2010–2019
Chèche Konesans pa mwayen Lespri a
Konferans Jeneral Avril 2019


Chèche Konesans pa mwayen Lespri a

Nou dwe aprann disène laverite non sèlman atravè rezonman lojik nou men atravè ti vwa dous Lespri a tou.

Chè frè m ak sè m yo, Senyè a toujou mande nou pou nou “chèche konesans pa letid epi pa lafwa.”1 Nou ka resevwa limyè ak konpreyansyon non sèlman atravè rezònman lojik lespri nou men atravè gidans ak enspirasyon Sentespri a tou.

Sous konesans adisyonèl sa a pat toujou fè pati lavi m.

Chè madanm mwen Irene, avèk mwen, te vin manm Legliz la lè nou te fèk marye sa gen 31 an. Nou toulède te grandi nan Kolonbi, men kèk mwa aprè maryaj nou, karyè m te mennen nou al viv an Almay. Nou te trè jèn epi nou te gen anpil espwa ak atant; se te yon epòk espesyalman pasyonan epi trè bon pou nou.

Imaj
Sè Held ak Eldè Held

Pandan m tap konsantre m sou karyè m, Irene te santi ke nou tap resevwa yon mesaj ki soti nan syèl la, san li pat konnen kijan oubyen kilè. Se konsa, li te kòmanse kite tout kalite vandè ki tap pase de pòt an pòt ak ansiklopedi, aspiratè, liv kizin, aparèy pou kizin, ak lòt ankò rantre lakay nou, paske li te toujou ap tann mesaj espesyal sa a.

Yon jou swa li te di m ke de gen jèn gason ak kostim sonb ki te frape pòt nou epi li te santi yon enpresyon ki te trè klè ak espesifik pou kite yo rantre. Yo te di ke yo te vle pale l de Bondye men yo tap retounen ankò lè mwen te nan kay la tou. Èske sa te kapab mesaj ke nou tap tann nan?

Yo te kòmanse vizite nou, epi avèk enstriksyon yo, nou te li nan ekriti yo epi nou te vin konprann gwo enpòtans Jezikri kòm Sovè ak Redanmtè nou. Avan lontan nou te regrèt ke nou te batize lè nou te ti bebe, sa ki pat yon alyans volontè. Sepandan, vin batize ankò ta vle di tou nou vin manm nouvo Legliz sa a, se konsa, dabò nou te vrèman bezwen konprann tout bagay konsènan Legliz la.

Men kijan pou nou te fè konnen si sa misyonè yo tap di nou yo konsènan Liv Mòmon an, Joseph Smith, ak plan sali a tout te reyèlman vrè? Ebyen, nou te konprann nan pawòl Senyè a ke nou te kapab “rekonèt yo dapre fwi yo”2 Se konsa, nan yon fason trè sistematik, nou te kòmanse ekzamine Legliz la pandan nou tap chèche fwi sa yo avèk je lespri rasyonèl nou yo. Kisa nou te wè? Ebyen, nou te wè:

  • Moun janti ak moun ki kontan ak fanmi mèveye ki te konprann ke nou destine pou genyen lajwa nan lavi sa a men pa sèlman soufrans ak mizè.

  • Yon legliz ki pa genyen yon klèje ki touche men youn kote manm yo yomenm aksepte ak responsabilite.

  • Yon legliz kote Jezikri ak fanmi yo nan sant tout bagay, kote manm yo jene yon fwa pa mwa epi yo bay don pou ede pòv yo ak moun ki nan nesesite yo, kote yo ankouraje abitid ki bon pou lasante, kote yo ansenye nou pou evite sibstans ki danje yo.

Anplis:

  • Nou te renmen anfaz sou kwasans pèsonèl la, sou edikasyon, sou travay di ak otonomi an.

  • Nou te aprann konsènan bèl pwogram imanitè a.

  • Konferans jeneral yo avèk bèl mizik ak prensip espirityèl pwofon yo te pataje ladan yo te enpresyone nou.

Lè nou wè tout bagay sa yo, nou pat kapab jwenn okenn fay nan Legliz la. Okontrè, nou te renmen tout bagay nou te wè yo anpil. Men menm lè sa a, nou toujou pat kapab deside pou nou te batize paske nou te vle konnen tout bagay anvan nou te fè sa.

Men, menm nan endesizyon nou an, Senyè a te prepare nou avèk pasyans, Li te modle nou, epi Li te ede nou dekouvri ke nou ta dwe aprann disène laverite non sèlman atravè rezonman nan lespri nou men tou atravè ti vwa ki trankil la Lespri a, ki pale espesyalman ak kè nou.

Vwa sa ak santiman ki te soti ladan l te vini yon jou swa aprè 10 mwa ke nou tap aprann levanjil la, lè nou te li nan Mozya 18: “etandone nou vle … youn pote chay lòt, … konsole moun ki bezwen konsolasyon, … si se dezi kè nou, kisa ki anpeche nou batize nan non Senyè a?”3

Pasaj sa a nan Liv Mòmon an te rantre nan kè nou ak nan nanm nou, epi toudenkou nou te santi ak konnen ke pa genyen okenn rezon pou nou pat batize. Nou te reyalize ke dezi ki te mansyone nan vèsè sa yo se te volonte kè nou epi bagay sa yo se yomenm ki te vrèman enpòtan. Yo te pi enpòtan pase konprann tout bagay paske nou te gentan konnen ase. Nou te toujou konte sou èd yon Pè Selès ki renmen nou epi nou te gen konfyans Li tap kontinye gide nou.

Se konsa, nan menm jou sa a, nou te fikse yon dat pou batèm nou, epi avan lontan nou te batize, finalman!

Imaj
Batèm Eldè ak Sè Held

Kisa nou te aprann nan eksperyans sa a?

Premyeman, nou te aprann ke nou kapab konplètman fè konfyans a yon Pè Selès ki renmen nou, ki toujou ap eseye ede nou pou vini tounen moun ke Li konnen nou kapab vin tounen an. Nou te konfime verite pwofon pawòl Li yo lè Li te di: “Mwen pral bay pitit lezòm yo liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon, ti mòso isit, ti mòso lòtbò; epi moun ki koute enstriksyon ak konsèy mwen yo beni …, paske yo pral aprann lasajès; paske moun ki resevwa, m pral ba yo plis.”4

Epi dezyèmman, nou te aprann, anplis de rezonman lespri pa nou, yon lòt dimansyon pou nou jwenn konesans kapab ba nou direksyon ak konpreyansyon. Sa se ti vwa trankil ak vwa dous Sentespri L la ki tap pale ak kè nou ansanm ak lespri nou tou.

Mwen renmen konpare prensip sa avèk kapasite vizyèl nou. Papa nou ki nan Syèl la te ba nou pa sèlman yon sèl, men de je fizik. Nou kapab wè nòmalman avèk yon sèl je, men dezyèm je a ba nou yon lòt pèspektiv. Lè toulède pèspektiv yo melanje ansanm nan sèvo nou yo, yo pwodui yon imaj ki gen twa dimansyon konsènan antouraj nou yo.

Menm jan an, yo te ban nou de sous enfòmasyon, atravè kapasite fizik ak kapasite espirityèl nou. Lespri nou pwodui yon pèsepsyon atravè sans fizik nou yo epi tou atravè rezonman nou. Men gras a don Sentespri a, Papa a ba nou tou yon dezyèm pèspektiv, ki se reyèlman sa ki pi enpòtan ak pi vrè a, paske li soti dirèkteman nan Limenm. Men, paske souvan chichotman Lespri a sibtil, anpil moun pa vrèman okouran de sous adisyonèl sa a.

Lè de pèspektiv sa yo melanje nan lespri nou yo, yon imaj konplè montre reyalite bagay yo jan yo vrèman ye a. An reyalite, atravè pèspektiv adisyonèl Sentespri a, kèk “reyalite,” lè yo reprezante sèlman atravè konpreyansyon mantal nou, kapab sanble bagay ki la pou twonpe nou oubyen ki pa bon ditou. Sonje pawòl Moroni yo: “Pa pouvwa Sentespri a nou kapab konnen verite nan tout bagay.”5

Pandan 31 lane m yo kòm manm Legliz la, anpil fwa mwen te fè eksperyans ki montre ke si nou konte sèlman sou rezonman lespri nou epi nou nye oswa neglije konpreyansyon espirityèl la nou kapab resevwa atravè chichotman ak enpresyon Sentespri a, se kòm si nou ta nan lavi a avèk yon sèl je. Men, si nap pale nan sans figire, nou te resevwa “de je” an reyalite. Se sèlman konbinezon de fason pou wè sa yo ki kapab ban nou vrè imaj ak imaj konplè tout verite yo ak tout bagay nou eksperimante nan lavi nou, menm jan ak konpreyansyon total ak konpreyansyon pwofon idantite nou ak bi nou kòm pitit yon Pè Selès ki vivan.

Mwen sonje sa Prezidan Nelson te ansenye sa gen yon lane lè li te di konsa “nan jou ki ap vini yo, li pap posib pou siviv espirityèlman san èd, direksyon, konsolasyon, ak enfliyans konstan Sentespri a.”6

Mwen vin konnen avèk sètitid absoli ke—

  • Nou genyen yon Papa nan Syèl la ki renmen nou, epi nou tout te dakò pou nou vini sou tè sa a kòm sa fè pati plan diven an.

  • Ke Jezi se Kris la; Lap viv epi Li se Sovè ak Redanmtè m.

  • Mwen konnen ke Joseph Smith, yon tigason enb nan yon fèm, te resevwa apèl epi te vin tounen pwofèt puisan ki te kòmanse sa, dispansasyon plenitid tan yo, avèk tout kle, pouvwa, ak otorite prètriz sen Bondye a.

  • Mwen konnen ke Liv Mòmon an se yon dezyèm temwayaj Jezikri e ke fanmi yo destine pou yo rete ansanm pou toutan.

  • Epi mwen konnen ke se Senyè nou an, Jezikri, ki ap dirije sa a, Legliz retabli L la, atravè pwofèt vivan nou an, Prezidan Russell M. Nelson jodi a.

Sa yo ak anpil lòt verite presye te vin tounen blòk bilding espirityèl sa Bondye ap ede m vin tounen an. Epi map tann anpil lòt ansèyman ke Li toujou vle mwenmenm -ak oumenm- resevwa pandan nou ap fè chemen nou nan vi mèveyei sa a epi ’7aprann … pa etid epi tou pa lafwa.”

Mwen konnen bagay sa yo vrè epi mwen rann temwayay sou yo nan non Jezikri, amèn.