2010–2019
Mouton Bondye a
Konferans Jeneral Avril 2019


Mouton Bondye a

Jezikri aple mouton l yo nan vwa l ak nan non li. Li chèche nou e l rasanble nou. Li anseye nou kijan pou nou sèvi nan lanmou.

Chè frè m ak sè m yo, èske nou janmgen pwoblèm pou nou dòmi epi nou eseye konte mouton imajinè? Pandan mouton yo ap vole anlè yon klot, nou konte: 1, 2, 3, … 245, 246, … 657, 658 …1

Nan ka pa m, konte mouton pa fè dòmi pran m. Mwen pè pou m pa rate youn oubyen pèdi youn, epi sa kenbe m reveye.

Avèk tigason nèje a ki te vin wa a, nou deklare:

“Senyè a se bèje mwen, m pa p manke anyen.

“Li fè m repoze nan bon patiraj, li mennen nan bèl sous dlo pezib.

“Li rafrechi nanm mwen.”2

Imaj
Vitray Bon Bèje a

Nan sezon Pak sa a, nou selebre Bon Bèje a, ki se Mouton Bondye a tou. Pami tout tit divin ni yo, okenn lòt pa gen plis tandrès ni pi siyifikatif pase sa a. Nou aprann anpil nan referans Sovè a te bay de tèt li kòm Bon Bèje a ak nan temwayaj pwofetik sou li kòm Mouton Bondye a. Wòl ak senbòl sa yo youn konplete lòt anpil—kiyès ki ka pi byen sekouri chak mouton presye pase Bon Bèje a, epi, kiyès ki pi byen Bon Bèje nou pase Mouton Bondye a.

“Paske Bondye te sitèlman renmen lèzòm li te bay sèl Pitit gason li a pou yo” epi Sèl Pitit Gason l la te bay lavi l paske l te dispoze pou obeyi Papa li.3 Jezi te di: “Mwen se bon bèje a, e m konnen mouton m yo, e yo menm tou yo konnen mwen.”4 Mwen gen pouvwa pou m bay li, mwen gen pouvwa pou m resevwa l ankò.5 Ini avèk Papa li, Sovè nou an beni nou nan fason unique, antanke Bon Bèje nou epi antanke Mouton Bondye a.

Jezikri aple mouton l yo nan vwa l ak nan non li. Li chèche nou e l rasanble nou. Li anseye nou kijan pou nou sèvi nan lanmou. Ann konsidere twa tèm sa yo, kòmanse avèk li rele nou nan vwa l ak nan non lan.

Premyèman, Bon Bèje a “rele mouton l yo pa non yo. … M konn vwa li.”6 Wi, e l ap rele nou nan non pa l, ki se non Kris la.”7 Apresa, diskite sou s ayo jwenn yo epi pataje egzanp sou sa k envie yo pou o “fè byen, epi renmen Bondye, ak sèvi li”8 Lè nou etidye, medite, ak priye; lè nou renouvle sentsèn ak alyans tanp nou yo regilyèman; epi si nou envite tout moun pou vin nan levanjil li a ak òdonans li yo, n ap koute vwa li.

Prezidan Nelson anseye nou pou n rele Legliz la pa non kòrèk li, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.9 Senyè a di: “Se poutèt sa, tout sa w ap fè, fè l nan non mwen; se poutèt sa, nou dwe bay legliz la pote non mwen; epi nou dwe priye Papa a nan non mwen pou l kapab beni legliz la poutèt mwen.”10 Nan tout mond lan, nan kè nou ak nan fwaye nou, nou priye Papa a nan non Jezikri. Nou rekonesan pou bèl benediksyon sa a pou nou adore, etidye levanjil la ak fè bon jan aktivite ki santre sou fwaye a e sipòte pa Legliz la.

Dezyèmman, Bon Bèje a chèche nou epi l rasanble nou fè yon sèl twoupo. Li mande: “Sipoze yonn nan nou gen san (100) mouton. Si l’ pèdi yonn ladan yo, èske li p’ap kite katrevendisnèf lòt mouton yo nan dezè a, pou li al dèyè sak pèdi a, jiskaske l jwenn ni?”11

Sovè nou an lonje lamen bay sa k pèdi a ak 99 la, souvan an menm tan. Lè n ap fè sèvis pastoral, nou dwe sonje katrevendiznèf ki solid yo, menm pandan n ap chèche sa ki egare a. Senyè nou an chèche nou e l delivre nou nan tout kote,”12 “nan kat kwen tè a.”13 Li rasanble nou pa yon sent alyans ak san ekspyasyon l.14

Sovè a te di disip li yo nan Nouvo Testaman an: “M gen lòt mouton ki pa nan patiraj sa a.”15 Nan Amerik yo, Senyè resisite a te temwaye bay pitit alyans Leyi yo: “Nou se brebi mwen.”16 Epi li te di yo l te gen lòt brebi toujou ki t ap gen pou tande vwa li.17 Ala yon benediksyon Liv Mòmon an ye kòm yon lòt temwayaj konsènan Jezikri!

Senyè a bay pouvwa a moun k ap chèche fè volonte li18 e ki respekte kòmandman l yo. Senyè a envite Legliz la pou yo resevwa tout moun ki tande vwa li18 e ki kenbe kòmandman l yo.19 Epi kounyeya, “si Ti Mouton Bondye a ki sen, an bezwen batize nan dlo, pou l akonpli tout lajistis la, O, pa mande pou nou menm ki pa sen, ki jan nou bezwen batize, wi, nan dlo menm!”20

Imaj
Jan k ap batize Jezi

Jodia, Sovè a vle pousa nou fè ak sa nou devni envite lòt moun vin jwenn ni. Vin jwenn lanmou, gerizon, koneksyon, ak alyans ki pou li, enkli nan tanp sakre Bondye yo, kote òdonans sali sakre yo ka beni tout jenerasyon fanmi, epi konsa rasanble Izrayèl nan toulède bò vwal la.21

Twazyèmman, antanke “Bèje Izrayèl,”22 Jezikri se egzanp fason bèje an Izrayèl yo dwe sèvi nan lanmou. Lè Senyè a mande si nou renmen li, jan l te fè pou Simon Pyè a, li enplore nou: “Pran swen brebi m yo. … Pran swen brebi m yo. … Pran swen brebi m yo.”23 Li pwomèt ke lè bèje l yo pran swen brebi l yo ak mouton l yo, sa ki nan twoupo a yo “p ap pè ankò, paske yo p ap manke anyen.”24

Bon Bèje nou an avèti ke bèje nan Izrayèl yo pa dwe ap dòmi,25 ni dispèse oubyen egare brebi yo,26 ni chèche pwòp enterè pa yo.27 Bèje Bondye yo dwe fòtifye, geri, panse sa k kase, mennen sa k ale yo retounen, chèche sa ki pèdi yo.28

Senyè a avèti nou kont mèsenè yo, ki “pa pran swen brebi yo,”29 “ak fo pwofèt yo ki vini kote nou ak rad mouton sou yo, men andedan kè yo, yo se lou ki mechan.”30

Bon Bèje a kontan lè nou egzèse libabit nou avèk senserite ak lafwa. Bon Bèje a kontan lè nou egzèse libabit nou avèk senserite ak lafwa. Nou fè alyans pou nou suiv li, non pa pasivman, avegleman, oubyen “tankou mouton,” men nan vle ak tout kè nou ak tout espri nou pou n renmen Bondye ak pwochen nou, pandan youn ap pote fado lòt epi youn ap rejwi pou lajwa lòt. Menmjan Kris la libreman konsakre volonte l anba volonte Papa a, se menmjan tou nou pran non l sou nou ak reverans epi nou kontan chèche patisipe nan travay li pou rasanble ak sèvi tout pitit Bondye yo. Nou kontan chèche patisipe nan travay li pou rasanble ak sèvi tout pitit Bondye yo.

Frè m ak sè m yo, Jezikri se Bon Bèje nou. Paske l te bay lavi l pou nou epi kounyeya li resisite gloriyezman, Jezikri se Mouton pafè Bondye a tou.31

Mouton sakrifis Bondye a te predi depi nan kòmansman an. Yon zanj te di Adan sakrifis li a “sanble ak sakrifis Sèl Pitit Literal Papa a,” ki envite nou pou nou “repanti epi envoke Bondye nan non Pitit gason an pou toujou.”32

Pè Abraham ki te etabli benediksyon alyans yo pou tout nasyon sou tè a, te fè eksperyans sa te vledi pou ofri pitit gason unique li.

“Epi Izaak te pale ak Abraham, Papa li, epi l te di: Papa, epi papa a te reponn, men mwen, pitit gason m. Izaak te di: “Papa … mwen wè ou gen dife a ak bwa a, men kote mouton pou boule a?”

“Epi Abraram te reponn: Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye lamb.”33

Apot yo ak pwofèt yo te predi misyon preyòdone Mouton Bondye a epi yo te rejwi nan li. Jan nan Ansyen Mond lan ak nefi nan Nouvo Mond lan te temwaye de “Mouton Bondye a,”34 “wi, Pitit Gason Papa Etènèl la, … Redanmtè mond lan.”35

Abinadi te temwaye de sakrifis ekspyatwa Jezikri a: “Nou tout te pèdi tankou brebi egare; nou chak te fè wout pa nou; e Senyè a te fè l pote [inikite] nou tout.”36 Alma te rele gran dènye sakrifis Pitit Bondye a “sèl bagay ki pi enpòtan pase tout la.” Alma ankouraje nou: “Gen lafwa nan Mouton Bondye a,” “vini epi pa pè.”37

Yon bon zanmi te di m kijan l te akeri yon presye temwayaj sou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Li te grandi nan kwayans ke peche pote gwo pinisyon, ke nou dwe pote poukont nou. Li te grandi nan kwayans ke peche pote gwo pinisyon, ke nou dwe pote poukont nou. Li te priye pou l te konn kijan Jezikri te ka padone moun ki repanti, kijan mizèrikòd ka satisfè la jistis.

Yon jou priyè l la te jwenn repons nan yon eksperyans ki te transfòme l spirityèlman. Yon jenòm dezespere te kouri soti nan yon magazen avèk de sache manje nan men l. Li te kouri travèse lari ankonbre a, chase pa mèt magazen an ki te atrape l epi ki te kòmanse rele sou li ak goumen avèk li. Olye ke l te jije jenòm tou pè sa a kòm yon vòlè, zanmi m nan te santi l anvayi pa yon gwo santiman konpasyon pou li. San pè ni sousi pou pwòp sekirite pa l, li te mache dwat al sou de mesye yo ki t ap goumen an. Li te twouve l ap di de mesye yo: “M ap peye pou manje a. Tanpri kite l ale. Tanpri kite m peye pou manje a.”

Enspire pa Sentespri a e ranpli ak yon lanmou li pa t janm te konn santi anvan, zanmi m nan te di: “Tout sa m te vle fè sete ede ak sove jenòm sa a.” Zanmi m nan te di l te kòmanse konprann Jezikri ak Ekspyasyon l lan—kijan ak poukisa, motive pa yon lanmou pur ak pafè, Jezikri te ofri tèt li kòm sakrifis pou l te vin Sovè li ak Redanmtè li, ak poukisa l te vle rete sa.38

Se poutèt sa, nou chante:

Gade, Bon Bèje a ap chèche,

Chèche brebi ki pèdi yo,

Li lonje lamen l ba yo kontan,

Pou l sove yo ak yon pri enfini.39

Antanke Mouton Bondye, Sovè nou an konn kilè nou santi nou solitè, diminye, ensèten, oubyen pè. Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te wè pouvwa Ti Mouton Bondye a te desann sou sen legliz Ti Mouton an yo, ak sou pèp alyans Senyè a, ki te dispèse sou tout sifas tè a; Malgre yo te “dispèse sou tout sifas tè a, … yo te ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa.”40

Pwomès esperans ak rekonfò sa a enkli epòk nou an.

Èske w se sèl manm Legliz la nan fanmi ou, nan lekòl ou, nan travay ou oubyen nan kominote w? Èske branch ou a pafwa sanble l piti oubyen izole? Èske w demenaje al abite yon nouvo kote, petèt nan yon lang oubyen koutim ki pa familye? Petèt sikonstans lavi w chanje, epi w ap konfwonte bagay ou pa t janm te panse w ta ap konfwonte? Sovè a asire nou, kèlkeswa sitiyasyon nou, kèlkeswa kiyès nou yo: “L ap pran mouton yo nan bra l, epi l ap pote yo nan sen li, epi l ap jantiman dirije mouton ki gen ti pitit yo.”41

Imaj
Bon Bèje a avèk mouton l yo

Frè m ak sè m yo, Bon Bèje a rele nou nan vwa li ak nan non li. Li chèche, rasanble, ak vin jwenn pèp li a. Atravè pwofèt vivan l lan ak nou chak, li envite tout moun pu jwenn lapè, yon bi, gerizon, ak lajwa nan plenitid levanjil retabli l la ak nan chemen alyans li a. Paregzanp, li anseye bèje Izrayèl yo pou yo sèvi nan lanmou.

Antanke Mouton Bondye, misyon divin ni te preyòdone epi apot ak pwofèt yo te rejwi pou sa. Ekspyasyon l lan, enfini ak etènèl, se santral plan bonè a ak bi kreyasyon an. Li asire nou, kèlkeswa sikonstans nou, ke l ap pote nou tou pre kè li.

Chè frè m ak sè m yo, se pou nou vle vin “enb disip Bondye ak Anyo a”42 petèt yon jou non nou va ekri nan liv lavi Anyo a,43 pou n chante kantik Anyo a44 pou nou ka envite nan soupe Anyo a.45

Antanke Bèje ak Mouton, li rele nou: vini ankò “nan vrè konesans … Redanmtè [w] la, … gran ak vrè bèje [w] la.”46 Li pwomèt ke “pa gras li [nou] ka [vin] pafè nan Kris la.”47

Nan sezon Pak sa a, nou louwe li:

“Diyite pou Anyo a!”48

“Ozana pou Bondye ak Anyo a!”49

Mwen temwaye konsènan limenm, Bon Bèje pafè nou an, Mouton Bondye pafè a. Li rele nou pa non nou, nan non li—non sen ak sakre Jezikri—amèn.