2010–2019
Repons pou Priyè
Konferans Jeneral Avril 2019


Repons pou Priyè

Papa a konnen sitiyasyon nou, li konn bezwen nou, epi l ap ede nou pafètman.

Yon doktrin enpòtan ak rekonfòtan nan levanjil Jezikri a sèke Papa nou ki nan Syèl la gen yon amou pafè pou pitit li yo. Akoz amou pafè sa a, li beni nou non sèlman selon dezi nou ak bezwen nou, men selon sajès enfini l tou. Jan pwofèt Nefi te senpleman deklare a: “M konnen [Bondye] renmen pitit li yo.”1

Yon aspè nan amou pafè sa a se patisipasyon Pè Selès la nan tout tout ti detay nan lavi nou, menm lè nou pa konsyan desa ni konprann sa. Nou chèche gidans divin ak èd Papa a atravè priyè fèvan ak sensè. Lè nou onore alyans nou yo epi nou fè efò pou nou vin plis takou Sovè nou an, nou vin kalifye pou nou resevwa yon2 flo gidans divin konstamman atravè enfliyans ak enspirasyon Sentespri a.

Ekriti yo anseye nou: “Paske Papa ou konnen ki bagay ou bezwen anvan ou mande l,”3 epi li “konnen tout bagay, paske tout bagay prezan devan je [li].”4

Pwofèt Mòmon se yon egzanp sou sa. Li te mouri san l pat wè rezilta travay li. Men, li te konnen Senyè a tap gide l tout tan. Lè l te santi l enspire pou l te mete ti plak Nefi yo nan rejis pa l yo, Mòmon te ekri “Epi m fè sa pou yon rezon saj; paske se chichotman sa a m te tande nan zòrèy mwen daprè manifestasyon Lespri Senyè a ki nan mwen an. Epi kounyeya, m pa konnen tout bagay; men Senyè a konnen tout bagay ki gen pou fèt; se poutèt sa, li travay nan mwen pou l fè daprè volonte l.”5 Malgre Mòmon pat konnen 116 paj maniskri yo ta pral pèdi, Senyè a te prepare yon fason pou simonte obstak sa a lontan anvan sa te rive.

Papa a konnen sitiyasyon nou, li konn bezwen nou, epi l ap ede nou pafètman. Kèkfwa, nou resevwa èd sa a menm moman an oubyen omwen osito nou fin mande èd divin nan. Kèkfwa, nou pa jwenn repons pou dezi ki pi sensè ak pi diy nou yo jan nou ta espere, men, nou vin dekouvri ke Bondye rezève pi gwo benediksyon pou nou. Epi kèkfwa, yo pa akòde nou dezi ki jis nou yo nan lavi sa a. M pral ilistre sa atravè twa istwa diferan sou fason Papa nou ki nan syèl la ka reponn priyè sensè nou adrese li.

Tigason k pi piti m nan te resevwa apèl pou l sèvi misyon nan Misyon Pari a an Frans. Kòm preparasyon li, nou t ale avèk li pou nou te achte bagay abityèl yo tankou chemiz, vès, kravat, chosèt ak yon manto. Malerezman, manto l te vle a pat nan magazen an nan tay li te bezwen an. Sepandan, anplwaye magazen an te fè l konnen manto a tap disponib nan kèk semèn epi yo t ap voye l nan Sant Fòmasyon Misyonè nan Provo a anvan pitit gason nou an te pati al an Frans. Nou te peye pou manto a epi nou pa t panse avèk li ankò.

Pitit gason m nan te antre nan Sant Fòmasyon Misyonè a nan mwa Jen, epi yo te voye manto a ba li egzakteman anvan depa li an Out. Li pa t eseye manto a, men, li te ranje l nan malèt li vit ansanm avèk rad li ak lòt bagay li yo.

Lè ivè t ap apwoche nan Pari, li te ekri nou pou l te di ke l te retire manto a, li te eseye l, epi l te wè l te two piti. Konsa, nou te depoze lòt lajan nan kont anbank li pou l te ka achte yon lòt manto a Pari, epi l te fè sa. Yon tijan irite, m te ekri l pou m te di l pou l te bay yon lòt moun ki te bezwen manto a puiske l pa t ap ka itilize l.

Nan apre, nou te resevwa imel sa a li te voye ba nou: “Li fè frèt anpil, anpil isit la. … Sanble van an antre nan zo nou, malgre nouvo manto m nan bon epi l trè epè. … M te bay yon lòt misyonè nan apatman nou an premye manto m nan paske l te di l t ap priye pou l te gen yon pi bon manto. Sa gen kèk ane depi l te konvèti, epi se sèl manman l li genyen … ak misyonè ki te batize l la pou finanse misyon li, konsa, manto a sete repons priyè li, e sa fè m kontan anpil.”6

Pè Selès la te konnen ke misyonè sa a ki ta pral sèvi an Frans nan yon distans 10.000 kilomèt de lakay li a ta pral bezwen yon nouvo manto an ijans pou yon ivè frèt nan Pari men li pa tap gen mwayen pou l te achte l. Pè Selès la te konnen tou ke pitit gason m nan t ap gen pou l resevwa yon manto ki t ap soti nan yon magazen nan Provo, Utah ki tap pral twò piti. Li te konnen de misyonè sa yo ta pral sèvi ansanm a Pari epi manto a ta pral yon repons pou priyè enb ak sensè misyonè sa a ki te gen yon bezwen imedyat la.

Sovè a te anseye:

“Èske yo pa vann ti zwazo de pou senk kòb? Malgre sa, pa gen yon sèl ki tonbe atè san Papa nou pa konnen.

“Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou yo tout konte.

“Se poutèt sa, pa pè, paske nou vo plis pase anpil zwazo.”7

Nan lòt sitiyasyon, lè yo pa akòde nou dezi jis nou yo nan fason nou te espere a, sa ka petèt vin pou benefis nou alafen. Paregzanp, frè Joseph yo, pitit gason Jakòb la, te sitèlman rayi Joseph e jalou de li ke yo te fè konplo pou yo te touye Jozèf. Olye desa, yo te vann ni kòm esklav al an Ejip.8 Si jamè te gen yon moun ki te santi priyè l pa t egzose nan fason l te espere a, sete Jozèf. An reyalite, malè l la te vin tounen yon gwo benediksyon pou li, epi l te sove fanmi l anba lafen. Nan apre, lè l te vin tounen yon gwo dirijan de konfyans an Ejip, avèk anpil lafwa ak sajès li te di frè l yo:

“Men koulye a, nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen regrèt nou te vann mwen pou yo mennen m’ isit la. Se bondye ki te voye m’ devan pou m’ te ka sove lavi nou.

“Sa fè dezan depi grangou tonbe sou peyi a. Men, p ‘ap gen mwayen travay latè ni fè rekòt pou senk lanne ankò.

“Bondye te voye m’ vini devan pou ras nou an pa t’ fini nan peyi a, pou m’ te ka sove lavi nou, pou nou pa mouri.

“Nou wè. Se pa nou menm ki te voye m’ isit la, men se Bondye.”9

Pandan l te nan inivèsite, pi gran pitit gason m nan te jwenn yon anplwa mwatye jounen trè dezirab ki te gen potansyèl pou l te vin tounen yon bèl jòb pèmanan apre l te fini etid li. Li te travay di nan djòb etidyan sa a pandan katran, li te vin grandman kalifye, epi lòt kòlèg travay li yo ak sipèvize l yo te respekte l anpil. Nan fen dènye ane etid li, prèske kòmsi se te plan syèl la (daprè sa pitit nou an te panse,) pozisyon pèmanan an te vin disponib epi se lkimenm ki te kandida favori a epi tout bagay te endike ke l ap gen pòs la e tout moun t ap tann sa.

Ebyen, yo pat ba l travay la. Nou youn pat ka konprann poukisa. Li te byen prepare, li te byen pase entèvyou a, li te kandida ki te pi kalifye a, epi l te priye avèk anpil espwa ak atant! Li te devaste e dekouraje, epi tout bagay sa a te fè nou chita ap grate tèt nou. Poukisa Bondye te abandone l nan dezi jis sa a?

Sete apre anpil ane repons la te vin klè pou nou. Si l te jwenn travay li te reve sa a apre gradyasyon l lan, li t ap rate yon opòtinite desizif ak enpòtan ki kounyeya vin yon benediksyon pou benefis etènèl li. Bondye te konn lafen an depi nan kòmansman (kòm toujou) epi nan ka sa a, repons li te bay pou pil priyè jis sa yo sete non, anfavè yon rezilta ki te grandman pi siperyè.

Epi kèk fwa, repons n ap chèche pou priyè nou si sensèman, si dezespereman, ak si onètman an, nou pa p jwenn ni nan l lavi sa a.

Sè Patricia Parkinson te fèt avèk je l nòmal, men, lè l te gen setan, li te kòmanse vin avèg. Lè l te gen nevan, Pat te kòmanse al lekòl nan lekòl pou moun soud ak avèg yo nan Ogden, Utah, (a 145 kilomèt) distans de lakay li, sa k te oblije l rete nan pansyon nan lekòl la—sa k pote tout chagren yon timoun nevan ka santi lè l lwen lakay li.

Nan laj onzan, li te pèdi vizyon l nèt. Pat te retounen lakay li a kenzan pou l te ka al nan lekol segondè nan zòn lakay li. Li t al nan inivèsite epi l te pran yon diplòm nan domèn twoub kominikasyon ak psikoloji, epi apre yon konba eyoyik kont dout moun ki te responsab admisyon nan inivèsite a yo, li te antre nan pi wo degre inivèsite a epi l te fè yon metriz nan patoloji lengwistik. Kounyeya, Pat ap travay avèk 53 elèv lekòl elemantè epi l ap sipèvize kat teknisyen nan langaj patolojk nan distrik lekòl li a. Li gen pwòp kay pa l ak machin pa l ke zanmi l yo ak manm fanmi l kondui lè Pat bezwen transpò.

Imaj
Sè Patricia Parkinson

Nan laj 10 zan, Pat te gen randevou pou l te fè yon lòt operasyon pou vizyon l ki t ap febli a. Paran l yo te toujou di l ekzateman kisa k t apral pase konsènan swen medikal li yo, men, pou yon rezon kèlkonk, yo pat pale l de operasyon sa a. Lè yo te pale l de operasyon an ki te planifye a, daprè pawòl manman l, Pat “te devaste.” Li te kouri al nan lòt sal la, men, nan apre, li te retounen epi l te di paran l yo avèk endiyasyon, “Kite m di nou yon bagay. M konn sa, Bondye konn sa, epi nou dwe konn sa tou. M pral avèg pou tout rès lavi m!”

Sa gen kèk ane, Pat te vwayaje al Kalifòni pou l te vizite fanmi l ki te abite la a. Pandan l te deyò a avèk ti neve twazan l lan [pitit gason frè l la], li te di Pat, “Matant Pat, poukisa w pa mande Pè Selès la pou l ba w nouvo je? Paske, si w mande Pè Selès la, l ap ba w nenpòt sa w vle. Ou sèlman bezwen mande li.”

Pat di kesyon an te siprann ni, men li te reponn, “Ebyen, kèkfwa Pè Selès la pa travay konsa. Kèkfwa, li bezwen nou aprann yon bagay, epi konsa, li pa ba nou tout sa nou bezwen. Kèkfwa, nou dwe ret tann. Pè Selès la ak Sovè a pi byen konnen sa k bon pou nou ak sa nou bezwen. Konsa, yo p ap akòde nou tout sa nou bezwen nan moman nou bezwen l lan.”

Sa fè dèzane depi m konn Pat, epi dènyèman m te di l ke m admire fason l toujou pozitif epi l toujou kontan an. Li te reponn, “Bon, ou pa t lakay mwen avèk mwen, pa vre? M gen move moman m tou. M te gen dè moman gwo depresyon, epi m te konn kriye anpil.” Men, li te ajoute, “Nan moman m te kòmanse pèdi vizyon m nan, sa te etranj, men m te konnen Pè Selès ak Sovè a te avèk mwenmenm ak fanmi mwen. Nou te jere sitiyasyon an jan nou te kapab, epi selon mwenmenm, nou te byen jere li. M fini pa reyisi nan lavi a epi, an jeneral, m se yon moun ki toujou kontan. M sonje men Bondye te nan tout bagay. Lè moun mande m èske m fache poutèt m avèg la, m reponn: “kont kiyès pou m ta fache? Pè Selès la avèk mwen nan bagay sa a; m pa poukont mwen. Li avèk mwen tout tan.”

Nan ka sa a, dezi Pat pou l rejwenn vizyon l lan p ap akonpli nan lavi sa a. Men, devi li, ke m te aprann nan men papa l, se “Bagay sa a ap pase tou.”10

Prezidan Henry B. Eyring te di, “Nan momans sa a menm, Papa a ap konnen sa w santi, ansanm avèk bezwen spirityèl ak tanporèl chak moun ki bòkote ou.”11 Nou ka jwenn gran verite rekonfòtan sa a nan twa eksperyans m sot rakonte yo.

Frè m ak sè m yo, pafwa nou jwenn repons priyè nou yo rapidman e jan nou espere a. Men pafwa, priyè nou pa egzose nan fason nou espere a, men avèk letan, nou vin dekouvri ke Bondye te rezève pi gwo benediksyon ki te prepare pou nou pase sa nou te espere. Epi kèkfwa, priyè jis ke nou adrese Bonye yo gen dwa pa egzose nan lavi sa a.12 Jan Eldè Neal A. Maxwell te di a: “Lafwa mande pou nou gen konfyans nan kalandriye Bondye tou.”13

Nou gen asirans ke nan fason pa l ak nan tan pa l, Papa nou ki nan syèl la ap beni nou epi l ap rezoud tout pwoblèm, enjistis ak desepsyon nou genyen.

Epi ankò, m ta vle nou konsidere benediksyon ak bonè moun sa yo ki respekte kòmandman Bondye yo. Gade, yo beni nan tout bagay, ni tanporèl ni espirityèl; e si yo rete fidèl jiskalafen, y ap jwenn akèy nan syèl la, pou yo kapab rete avèk Bondye nan yon bonè ki p ap fini. O, sonje, sonje bagay sa yo se verite; Paske Senyè Bondye a te di sa.14

Mwen konnen Bondye tande priyè nou.15 Mwen konnen ke kòm yon Papa eman ki konn tout bagay, li reponn priyè nou pafètman, selon sajès enfini li, nan fason ki ap pou benefis nou ak benediksyon final nou. Konsènan sa, mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.