2010–2019
Kowòm nan: Yon lye kote nou tout gen plas nou
Konferans Jeneral Avril 2019


Kowòm nan: Yon lye kote nou tout gen plas nou

Senyè a t ap renmen pou nou etabli yon kowòm solid. Pandan l ap rasanble pitit li yo, yo bezwen yon lye kote yo santi yo nan plas yo pou yo pwogrese.

An 2010, Andre Sebako te yon jèn gason ki t ap chèche laverite. Malgre li pa t janm fè yon priyè sensè anvan, li te deside pou l te eseye. Tousuit apresa, li te rankontre misyonè yo. Yo te ba l yon kat avèk yon foto Liv Mòmon an. Andre te santi yon bagay epi l te mande si misyonè yo te vle vann ni liv la. Yo te di l yo t ap ba l liv la gratis si l te vin legliz.1

Andre te ale poukont li nan nouvo banch ki te fèk kreye a, ki te rele Branch Mochudi, nan Bostwana, an Afrik. Men branch la sete yon branch ki te gen yon gwoup 40 moun ki te solid e ini ansanm.2 Yo te akeyi Andre ak bra louvri. Li te pran leson misyonè yo epi l te batize. Sa te bèl!

Men, e apre? Kijan Andre ta pral rete aktif? Kiyès ki ta pral ede l pwogrese sou chemen alyans lan? Yon repons pou kesyon sa a se kowòm prètriz li!3

Chak detantè prètriz, kèlkeswa sitiyasyon li, benefisye nan yon kowòm solid. Jèn frè m yo ki detni Prètriz Aawon an, Senyè a vle pou nou etabli yon kowòm solid, yon kote chak jènjan santi yo nan plas yo, yon kote Lespri Senyè a prezan, yon kote tout manm nan kowòm nan santi yo byenveni epi yo apresye yo. Pandan Senyè a ap rasanble pitit li yo, yo bezwen yon kote ki akeyi yo epi pou yo pwogrese.

Chak manm prezidans kowòm yo montre wout la pandan n ap chèche enspirasyon 4 ak devlope lanmou ak fratènite pami manm kowòm yo. Nou veye patikilyèman sou moun ki se nouvo manm yo, ki mwens aktif yo, oubyen ki gen bezwen espesyal yo.5 Avèk pouvwa prètriz la, n ap bati yon kowòm solid.6 Epi, yon kowòm solid ki ini fè tout diferans la nan lavi yon jenòm.

Lè Legliz la te anonse nouvo pwogram aprantisaj levanjil santre sou fwaye a,7 gen moun ki te panse avèk manm tankou Andre epi yo te mande: “E jèn sa yo ki soti nan sitiyasyon familyal kote pa gen etid levanjil ak kote pa gen yon anviwònman pou aprann ak viv levanjil la nan fwaye a? Eske n ap kite yo dèyè?”

Non! Nou pa ka kite okenn moun dèyè! Senyè a renmen chak jènjan ak chak jènfi. Noumenm, kòm detantè prètriz, nou se men Senyè a. Nou se sipò Legliz la pou efò santre sou fwaye sa yo. Lè gen sipò limite nan fwaye a, kowòm prètriz yo ak lòt dirijan ak zanmi yo veye sou chak moun ak chak fanmi e ba yo sipò si nesesè.

Mwen konn wè sa deja. Mwen te viv li. Lè m te gen sizan, paran m te divòse epi papa m te kite manman m avèk senk timoun piti. Manman m te kòmanse travay pou l te ka okipe nou. Li te oblije pran yon dezyèm djòb pandan yon tan, an menm tan l te reprann etid li. Li pa t gen anpil tan pou l te okipe nou. Men, granparan, tonton, matant, evèk, ak enstriktè nan fwaye te mete men pou ede manman m.

Epi m te gen yon kowòm. Mwen rekonesan pou zanmi m yo—frè mwen—ki te renmen m ak sipòte mwen. Kowòm mwen an sete yon kote m te santi m nan plas mwen. Gen moun ki te petèt panse ke m pa t ap gen anpil chans pou m te reyisi akoz sitiyasyon familyal mwen. Petèt se te vre. Men, kowòm prètriz yo te chanje bagay sa a. Kowòm mwen te antoure m epi yo te beni lavi m anpil anpil.

Gen anpil moun bò kote nou ki nan menm sitiyasyon sa a. Petèt nou tout gen dwa nan sa yon fason oswa yon lòt. Men, nou chak ki la a gen yon kowòm, yon kote nou ka resevwa fòs ak pote fòs. Kowòm nan se “tout pou youn e youn pou tout.”8 Se yon kote nou youn enstwi lòt, sèvi lòt, epi bati inite ak fratènite pandan n ap sèvi Bondye.9 Se yon lye kote mirak rive.

Mwen ta renmen pale nou de kèk mirak ki te rive nan kowòm Andre a nan Mochudi. Pandan m ap pataje egzanp li a, gade prensip ki fòtifye chak kowòm prètriz ki aplike yo.

Apre Andre te fin batize, li te akonpaye misyonè yo lè yo t ap anseye kat lòt jèn gason, ki te vin batize tou. Kounyeya, te gen senk jènjan. Yo te kòmanse fòtifye youn lòt ak branch la.

Yon sizyèm jenòm, Thuso, te vin batize. Thuso te pataje levanjil la avèk twa zanmi, epi byenvit, yo te vin nèf moun.

Disip Jezikri yo souvan reyini nan fason sa a—kèk grenn alafwa, ke zanmi yo envite. Nan ansyen tan an, lè Andre te jwenn Sovè a, li te kouri al jwenn frè l Simon epi l “te mennen l bay Jezi.”10 Menmjan tou, tousuit apre Filip te vin yon disip Sovè a, li te envite zanmi l Natanayèl pou l te “vin wè.”11

Nan Mochundi, yon dizyèm jenòm te vin rantre nan Legliz la tousuit apre. Misyonè yo te jwenn onzyèm nan. Epi 12zyèm nan te batize lè l te vin wè efè levanjil la sou zanmi l yo.

Manm nan Branch Mochudi yo te kontan anpil. Jenòm sa yo te “konvèti nan Senyè a, epi yo te ... ini nan legliz la.”12

Liv Mòmon an te jwe yon wòl siyifikan nan konvèsyon yo.13 Thuso sonje: “M te kòmanse li Liv Mòmon an ... chak fwa m te lib, lakay mwen, nan lekòl, toupatou.”14

Oratile te vin nan levanjil la akoz egzanp zanmi l yo. Li eksplike: “[Se] kòmsi yo te chanje nan yon batje. ... M te panse sa te ... gen pou wè avèk ti ... liv la yo te kòmanse pote tout kote ... nan lekòl la. Mwen te ka wè ki kalite bon moun yo te devni. ... [M] te vle chanje tou.”15

Imaj
Branch Muchodi a

Tout 12 jènjan sa yo te rasanble epi yo te batize nan lespas dezan youn apre lòt. Yo chak sete sèl manm Legliz la nan fanmi yo. Men, fanmi Legliz la te ba yo sipò, enkli Prezidan Rakwela,16 prezidan branch yo a; Eldè ak Sè Taylor,17 yon koup misyonè senyò; ak lòt manm branch yo.

Frè Junior,18 yon dirijan kowòm nan, te konn envite yo lakay li lè Dimanch aprèmidi epi l te ba yo konsèy. Yo te etidye ekriti yo ansanm epi yo te fè sware familyal regilyèman.

Imaj
Vizite manm yo

Frè Jinyò te konn mennen yo al vizite manm, moun misyonè yo t ap anseye, ak tout lòt moun ki te bezwen vizit. Tout 12 jènjan sa yo te konn anpile dèyè machin Frè Jinyò a. Li te konn depoze yo pa gwoup de oswa twa lakay moun yo epi l te vin chèche yo nan apre.

Malgre jènjan sa yo te fèk ap aprann levanjil la epi yo pa t santi yo te konn anpil bagay, Frè Jinyò te mande yo pou yo te pataje youn oubyen de bagay yo te konnen avèk moun yo t ap vizite yo. Jèn detantè prètriz sa yo te anseye, priye, ak ede veye sou Legliz la.19 Yo te ranpli responsablite prètriz yo epi yo te fè eksperyans lajwa ki genyen nan sèvi.

Imaj
Gwoup frè yo

Andre te di: “Nou te konn jwe ansanm, ri ansanm, kriye ansanm, epi vin kreye yon lyen fratènite.”20 Anfèt, yo te rele tèt yo “Gwoup Frè yo.”

Ansanm yo te fikse bi pou yo tout t al sèvi misyon. Paske yo sete sèl manm nan fanmi yo, yo te gen anpil obstak pou yo te simonte, men youn te ede lòt travèse yo.

Youn apre lòt, jènjan sa yo te resevwa apèl misyon yo. Sa k te pati anvan yo te konn ekri lèt voye bay sa k t ap prepare yo, pou yo te pataje eksperyans yo ak ankouraje yo pou yo sèvi. Onz nan jènjan sa yo te sèvi misyon.

Yo te pataje levanjil la avèk fanmi yo. Manman, sè, frè, zanmi, osibyen ke moun yo te anseye nan misyon yo, te konvèti epi batize. Mirak te fèt epi anpil lavi te beni.

M ka tande kèk nan nou k ap panse ke petèt yon mirak konsa ka rive sèlman nan yon kote tankou Afrik, yon chan fètil kote rasanbleman Izrayèl la ap avanse. Men, mwen temwaye nou ke prensip yo te aplike nan Branch Mochudi a, yo vrè toupatou. Kèlkeswa kote nou ye, kowòm nou an ka grandi atravè aktivasyon ak pataje levanjil la. Lè menm youn nan disip yo lonje lamen bay yon zanmi, youn ka vin tounen de. De ka vin tounen kat. Kat ka vin tounen yuit. Epi yuit ka vin tounen douz. Branch yo ka vin tounen pawas.

Imaj
Pawas Muchodi

Sovè a te anseye: “Kote de oubyen twa reyini nan non mwen, ... gade, m ap la nan mitan yo.”21 Papa nou ki nan syèl la ap prepare lespri ak kè moun ki bò kote nou. Nou ka suiv enspirasyon yo, lonje yon men amitye, pataje verite a, envite lòt moun pou li Liv Mòmon an, ak renmen yo ak sipòte yo pandan y ap vin konnen Sovè nou an.

Sa fè prèske 10 zan depi Gwoup Frè nan Mochudi yo te kòmanse vwayaj yo a ansanm nan, epi yo toujou rete yon gwoup frè.

Katlego te di: “Distans ka petèt separe nou, men nou youn toujou la pou lòt.”22

Priyè mwen se pou nou aksepte envitasyon Senyè a pou nou ini avèk li nan kowòm prètriz nou yo pou ke chak kowòm ka yon lye apatenans, yon lye rasanbleman, yon lye k ap grandi.

Jezikri se Sovè nou, epi sa a se travay li. Konsènan sa m temwaye nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Mark ak Shirley Taylor, comp., Gwoup Frè yo (Istwa konvèsyon ak temwayaj Branch Mochudi, 2012–2013), 4, Bibliyotèk Istwa Legliz la, Salt Lake City.

  2. Korespondans pèsonèl, Letanang Andre Sebako, Band of Brothers resource files, 2011–19, Bibliyotèk Istwa Legliz la, Salt Lake City.

  3. Prezidan Boyd K. Packer te di: “Lè yon moun detni prètriz la, li apatni a yon bagay ki pi gran pase tèt li. Se yon bagay li pa ka kontwole, yon bagay li ka angaje l totalman” ” (“Le cercle des soeurs,” Ensign, Nov. 1980, 109–10).

  4. Prezidan Russell M. Nelson te eksplike kijan pou nou chèche revelasyon epi apre sa l te di: “Pandan n ap repete pwosesis sa a jou apre jou, mwa apre mwa, ane apre ane, n ap pwogrese nan prensip revelasyon an” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou,” Liahona, Me 2018, 95; gade tou Enseignements des présidents de l‘église: Joseph Smith [2007], 132).

  5. Gade Manyèl Enstriksyon 2: Administrasyon Legliz la (2010), 8.3.2.

  6. Gen lòt moun ki ede tou, enkli manm episkopa yo ak konsiltan yo. Eldè Ronald A. Rasband te di ke youn nan benefis reyòganizasyon Kowòm Prètriz Mèlkisedèk yo, yo te anonse 31 Mas 2018 la, se pou “pèmèt evèk la delege plis responsablite bay prezidan kowòm ansyen ak Sosyete Sekou yo pou evèk la ak konseye l yo ka konsantre sou responsablite prensipal yo—patikilyèman prezide sou jènfi yo ak jènjan Prètriz Aawon yo” (“Gade! Yon lame wayal,” Liahona, Me 2018, 59). Zanj yo ap ede tou. Detantè Prètriz Aawon yo gen kle ministè zanj yo (gade Doktrin ak Alyans 13:1gade Dale G. Renlund ak Ruth Lybbert Renlund tou, Prètriz Melkisedèk la 2018], 26). Eldè Jeffrey R. Holland te di: “Abityèlman, nou pawè zanj yo. Pafwa nou wè yo. Men, ke nou wè yo oubyen nou pa wè yo, yo toujou tou pre. Pafwa tach yo grand anpil epi l gen yon enpòtans pou tout mond lan. Pafwa mesaj yo pi pèsonèl. Sa ka rive ke vizit yon zanj se pou avèti. Men, pi souvan, bi li se pou rekonfòte, pote yon atansyon plen mizèrikòd, ak gidans nan moman difisil” (“Ministè zanj yo,” Liahona, Nov. 2008, 29). Si nou bezwen kalite èd sa a, nou ka “mande, epi n ap resevwa” (Jan 16:24).

  7. Gade Russell M. Nelson, “Diskou ouvèti,” Lyawona,Nov. 2018, 7–8.

  8. Gade Alexandre Dumas, Les Trois Mousquetaires (1844).

  9. Gade Manyèl 2, 8.1.2.

  10. Gade Jan 1:40–42.

  11. Gade Jan 1:43–46.

  12. 3 Nefi 28:23.

  13. Gade D. Todd Christofferson, “Pouvwa Liv Mormon an” (mesaj ki te bay nan seminè pou nouvo prezidan misyon yo, 27 Jen, 2017).

  14. Thuso Molefe, nan Taylor, Gwoup Frè yo, 22.

  15. Oratile Molosankwa, nan Taylor, Gwoup Frè yo, 31–32.

  16. Lucas Rakwela, Mochudi, Botswana.

  17. Mark ak Shirley Taylor, Idaho, USA.

  18. Cilvester Junior Kgosiemang, Mochudi, Botswana.

  19. Gade Doktrin ak Alyans 20:46–47, 53, 54.

  20. Korespondans pèsonèl, Letanang Andre Sebako, band of Brothers resource files.

  21. Doktrin ak Alyans 6:32.

  22. Katlego Mongole, nan “2zyèm jenerasyon Gwoup Frè yo” (konpilasyon ki pa pibliye), 21.