2010–2019
Yon fwaye kote Lespri Sènyè a abite
Konferans Jeneral Avril 2019


Yon Fwaye Kote Lespri Sènyè a Rete

N ap jwenn pi gwo lajwa nou yo nan efò pou nou fè fwaye nou vin yon lye lafwa nan Senyè a Jezikri ak yon kote ki chaje ak lanmou.

Chè frè m ak sè m yo, mwen rekonesan dèske m envite pou m pale avèk nou nan 189 vyèm Konferans Jeneral Anyèl Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou Yo. Nan dat sa a an 1830, Joseph Smith te òganize Legliz la sou direksyon Senyè a. Sa te fèt nan kay fanmi Whitmer nan Fayette, New York. Te gen sis manm ak apeprè 50 lòt moun ki te enterese ki te la jou sa a.

Menm si m pa konn kisa Pwofèt Joseph te di oubyen a kisa l te sanble lè l te kanpe devan ti gwoup sa a, m konnen sa moun sa yo ki te gen lafwa nan Jezikri a te santi. Yo te santi Sentespri a, epi yo te santi ke yo te nan yon kote sakre. Yo te siman santi ke yon ini fè youn.

Se santiman mirakile sa a nou tout vle nan fwaye nou. Se yon santiman ki vini, jan Pòl dekri a, lè nou “branche spirityèlman.”1

Objektif mwen jodi a se pou m ansenye sa m konnen sou fason nou kapab kalifye nou pou santiman sa a pi souvan epi envite l pou l rete pi plis nan fwaye nou. Jan nou konnen pa eksperyans, se pa yon bagay ki fasil pou fèt. Nou dwe kenbe kontansyon, lògèy, ak peche a distans. Lanmou pi Kris la dwe antre nan kè moun ki nan fanmi nou yo.

Adan ak Èv, Leyi ak Sarya, ak lòt paran nou konnen nan ekriti yo te twouve ke sete yon bagay difisil. Men yo se ekzanp ankourajan sou lajwa nan fanmi ak nan fwaye pou rasire nou. Epi ekzanp sa yo montre nou kijan sa ka fèt pou nou ak pou fanmi nou. Nou sonje istwa nan 4 Nefi a:

“Epi, se te konsa, pa t gen chirepit nan peyi a, poutèt lanmou Bondye ki te nan kè pèp la.

“Epi pa t gen anvi, ni mètdam, ni lobo, ni idolatri seksyèl, ni manti, ni asasina, ni okenn kalte anvi sal; e reyèlman pa t ap kapab gen yon pèp ki pi kontan nan pami tout pèp men Bondye te kreye.

“Pa t gen vòlè, ni asasen, ni tou pa t gen Lamanit, ni okenn kalte-it; men, yo te youn, pitit Kris yo, ak eritye wayòm Bondye yo.

“Epi yo te beni anpil! Paske Senyè a te beni yo nan tout zèv yo; wi, yo te beni, e yo te pwospere jistan sandis ane te pase; e premye jenerasyon depi epòk Kris la te pase, e pa t gen chirepit nan tout peyi a.”2

Jan nou konnen, epòk bonè sa a pa t dire pou tout tan. Istwa nan 4 Nefi an dekri sentòm ki te lakoz deklen sprirtyèl yon gwoup moun debyen an. Se yon modèl ki repete atravè tan yo pami dè pèp antye, nan kongregasyon, epi, malerezman, nan fanmi. Lè nou etidye modèl sa a, nou ka wè kijan nou ka pwoteje e menm ogmante santiman lajwa nan fanmi nou.

Men modèl deklen ki te parèt apre 200 zan moun yo t ap viv nan lapè pafè levanjil la pote a.

Ògèy te enfiltre.

Moun yo te sispann pataje ak youn lòt sa yo te genyen.

Yo te kòmanse wè tèt yo nan klas anlè oubyen anba youn lòt.

Lafwa yo nan Jezikri te kòmanse diminye.

Yo te kòmanse rayi.

Yo te komanse komèt tout kalite peche.

Paran saj yo ap vijilan ase pou yo wè siy yo lè yo parèt nan pami manm fanmi yo. Asireman, y ap gen enkyetid. Men y ap konnen ke vrè koz la se enfliyans Satan k ap eseye dirije bon moun desann nan chemen pou yo ka peche epi konsa, pou yo ka pèdi enfliyans Sentespri a. Donk, paran saj yo ap wè opòtinite sa a chcita nan dirije chak timoun, ak tèt yo, pou yo pi totalman aksepte envitasyon Senyè a pou vin jwenn ni an.

Nou ka gen siksè limite lè nou aple yon timoun pou l repanti, pou ògèy pa egzanp. Nou gen dwa petèt eseye pèsyade timoun yo pou yo pataje sa yo genyen avèk plis jenewozite. Nou gen dwa mande yo pou yo sispann santi yo pi bon pase yon lòt moun nan fanmi an. Men lè sa a, n ap vin gen sentòm yo dekri konsa a: “Lafwa yo nan Jezikri te kòmanse diminye.”

Sa se kle pou mennen fanmi nou elve yo nan nivo spirityèl sa a a nou vle pou yo a--epi pou nou ladann avèk yo. Pandan n ap ede yo grandi nan lafwa ke Jezikri se Redanmtè byeneme yo, y ap santi yon dezi pou yo repanti. Lè yo fè sa, imilite ap kòmanse ranplase ògèy. Lè yo kòmanse santi sa Senyè ba yo, y ap vin vle pataje avèk plis jenewozite. Rivalite pou enpòtans oubyen renome a ap diminye. Lanmou ap retire lahèn. Epi finalman, jan sa te fèt pou pèp Wa Benjamen te konvèti a, dezi pou fè byen an ap fòtifye yo kont tantasyon pou yo peche. Pèp Wa Benjamen an te temwaye ke yo pa t gen “dispozisyon pou yo te fè mal ankò.”3

Kidonk, devlopman lafwa nan Jezikri se kòmansman ranvèsman deklen spirityèL nan fanmi nou ak nan fwaye nou. Gen plis chans pou lafwa sa a pote repantans pase preche kont chak sentom deklen spirityèl.

Nou ka dirije pi byen pa legzanp. Manm fanmi an ak lòt yo dwe wè pwogresyon pwòp lafwa pa nou nan Jezikri ak nan Levanjil li a. Nou te jwenn gwo èd resamman. Paran yo nan Legliz la te gen benediksyon pou yo te resevwa yon pwogram enspire pou fanmi ak pou moun endividyèl. Si nou itilize li, n ap bati lafwa nou ak lafwa pitit n nou yo nan Senyè a, Jezikri.

Pwogrese nan lafwa

Lafwa nou nan Sovè a grandi si nou te suiv sigjesyon Prezidan Russel M. Nelson pou nou te reli Liv Mòmon an. Nou te make pasaj ak mo ki fè referans ak Sovè a. Lafwa nou nan Jezikri te grandi. Men, tankou yon nouvo plant, lafwa sa a nan Jezikri a ap fane si nou pa pran yon rezolisyon kontinyèl pou nou medite ak priye pou n ogmante li.

Tout manm fanmi an gen dwa pa suiv egzanp pwogresyon lafwa w la kounyeya. Men pran kouraj nan eksperyans Jèn Alma a. Nan bezwen douloure li pou repantans ak padon an, li te sonje lafwa papa l nan Jezikri. Pitit nou yo gen dwa sonje lafwa nou nan Sovè a nan yon moman kote yo dezespereman bezwen repantans. Alma te pale de yon moman konsa:

“Epi, se te konsa m t ap kòde anba touman, pandan rapèl pakèt peche m yo t ap toumante m, reyèlman, m sonje m te tande pwofesi papa m devan pèp la, konsènan vini yon Jezikri, yon Pitit Gason Bondye ki gen pou l ekspye peche mond lan.

“Kounyeya, pandan panse m te sou bagay sa, m te kriye nan kè m: O, Jezi, Pitit Gason Bondye a, gen mizèrikòd pou mwen ki andedan fyèl anmè a, epi tout kò m mare avèk chenn lanmò etènèl.

“Kounyeya, reyèlman, lè m te panse bagay sa a, m pa t kapab sonje soufrans mwen yo ankò; wi, m pa t toumante anba rapèl peche m yo ankò.”4

Priye avèk amou

Anplis egzanp pwogresyon lafwa nou an, priyè nou anfanmi yo kapab jwe yon wòl enpòtan nan fè fwaye a vin yon andwa sakre. Nou abitye chwazi yon moun ki pou priye pou fanmi an. Lè priyè a adrese klèman a Bondye nan non moun ki ajenou epi k ap koute yo, lafwa grandi nan yo tout. Yo ka santi ekspresyon lanmou pou Papa nou ki nan Syèl la ak pou Sovè a. Epi lè moun k ap priye a mansyone sa k ajenou yo nan sèk familyal sa a ki nan bezwen yo, yo tout ka santi lanmou pou chak manm fanmi an ak lanmou chak moun nan fanmi an.

Menm lè manm fanmi yo p ap viv nan kay la, lapriyè ka bati lyen lanmou. Priyè an fanmi an ka travèse mond lan. Plis pase yon fwa, m konn aprann ke yon manm nan fanmi m byen lwen t ap priye nan menm moman avèk mwen pou menm bagay m t ap priye a. Pou mwen menm, ansyen pwovèb ki di: “Fanmi ki priye ansanm rete ansanm” nan ka vin “Fanmi ki priye ansanm rete ansanm, menm lè youn lwen lòt.”

Ansenye repantans bonè

Paske pa gen okenn nan nou ki pafè epi nou ka fwase santiman moun byen fasil, fanmi yo kapab vin tounen refij sakre sèlman si nou repanti byen bonè epi sensèman. Paran yo ka tabli egzanp lan. Nou ka repanti pou pawòl oubyen panse ki pa janti yo rapidman epi sensèman. Yon senp “Mwen dezole” kapab geri blesi epi envite padon ak lanmou.

Pwofèt Joseph Smith sete yon modèl pou nou nan fason li te fè fas ak atak vyolan epi avèk trèt. Li te padone byenvit menm lè l te konnen moun nan ta ka atake ankò. Li te mande padon, epi li te padone jenerezman.5

Kiltive lespri misyonè a

Pitit gason Mozya yo te detèmine pou yo te pote levanjil la bay tout moun. Dezi sa a te soti nan eksperyans pèsonèl yo avèk repantans. Yo pa t ka sipòte ide pou okenn moun ap soufri anba efè peche menm jan yo te soufri a. Konsa, yo te fè fas ak plizyè ane rejè, difikilte, ak danje pou yo te ofri levanjil Jezikri a bay ènmi yo. Nan pwosesis la, yo te jwenn lajwa nan anpil moun ki te repanti epi ki te fè eksperyans lajwa padon atravè Ekspyasyon Jezikri a.

Manm fanmi nou yo wè dezi yo pou pataje levanjil la grandi lè yo santi lajwa padon an. Sa kapab menm vini lè yo renouvle alyans yo pandan y ap pran sentsèn. Lespri misyonè a ap grandi nan fwaye nou si timoun yo ak paran yo santi lajwa padon pandan sèvis sentsèn nan. Atravè ekzanp reverans yo, ni paran yo ni timoun kapab ede youn lòt santi lajwa sa a. Lajwa sa a ka fè anpil bagay pou fè fwaye nou vin tounen sant fòmasyon misyonè. Tout timoun yo gen dwa pa sèvi misyon, men yo tout ap santi dezi pou yo pataje levanjil la, ki te pote santiman padon ak lapè pou yo a. Epi, ke y ap sèvi yon misyon aplentan kounyea ou pa, yo tout ka santi lajwa ki genyen nan ofri lòt moun levanjil la.

Ale nan tanp

Ni pou paran yo ni pou timoun yo, tanp lan se pi gwo opòtinite pou yo santi kisa lye selès yo ye ak yon lanmou pou lye sa yo. Sa espesyalman vrè lè timoun yo piti. Timoun yo fèt avèk limyè Kris la. Menm yon tibebe ka santi ke yon tanp sakre. Paske paran yo renmen ti pitit yo, tanp lan reprezante esperans ke yo ka gen pitit yo pou yo renmen nan fanmi etènèl yo a--pou tout tan.

Gen kèk nan nou ki gen foto tanp lakay nou. Avèk tanp k ap ajoute nan tout kwen tè a, li posib pou anpil paran vizite lakou tanp yo avèk fanmi yo. Gen ladan yo ki menm gen posiblite pou yo ale nan pòt ouvèt lè tanp fin konstwi. Paran yo ka mande timoun yo kijan yo santi yo lè yo bò kot yon tanp oubyen lè yo andedan yon tanp.

Tout paran ka rann temwayaj de sa yon tanp vle di pou yo. Prezidan Ezra Taft Benson, ki te renmen tanp, te pale souvan konsènan lè l te konn gade manman l ap pase rad tanp li avèk atansyon.6 Li te pale de souvi l te genyen lè l te yon ti gason ki t ap gade fanmi l lè yo t ap kite kay la pou yo al nan tanp.

Lè l te Prezidan Legliz la, li te konnn al nan tanp lan menm jou a chak semèn. Li te toujou fè travay tanp pou yon zansèt. Sa te soti grandman nan egzanp paran l yo.

Temwayaj mwen

N ap jwenn pi gwo lajwa nou yo nan efò pou nou fè fwaye nou vin yon lye lafwa nan Senyè a Jezikri ak yon kote ki chaje ak lanmou. Retablisman levanjil la te kòmanse avèk yon enb kesyon ki te medite nan yon fwaye enb, epi li ka kontinye nan chak fwaye nou si nou kontinye etabli epi pratike prensip levanjil yo ladan yo. Sa se te espwa m ak dezi pwofon m depi lè m te tou piti. Nou tout konn gen apèsi sou kalite fwaye sa yo. Anpil nan nou, avèk èd Senyè a, te kreye yo.

Gen kèk moun ki eseye ak tout kè yo pou yo jwenn benediksyon sa a, men li po ko vini. Pwomès mwen a noumenm se pwomès yon manm Kolèj Douz Apot yo te fè m yon fwa. M te di l ke, akoz chwa kèk moun nan fanmi elaji m yo te fè, m te doute ke nou t ap ka ansanm nan mond k ap vini an. Li te di, otan ke m ka sonje: “W ap enkyete w pou move pwoblèm nan. Jis mennen yon lavi diy pou wayòm selès la, epi aranjman familyal yo ap vin pi mèveye pase w ka imajine.”

M kwè ke li t ap repete bèl esperans sa a pou nenpòt nan nou menm nan mòtalite ki fè tout sa n kapab pou kalifye tèt nou ak manm fanmi nou pou lavi etènèl. M konnen ke plan Papa nou ki nan syèl la se yon plan bonè. Mwen temwaye ke plan l lan rann posib pou nou chak ki fè tout sa n kapab yo ka sele nan yon fanmi pou tout tan.

Mwen konnen kle prètriz yo te remèt Joseph Smith yo te transmèt nan yon liy ki pa t kase rive nan Prezidan Russell M. Nelson. Kle sa yo rann posib pou fanmi yo sele jodia. M konnen ke Papa nou Ki nan Syèl La renmen nou, pitit lespri L yo, avèk yon lanmou pafè. Mwen konnen ke gras ak Ekspyasyon Jezikri a, nou ka repanti, vin pwòp, epi vin diy pou nou viv an fanmi eman pou tout tan avèk Papa nou ki nan syèl la ak Pitit Gason Byeneme l la, Jezikri. Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.