2010–2019
Liv strateji Prètriz ou a
Konferans Jeneral Avril 2019


Liv strateji Prètriz ou a

Kreye pwòp liv strateji pa w sou fason w pral pwouve ke w se yon disip Kris la.

An Desanm dènye, Premye Prezidans lan te pibliye yon deklarasyon ki te anonse ke tigason 11 zan yo t ap “kòmanse ale … mam kowòm Prètriz Aawon yo … nan kòmansman Janvye ane y ap gen douzan an.”1

Kòm rezilta, pandan premye pati ane sa a, te gen anpil jèn onzan etone ki te panse yo t ap rete nan Primè jiska pwochen anivèsè yo men kounyeya yo twouve yo ap distribye Sentsèn kòm dyak ki fèk òdone nan Legliz la.

M ap mande m kiyès ki te pi etone pou chanjman sa a—nouvo dyak yo oubyen paran yo. Anpil nan prèske 80.000 nouvo dyak sa yo avèk nou la a aswè a nan bèl sant konferans sa a oubyen y ap patisipe gras ak byenfè teknoloji yo. Byenvni nan gran fratènite Prètriz la!

Chanjman sa a rann reyinyon sa a yon reyinyon istorik—se pwobableman pi gwo gwoup detantè Prètriz Arawon ki te janm asiste yon sesyon prètriz konferans jeneral. Poutèt okazyon spesyal sa a, m ap adrese remak mwen yo tou patikilyèman a jènjan Prètriz Arawon yo.

Leson nou aprann nan espò

Anplis nou se etidyan an, anpil nan nou devlope talan nou, enterè nou ak pastan nou gras avèk aktivite ekstra nan lekòl nou oubyen nan leson, ekip, ak gwoup prive andeyò lekòl nou, enkli espò.

Kòm mwen te toujou renmen espò pandan tout lavi m, mwen toujou admire moun ki devlope kapasite atletik yo nan pwen pou yo atenn nivo elve yo. Pou yon moun vin vrèman bon nan nenpòt bagay, anplis talan, sa mande gwo disiplin, sakrifis, ak pil èdtan san konte ap antre ne ak fè pratik. Atlèt sa yo souvan konn tande kèk kritik ki pafwa rèd nan men antrenè yo epi yo volontèman mete sa yo vle nan moman an akote pou yo ka gen yon bagay pi gran nan lefiti.

Nou konn manm Legliz ak detantè prètriz ki fè eksperyans siksè nan nivo ki pi wo nan spò pwofesyonèl yo. Gen anpil bèl egzanp, men m ap mansyone kèk grenn sèlman pou m pa pran twòp tan. Nou gen dwa rekonèt kèk nan atlèt sa yo: nan bezbòl, Jeremy Guthrie ak Bryce Harper; nan baskètbòl, Jabari Parker ak Jimmer Fredette; nan foutbòl, Ricardo Rojas; nan rugby, William Hopoate; epi nan foutbòl ameriken, Taysom Hill ak Daniel Sorensen. Yo chak pote gwo kontribisyon nan espò yo.

Pandan ke yo ekstrèmeman reyisi nan espò a, atlèt sa yo t ap premye moun pou rekonèt ke yo pa atlèt pafè ni èt imen ki pafè. Yo travay di pou yo ka pi bon nan espò yo a—epi yo viv levanjil la. Si yo tonbe, yo leve, epi yo eseye pèsevere jiskalafen.

Suiv liv strateji a

Nan yon espò pa ekip, yo elabore dè taktik pou kèk sitiyasyon nan je yo epi yo konpile yo pou fòme yon liv. Atlèt yo aprann wòl yo ak tach espesifik yo pou chak jwèt. Jwè ki reyisi yo etidye liv strateji a sitèlman ke, lè yo deside yon taktik, yo konnen egzakteman, prèske enstenktivman, ki kote pou yo ale ak sa pou yo fè.

Imaj
Antrenè avèk yon liv strateji

Foto pa Dave Kaup/REUTERS/stock.adobe.com

Imaj
Liv strateji

Nan menm fason an, noumenm detantè prètriz yo, nou gen yon ekip tou (yon kowòm) ak yon liv strateji (ekriti sent yo ak pawòl pwofèt vivan yo).

Èske nou ranfòse jwè parèy nou yo?

Èske nou byen etidye liv strateji nou an?

Èske nou totalman konprann tach nou?

Imaj
kowòm pretriz

Afwonte lopozisyon

Pou n pran analoji sa a pi lwen toujou, nou wè ke gran antrenè yo konn pwen fò ak feblès ekip yo osibyen pa ekip opoze a tou. Yo kreye yon plan jwèt ki ba yo pi bon chans pou yo pote laviktwa. E noumenm?

Nou konn devan ki tantasyon nou pi fèb, epi nou ka predi ki fason advèsè a pral eseye deraye nou ak demoralize nou. Èske nou kreye yon plan je pèsonèl ak liv strateji pou nou ka konn kijan pou nou reyaji lè nou anfas opozisyon?

Lè nou ekspoze anba plizyè kalite tantasyon moral—keseswa nan konpayi lòt moun oubyen lè nou poukont nou devan yon ekran—nou konn plan jwèt nou. Si yon zanmi sigjere nou pou nou bwè alkòl oubyen pou nou pran dwòg, nou konn ki taktik pou nou adopte. Nou te pratike l alavans epi nou konn kijan pou nou reyaji.

Avèk yon plan je, yon liv strateji, ak yon angajman fèm pou nou egzekite wòl nou, n ap vin wè tantasyon yo ap gen mwens kontwòl sou nou. N ap deja te gentan deside kijan nou pral reyaji ak kisa nou pral fè. Nou pa pral bezwen pran yon desizyon chak fwa nou konfwonte avèk tantasyon.

Youn nan Douz yo te rakonte yon istwa ki ilistre prensip sa a. Pandan l te yon prèt nan lekòl segondè, li t ap pase yon ti tan avèk kèk zanmi l. Apre yo te fin chèche yon bagay pou yo te manje, yo t ap kondui nan zòn nan lè yon moun te sigjere yo pou yo t al gade yon sèten fim. Pwoblèm nan sèke l te konnen se te yon fim li pa ta dwe gade. Malgre l te imedyatman santi presyon ak anksyete poutèt sitiyasyon an, li te prepare pou sa. Sa sete youn nan paj nan liv strateji prètriz li a.

Li te rale yon gwo souf epi l te sanble kouraj li epi l te di “Fim sa a pa enterese m. Jis depoze m lakay mwen,” epi yo te fè sa. Yon senp strateji te mennen nan yon viktwa! Dèzane apre, youn nan zanmi k te avèk li jou swa sa a te dekri kijan egzanp sa a te ba l gwo fòs pou l te kourajezman afwonte kèk sitiyasyon menmjan an nan lavi li.

Paj liv strateji a

M te mande kèk nan Frè yo pou yo rekòmande m kèk strateji pou nou mete nan liv nou an. Men kèk nan sigjesyon enspire yo:

  • Priye chak jou pou nou ka gen pi plis limyè ak yon temwayaj konsènan Jezikri.

  • Koute ansèyman paran nou ak dirijan Jènjan nou yo ak dirijan kowòm nou atantivman.

  • Evite pònografi ak bagay imoral nan medya sosyal yo.

  • Sonje pwomès nou te fè Bondye epi travay pou n kenbe yo.

  • Etidye istwa sou gran pwofèt yo nan ekriti yo epi efòse nou pou n imite bon kalite yo.

  • Beni pitit Pè Selès yo atravè sèvis.

  • Fè bon zanmi ki ap ede nou vin moun nou vle ye a.

  • Tounen yon ekspè nan app FamilySearch la epi chèche istwa familyal ou.

  • Planifye lye refij kote w ka chape anba enfliyans mal yo.

  • Renmen epi ede fòtifye lòt manm kowòm prètriz ou yo.

Mwen te kominike avèk kèk atlèt nou te wè foto yo talè a. Mwen twouve l enteresan ke yo pa idantifye tèt yo pa sa y ap fè, kòm atlèt pwofesyonèl, men pa kiyès yo ye,: pitit gason yon Pè Selès eman ak detantè prètriz Bondye a.

Kounyeya, annou koute sa yo panse:

  • Jimmer Fredette, kòm yon dyak la a k ap aprann mare kravat li, di: “Mwen aprann repoze m totalman sou konesans ak lafwa m genyen sou verasite levanjil la. Sa gide m pou m ka ... yon detantè prètriz diy epi anwo tout bagay—yon egzanp pozitif.”

    Imaj
    Jimmer Fredette antanke dyak
  • Bryce Harper, isit la kòm yon mari, ekri: “M te panse ke renome, richès, ak tit kòm meyè jwè t ap rann mwen kontan.” Men gen yon bagay ki te manke. Konsa, mwen ... te prepare m epi m t [ale] nan tanp. Kounyeya, m sou chemen pou m [retounen] al jwenn Papa m ki nan syèl la epi pou m gen yon fanmi etènèl—ki se pi gwo lajwa nan mond lan!”

    Imaj
    Bryce Harper ak madanm ni
  • Daniel Sorensen, kòm misyonè, di: “Yon bon liv strateji se yon plan ki itilize talan ak fòs chak manm nan ekip la. ...” Pandan m ap etidye ak pratike ansèyman levanjil Jezikri yo, m ka konn kijan pou m itilize fòs mwen pou m sèvi nan prètriz la.”

    Imaj
    Daniel sorensen kòm yon misyonè
  • Jeremy Guthrie, isit la k ap sèvi kòm prezidan misyon, te di: “Lè m te dyak douzan ,,, [Mwen te santi] Lespri a temwaye m [ke] ‘lavi sa a se moman ... pou nou prepare nou pou n rankontre Bondye.‘2 Strateji a se lafwa nan Bondye an aksyon [ak] repantans atravè Sovè a. ... Liv strateji a nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt vivan yo.”

    Imaj
    Jeremy Guthrie kòm yon prezidan misyon
  • Jabari Parker, isit la nan òdinasyon li nan ofis ansyen, di: “M pa t ka imajine kalite moun m t ap devni an si m pa t pran desizyon pou m te batize a. ... Mwen rekonesan anpil dèske m gen Bondye nan lavi m pou gide m chak jou.”

    Imaj
    Jabari Parker nan òdinasyon li nan prètriz la
  • Ricardo Rojas, isit la k ap sèvi kòm prezidan branch, di: “Gras ak prètriz [Bondye] a [nou] ka ede nan travay li a. Nou aple pou nou ‘fòtifye nou ak pran kouraj‘3 nan defann laverite.” Sa te ede m reyisi ni sou teren an ni antanke yon detantè prètriz.

    Imaj
    Ricardo Rojas kòm prezidan branch
  • Taysom Hill, isit la kòm misyonè, santi levanjil Jezikri a sèvi kòm liv strateji pou li nan lavi li. Li te pataje: “Kwè nan plan [Bondye] a ak fè tout posib mwen pou m ranpli wòl mwen te ban m yon gwo santiman lapè ak bonè nan lavi a, paske m konnen Bondye kontan pou efò mwen.”

    Imaj
    Taysom Hill kòm misyonè
  • William Hopoate, isit la nan benediksyon pitit li antoure pa kat jenerasyon, di ke levanjil la ede l “idantifye strateji lopozisyon epi ba l efikasite spirityèl pou l reziste devan flèch anflame yo ak pi byen sèvi lòt moun.”

    Imaj
    William Hopoate nan benediksyon tibebe a

E oumenm? Èske w rekonèt idantite kipi gran ak pi nòb ou kòm pitit Bondye, detantè sent prètriz li a? Avèk idantite etènèl sa a nan lespri w, prepare plan jwèt ou ak liv strateji ou k ap gen pou gide w nan moman tantasyon ak advèsite yo. Reflechi sou kèk strateji ofansif ak defensif.

Strateji ofansif ede ranfòse temwayaj nou e ogmante rezolisyon w pou w rete sou chemen etwat ak kwense a. Egzanp ki enkli priyè regilye, etid ekriti, ale Legliz, peye dim, ak suiv konsèy ki nan bwochi Pou fòs jèn yo

Strateji defansif yo enkli planifye alavans kijan w pral reyaji devan tantasyon. Lè w jwenn tantasyon pou konpwomèt prensip pèsonèl ou yo, w ap konnen davans kijan w pral reyaji.

Ou bezwen yon liv strateji pou sa.

Ou pa anvi priye jodia? Se moman pou w egzekite taktik sa w deja planifye a.

Èske w santi temwayaj ou ap febli? Ou gen yon taktik pou sa. Ou konn sa pou w fè.

Tou briyan nan je Bondye

Ou se detantè sent prètriz Bondye a. Angajman w pou w kenbe ba fè a fèm nan ap transfòme w pou w vin tounen èt etènèl ou te kreye pou w devni an.

Li konnen ou epi li renmen ou. Epi l ap beni w ak gide pa ou.

Ou gen dwa panse ke w pa gen anyen spesyal nan nou, ke w pa gen etòf yon chanpyon mondyal. Men se pa vre. Èske w pa konnen Bondye pwoklame: “Bagay fèb yo nan mond lan pral avanse pou kraze sa ki fò yo”?4

Donk, èske w santi w fèb? Felisitasyon, ou vin jwenn ekip ki pral kòmanse match la!

Èske w santi w pa enpòtan? Ou gen dwa se presizeman moun Bondye bezwen itilize a.

Imaj
David touye Golyat

Ki pi gwo egzanp ki genyen pase egzanp David k ap avanse sou chan batay la kont yon enmi efreyan an, Golyat. Apiye sou Senyè a, avèk yon plan jwèt ak liv strateji li, David te sove non sèlman tèt li men lame Izrayèl la tou.l!5 Konnen ke Bondye avèk ou lè w ap rasanble kouraj ou pou w nan kan Senyè a. “Si Bondye pou nou, kiyès ki ka kont nou?”6

Li ka louvri pòt epi ede nou jwenn fòs ak kapasite nou pa t janm konnen nou te genyen.7

Koute antrenè nou ka fè konfyans yo, tankou paran nou, evèk nou, ak dirijan Jènjan nou yo. Aprann liv strateji a. Li ekriti yo Etidye pawòl Pwofèt dènye jou yo. Kreye pwòp liv strateji pa w sou fason w pral pwouve ke w se yon disip Kris la.

Konnen alavans ki taktik ou pral itilize pou fòtifye lespri w ak evite pyèj advèsè a.

Fè sa epi Bondye ap itilize ou.

Kounyeya, gen dwa gen kèk moun ki detache yo de levanjil la epi yo egare. Gen kèk lòt ki chita nan tribin epi y ap gade match la delwen. Gen lòt ankò ki chwazi pou yo chita sou ban an, menmsi antrenè a eseye fè yo antre nan jwèt la . Mwen envite nou pou nou sekouri, sipòte, ak renmen yo kòm manm ekip nou an!

Gen lòt ki anvi patisipe nan jwèt la—e yo fè sa. Sa k pi konte se pa konbyen talan yo genyen men se kijan yo dispoze pou yo angaje yo sou teren an. Yo pa tann pou yo rele nimewo yo paske yo konn ekriti ki di “si w santi dezi pou w sèvi Bondye, ou aple nan travay la.”8

Ou ka antre nan ekip k ap jwe match la.

Ou fè sa lè w etidye liv strateji Prètriz ou a epi m mete l anpratik.

W ap gen pou w bite ak tonbe sou wout la—petèt anpil, anpil fwa. Ou pa pafè; ecèk fè pati pwosesis kalifikasyon ki pèmèt ou rafine pèsonalite w ak sèvi nan yon fason ki pi bon ak pi konpatisan. Sov↕ a ak Ekspyasyon enfini l lan bay mwayen pou simonte erènou yo atravè repantans sensè.

Gran spòtif yo pase dè santèn èdtan ap pèfeksyone yon t aspè nan jwèt yo a. Antanke detantè prètriz, ou bezwen gen menm eta despri sa a. Si w echwe, repanti epi anprann de sa. Antrene w pou w ka fè pi byen pwochèn fwa a. Alafen, sa depann de ou. Èske w aprann liv strateji a?

Mwen egzòte ou: Fè Senyè a konfyans. Mete tout zam Bondye yo sou ou,9 epi antre nan jwèt la.

Pa gen anpil moun ki vin tounen spòtif pwofesyonèl nan nivo elve, men nan sa k konsène disip yo, gen anpil egzanp.

Anfèt, sa se misyon w nan lavi sa a—aprann fason Senyè a, vin yon disip epi efòse w pou w viv konfòm ak plan Bondye a. Bondye ap soutni ou ak beni ou si w vire vin jwenn ni. Ou ka fè sa paske ou briyan nan je li.

Mwen priye pou w pran angajman pou w viv diy de sent prètriz la ou detni an epi efòse w pou w ranpli wòl sakre w la chak jou. Mwen beni w pou w ka gen kapasite ak dezi pou w fè sa. M ap ajoute temwayaj mwen sou pouvwa prètriz ou detni an, sou pwofèt vivan, ak sou Jezikri ak wòl li kòm Sovè nou ak Redanmtè nou, nan non Jezikri, amèn. Nan non Jezikri, Amèn.