2010–2019
Pwòpte atravè repantans
Konferans Jeneral Avril 2019


Pwòpte atravè repantans

Gras ak plan Bondye a ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou ka pwòpte si nou suiv pwosesis repantans lan.

Nan mòtalite a, nou sijè anba lwa lèzòm ak lwa Bondye. M konn gen okazyon inabityèl pou m jije move konpòtman grav nan toulède lwa sa yo—antanke jij nan Lakou Siprèm Utah e kounyeya antanke yon manm Premye Prezidans Legliz la. Kontras ant lwa lèzòm ak lwa Bondye yo pèmèt mwen vin pi byen konn reyalite ak pouvwa Ekspyasyon Jezikri a. Selon lwa lèzòm, yon moun ki koupab pou krim ki pi grav yo gen dwa kondane pou prizon avi san posiblite pou l libere sou kondisyon. Men sa diferan anba plan mizèrikòd Pè Selès eman nou an. Mwen wè ke menm peche sa yo ka jwenn padon nan mòtalite a gras ak sakrifis ekspyatwa Sovè a pou peche tout moun ki gen yon kè brize ak yon lespri kontri” (2 Nefi 2:7). Kris la rachte, epi Ekspyason l lan reyèl.

Konpasyon eman Sovè nou an eksprime nan bèl kantik koral la fèk sot chante a.

Vini jwenn Jezi, l ap koute ou,

Menmsi w egare nan fènwa.

Lanmou l ap jwenn ou e jantiman mennen w retounen

Soti nuit ki pi fè nwa a vin nan limyè.1

Sakrifis ekspyatwa Jezikri a louvri pòt pou “tout gason ak fi repanti epi vin jwenn ni” (Doktrin ak Alyans 18:11; gade Mak 3:28; 1 Nefi 10:18; Alma 34:8, 16). Liv Alma a rapòte repantans ak padon menm pou moun sa yo ki te yon pèp si mechan ak sanginè yo (gade Alma 25:16; 27:27, 30). Mesaj mwen jodia se yon mesaj lespwa pou nou tout, menm pou moun ki pa manm Legliz la ankò akoz ekskominikasyon oubyen non yo yo retire. Nou tout se pechè ki ka pwòpte atravè repantans. “Repanti se pa yon bagay ki fasil,” Eldè Russell M. Nelson te anseye nan yon konferans avan sa a. “Men rezilta a vo pri a.”2

I. Repantans

Repantans kòmanse avèk Sovè nou an, e li se yon jwa, pa yon fado. Nan dènye devosyon Nwèl Premye Prezidans lan, Prezidan Nelson te anseye: “Vrè repantans se pa yon evenman.” Se yon privilèj enfini. Li fondamantal pou pwogresyon nou ak pou n gen lapè nan lespri, rekonfò, ak lajwa”3

N ap jwenn kèk nan pi gwo ansèyman Alma sou repantans yo nan diskou Alma a nan Liv Mòmon an adrese a manm Legliz la ki te nan apre vin dekri kòm moun ki te nan yon eta enkredilite grav,” [,,,] “gonfle kè [yo] avèk lògèy” epi “met kè [yo] nan larichès ak bagay san enpòtans mond lan;” (Alma 7:6). Chak manm nan Legliz retabli sa a gen anpil pou yo aprann nan ansèyman enspire sa yo.

Nou kòmanse pa lafwa nan Jezikri, paske “se limenm ki vin wete peche mond lan,” (Alma 5:48). Nou dwe repanti paske, jan Alma anseye a, “si nou pa repanti pa gen okenn jan n ap kapab eritye wayòm asyèl la.” (Alma 5:51). Repantans se yon pati esansyèl nan plan Bondye a. Paske nou tout t ap peche pandan eksperyans nou nan mòtalite a epi soti nan prezans Bondye, lòm pa t ap ka “sove” san repantans (Alma 5:31; gade Elaman 12:22 tou).

Yo te anseye sa depi nan kòmansman an. Senyè a te kòmande Adan: “Se sa ki fè, ansenye pitit ou yo sa, pou yo konnen tout moun ki tout kote dwe repanti, san sa yo p ap kapab eritye wayòm Bondye a nan okenn fason, paske okenn bagay ki pa pwòp pa kapab rete, oubyen rete nan prezans li” (Moyiz 6:57). Nou dwe repanti pou tout peche nou—tout aksyon oubyen inaksyon nou ki kontrè avèk kòmandman Bondye yo. Pa gen yon moun ki egzan. Yèswa, Prezidan Nelson te egzòte nou konsa: “Frè m yo, nou tout bezwen repanti.”4

Pou repantans ka pwòpte nou, nou dwe abandone peche nou yo epi konfese yo bay Senyè a ak jis li nan mòtalite a lè sa nesesè (gade Doktrin ak Alyans 58:43). Alma te anseye ke nou dwe “pwodui zèv lajistis” tou (Alma 5:35). Tout sa fè pati envitasyon ekriti yo toujou ba nou pou n vin jwenn Kris la.

Nou bezwen pran Sentsèn chak jou Saba. Nan òdonans sa a, nou fè alyans epi nou resevwa benediksyon ki ap ede nou simonte tout zak ak dezi ki anpeche nou atenn pèfeksyon Sovè a envite nou pou nou atenn nan (gade Matye 5:48; 3 Nefi 12:48). Si nou “debarase kò nou anba tout endiyite, e si nou renmen Bondye avèk tout pouvwa nou, panse nou, ak fòs nou”, “lè sa a gras li ap ase pou nou, pou nou kapab vin pafè nan Kris la atravè gras li” (Mowoni 10:32-33)> Ala yon pwomès! Ala yon mirak! Ala yon benediksyon!

II. Responsablite ak jijman mòtalite a

Youn nan objektif plan Bondye a pou eksperyans nan mòtalite sa a se pou “mete nou aleprèv” “pou wè si [nou] pral fè tout bagay Senyè Bondye [nou] an ap kòmande [nou]:” (Abraham 3:25). Kòm yon pati nan plan sa a, nou responsab devan Bondye ak devan sèvitè l chwazi yo, epi responsablite sa a enplike jijman nan men moun mòtèl ak jijman diven.

Nan Legliz Senyè a, jijman nan men moun mòtèl yo pou manm yo oubyen pou manm potansyèl yo fèt pa dirijan ki chèche direksyon divin. Responsablite yo se pou jije moun k ap chèche vin jwenn Kris yo pou yo ka benedisye pouvwa Ekspyasyon l lan sou chemen alyans ki mennen nan lavi etènèl la. Jijman moun mòtèl detèmine si yon moun pare pou batèm. Eske moun sa a diy pou yon rekòmandasyon tanp? Eske moun sa a ke yo te retire non l nan rejis Legliz yo repanti sifizaman atravè Ekspyasyon Jezikri a pou yo reyadmèt li atravè batèm?

Lè yon jij terès ki aple pa Bondye apwouve pou yon moun kontinye pwogrese, tankou gen aksè nan privilèj tanp yo, sa pa vledi ke l ateste ke moun nan pafè, ni li pa padone okenn peche. Eldè Spencer W. Kimball te anseye ke, lè yo fin “leve sanksyon” yon moun, moun sa a dwe chèche yon repantans definitif e li dwe jwenn ni nan men Bondye nan syèl la, paske se limenm sèlman ki ka bay absolisyon.”5 Epi, si yo kenbe aksyon ak dezi pechè yo san repantans jiskaske Jijman Final la rive, moun ki pa repanti yo ap rete san pwòpte. Responsablite final la, enkli efè pwòpte final repantans pote a, se yon bagay ant nou chak avèk Bondye.

III. Rezièksyon an ak Jijman Final la

Jijman yo dekri pi plis nan ekriti yo se Jijman Final la k ap suiv Rezirèksyon an (gade 2 Nefi 9:15). Anpil ekriti afime ke “Nou pral konparèt devan tribinal Kris la” (Women 14:10; gade 2 Nefi 9:15; Mozya 27:31) tou “pou n jije dapre zèv ki te fèt nan kò mòtèl la” (Alma 5:15; gade Revelasyon 20:12; Alma 41:3; 3 Nefi 26:4 tou). Tout moun pral jije “selon zèv yo” (3 Nefi 27:15) epi “selon dezi kè yo” (Doktrin ak Alyans 137:9; gade Alma 41:6 tou).

Bi Jijman Final sa a se pou detèmine si nou reyisi atenn sa Alma dekri kòm yon “gwo chanjman nan kè” nou (gade Alma 5:14, 26), kote nou vin tounen nouvo kreyati, epi “nou pa gen okenn dispozisyon pou nou fè mal ankò, men okontrè pou nou kontinye fè byen nètalkole” (Mozya 5:2). Jij final la se Sovè nou an, Jezikri (gade Jan 5:22; 2 Nefi 9:41 Tout moun pral konfese “ke jijman l yo jis” (Mozya 16:1; gade Mozya 27:31; Alma 12:15), paske omnisyans li (gade 2 Nefi 9:15, 20) ba l yon konesans pafè sou tout zak nou ak dezi nou, ni sa ki jis ni sa nou pa repanti pou yo yo ak sou moun ki pa repanti ni ki pa chanje yo.

Ekriti yo dekri pwosesiss Jijman Final sa a. Alma anseye ke jistis yon Bondye eman mande ke nan rezirèksyon an “tout bagay restore nan lòd pa yo” (Alma 41:2 Sa vle di ke “si zèv lèzòm te bon nan lavi sa a, epi si santiman kè yo te bon, ... pou yo kapab restore nan sa ki bon, nan dènye jou a.” (Alma 41:3 Menmjan tou, “si zèv yo [oubyen dezi kè yo] move, zèv yo ap restore pou yo pou sa ki mal” (Alma 41:4—5; gade Elaman 14:31 tou). Menmjan tou, pwofèt Jakòb te anseye ke nan Jijman Final la “moun ki jis yo ap toujou rete jis, e moun ki sal yo ap toujou rete sal” (2 Nefi 9:16; gade Mòmon 9:14; 1 Nefi 15:33 tou). Sa se pwosesis ki pral fèt anvan nou kanpe devan sa Mowoni rele “bon tribinal plezan gran Jewova a, jij Etènèl ni vivan yo ak mò yo.” (Mowoni 10:34; gade 3 Nefi 27:16 tou).

Pou asire nou ke n ap pwòp devan Bondye, nou dwe repanti anvan Jijman Final la (gade Mòmon 3:22). Jan Alma te di pitit gason pechè l la, nou pa kapab kache peche nou devan Bondye, “epi, si nou pa repanti y ap sèvi kòm temwayaj kont nou nan dènye jou a.” (Alma 39:8; italik ajoute). Ekspyasyon Jezikri a ba nou sèl mwayen pou nou atenn pite ki nesesè a atravè repantans, epi lavi mòtèl sa a se moman pou nou fè sa. Menmsi yo anseye nou ke gen yon repantans ki ka fèt nan mond dèzespwi a (gade Doktrin ak Alyans 138: 31, 33, 58), se pa osi sèten. Eldè Melvin J. Ballard te anseye: “Li pi fasil pou nou simonte ak sèvi Senyè a pandan lachè ak lespri a konbine ansanm fè youn nan. Se moman kote lèzòm pi maleyab ak pi enfliyansab. ... Lavi sa a se moman pou nou repanti.”6

Lè nou repanti, nou gen asirans Senyè a ke peche nou yo, enkli zak nou ak dezi nou, ap pwòpte epi dènye jij plen mizèrikòd nou an “p ap sonje yo ankò” (Doktrin ak Alyans 58:42; gade Ezayi 1:18; Jeremia 31:34; Ebre 8:12; Alma 41:6; Elaman 14:18–19 tou). Nou tout anvi gen lavi etènèl, ke Wa Benjamen dekri kòm “rete avèk Bondye nan yon eta bonè ki p ap janm fini” (Mozya 2:41; gade Doktrin ak Alyans 14:7 tou).

Nan akonplisman “plan restorasyon” Bondye a (Alma 41:2Rezirèksyon an ap restore “tout bagay … nan lòd pwòp ak pafè yo” (Alma 40:230. Sa enkli pèfeksyon tout enpèfeksyon ak malfòmasyon fizik nou devlope nan mòtalite a, enkli sa nan nesans yo oubyen pa maladi yo.

Eske restorasyon sa a ap pwòpte nou epi rann tout dezi spirityèl nou oubyen tout dezi oswa adiksyon enpi nou pa debarase nou yo pafè? Sa pa ka fèt. Yo anseye nou ke nou pral jije pou dezi nou osibyen ke aksyon nou (gade Alma 41:5; Doktrin ak Alyans 137:9) e menm panse nou ap kondane nou (gade Alma 12:4). Nou pa dwe “pranvwaye jou repantans [nou]” jiska lamò (Alma 34:33) paske, Alma anseye ke, menm lespri ki posede kò nou nan lavi sa a—keseswa lespri Senyè a oubyen lespri dyab la—“ap gen pouvwa pou posede kò nou nan mond etènèl la” (Alma 34:34). Sovè nou an gen pouvwa epi l pare pou l pwòpte nou anba mal. Kounyeya se moman pou nou chèche èd li pou n repanti pou dezi ak panse ki pa bon nou yo epi prepare nou pou n al kanpe devan Bondye nan Jijman Final la.

IV. Bra mizèrikòd li

Anlè plan Bondye a ak tout kòmandman l yo, gen amou li pou nou chak, ki se bagay ki “pi dezirab pase tout bagay … epi pa gen anyen ki kapab fè yon moun pi kontan pase sa” (1 Nefi 11:22–23). Pwofèt Ezayi te menm asire mechan yo ke si yo “retounen al jwenn Senyè a … l ap gen mizèrikòd pou yo … [ak] anpil padon” (Ezayi 55:7). Alma te anseye: “Gade, li voye yon envitasyon bay tout moun, paske bra mizèrikòd li lonje pou yo” (Alma 5:33; gade 2 Nefi 26:25–33 tou). Sovè a te di: “Gade, bra mizèrikòd mwen lonje banou, nenpòt moun ki vini m ap resevwa l” (3 Nefi 9:14 Nan ekriti sa yo ak nan anpil lòt ansèyman ekriti yo, nou konnen ke Sovè eman nou an louvri bra l pou l resevwa tout gason ak tout fi a kondisyon lanmou li preskri pou yo ka jwi pi gwo benediksyon Bondye genyen pou pitit li yo.7

Gras ak plan Bondye a ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, mwen temwaye avèk “yon esperans pafètman klè” ke Bondye renmen nou epi nou ka pwòpte pa pwosesis repantans lan. Yo pwomèt nou ke, “si [nou] kenbe fèm, nou fè yon festen ak pawòl Kris la, epi nou pèsevere jiska lafen, gade Papa a di: N ap gen lavi etènèl” (2 Nefi 31:20). Pou nou tout kapab fè sa, mwen priye, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Venez à Jésus! Il vous appelle,” Cantiques, no. 62.

  2. Gade Russell M. Nelson, Repantans ak Konvèsyon,” Liahona, Me 2007, 102.

  3. Russell M. Nelson, “Kat kado Jezikri ofri nou” (Devosyon Nwèl 2018 Premye Prezidans lan, 2 Des. 2018), broadcasts.ChurchofJesusChrist.org.

  4. Russell M. Nelson, “Nou ka fè pi byen e vin pi bon,” Liahona, Me 2019, 69.

  5. The Teachings of Spencer W. Kimball, ed. Edward L. Kimball (1982), 101.

  6. Melvin J. Ballard, nan , Melvin J. Ballard: Crusader for Righteousness (1966), 212–13.

  7. Gade Tad R. Callister, Ekspyasyon Enfini an (2000), 27–29.