2010–2019
Kijan pou m fè konprann?
Konferans Jeneral Avril 2019


Kijan pou m fè konprann?

Lè nou chèche aprann levanjil Jezikri a sensèman, ak tout kè nou epi nou youn anseye lòt li, ansèyman sa yo ka transfòme kè.

Chè frè m ak sè m yo, ala kontan m kontan pou nou isit la ansanm ankò nan konferans jeneral sa a pou Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo sou direksyon pwofèt byeneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson. Mwen temwaye nou ke nou ap gen privilèj tande vwa Sovè nou an Jezikri atravè ansèyman moun ki priye, chante, epi pale de bezwen epòk pa nou an nan konferans sa a.

Jan yo rapòte nan liv Travay Apot yo, Filip Evanjelis la te anseye levanjil la a yon Etyopyen ki te ale Jerizalèm pou l adore.1 Lè l tap retounen sot adore nan Jerizalèm, li te chita nan charyo l e li te li liv Ezayi. Pouse pa Lespri a, Filip te vin pi pre l epi l te di: “Eske w konprann sa w ap li yo?

“Epi (enik la) te di: “Ki jan pou m fè konprann si m pa jwenn moun pou esplike mwen?

“Filip pran pale: li kòmanse avèk pasaj li t ap li nan liv la, li fè l konnen bon nouvèl ki pale sou Jezi a.”2

Kesyon Etyopyen sa a te poze a se yon rapèl sou manda diven nou tout genyen, kòm endividi e kòm fanmi, pou nou chèche aprann epi pou nou youn anseye lòt levanjil Jezikri a.3 Anfèt, nan kontèks aprann ak anseye levanjil la, nou pafwa tankou Etyopyen an—nou bezwen èd yon enstriktè fidèl ak enspire; epi nou pafwa tankou Filip tou—nou bezwen anseye ak fòtifye lòt moun nan konvèsyon yo.

Bi nou lè nou ap chèche aprann ak anseye levanjil Jezikri a se pou nou ogmante lafwa nou nan Bondye ak nan plan bonè l la ak nan Jezikri ak sakrifis ekspyatwa l la. Yon lafwa ak konvèyon konsa ap ede nou fè ak respekte alyans avèk Bondye, epi fòtifye dezi nou pou n suiv Jezikri ak pwodui yon transfòmasyon spirityèl sensè nan noumenm-otremandi, transfòme nou vin yon nouvo kreyati, jan Apot Pòl anseye nan epit li te voye bay Korentyen yo.4 Transfòmasyon sa a pote yon lavi pi kontan, pi pwodiktif ak pi ansante e l ede nou kenbe yon pèspektif etènèl. Èske se pa egzakteman sa k te rive Etyopyen an apre l te fin aprann sou Sovè a epi l te konvèti nan levanjil li a? Ekriti a di ke li te “kontinye chemen l ak kè kontan.”5

Kòmandman pou aprann levanjil la ak pou youn anseye lòt li a pa nouvo; yo te toujou repete l san rete depi nan kòmansman istwa limanite.6 Nan yon okazyon patikilye, pandan Moyiz ak pèp li a te nan plèn Moab yo anvan yo te antre nan tè pwomiz la, Senyè a te enspire l pou l te repimande pèp li a konsènan responsablite yo pou yo te aprann lwa ak alyans yo te resevwa nan men Senyè a epi pou te anseye lwa ak alyans sa yo a posterite yo,7 anpil ladan yo pat fè eksperyans pèsonèl travèse Lamè Wouj la oswa revelasyon li te resevwa sou Mòn Sinayi a.

Moyiz te reprimande pèp li a:

“Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Senyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an...

“... Se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.”8

Moyiz te fini kote l te di: “Se pou nou suiv tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou jòdi a. Konsa, ni nou menm, ni tout pitit nou yo apre nou, n’a viv lontan ak kè kontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou pou tout tan.”9

Pwofèt Bondye yo toujou bay enstriksyon ki di ke nou bezwen elve fanmi nou “nan anseye yo ak avèti yo selon jan Senyè a”10 epi “nan limyè ak laverite.”11 Prezidan Nelson te di resamman: ”Nan epòk imoralite jeneralize sa a ak pònografi ki mennen moun nan adiksyon, paran yo gen yon responsablite sakre pou yo anseye pitit yo enpòtans Bondye [ak Jezikri] nan lavi yo.”12

Frè m ak sè m yo, egzòtasyon pwofèt nou an se yon lòt rapèl konsènan responsablite endividyèl nou pou nou chèche aprann levanjil Jezikri a epi pou nou anseye fanmi nou ke gen yon Papa nan Syèl la ki renmen nou e ki prepareyon plan diven pou bonè pitit li; ke Jezikri, Pitit Gason l la, se Redanmtè mond lan; e se nan lafwa nan non l sali soti.13 Fwaye nou bezwen vin tounen refij espirityèl ki bati sou wòch Redanmtè nou an, Jezikri, sa ki ka ede nou endividyèman e kòm fanmi pou nou gen pwòp enpresyon espirityèl pa nou grave nan kè nou, sa k ap ede nou pèsevere nan lafwa nou.14

Nou kapab raple nou ke de disip Janbatis te suiv Jezikri apre yo te fin tande Jan temwaye ke Jezi se te Mouton Bondye a, Mesi a. Yo te aksepte envitasyon Jezi a pou yo te “vini epi gade”15a epi yo te rete avèk li jou sa a. Yo te vin konnen ke Jezi sete Mesi a, Pitit Gason Bondye a, epi yo te suiv li.

Menm jan tou, lè nou aksepte envitasyon Sovè a pou nou “vin wè,” a, nou bezwen demere nan li, plonje nou nan ekriti yo, rejwi nan yo, aprann doktrin ni an epi viv jan l te viv la. Se sèl lè sa a nou vin konnen l ak rekonèt vwa li, ak konesans ke si nou vin jwenn ni epi nou kwè nan li, nou p ap janm grangou ni swaf ankò.16 N ap vin kapab disène laverite tout tan, jan sa te rive pou de disip sa yo ki te rete avèk Jezi a.

Frè m ak sè m yo, sa p ap rive pa aza. Mete nou sou menm liy avgèk enfliyans divinite ki pi elve yo se pa yon bagay senp; sa mande pou nou envoke Bondye epi aprann kijan pou nou mete levanjil Jezikri a nan sant lavi nou. Si nou fè sa, mwen pwomèt nou ke enfliyans Sentespri a ap pote verite a nan kè nou ak nan lespri nou epi l ap rann nou temwayaj de li,17 l ap anseye nou tout bagay.18

Kesyon Etyopyen an: “Kijan pou m fè konprann si m pa jwenn moun pou esplike m?” nan gen yon siyifikasyon espesyal nan kontèks responsablite endividyèl nou pou nou chèche aprann levanjil Jezikri a epi mete l an pratik nan lavi nou. Nan ka Etyopyen an, paregzanp, li te aji selon verite li te aprann nan men Filip la. Li te mande pou l te batize. Li te vin konnen ke Jezikri sete Pitit Bondye.19

Frè m ak sè m yo, aksyon nou dwe reflete sa nou aprann ak anseye. Nou bezwen montre kwayans nou nan fason n ap viv. Pi bon enstriktè a se yon bon modèl nan konpòtman. Anseye yon bagay n ap vrèman viv ka fè yon diferans nan kè moun n ap anseye yo. Si nou vle moun n ap anseye yo, keseswa fanminou oswa lòt moun, jwayezman konsidere ekriti yo ak ansèyman apot ak pwofèt vivan yo kòm yon trezò nan kè yo, yo bezwen wè nanm nou pran plezi ladan yo. Menmjan tou, si nou vle pou fanmi nou konnen ke Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt, vwayan, ak revelatè nan epòk pa nou an, fanmi nou bezwen wè nou leve men nou pou nou soutni l epi pou n suiv ansèyman l yo jan Sovè a enspire l la. Jan pwovèb selèb la di a: “Aksyon pale pifò pase pawòl.”

Petèt gen kèk nan nou nan moman sa a menm k ap mande tèt nou: “Mwen fè tout bagay sa yo e m suiv modèl sa a endividyèlman e antanke fanmi, men malerezman, kèk nan zanmi m yo ak moun ki chè pou mwen yo elwanye yo de Senyè a. Kisa m dwe fè?” Pou sila nan pami nou yo k ap santi santiman tristès, agoni, e petèt regrè nan moman sa a, tanpri konnen ke moun ki chè pou nou yo pa konplètman pèdi paske Senyè a konnen ki kote yo ye epi l ap veye sou yo. Sonje, yo se pitit li tou!

Li difisil pou n konprann tout rezon k fè kèk nan moun ki chè pou nou yo pran yon lòt wout. Pi bon bagay nou kapab fè nan sikonstans sa yo se jis renmen yo ak anbrase yo, priye pou byenèt yo, epi chèche èd Senyè a pou ede nou konnen kisa nou dwe fè ak di. Rejwi avèk yo sensèman nan siksè yo; se pou nou zanmi yo epi chèche sa ki bon nan yo. Nou pa dwe janm abandone yo men nou dwe prezève relasyon nou avèk yo. Pa janm rejte yo ni mal jije yo. Jis renmen yo! Parabòl pitit gason pwodig la anseye nou ke lè timoun yo reprann tèt yo, yo souvan gen dezi pou retounen lakay. Si sa rive avèk moun ki chè pou nou yo, ranpli kè nou ak konpasyon, kouri al rankontre yo, sere yo nan bra nou, epi anbrase yo, menmjan papa pitit prodig la te fè a.20

Finalman, kontinye mennen yon lavi diy, rete bon egzanp nan sa nou kwè, epi rapwoche nou de Sovè nou an, Jezikri. Li konnen e l konprann lapenn ak doulè pwofon nou, e L ap beni efò nou ak devouman nou pou pitit nou yo, si se pa nan lavi sa a, se ap nan la apre a. Toujou sonje ke esperans se yon pati enpòtan nan plan levanjil la.

Atravè pil ane sèvis nan Legliz la, mwen wè manm fidèl ki konstamman aplike prensip sa yo nan lavi yo avèk anpil zèl e san rete. Se ka yon manman selibatè ke m ap fè referans sou non “Mary.” Malerezman, Mary te fè yon divòs trajik kèk ane apre maryaj li. Nan moman sa a, li te rekonèt ke desizyon ki te pi enpòtan li ta pral gen pou l pran konsènan fanmi l yo t ap spirityèl. Èske lapriyè, etid ekriti, jèn ak ale nan tanp t ap kontinye rete enpòtan pou li?

Mary te toujou yon moun fidèl, epi nan moman desizif sa a, li te deside pou l te rete atache a sa l te konnen ki vrè yo. Li te jwenn fòs nan “Fanmi: Yon deklarasyon pou mond lan,” ki, pami anpil lòt prensip mèveye, anseye ke “paran yo gen yon responsablite sakre pou yo elve pitit yo nan lanmou ak lajistis” epi anseye yo pou yo toujou respekte kòmandman Bondye yo.21. Li te kontinyèlman chèche repons nan men Senyè a epi l te pataje yo avèk kat pitit li yo chak fwa fanmi an te ansanm. Yo te konn diskite sou levanjil la, poze kesyon epi youn te konn pataje eksperyans ak temwayaj li avèk lòt.

Malgre lapenn yo te travèse yo, pitit li yo te devlope yon lanmou pou levanjil Kris la ak yon dezi pou sèvi ak pataje l avèk lòt moun. Twa ladan yo retounen lakay yo kounyeya apre yo fin fidèlman sèvi yon misyon aplentan, e sa k pi jèn nan ap sèvi misyon kounyeya nan Amerik di Sid. Pi gran pitit fi l la, ki marye kounyeya epi ki djanm nan lafwa li, te di konsa: “M pat janm santi manman m te elve nou poukont li paske Senyè a te toujou nan fwaye nou. Pandan l t ap rann nou temwayaj konsènan li, nou chak te kòmanse al jwenn ni avèk pwòp kesyon pa nou. Mwen rekonesan anpil dèske li te bay levanjil la lavi.”

Bon manman selibatè sa a kapab fè fwaye li vin tounen yon sant aprantisaj espirityèl. Menmjan ak kesyon Etyopyen an, Mary te konn mande tèt li plizyè fwa: “Kijan pou timoun mwen yo fè aprann si pa gen yon manman k ap gide yo?”

Chè konpayon m yo nan levanjil la, mwen temwaye nou ke si nou anseye levanjil Jezikri a sensèman, ak tout kè nou, byen fèm, avèk bi reyèl e sou enfliyans Lespri a, ansèyman sa yo ka transfòme kè e enspire yon dezi pou n viv selon verite Bondye yo.

Mwen temwaye Jezikri se Sovè mond lan. Li se Redanmtè a, epi li vivan. Mwen konnen se limenm k ap dirije Legliz li a atravè pwofèt, vwayan, ak revelatè l yo. Mwen temwaye tou ke Bondye vivan, li renmen nou. Li vle nou retounen nan prezans li—nou tout. Li tande priyè nou. Mwen rann temwayaj konsènan verite sa yo nan non Jezikri, amèn.