antanke sèvitè Senyè a, nou pa ka dòmi pandan batay sa a ap fè raj la.

Fanmi nou bezwen lidèchip ak lanmou nou. Kowòm nou ak moun ki nan pawas oubyen branch nou yo bezwen fòs nou. Epi tout moun nou rankontre bezwen konnen a kisa yon vrè disip Senyè a sanble e kijan l aji.

Chè frè m yo, Pè Selès la te chwazi nou pou n vin sou tè a nan moman vital sa a akoz bravou spirityèl nou nan preegzistans lan. Nou pami gason k te pi bon ak pi vanyan yo ki janm vin sou tè a. Satan konn kiyès nou te ye nan lavi premòtèl la epi l konprann ki travay ki dwe akonpli anvan Sovè a retounen. Epi, apre dè milenè antrenman nan fason pou l fè riz, advèsè a plen eksperyans e li enkorijib.

Erezman, prètri nou detni an grandman pi fò pase riz li yo. Mwen priye nou pou n se gason ak jènjan Senyè a vle nou ye a. Mete fokis nou sou fè repantans vin yon pati entegral nan lavi nou chak jou pou n ka egzèse prètriz la avèk pi plis pouvwa pase jamè anvan. Sa se sèl fason k ap asire noumenm ak fanmi nou sekirite spirityèl nan jou difisil ki gen pou vini yo.

Senyè a bezwen gason kouraje ki ap mete byennèt lòt moun devan byennèt pa yo. Li bezwen gason ki ap efòse yo pou yo tande vwa Lespri a avèk klète. Li bezwen gason alyans ki ap kenbe alyans yo avèk entegrite. Li bezwen gason ki detèmine pou yo kenbe tèt yo pur seksyèlman—gason diy ke you ka rele nan yon bat je pou bay benediksyon avèk kè ki pur, lespri ki pwòp, ak men ki byen dispoze. Senyè a bezwen gason ki fasil pou repanti—gason ki gen zèl pou sèvi epi ki fè pati batayon detantè prètriz diy nan.

Mwen beni nou pou n ka vin kalite gason sa yo. Mwen beni nou pou nou ka gen kouraj pou n repanti chak jou epi aprann egzèse tout pouvwa prètriz la. Mwen beni nou pou n ka kominike lanmou Sovè a bay madanm nou ak pitit nou ak pou tout moun ki konnen nou. Mwen beni nou pou n ka fè pi byen epi pou vin pi bon. Epi, m beni nou pou lè n ap fè efò sa yo, nou fè eksperyans mirak nan lavi nou.

Nou angaje nan travay Bondye Toupuisan an. Jezi se Kris la. Nou se sèvitè li. Konsènan sa m temwaye nan non Jezikri, amèn.