2010–2019
Prepare pou Jwenn Tout Bagay Ki Nesesè
Konferans Jeneral Avril 2019


Prepare pou Jwenn Tout Bagay Ki Nesesè

Mwen temwaye ke benediksyon sa yo ap vini pandan nou ap fè efò pou nou akonpli responsablite endividyèl nou pou nou aprann ak renmen levanjil retabli Jezikri a.

Pwogram ak aktivite Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap vin santre sou fwaye ak jwenn sipò Legliz la plis ke jan sa te janm ye, jan bann ajisteman yo te anonse nan dènye konferans jeneral yo pwouve a. Prezidan Russel M. Nelson ba nou konsèy sa a: “Gen plis toujou ki gen pou vini. … Manje grenn vitamin nou yo. Repoze nou. Sa pral enteresan.”1

Mwen priye pou sa e mwen envite Sentespri a ede m pandan nou ap reflechi ansanm sou plizyè enplikasyon fondamantal ajisteman san rete sa yo nan Legliz Senyè a.

Yon aprantisaj levanjil ki santre sou fwaye ak ki jwenn sipò pa Legliz la

Èldè Craig C. Christensen te konpayon m resamman nan yon konferans dirijan prètriz, e li te sèvi avèk de kesyon senp pou l te met aksan sou prensip pou vin santre sou fwaye ak sipòte pa Legliz la. Li te sigjere ke olye nou retounen lakay nou apre reyinyon Legliz la nan dimanch epi mande: “Kisa nou te aprann konsènan Sovè a ak levanjil Li a jodi a nan Legliz la?” nou ta dwe mande nan reyinyon nou yo nan Legliz la: “Kisa nou te aprann konsènan Sovè a ak levanjil Li a semèn sa a lakay nou?” Bon obsèvans Jou Saba a, nouvo korikoulòm lan ak orè reyinyon ki ajiste a, tout bagay sa yo ede nou aprann levanjil lakay nou tankou nan legliz la.

Chak manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo gen yon responsablite endividyèl pou yo aprann ak viv ansèyman Senyè a epi pou yo resevwa pa otorite apwopriye a òdonans sali ak egzaltasyon yo. Nou pa ta dwe atann pou Legliz la kòm òganizasyon anseye oswa di nou tout bagay nou bezwen konnen ak tout bagay nou dwe fè pou nou vin tounen disip devwe epi pèsevere avèk vanyans jiska la fen.2. De preferans, responsablite pèsonèl nou se pou nou aprann sa nou dwe aprann, pou nou viv jan nou konnen nou dwe viv la epi pou nou vin tounen moun Mèt la ta renmen nou vin tounen an. Epi fwaye nou se pi gwo kote pou nou aprann, viv, epi vin tounen.

Lè l te timoun, Joseph Smith te aprann konnen Bondye nan fanmi l. Efò l yo pou l dekouvri volonte Bondye pou li te lakoz Joseph chèche laverite pami anpil denominasyon Kretyen diferan, sonde ekriti yo dilijamman, epi priye Bondye sensèman. Kòm jèn timoun Joseph Smith te retounen lakay li lè l te sot nan Boskè Sakre a imedyatman apre aparisyon Papa a ak Pipit Gason an. se a manman l li te premye pale. Epi pandan li “te apiye sou chemine a, manman [l] te mande l ki pwoblèm li. [Joseph] te reponn, “Pa deranje w, tout bagay byen—m ase byen.” Epi apre sa, [li] te di manman [l], “M te aprann pou tèt pa m.”3 Eksperyans Joseph la bay yon modèl aprantisaj puisan ke nou chak ta dwe imite. Noumenm tou nou bezwen aprann pou tèt nou.

Bi prensipal plan Papa Nou ki Nan Syèl la se pou pitit Li yo vin plis sanble avèk Li. Se poutèt sa, Li ba nou opòtinite endispansab pou nou grandi ak pwogrese. Enpòtans angajman nou pou aprann ak viv selon laverite ap ogmante nan yon mond ki “an boulvès”4 e ki gen plis konfizyon ak mechanste ke jan l te janm ye anvan. Nou pa kapab atann nou senpleman pou nou asiste reyinyon Legliz la ak patisipe nan pwogram yo epi konsa resevwa tout edifikasyon espirityèl ak pwoteksyon ki ap pèmèt nou reziste nan move jou a.5

“Paran yo gen yon devwa sakre pou yo elve pitit yo nan lanmou ak ladwati.”6 Dirijan enspire Legliz la, enstriktè yo, ak aktivite yo ede chak moun ak chak fanmi nan efò yo pou yo grandi espirityèlman. E menm si nou tout bezwen èd pou nou al pi devan sou wout alyans lan pi pwo responsablite pou devlope fòs espirityèl ak andirans lan repoze sou nou chak.

Sonje kijan Nefi, pitit gason pwofèt Leyi a, te gen dezi pou l te wè, tande, ak konnen pou tèt pa l pa pouwa Sentespri a bagay papa l te aprann nan vizyon pyebwa lavi a. Li klè ke Nefi te bezwen egzanp ak ansèyman “bon paran” l yo e bagay sa yo te beni l nan jenès li.7 Epoutan, menm jan avèk Joseph Smith, li te aspire pou l te aprann ak konnen pou tèt pa l.

Si tout sa noumenm oswa mwenmen konnen konsènan Jezikri ak levanjil retabli L la se sa lòt moun anseye oswa di nou, enben se sou sab fondasyon temwayaj nou konsènan Limenm ak travay gloriye L la nan Dènye jou yo bati.8 Nou pa kapab konte sèlman sou limyè levanjil ak konesans ki soti nan lòt moun oswa prete bagay sa yo nan men yo-- menm si yo se moun ke nou renmen e ke nou fè konfyans.

Pwofèt Joseph Smith te anseye chak Sen Dènye Jou nan yon fason ki plen siyifikasyon ke yo bezwen konprann pou tèt pa yo “motif ak bi Bondye ki fè nou te vini nan mond lan.”9

Èske nou ta kapab li ak konprann tout sa ki te ekri depi nan tan Adan sou relasyon lòm avèk Bondye ak anj yo nan eta ki gen pou vini, nou ta dwe konnen? Nou tap konnen yon vyep tikras bagay sou sa. Li eksperyans lòt moun oswa revelasyon yo, resevwa pap janm kapab pèmèt nou konprann kondisyon nou ak vrè relasyon nou avèk Bondye. Nou kapab jwenn konesans bagay sa yo sèlman pa eksperyans gras a òdonans Bondye ki tabli pou bi sa a.10

Pèmèt akonplisman gwo objektif espirityèl sa a pou chak grenn moun ak fanmi yo se youn nan rezon fondamantal ki fè pwogram ak aktivite Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo vin pi santre sou fwaye e ki jwenn sipò Legliz la espesyalman nan sezon sa a nan dispansasyon plenitid tan yo.

Enplikasyon Aprantisaj Ki Santre sou Fwaye e ki Jwenn Sipò Legliz la

Kite m rezime kèk enplikasyon fondamantal konsènan aprantisaj levanjil ki vin pi santre sou fwaye e ki jwenn sipò Legliz la.

Pi gwo sant fòmasyon misyonè a se lakay nou li ye; nou jwenn sant fòmasyon misyonè segondè yo nan Pwovo, Maniy, Vil Meksik, ak lòt kote. Klas lekòl di dimanch ki pi enstriktif yo ta dwe etid endividyèl ak familyal nou kote nou rete a; yo fè klas lekòl di dimanch ki itil men segondè yo chapèl yo.

Sant istwa familyal yo kounyeya se lakay nou yo ye. Sipò an plis pou travay rechèch istwa familyal nou disponib tou nan chapèl yo.

Klas preparasyon pou tanp ki pi enpòtan yo fèt nan fwaye nou yo; moun kapab fè klas preparasyon pou tanp ki enpòtan men segondè yo nan chapèl yo regilièman apre yon sèten tan.

Fè fwaye nou yo tounen sanktyè kote nou kapab “kanpe nan plas ki sen”11 endispansab nan dènye jou sa yo. Epi menm jan aprantisaj levanjil ki santre sou fwaye e ki jwenn sipò Legliz la enpòtan anpil pou fòs espirityèl nou ak pwoteksyon nou jodi a, l ap vin pi vital toujou nan tan ki gen pou vini an.

Aprantisaj ak Preparasyon pou Tanp Ki Santre sou Fwaye e ki Jwenn Sipò Legliz la

Sivouplè, reflechi sou kijan prensip “santre sou fwaye ak jwenn sipò Legliz la” aplike a preparasyon endividyèl nou ak diyite nou pou nou resevwa òdonans ak alyans sakre nan kay Senyè a.

Vrèman vre, preparasyon pou tanp pi efikas nan fwaye nou Men anpil manm Legliz pa si de kisa moun kapab di ak sa yo pa kapab di konsènan eksperyans tanp lan deyò tanp lan.

Prezidan Ezra Taft Benson te dekri poukisa ensètitid sa a egziste.

“Tanp lan se yon kote sakre, e òdonans yo nan tanp lan gen yon karaktè sakre. Akozde de karaktè l, pafwa nou ezite pou nou di pitit nou ak pitit pitit nou anyen konsènan tanp lan.

Kòm konsekans, anpil moun pa devlope a yon dezi reyèl pou yo ale nan tanp lan, oswa lè yo ale nan tanp lan, yo fè sa san yo pa genyen anpil fòmasyon pou yo prepare yo pou obligasyon ak alyans yo ap fè a.

“Mwen kwè yon konpreyansyon oswa yon fòmasyon kòrèk ap ede nou anpil anpil pou nou prepare jèn nou yo pou yo ale nan tanp lan … [epi] sa ap fasilite nan yo yon dezi pou yo chèche benediksyon prètriz yo menm jan Abraram te chèche pa l yo.”12

De liy fondamantal kapab ede nou reyalize konpreyansyon kòrèk Prezidan Benson te souliye a.

Liy Gid #1. Paske nou renmen Senyè a, nou ta dwe toujou pale de kay sen L lan avèk reverans. Nou pa dwe devwale oswa dekri senbòl espesyal ki asosye avèk alyans nou resevwa nan seremony tanp sakre yo. Nou pa dwe diskite tou enfòmasyon sen ke nou pwomèt nan tanp lan ke nou pap devwale yo.

Liy Gid #2 Tanp lan se kay Senyè a. Tout bagay nan tanp lan fè nou panse a Sovè nou an, Jezikri. Nou kapab diskite bi fondamantal ak doktrin ak prensip ki asosye avèk òdonans ak alyans tanp yo.

Prezidan Howard W. Hunter te konseye: “An nou pataje avèk timoun nou yo sansasyon espirityèl nou genyen nan tanp lan. Epi an nou anseye yo yon fason pi serye ak pi konfòtab bagay nou kapab di san pwoblèm konsènan bi kay Senyè a.”13

Atravè jenerasyon yo soti nan Pwofèt Joseph Smith pou rive nan Prezidan Russell M. Nelson, dirijan Legliz la anseye anpil bi doktrinal òdonans ak alyans tanp yo.14 Gen yon rezèvwa resous rich ki egziste sou fòm dokiman ekri, odyo, videyo ak lòt fòma pou ede nou aprann konsènan òdonans inisyasyon, dotasyon, maryaj, ak lòt òdonans sèlman.15 Enfòmasyon konsènan jan pou nou suiv Senyè a nan resevwa ak onore alyans pou nou respekte lwa obeyisans lan, lwa sakrifis la, lwa levanjil la, lwa chastete a ak lwa konsekrasyon an disponib tou.16 Tout manm Legliz la dwe vin familye avèk materyèl ekselan ki disponib nan temples.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
temples.churchofjesuschrist.org

Prezidan Russell M. Nelson te met aksan sou balans vital ant nati sakre seremoni tanp yo ak enfòmasyon valab konsènan tanp yo ki egzak, apwopriye, ak disponib piblikman ke Legliz la pibliye. Li eksplike: “Mwen rekòmande pou manm yo … li antre yo nan Diksyonè Bib la ki gen rapò avèk tanp lan, tankou ’Onksyon,,’ ’Alyans,’ ’Sakrifis,’ ak ’Tanp.’ Ou gen dwa vle li Egzòd, chapit 26-29, ak Levitik, chapit 8. Menm jan sa fèt nan liv Moyiz ak Abraram nan Pèl Gran Pri a, Ansyen Testaman an souliye ansyènte travay tanp ak karaktè pèmanan òdonans li yo.”17

Imaj
videyo vètman sakre tanp yo

Konsa, imajine ke pitit gason w oswa pitit fi w la poze kesyon sa sa a: “Yon moun nan lekòl te me di m ke moun mete abiman etranj nan tanp lan. Èske se vre?” Gen yon videyo kout ki disponib sou churchofjesuschrist.org/tanp ki pote tit “Vètman sakre tanp.” Resous ekselan sa a eksplike kijan depi depi nan tan ansyen yo gason ak fi te anbrase mizik sakre, fòm priyè diferan, abiman relijye senbolik, jès ak rityèl pou eksprime santiman pi pwofon yo konsènan devosyon an Bondye. Konsa, Legliz la sipòte preparasyon pou benediksyon gloriye tanp lan ki santre sou fwaye a atravè enstriksyon fondamantal ak resous remakab videyo sa a. Gen anpil enfòmasyon itil ki disponib pou ou.18

Pandan nou ap fè efò pou nou mache nan dousè Espri Senyè a,19 nou ap konprann ak reyalize nan fwaye nou balans nesesè ant sa ki apwopriye ak sa ki apwopriye ak sa ki pa apwopriye pou nou diskite konsènan òdonans ak alyans tanp sakre a.

Pwomès ak Temwayaj

Mwen sispèk ke kèk nan nou kapab ap mande tèt nou si aprantisaj levanjil nou kapab vin santre sou fwaye ak jwenn sipò Legliz la. Petèt, ou se sèl manm Legliz la lakay ou, oswa ou gen yon mari/madanm ki pa sipòte w, oswa yon paran selibatè, oswa w ap viv pou kont ou kòm yon Sen Dènye Jou selibatè ou divòse, e ou kapab gen kesyon sou kijan prensip sa yo aplike a oumenm. Ou kapab se yon mari ak yon madanm, youn ap gade lòt epi w ap mande: “Èske nou ka fè sa?”

Wi, ou kapab fè sa! Mwen pwomèt ke benediksyon ki pou rann sa posib ap vide sou ou epi y ap evidan nan lavi w. Gen pòt ki pral ouvri. Limyè a pral briye. Kapasite w pou pèsevere avèk dilijans ak pasyans pral ogmante.

Mwen temwaye ke benediksyon sa yo ap vini pandan nou ap fè efò pou nou akonpli responsablite endividyèl nou pou nou aprann ak renmen levanjil retabli Jezikri a. Nou kapab vrèman “prepare pou nou jwenn tout bagay ki nesesè.”20 Mwen pwomèt sa e mwen temwaye sa nan non sakre Senyè a Jezikri, amèn.