2010–2019
Travay Misyonè: Pataje sa ki nan kè w
Konferans Jeneral Avril 2019


Travay Misyonè: Pataje sa ki nan kè w

Kèleswa kote ou ye sou tè sa a, gen anpil opòtinite pou w pataje bòn nouvèl levanjil Jezikri a.

Mwa pase a, Douz yo te jwenn envitasyon chè pwofèt nou an, Prezidan Russell M. Nelson, pou yo te vwayaje avèk li pou konsekrasyon Tanp Wòm nan nan Itali. Pandan vwayaj la, mwen te reflechi sou Apot Pòl ak vwayaj li yo. Nan epòk li a, pou soti Jerizalèm rive Wòm, sa te petèt dwe pran 40 jou. Jodia, nan youn nan avyon prefere m yo, li pran mwens pase 3 èdtan.

Savan nan Labib yo kwè ke Pòl te nan Wòm lè l te ekri anpil nan lèt li yo, ki te jwe yon wòl kle nan fòtifye manm legliz yo lèsa a menmjan ak jodia.

Pòl ak lòt manm yo nan ansyen legliz la, Sen Premye Jou yo te entimeman abitye avèk sakrifis. Anpil nan yo te sibi gwo pèsekisyon, menm jis yo te mouri.

Nan 200 ane k sot pase yo, manm legliz retabli Jezikri a, Sen Dènye Jou yo te sibi pèsekisyon sou plizyè fòm tou. Men, malgre pèsekisyon sa a (epi pafwa akoz de li), Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo kontinye grandi epi kounyea nou jwenn ni tout kote nan mond lan.

Gen anpil pou nou fè toujou

Sepandan, anvan nou konfeksyone yon gato, kòmanse selebre, epi felisite tèt nou pou siksè remakab sa a, nou ta dwe eseye mete pwogresyon sa a nan pèspektiv li.

Gen apeprè sèt milya edmi moun nan mond lan, konpare avèk kèk 16 milyon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo—yon ti twoupo tou piti anreyalite.1

Antretan, kantite kwayan Kretyen nan anpil pati nan mond lan ap diminye.2

Menm nan legliz retabli Senyè a—byenke globalman kantite manm yo kontinye ap ogmante—gen twòp manm ki pa reklame benediksyon ki soti nan patisipasyon regilye nan legliz la.

Nou ka di tou, kèlkeswa kote nou ye sou tè a, gen anpil opòtinite pou pataje bòn nouvèl3 levanjil Jezikri a avèk moun nou rankontre, moun n ap etidye avèk yo, viv, oubyen travay, oswa sosyalize avèk yo.

Pandan ane k sot pase a, mwen te gen opòtinite ekstraòdinè pou m te pwofondeman enplike nan aktivite travay misyonè legliz la nan tout mond lan. Mwen te souvan medite ak priye osijè gwo responsablite Sovè a bay disip li yo: “Se poutèt sa, ale, epi anseye tout nasyon yo, batize yo nan non Papa a, ak Pitit la, ak Sentespri a.”4

Mwen te reflechi anpil sou kesyon sa a: “Kijan noumenm, kòm manm ak disip Kris la, pi byen ranpli gwo responsablite sa a nan lavi nou chak jou?”

Jodia m ap envite nou pou n medite sou menm kesyon sa a nan kè nou ak nan lespri nou.5

Yon don pou travay misyonè

Dirijan yo nan legliz la te mete aksan nan klewonnen mesaj sa a: “Chak manm se yon misyonè!” pandan danpil deseni.6

Manm Legliz Jezikri yo—nan tan pase yo osibyen ke nan epòk pa nou an—pataje levanjil la avèk antouzyas ak lajwa avèk zanmi yo ak moun yo konnen. Kè yo chofe anba temwyaj yo sou Jezikri, epi yo sensèman vle pou lòt moun fè eksperyans menm lajwa yo jwenn nan levanjil Sovè a.

Kèk manm nan legliz la sanble gen yon don pou sa. Yo renmen pou yo se anbasadè levanjil la. Yo bravman e jwayezman sèvi ak dirije travay la kòm manm misyonè.

Sepandan, gen kèk lòt nan nou ki gen plis ezitasyon. Lè y ap diskite sou travay misyonè nan reyinyon legliz yo, gen tèt ki bese lantman jiskaske yo disparèt dèyè ban an, gen je ki fikse sou ekriti yo oubyen ki fèmen nan gwo meditasyon pou evite je yo tonbe nan je lòt manm.

Poukisa sa rive? Petèt nou santi nou koupab paske nou pa fè plis pou n pataje levanjil la. Petèt nou santi nou pa konn kijan pou nou fè sa. Oubyen nou gen dwa santi nou timid pou n soti nan zòn konfò nou.

Mwen konprann sa.

Men sonje, Senyè a pat janm mande ekspè ni moun pafè nan efò misyonè yo. Okontrè, “Senyè a mande yon kè ak yon lespri byen dispoze.”7

Si w deja ap fè travay misyonè ak kè kontan, tanpri kontinye, epi toujou rete bon egzanp pou lòt moun. Senyè a ap beni ou.

Men, si w santi ke w ap trenen pye w nan sa ki gen pou wè ak pataje mesaj levanjil la, kite m sigjere senk bagay nenpòt moun ka fè pou patisipe nan gwo responsablite Sovè a bay pou ede rasanble Izrayèl la?

Senk sigjesyon senp

Premyèman, rapwoche pi pre Bondye. Premye ak pi gran kòmandman an se renmen Bondye.8 Sa se rezon prensipal egzistans nou sou tè a. Mande tèt ou: “Èske m vrèman kwè nan Pè Selès la?

“Èske m renmen l ak mete konfyans nan li?”

Plis ou rapwoche w de Pè Selès la, se plis limyè ak lajwa li ap briye andedan ou. Lòt moun yo ap remake ke gen yon bagay unique ak espesyal nan ou. Epi yo va poze w kesyon sou sa.

Dezyèmman, ranpli kè w avèk lanmou pou lòt moun. Sa se dezyèm gran kòmandman an.9 Eseye vrèman wè chak moun ki bò kote w kòm yon pitit Bondye. Rann yo sèvis pastoral—san konsidere si non yo parèt sou lis frè oswa sè ki sou lis sèvis pastoral ou.

Ri avèk yo. Rejwi avèk yo. Kriye avèk yo. Respekte yo. Geri yo, sipòte yo epi fòtifye yo.

Fè efò pou w suiv modèl lanmou Kris la epi gen konpasyon pou lòt moun—menm moun ki pa janti avèk ou, ki pase w nan betiz epi ki chèche fè w ditò. Renmen yo epi trete yo kòm pitit Pè Selès la.

Twazyèmman, fè efò pou nou mache sou chemen disip la. Plis lanmou nou pou Bondye ak pou pitit li yo ap vin pi pwofon, se plis angajman nou pou n suiv Jezikri ap grandi tou.

N ap aprann konsènan fason li nan fè festen ak pawòl li yo epi koute ak aplike ansèyman pwofèt ak apot modèn yo. N ap vin gen plis konfyans ak kouraj pou nou suiv chemen li si nou kominike avèk Pè Selès la avèk yon kè ki dispoze pou resevwa ansèyman.

Mache sou chemen disip la mande pratik—chak jou, tikras pa tikras, “gras apre gras,”10 “liy apre liy.”11 Pafwa de pa annavan epi yon pa annaryè.

Sa k pi enpòtan an se pa abandone; kontinye eseye fè l byen. N ap finalman vin pi bon, pi kontan, ak pi otantik. Pale avèk lòt moun sou lafwa nou ap vin yon bagay nòmal ak natirèl. Anfèt, levanjil la ap vin tounen yon pati si tèlman esansyèl ak presye nan lavi nou ke nw ap wè l pa nòmal pou nou pa pale lòt moun de li. Sa gen dwa pa rive imedyatman—se yon efò tout yon lavi. Men sa ap rive.

Katriyèmman, pataje sa k nan kè nou. Mwen pa mande pou nou kanpe nan yon boutkwen lari avèk yon megafòn epi resite byenfò vèsè nan Liv Mòmon an. Sa m ap mande nou se pou nou toujou chèche opòtinite pou nou pale de lafwa nou nan kontak natirèl ak nòmal nou avèk moun—ni anpèsòn ni sou entènèt. M ap mande pou nou “kanpe kòm temwen”12 pouvwa levanjil la tout tan—epi lè sa nesesè, louvri bouch nou.13

Paske “levanjil Jezikri a … se pouvwa Bondye pou sali,” nou ka gen konfyans, kouraj, ak imilite lè na p pataje li.14 Konfyans, kouraj, ak imilite gen dwa sanble ke yo se kalite ki kontradiktwa, men se pa vre. Yo reflete envitasyon Sovè pou nou pa kache valè ak prensip levanjil yo anba yon tab men pou nou fè limyè nou briye, pou bon zèv nou yo ka glorifye Papa nou ki nan Syèl la.15

Gen anpil fason nòmal ak natirèl pou nou fè sa, soti nan aksyon jantiyès kontidyen rive nan temwayaj pèsonèl sou YouTube, Facebook, Instagram, oswa Twitter oubyen nan senp konvèsasyon avèk moun nou rankontre. Ane sa a, n ap etidye Nouvo Testaman an nan fwaye nou ak nan Lekòldidimanch. Ala yon bèl opòtinite pou nou envite zanmi ak vwazen vin legliz la ak lakay nou pou yo vin aprann konsènan Sovè avèk nou. Pataje app Bibliyotèk Levanjil la avèk yo, kote yo ka jwenn Vini, Suiv Mwen an. Si nou konnen kèk jèn ak fanmi yo, ba yo bwochi Pou Fòs Jèn yo epi envite yo pou yo vini epi wè kijan jèn nou yo ap fè efò pou yo viv prensip sa yo.

Si yon moun poze kesyon sou wikenn nou, pa ezite pale l de eksperyans nou te fè nan legliz la. Pale l de timoun yo ki te kanpe devan kongregayon an epi ki te chante avèk antouzyas sou kijan y ap eseye vini tankou Jezi. Pale l de gwoup jèn yo ki te pase tan ap ede moun aje nan mezon retrèt yo konpile istwa pèsonèl yo. Pale l de chanjman resan yo nan orè reyinyon Dimanch nou yo ak kijan sa beni fanmi nou. Oubyen eksplike l poukisa nou mete aksan pou di ke sa se Legliz Jezikri a epi nou se Sen Dènye Jou tou kòm manm yo nan Legliz primitif la ki te pote non Sen tou.

Nan nenpòt fason ki sanble natirèl ak nòmal pou ou, fè moun yo konnen poukisa Jezikri ak Legliz li a enpòtan pou ou. Envite yo pou yo “vini epi wè.”16 Apresa, ankouraje yo pou yo vini epi ede. Gen anpil opòtinite pou moun ede nan Legliz nou an.

Priye non sèlman pou misyonè yo jwenn eli yo. Priye chak jou ak tout kè nou pou nou ka jwenn moun ki ka vini epi wè, vini epi ede, epi vini epi rete. Kontinye mete misyonè aplentan yo okouran. Yo se tankou zanj, yo pare pou ede!

Lè n ap pataje bòn nouvèl la, fè sa avèk lanmou ak pasyans. Si nou gen entèraksyon avèk moun nan sèl objektif pou yo rapidman mete yon rad blan epi mande direksyon fonbatismo ki pi pre a, nou pa p fè travay la byen.

Kèk nan moun ki vini epi ki wè yo, petèt, pap janm antre nan Legliz la; gen kèk k ap fè sa nan apre. Sa se chwa pa yo. Men sa pa chanje lanmou nou pou yo. Epi sa pa chanje efò antouzyas nou pou nou kontinye envite moun ak fanmi pou yo vini epi wè, vini epi ede, epi vini epi rete.

Senkyèmman, gen konfyans ke Senyè a ap akonpli mirak li. Konprann ke se pa djòb nou pou n konvèti moun. Sa se wòl Sentespri a. Wòl pa nou se pataje sa k nan kè nou epi viv an konfòmite avèk kwayans nou.

Konsa, pa dekouraje si yon moun pa aksepte mesaj levanjil la imedyatman. Sa se pa yon echèk pèsonèl.

Sa se ant moun nan ak Pè Selès la.

Travay nou se renmen Bondye ak pwochen nou.

Kwè, renmen, aji.

Suiv chemen sa a, epi Bondye ap konpli mirak atravè noumenm pou beni pitit presye l yo.

Senk sigjesyon sa yo ap ede nou fè sa disip Jezikri yo te toujou fè depi nan ansyen tan yo. Levanjil ak Legliz li a se yon pati enpòtan nan lavi nou epi yo fè pati moun nou ye a ak sa nou fè. Se poutèt sa, envite lòt moun pou yo vini epi wè ak pou yo vini epi ede, epi Bondye ap akonpli travay sali l a, epi y ap vini epi rete.

Men e si sa difisil?

Nou gen dwa di “Men e si m fè tout sa epi moun yo pa reyaji byen? E si yo gen kritik konsènan Legliz la? E si yo gate zanmi avèk mwen?”

Wi, sa ka rive. Depi nan ansyen tan yo, disip Jezikri yo te souvan sibi pèsekisyon.17 Apot Pyè te di: “Rejwi …pandan n ap pataje soufrans Kris yo.”18 Premye Sen sa yo te rejwi “paske moun te twouve yo diy pou yo te soufri imilyasyon pou non li.”19

Sonje, Senyè a aji nan fason misterye. Se gen dwa gras ak reyaksyon kretyèn ou fas ak rejè ke yon kè andiis ka vin adousi.

Antanke Apot Senyè a, Jezikri, mwen beni nou pou n ka gen konfyans ki nesesè pou n ka yon temwen vivan sou prensip levanjil yo, avèk kouraj pou yo toujou rekonèt nou kòm yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, avèk imilite pou n ka patisipe nan travay li a kòm yon ekspresyon lanmou nou pou Pè Selès la ak pou pitit li yo.

Chè zanmi m yo, nou pral rejwi pou n konnen nou se yon pati enpòtan nan rasanbleman Izrayèl ki te predi depi lontan an, pou nou prepare vini Kris la nan “pouvwa ak gwo laglwa; avèk tout anj sen yo.”20

Pè Selès la konnen nou. Senyè a renmen nou. Bondye ap beni nou. Se li ki te òdone travay sa a. Nou ka fè sa. Nou ka fè l ansanm.

Konsènan sa m temwaye nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gran pwofèt Nefi te wè nan vizyon ke malgre Legliz Mouton Bondye a ta pral repann “sou tout sifas tè a,” akoz mechanste nan mond lan anjeneral “chif yo [ta pral] minim” (1 Nefi 14:12gade tou Lik 12:32

  2. Paegzanp, yon dènye etid pa Sant rechèch Pew a te wè ke nan Etazini, “pousantaj adilt (laj 8 ak pi gran) ki dekri tèt yo kòm Kretyen te diminye de prèske yuit pousan nan sèlman sèt ane, soti nan 78.4% an… 2007 pou rive nan 70.6% an 2014. Pandan menm peryòd la, pousantaj Ameriken ki dezafilye yo ak relijyon—ki dekri tèt yo kòm ate, san kwayans oswa oswa ‘anyen an patikilye’— ogmante rive nan plis pase sis pwen, soti 16.1% rive 22.8%” (“America’s Changing Religious Landscape,” Pew Research Center, Me 12, 2015, pewforum.org/2015/05/12/americas-changing-religious-landscape).

  3. Mo levanjil la vledi “bòn nouvèl.” Bòn nouvèl la sèke Jezikri te akonpli yon Ekspyasyon pafè ki ap rachte tout limanite anba lanmò epi rekonpanse chak moun dapre zèv yo. Ekspyasyon an te kòmanse depi lè l te deziyen nan mond premòtèl la, li te kontinye nan eksperyans li nan mòtalite a, epi l te abouti avèk Rezireksyon li nan laglwa. Rejis biblik sou lavi li nan mòtalite a, ministè l, ak sakrifis li a rele Levanjil selon Matye, Mak, Lik, ak Jan.

  4. Matye 28:19.

  5. “Anverite ma p di nou, zanmi mwen yo, m ap kite pawòl sa yo avèk nou pou nou medite nan kè nou” (Doktrin ak Alyans 88:62).

    “Men, gade, m di ou, ke ou dwe etidye l nan panse ou; apre sa ou dwe mande m si se jis, epi si se jis, m ap fè pwatrin ou chofe andedan w; se konsa, ou ap konnen li byen.” (Doktrin ak ALyans 9:8).

  6. Prezidan David O. McKay te ankouraje “chak manm [pou yo se] yon misyonè” lè l t ap prezide sou Misyon Ewopeyen an ant 1922–24, epi li te pataje menm mesaj sa a avèk Legliz la nan konferans jeneral depi nan ane 1952 (gade “‘Moto Chak Manm yon Misyonè’ a kanpe fèm jodia,” Church News, 20 Fev. 2015, ChurchofJesusChrist.org/church/news/-every-member-a-missionary-motto-stands-firm-today).

  7. Doktrin ak Alyans 64:34.

  8. Gade Matye 22:37–38.

  9. Gade Matye 22:39

  10. Doktrin ak Alyans 93:12

  11. Ezayi 28:10.

  12. Mozya 18:9.

  13. Yo souvan di se Sen Francois D’Assise ki te fè refelksyon sa a; gade Jan 10:36–38 tou.

  14. Women 1:16.

  15. Gade Matye 5:15–16.

  16. Jan 1:46; italik ajoute.

  17. Gade Jan 15:18.

  18. 1 Pyè 4:13; Vèsyon Anglè Standard la; gade vèsè 1–19 tou pou plis enfòmasyon sou fason moun k ap suiv Kris yo ta dwe konsidere soufrans yo sibi pou levanjil la.

  19. Travay 5:41.

  20. Doktrin ak Alyans 45:44.