2010–2019
Bati yon fòtrès spirityalite ak pwoteksyon
Konferans Jeneral Avril 2019


Bati yon fòtrès spirityalite ak pwoteksyon

Si nou viv levanjil Jezikri a, nou atire Ekspaysyon Sovè a sou nou epi nou avanse ak lafwa, san krent, n ap fòtifye kont riz advèsè a.

Chè frè m ak sè m yo, pandan konferans sa a ap pwoche nan fen l lan, mwen remèsye Pè Selès nou an pou konsèy, verite, ak revelasyon yo te prezante nou sou chè sa a nan de dènye jou sa yo. Nou te resevwa ansèyman nan men sèvitè Bondye ki aple pou pale pawòl li. Senyè a te raple nou, nan yon revelasyon nan dènye jou yo: “Kit se avèk pwòp vwa pa m oubyen avèk vwa sèvitè m yo, se menm bagay la.”1

Pandan m ap gade asanble Sen sa a, epi m ap imajine manm yo k ap gade konferans jeneral la tout kote nan mond lan, m panse a rasanbleman yo mansyone nan Liv Mòmon an kote Jezikri te parèt devan Nefit yo apre Krisifiksyon l lan. Li te anseye yo levanjil la epi apre li te ankouraje yo konsa: “Nou mèt ale lakay nou pou nou reflechi sou bagay m te di nou yo, epi mande Papa m, nan non m pou nou kapab konprann.”2

“Se lakay nou, epi reflechi” se pwochen etap la pou nou pran nan kè nou pawòl pwofèt yo ak dirijan Legliz yo te pale yo nan okazyon sakre sa a. Fwaye ki santre sou Kris la se ranpa pou wayòm Bondye a sou tè a nan yon epòk kote, jan yo te pwofetize a, dyab la “fè raj nan kè pitit lèzòm, e pwovoke yo nan kòlè kont bagay ki bon.”4

Atravè tout listwa, moun yo te toujou bati fò pou anpeche enmi an antre. Souvan, fò sa yo sete yon toudegad kote te gen santinèl—tankou pwofèt—ki te avèti yo lè enmi yo ap rive ak lè atak ap vini.

Imaj
ThomasS.

Nan epòk premye pyonye yo nan Utah, gran granpapa m, Thomas Rasband ak fanmi li te pami premye kolonizatè Prezidan Brigham Youn te voye al nan Heber Valley a.

An 1959, Thomas te ede bati fò Heber la, ke l te bati pou pwoteksyon yo. Sete yon senp konstriksyon an bwa, yo te mete youn bò kote lòt, ki te fòme perimèt fò a. Yo te bati kabin an bwa andedan ranpa yo, kote yo te itilize yon sèl mi an komen. Konstriksyon an te bay sekirite k te nesesè a pou fanmi pyonye sa yo pandan yo t ap plante rasin yo ak adore Senyè a.

Imaj
Fò pyonye

Se konsa sa ye pou nou. Fwaye nou se fòtrès kont mal ki nan mond lan. Nan fwaye nou, nou vin jwenn Kris la nan aprann suiv kòmandman l yo, nan etid ekriti yo ak priye ansanm, ak nan youn ede lòt rete sou chemen alyans lan. Nouvo aksan yo mete sou etid pèsonèl ak familyal nan fwaye a atravè pwogram Vini, Suiv Mwen an prepare pou “apwofondi konvèsyon nou ak pou ede nou vin plis sanble ak Jezikri.”5 Si nou fè sa, n ap vin sa Pòl rele “nouvo kreyati”6 avèk kè nou ak nanm nou an amoni avèk Bondye. Nou bezwen fòs sa a pou n ka fè fas ak kontrekare atak advèsè a.

Pandan n ap viv avèk devouman ki soti nan lafwa nou nan Jezikri, n ap santi prezans pezib Sentespri a, k ap gide nou vè laverite, k ap enspire nou pou nou diy pou benediksyon Senyè a, ak rann nou temwayaj ke Bondye vivan epi l renmen nou. Tout bagay sa yo, andedan fòtrès fwaye nou. Men sonje, puisans fwaye nou depann de fòs spirityèl chak moun ki andedan mi sa yo.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv spirityèlman san gid, san direksyon, rekonfò, ak enfliyans konstan Sentespri a.”7 Antanke pwofèt, vwayan, ak revelatè Senyè a nan epòk sa a, santinèl ki anlè tèt fò nou an ki se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, li wè lè enmi an ap avanse.

Frè m ak sè m yo, nou nan lagè kont Satan pou nanm lèzòm. Liy konba yo te desine nan lavi premòtèl la. Satan ak yon tyè nan pitit Pè Selès yo te rejte pwomès egzaltasyon l yo. Depi moman sa a, sòlda advèsè yo ap batay kont moun fidèl ki chwazi pou plan Papa a.

Satan konnen li pa gen anpil tan k rete epi lafen an pwòch. Menmsi l rize e mètdàm, li p ap gen batay la. Men, lagè li ap fè raj pou nanm nou chak.

Pou pwoteksyon nou, nou dwe bati yon ranpa spirityalite ak pwoteksyon pou nanm nou, yon fòtrès ki ke malen an pa ka penetre.

Satan se yon sèpan sibtil, ki glise antre nan lespri nou ak nan kè nou lè nou pa veye, lè nou anfas desepsyon oubyen lè nou pèdi espwa. Li sedui nou avèk flatri, yon pwomès fasilite, konfò, oubyen yon byennèt tanporè lè nou demoralize. Li jistifye lògèy, mechanste, malonètete, mekontman ak imoralite e pafwa nou ka vin “san sanblite.”8 Lespri a kite nou lè sa a. “Epi, konsa, dyab la pral vòlè nanm yo, pou l mennen yo desann nan lanfè avèk prekosyon.”9

Yon lòtbò, nou souvan santi Lespri a si puisan lè nou chante lwanj pou Bondye avèk pawòl tankou sa yo:

C’est un rempart que notre Dieu, (Bondye nou an se yon ranpa)

Une invincible armure (Yon boukliye envensib)

Notre délivrance en tout lieu (Bondye se Delivrè puisan nou)

Notre défense sur (Defans asire nou).10

Lè nou bati yon ranpa fòs spirityèl, nou ka evite atak advèsè yo, detounen nou de li, epi santi lapè Lespri a. Nou ka suiv egzanp Senyè ak Sovè nou an, ki, lè l te tante nan dezè a, te di: “Retire kò w, Satan.”11 Nou chak dwe aprann fè sa, pa eksperyans nou nan lavi a.

Objektif jis sa a byen dekri nan Liv Mòmon an lè Kapitèn Mowoni t ap prepare Nefit yo pou yo te fè fas ak atak yon mesye plen riz, ki te swaf san, epi ki te malad pou pouvwa, ki sete Amalikya. Mowoni te konstwi fòtrès pou l te pwotje Nefit yo “pou yo te kapab viv pou Senyè Bondye yo a, epi pou yo te kapab kenbe sa ènmi yo te rele kòz kretyen yo.”12 Mowoni te “fèm nan lafwa Kris la,”13 pi pèp la te fidè “nan kenbe kòmandman Bondye yo ... ak reziste kont inikite.”14

Lè Lamanit yo te rive pou batay la, yo te etone wè preparasyon Nefit yo, ki te venk yo. Nefit yo te remèsye “Senyè Bondye yo a poutèt pouvwa san parèy li te anplwaye pou delivre yo anba men ènmi yo.”15 Yo te bati fòtrès pou pwoteksyon aleksteryè, epi yo te bati lafwa nan Senyè Jezikri andedan yo—pwofon nan nanm yo.

Ki fason nou ka fòtifye tèt nou nan epòk twouble sa yo, pou nou ka vin “enstriman nan men Bondye pou nou fè gwo travay sa a”?16 Annou gade ekriti yo.

Nou dwe obeyisan. Senyè a te kòmande Leyi pou l te voye pitit gason l yo retounen Jerizalèm pou yo t al “pran rejis yo e pou w pote yo desann nan dezè a.”17 Leyi pa t poze kesyon; li pa t mande poukisa ni kijan. Ni Nefi, ki te deklare: “M prale e m ap fè bagay Senyè a kòmande yo.”18

Eske nou aji avèk menm obeyisans sensè Nefi a? Oubyen èske nou gen plis tandans pou kesyone kòmandman Bondye yo menmjan ak frè Nefi yo, ke mank lafwa yo te finalman elwanye yo de Senyè a? Obeyisans, ki egzèse avèk “sentete kè nou,”19 se sa Senyè a mande nou.

Nou mete konfyans nan Senyè a, ki te di Jozye, lè l t ap prepare l pou l te dirije Izrayelit yo al nan tè pwomiz la: “Fòtifye nou e ... pran kouraj; nou pa bezwen tranble, nou pa bezwen pè; paske Senyè Bondye nou an ap avèk nou nan tout sa n ap antreprann.”20 Jozye te mete konfyans nan pawòl sa yo epi l te konseye pèp la: “Sanktifye tèt nou, paske demen Senyè a pral fè mèvèy devan je nou.”21 Senyè a te separe dlo Jouden yo, epi konsa, 40 tan erans Izrayelit yo nan dezè a te fini.

Nou dwe defann laverite jan pwofèt Abinadi nan Liv Mòmon an te fè a. Lè yo te arete li, epi yo te mennen l devan Wa Nowe ak prèt mechan l yo, Abinadi te anseye yo Dis Kòmandman yo epi l te preche avèk puisans ke Kris la t ap “vini nan pami pitit lèzòm, ... pou rachte pèp li a.”22 Apresa, avèk yon lafwa pwofon andedan li, li te di: “O Bondye, resevwa nanm mwen,”23 epi Abinadi “te soufri lanmò anba dife.”24

Imaj
Tanp Rome Itali

Nou fè alyans e nou renouvle alyans nou lè nou pran sentsèn ak lè nou fè adorasyon nan tanp. Sentsèn nan se santral adorasyon jou Dimanch nou, kote nou resevwa pwomès pou nou “toujou gen Lespri li avèk [nou].”25 Pa òdonans sakre sa a, nou pran angajman pou nou pran non Jezikri sou tèt nou, pou nou suiv li, epi andose responsablite nou nan travay divin sa a jan l te fè. Nan tanp lan, nou ka “mete abagay ki nan mond sa a sou kote,”26 epi santi prezans Senyè a ak lapè ekstraòdinè li. Nou ka konsantre sou zansèt nou yo, sou fanmi nou, ak sou lavi etènèl nan prezans Papa a. Se pa etonan ke Prezidan Nelson te deklare resamman nan Rome: “Byenfè k ap soti nan tanp sa a, yo enkwayableman gran.”27

Nou dwe gen entegrite nan tout sa n ap fè. Nou dwe devlope disènman ak disiplin pou nou pa gen pou n toujou ap detèmine kisa k byen ak kisa k mal. Nou dwe sonje avètisman Pyè, premye Apot Legliz la, ki te avèti nou: “Kenbe tèt nou anplas, rete vijilan; paske advèsè nou an, dyab la, ap veye nou tankou yon lyon move, k ap chèche pou l devore nou.”28

Si nou fòtifye fòtifikasyon nou yo avèk dilijans, n ap vin sanble ak Jezikri, kòm vrè disip li, avèk nanm nou sou pwoteksyon li.

Temwayaj nou konsènan Jezikri se fòtrès pèsonèl nou, sekirite pou nanm nou. Lè granpapa m ak lòt zanmi pyonye l yo t ap bati Fò Heber la, yo te mete yon bwa alafwa jiskaske fò a te “byen kowòdone ansanm”29 epi yo te pwoteje. Se menmjan an avèk temwanyaj nou. Youn pa youn, nou akeri yon temwayaj nan men Sentespri a pandan l ap pale avèk lespri nou, ap anseye nou “laverite andedan fon kè nou.”30 Si nou viv levanjil Jezikri a, nou atire Ekspaysyon Sovè a sou nou epi nou avanse ak lafwa, san krent, n ap fòtifye kont riz advèsè a. Temwayaj nou konekte nou avèk syèl yo, epi nou gen benediksyon “verite tout bagay.”31 Epi, tankou yon ranpa, nou byen ansèkle nan bra lanmou Sovè a.

Pwofèt Etè te anseye: “Se poutèt sa, nenpòt moun ki kwè nan Bondye kapab reyèlman espere yon lemond ki pi bon; wi, menm yon plas a dwat Bondye; esperans sa a soti nan lafwa, li atache avèk nanm lèzòm, ki fè yo gen asirans epi yo rete fèm, pou yo fè bon zèv tout tan, pou yo bay Bondye laglwa.”32

Chè frè m ak sè m yo, m ap kite nou avèk benediksyon mwen pou nou ka avanse avèk konfyans nan Senyè a ak levanjil li a. Pase bra nou sou zepòl sa k ap trebiche yo epi, avèk fòs Lespri a ki andedan nou an, mennen yo retounen avèk amou nan fòtrès spirityalite ak pwoteksyon an. Chèche “pou nou menmjan ak Jezi”33 nan tout sa n ap fè, evite mal ak tantasyon, rete onèt nan kè nou, rete dwat ak pur, montre konpasyon ak charite, epi renmen Senyè Bondye nou an avèk devouman yon vrè disip.

Temwayaj nou konsènan levanjil Jezikri a, fwaye nou, ak apatenans nou nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ka fòtrès pwoteksyon pèsonèl nou k ap antoure nou ak pwoteje nou anba pouvwa malen an. Konsènan sa mwen rann temwayaj pèsonèl mwen, nan non Senyè nou ak Sovè nou an, Jezikri, amèn.