2010–2019
Ki kote Sa Ap Mennen?
Konferans Jeneral Avril 2019


Ki kote Sa Ap Mennen?

Nou fè pi bon chwa ak desizyon lè nou gade altènativ yo epi nou reflechi ki kote y ap mennen nou.

Levanjil retabli Jezikri a ankouraje nou pou nou reflechi konsènan lavni. Li eksplike objektif lavi mòtèl la ak reyalite lavi k ap vini apre a. Li anseye bèl lide konsènan lavni an pou gide aksyon chak jou nou yo.

Pa kontras, nou tout konnen moun ki sèlman enterese avèk leprezan: pase tan jodia, pwofite tan jodia, epi pa fè sousi pou lavni.

Prezan nou ak lavni nou pral pote plis lajwa si nou toujou konsyan de lavni an. Pandan na p pran desizyon kounya, nou ta dwe toujou ap mande: “Ki kote sa pral mennen?”

I.

Kèk desizyon se chwa ant fè yon bagay oswa pa fè anyen. M te tande yon egzanp sou kalte chwa konsa nan yon konferans pieu nan Etazini sa gen anpil ane.

Anviwònman an sete sèyon bèl kanpis inivèsitè. Yon gwo kantite jèn etidyan te chita sou gazon an. Oratè a ki te dekri eksperyans sa te di yo t ap obsève yon ekirèy nan bwa avèk yon ke long, byen founi ki t ap jwe ozalantou yon bèl ti pyebwa. Yon moman li te desann atè, epi yon lòt moman li t ap vire monte desann sou pyebwa a. Men poukisa yon imaj ki familye konsa te atire yon gwoup etidyan?

Te genyen yon tichyen ki kouche sou gazon nan zòn lan tou. Se li ki te atire atansyon etidyan yo, epi se ekirèy la ki te atire atansyon li. Chak fwa ke momantaneman yo pa te wè ekirèy la ap fè wonn pyebwa a, tichyen an te trankilman fè kèk pa annavan epi reprann pozisyon tankou anyen pa t enterese l. Se sa ki te atire enterè etidyan yo. Ansilans e imobil, je yo te rete fikse sou evènman an ki pou tout moun te pral gen yon denouman evidan.

Finalman, tichyen an te rive pre ase pou li te jis sote epi poze lapat sou li. Tout etidyan yo te rale souf byen fò, epi tout gwoup la te fonse sou tichyen an pou eseye sove ti bèt la anba dan li, men li te deja twò ta. Ekirèy la te mouri.

Nenpòt moun nan foul sa te ka eseye avèti ekirèy pandan tout tan sa si yo te leve bra yo oswa fè bri, men pèsonn pat fè sa. Yo t ap obsève pandan denouman inevitab la te vin detanzantan pi pwòch. Pèsonn pa te mande, “Ki kote sa ap mennen?” Lè sa ki te previzib la te rive, yo tout te prese avanse pou evite denouman an, men li te twò ta. Dloje regrè se sèl sa yo te ka ofri.

Istwa reyèl sa se yon bèl modèl parabòl. Li apike ak bagay nou wè nan pwòp lavi nou, ak nan lavi ak sikonstans ki antoure nou. Lè nou wè menas ap glise antre sou moun oswa bagay nou renmen yo, nou gen chwa pou n pale oswa aji oswa rete ansilans. Li bon pou nou poze tèt nou kesyon, “Ki kote sa ap mennen? Nan ka kote konsekans yo imedyat ak grav, li posib ke nou pa ka fè anyen. Nou dwe voye avètisman apwopriye yo oswa sipòte efò prevansyon apwopriye yo pandan toujou gen tan.

Desizyon yo mwen te apèn dekri yo te enplike chwazi ant fè kèk aksyon oswa pa fè okenn aksyon ditou. Pi souvan nou genyen pou nou chwazi ant yon aksyon oswa yon lòt. Bagay sa yo enkli chwazi ant byen ak mal, men pi frekaman genyen chwa ki se ant de byen. Nan ka sa tou li dezirab pou mande ki kote sa ap mennen. Nou fè anpil chwa ant de byen, ki souvan enplike fason nou pral itilize tan nou. Pa gen anyen mal nan jwe jwèt videyo yo oswa voye tèks oswa gade televizyon oswa pale nan telefòn. Men chak nan sa yo enplike sa kèk rele “sa yon opòtinite koute,” ki vledi ke si nou pase tan nou ap fè yon bagay, nou pèdi opòtinite pou fè yon lòt. Mwen sèten nou ka wè ke nou bezwen refelechi nan mezire sa nou ap pèdi nan tan nou pase nan yon aktivite, menm si se yon bagay ki pafètman byen nan limenm.

Sa gen kèk tan mwen te fè yon diskou ki te rele “Bon, Pi Bon, Meyè.” Nan diskou sa mwen te di ke “jis paske yon bagay bon sa pa yon rezon sifizan pou fè li. Kantite bon bagay nou ka fè depase delwen tan nou gen a dispozisyon nou pou akonpli yo. Gen kèk bagay ki pi bon pase bon, epi se bagay sa yo ki ta dwe kòmande antansyon sou prioyorite nan lavi nou. … Nou oblije abandone kèk bon bagay yon fason pou nou chwazi lòt yo ki pi bon oswa meyè.”1

Konsidere konsekans alontèm yo. Ki kalite konsekans desizyon yo nou pran nan moman sa genyen sou avni nou? Sonje enpòtans sa genyen pou akeri yon edikasyon, etidye levanjil la, renouvle alyans nou yo nan pran sentsèn lan, epi ale nan tanp lan.

II.

“Ki kote sa ap mennen?” enpòtan tou nan chwazi kijan kalte etikèt pou n mete sou nou oswa sa n panse de tèt nou. Sa ki pi enpòtan an, chak nan nou se yon pitit Bondye avèk yon destine potansyèl pou lavi etènèl. Chak lòt etikèt, menm sa ki enkli travay, ras, karakteristik fizik oswa lone, se bagay tanporè oswa banal ak yon pèspektiv etènèl. Pa chwazi pou bay tèt nou etikèt oswa konsidere tèt nou nan pèspektiv ki mete yon limit sou yon objektif ki ka mande ou pou fè efò pou li.

Frè mwen yo, ak sè mwen yo ki ka wè oswa li sa m di la a, mwen espere nou konnen poukisa dirijan nou yo ba nou ansèyman yo ak konsèy nou bay yo. Nou renmen nou, epi Pè Selès la ak Pitit gason li an, Jezikri, renmen nou. Plan yo pou nou se “gran plan bonè a” (Alma 42:8). Plan sa ak kòmandman yo ak òdnans nou yo epi alyans yo mennen nou nan pi gran bonè ak lajwa nan lavi sa ak nan lavi k ap vini an. Kòm sèvitè Papa a ak Pitit gason an, nou anseye ak bay konsèy selon jan yo endike nou atravè Sentespri a. Nou pa gen okenn lòt entansyon sinon pale sa ki verite epi ankouraje nou pou nou fè sa yo te etabli kòm etap pou lavi etènèl, “pi gran nan tout don Bondye yo ” (Doktrin ak Alyans 14:7).

III.

Sa se yon lòt egzanp sou konsekans desizyon ki te pran nan moman prezan sou lavni. Li gen pou wè ak chwa pou fè yon sakrifis jodia pou atenn yon objektif enpòtan alavni.

Nan yon konferans pieu nan Cali, Kolonbi, yon sè te rakonte kijan li ak fiyanse li te gen dezi pou yo te marye nan tanp la lè tanp ki pi pre a te byen lwen na Pewou. Pandan anpil tan, yo te mete lajan akotepou peye transpò nan bis. Finalman yo te pran bis pou ale Bogota, men lè yo te rive la, yo te aprann ke tout plas nan bis pou Lima, Pewou, yo te vann. Yo te ka ale lakay yo san yo pa te marye oswa yo te ka marye andeyò tanp la. Erezman, te gen yon lòt altènativ. Yo te ka pran bis pou Lima a si yo te vle aksepte chita atè nan bis la pandan tout senk jou ak senk nuit trajè a. Yo te chwazi pou fè sa. Li te di sa te difisil, malgre ke kèk nan pasaje yo pafwa te kite yo chita nan plas yo yon fason pou yo te ka detire kò yo atè a.

Sa ki te enpresyone mwen nan diskou a sete deklarasyon sè sa ke li te rekonesan li ak mari li te gen posiblite pou yo ale nan tanp la nan fason sa, paske sa te chanje fason yo te santi yo konsènan levanjil la ak fason yo te santi yo konsènan maryaj nan tanp la. Senyè a te rekonpanse yo avèk pwogresyon ki te soti apati sakrifis la. Li te fè remake tou ke vwayaj senk jou yo pou ale nan tanp lan te akonpli plis nan ede bati espirityalite yo pase anpil vizit nan tanp lan ki pa te gen okenn sakrifis.

Nan ane ki pase yo apre m te fin tande temwayaj sa, mwen t ap mande m kijan lavi koup sa ta pral diferan si yo te fè yon lòt chwa—nan rekile devan sakrifis nesesè a pou yo te marye nan tanp lan.

Nou fè anpil chwa nan lavi nou, gen kèk ki gwo e kèk ki sanble piti. Lè nou gade dèyè, nou ka wè ki gran diferans kèk nan chwa nou yo te pote nan lavi nou. Nou fè pi bon chwa ak desizyon lè nou gade altènativ yo epi nou reflechi ki kote y ap mennen nou. Lè nou fè sa, n ap suiv konsèy Prezidan Russell M. Nelson an pou n kòmanse avèk fen an nan lespri nou.2 Pou noumenm, fan an toujou sou chemen alyans lan atravè tanp la jiska lavi etènèl, pi gwo don nan tout don Bondye yo.

Mwen temwaye konsènan Jezikri ak efè Ekspyasyon l lan ak lòt verite levanjil etènèl li yo, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Dallin H. Oaks, “Bon, meyè, pi bon toujou,” Lyawona, Nov. 2007, 104–108.

  2. Gade Russell M. Nelson, “Pandan n ap avanse ansanm,” Lyawona, Avr. 2018, 7.