2010–2019
Vini, Suiv Mwen
Konferans Jeneral Avril 2019


Vini, Suiv Mwen

Jezikri envite nou pou nou suiv chemen alyans la pou n ka retounen lakay Paran Selès nou yo epi pou n ka avèk moun nou renmen yo.

Frè ak sè byeneme m yo, madanm mwen, Wendy avèk mwen kontan pou n avèk nan jou maten Saba sa a. Gen anpil bagay ki pase depi dènye konferans jeneral la. Nouvo tanp te konsakre nan Concepción, Chili; Barranquilla, Colombie; ak Rome, Itali. Nou te jwi gwo devèsman Lespri nan evenman sakre sa yo.

Mwen felisite pil fi [ak gason] ki te li Liv Mòmon an resamman yo epi k te dekouvri lajwa ak trezò kache ladan l yo. Mwen santi m enspire pa resi sou mirak ki fèt yo.

Mwen emèveye devan jènjan onzan yo ki se dyak kounyeya, k ap distribye sentsèn diyman chak Dimanch yo. Yo al nan tanp avèk jènfi onzan yo ki kontan pou yo aprann ak sèvi kòm Abèy kounyeya. Jènjan ak jènfi yo preche verite levanjil yo avèk klate ak konviksyon.

Mwen rejwi avèk timoun yo ak jèn yo ki ap ede anseye levanjil la nan fwaye yo pandan y ap travay avèk paran yo pou yo suiv pwogram santre sou fwaye a e sipòte pa legliz la.

Nou te resevwa foto sa a nan men yon tigason katran ki rele Blake, ki, bonè yon Samdi maten, te pran yon liv Legliz la epi l te di: “M bezwen nouri lespri m!”

Imaj
Blake k ap nouri lespri li

Blake, nou kontan dèske oumenm ak lòt chwazi pou nouri lespri nou nan fè yon festen ak verite levanjil retabli Jezikri yo. Epi nou kontan dèske anpil moun ap resevwa pouvwa Bondye nan lavi yo pandan y ap adore ak sèvi nan tanp yo.

Jan anpil nan nou konnen, fanmi m fèk sot fè eksperyans yon separasyon, sa gen twa mwa, lè pitit fi m nan Wendy, te kite lavi sa a. Nan dènye jou l t ap batay anba kansè yo, m te gen benediksyon pou m te gen yon konvèsasyon ak pitit fi m nan pou m te di l orevwa.

M te pran men l epi m te di l kijan m renmen l e kijan m te rekonesan dèske m se papa li. M te di: “Ou te marye nan tanp epi w te fidèlman onore alyans ou.” Oumenm ak mari w te akeyi sèt timoun nan fwaye nou epi nou te elve yo pou yo vin disip devwe Jezikri, manm Legliz vanyan, k ap pote kontribisyon yo nan sosyete a. Epi yo chwazi konjwen menm kalib la tou. Papa w fyè de ou anpil, anpil. OU te pote anpil lajwa pou mwen!”

Li te reponn tou dousman: “Mèsi, papa.”

Se te yon moman plen tandrès ak kriye pou nou. Pandan 67 tan, nou te travay ansanm, chante ansanm, e souvan skiye ansanm. Men, jou swa sa a, nou te pale de sa ki konte plis yo, tankou alyans, òdonans, obeyisans, lafwa, fanmi, fidelite, lanmou, ak lavi etènèl.

Nou sonje pitit fi m nan anpil. Men, gras ak levanjil retabli Jezikri a, nou pa enkyè pou li. Pandan n ap kontinye onore alyans nou avèk Bondye yo, n ap viv nan atant pou n avèk li ankò. Pandan tan sa a, n ap sèvi Senyè a isit la epi l ap sèvi l laba a—nan paradi.1

Anfèt, nou te vizite Paradi nan kòmansman ane sa a—m vle di Paradise, nan Californie. Sa te rive ke vizit nou te pwograme nan kote sa a te tonbe nan mwens pase karantèdtan apre pitit fi m nan te kite mond sa a. Madanm mwen avèk mwen, ansanm ak Eldè Kevin W. Pearson ak madanm ni, June, te akeyi pa Sen nan Pieu Chico yo nan Kalifòni. Nou te aprann sou gwo lafwa yo, sèvis pastoral yo, ak mirak ki te rive nan mitan pèt devastan yo te sibi anba dife forè i te pi destriktè a nan listwa Kalifòni.

Pandan nou te la a, nou te pale anpil avèk yon jèn ofisye polis, John, ki sete youn nan premye brav moun ki te reponn yo. Li te sonje gwo tenèb ki te tonbe sou Paradise la jou 8 Novanm 2018 la lè flanm yo ak bwa dife yo t ap gaye a tout kous atravè vil la, ki te devore pwopriyete ak byen tankou yon fleyo epi k te kite pil sann ak chemine anbrik tou nwa.

Imaj
Chapèl la apre dife a

Pandan 15 èdtan, John te kondui atravè yon fènwa enpenetrab ki te plen bout bwa dife menasan pou l te ede moun apre moun, fanmi apre fanmi al an sekirite—li te ka menm pèdi lavi li. Men, pandan eprèv difisil sa a, sa k te terifye John pi plis sete kesyon terib sa a: “Kikote fanmi mwen ye?” Apre pil èdtan terifyan, li te finalman aprann ke yo te an sekirite.

Istwa sousi John pou fanmi l lan pouse m jodia pou m pale avèk sila nan pami nou k, pandan y ap apwoche nan fen lavi nou nan mòtalite a, ap mande tèt yo:“Kikote fanmi mwen ye?” Nan jou kote nou pral gen pou n fini mizaleprèv nou nan mòtalite a pou n al antre nan mond dèzespri a, n apral konfwonte avèk kesyon dechiran sa a: “Kote fanmi m ye?”

Jezikri anseye chemen ki mennen retounen nan fwaye etènèl nou an. Li konprann plan pwogresyon etènèl Pè Selès nou an pi byen pase nenpòt nan nou. Apretou, li se kle fondasyon tout plan an. Li se Redanmtè nou, Gerisè nou, ak Sovè nou.

Depi jou kote yo te chase Adan ak Eve soti nan Jaden Edèn nan, Jezi, Kris la, te ofri bra puisan li pou ede tout moun ki chwazi pou yo suiv li. San rete, ekriti yo di ke, malgre tout kalite peche tout kalite moun komèt, bra l toujou lonje.2

Lespri ki nan nou chak la tou natirèlman aspire a lanmou familyal ki dire pou tout tan. Chanson damou yo bay fo espwa ke lanmou se tout sa nou bezwen si nou vle ansanm pou tout tan. Epi, anpil moun panse ke Rezirèksyon Jezikri a bay pwomès ke tout moun apral avèk moun ki chè pou yo yo apre lanmò.

An reyalite, Sovè a limenm te klèman di nou, pandan ke Rezirèksyon l lan asire ke chak moun ki te janm viv ap anfèt resisite e viv pou tout tan an,3 gen plis toujou yo egzije nan men nou si nou vle gen gwo privilèj egzaltasyon an. Sali se yon bagay endividyèl, men egzaltasyon se yon bagay familyal.

Koute pawòl sa yo Senyè a, Jezikri, te di pwofèt li a: “Tout alyans, kontra, lyezon, obligasyon, bsèman, jire, pèfòmans, koneksyon, asosiyasyon, oubyen demand ki pa fèt epi ki pa konsanti epi ki pa csele nan Sentespri pwomès la, [...] pa gen okenn efikasite, vèti, oubyen fòs pandan oubyen apre rezirèksyon mò yo; paske tout kontra ki pa fèt nan objektif sa a pral gen yon finisman lè lèzòm mouri.”4

Konsa, ki kondisyon k egziste pou yon fanmi egzalte pou tout tan? Nou kalifye pou privilèj sa a nan fè alyans avèk Bondye, nan kenbe alyans sa yo, epi resevwa òdonans esansyèl yo.

Sa te toujou konsa depi nan kòmansman tan an. Adan ak Eve, Nowe ak madanm ni, Abraham ak Sara, Leyi ak Sarya, ak tout lòt disip devwe Jezikri yo—depi mond lan te kreye—te fè menm alyans yo avèk Bondye. Yo te resevwa menmòdonans noumenm, manm Legliz retabli Senyè a jodia , resevwa nan batèm ak nan tanp yo.

Sovè a envite nou tout pou n suiv li nan dlo batèm yo epi, lè moman an rive, pou nou fè alyans adisyonèl avèk Bondye nan tanp epi resevwa lòt òdonans esansyèl sa yo epi rete fidèl nan yo. Tout sa yo se kondisyon si nou vle egzalte avèk fanmi nou epi ak Bondye pou tout tan.

Angwas ki nan kè m sèke anpil moun mwen renmen, m admire, ak respekte rejte envitasyon l lan. Yo inyore siplikasyon Jezikri yo kote l rele yo: “Vini, Suiv Mwen”5

M konprann poukisa Bondye kriye.6 M kriye tou pou zanmi ak paran sa yo. Yo se gason ak fi mèveye, devwe anvè fanmi yo ak responsablite yo kòm sitwayen. Yo bay tan yo, enèji yo ak mwayen yo ak jenewozite. Epi, mond lan pi bon gras ak efò yo. Men, yo chwazi pou yo pa fè alyans avèk Bondye. Yo pa resevwa òdonans ki pral egzalte yo avèk fanmi yo epi lye yo ansanm pou tout tan yo.7

Ala m ta renmen pale avèk yo epi envite yo pou yo reflechi seryezman sou lwa Senyè a pou sove yo. M ap mande m kisa m ta ka posibman di pou yo ta santi konbyen Senyè a renmen yo, pou yo konn kijan m renmen yo, epi pou yo vin rekonèt kijan fi ak gason ki kenbe alyans yo kapab resevwa “yon plenitid lajwa.”8

Yo bezwen konprann ke, pandan ke gen yon kote pou yo nan odela a—avèk gason ak fi mèveye ki chwazi pou yo pa fè alyans avèk Bondye yo tou—se pa plas kote fanmi yo pral reyini ni gen privilèj pou yo viv ak pwogrese etènèlman. Kivledi, se pa wayòm kote yo pral jwenn plenitid lajwa—pwogresyon ak bonè ki p ap janm fini an.9 Benediksyon siprèm sa yo ka vini sèlman si nou viv nan yon demè selès avèk Bondye, Papa Etènèl nou an; ak Pitit Gason l lan, Jezikri; ansanm ak manm fanmi nou ki diy ak kalifye yo.

M santi m ta di zanmi retisan m sa yo:

“Nan lavi sa a, nou pa janm kontante nou de dezyèm plas nan anyen. Poutan, si nou refize anbrase levanjil retabli Jezikri a, nou chwazi pou n kontante nou de dezyèm plas.

“Sovè a te di: ’Nan kay Papa m nan gen anpil palè”10 Men, si nou chwazi pou nou pa fè alyans avèk Bondye, nou pral oblije kontante nou avèk yon move twati sou tèt nou pandan tout letènite.”

M ta renmen adrese siplikasyon sa a a zanmi retisan m yo:

“Devèse kè nou bay Bondye. Mande l si bagay sa yo se verite. Pran tan pou n etidye pawòl li yo. Vrèman etidye! Si nou vrèman renmen fanmi nou e si nou vle egzalte avèk yo nan letènite, peye pri a kounyeya—atravè etid serye ak priyè fèvan—pou n konnen verite etènèl sa yo epi apresa respekte yo.

“Si nou pa si ke nou kwè nan Bondye, kòmanse la. Konprann ke si yon moun pa fè eksperyans avèk Bondye, li ka doute egzistans Bondye. Konsa, mete nou nan pozisyon pou nou kòmanse fè eksperyans avèk li. Imilye tèt nou. Priye pou n ka gen je pou n wè men l nan lavi nou ak nan mond ki bò kote nou an. Mande l pou l di w si l vrèman egziste—si l konnen ou. Mande l kisa l santi konsènan ou. Epi apresa koute!”

Gen yon bon zanmi m ki pa t gen anpil eksperyans avèk Bondye. Li te aspire pou l te avèk madanm ni ki te desede. Li te mande m pou m te ede l. M te ankouraje l pou l te rankontre misyonè yo pou l te ka konprann doktrin Kris la epi aprann osijè alyans, òdonans, ak benediksyon levanjil yo.

Li te fè sa. Men, li te santi ke chemen yo t ap konseye l la t ap mande pou l te fè twòp chanjman nan lavi li. Li te di: “Kòmandman ak alyans sa yo twò difisil pou mwen. Epitou, l ap enposib pou m peye ladim, e m pa gen tan pou m sèvi nan Legliz la.” Apresa li te mande m: “Lè m mouri, èske w apvle fè travay tanp ki nesesè pou madanm mwen avèk mwen ka ansanm ankò a?”

Erezman, m pa jij mesye sa a. Men, m ap poze tèt mwen kesyon sou efikasite travay tanp pa pwokirasyon pou yon moun ki te gen posiblite pou l te batize nan lavi sa a—pou l te òdone nan prètriz la ak resevwa benediksyon tanp yo la a nan mòtalite a—men ki an tout konsyans te pran desizyon pou l rejte chemen sa a.

Chè frè m ak sè m yo, Jezikri envite nou pou nou suiv chemen alyans la pou n ka retounen lakay Paran Selès nou yo epi pou n ka avèk moun nou renmen yo pou tout tan. Li envite nou: “Vini, Suiv Mwen.”

Kounyeya, antanke Prezidan Legliz sa a, m ap egzòte noumenm ki elwanye nou de Legliz la ak noumenm ki poko vrèman chèche konnen si Legliz Sovè a te retabli tout bon vre a. Fè efò spirityèl pou n ka dekouvri sa pèsonèlman, epi, tanpri fè sa kounyea. Prèske pa gen tan ankò.

Mwen temwaye ke Bondye vivan. Jezi se Kris la. Legliz li a ak plenitid levanjil li a retabli pou beni lavi nou avèk lajwa, isit la ak nan odela a. Konsènan sa m temwaye nan non Jezikri, amèn.