2010–2019
Vrè Levanjil klè ak senp Jezikri a
Konferans Jeneral Avril 2019


Vrè Levanjil klè ak senp Jezikri a

Renmen Bondye ak renmen pwochen nou se fondasyon doktrinal sèvis pastoral; fondasyon aprantisaj santre sou fwaye sipòte pa Legliz la; adorasyon spirityèl nan Jou Saba a; ak travay sali a.

Chè frè m ak sè m yo, li difisil pou m kwè sa fè 71 zan, an 1948, depi m te yon misyonè an Angletè, epi sa fè 44 tran depi Barbara avèk mwen te pran fanmi nou al Kanada lè m te prezidan Misyon Toronto a nan Kanada a. Pandan m t ap sèvi la a an avril 1976, yo te aple m nan Premye Kolèj Swasanndis la, epi sanzatann an 1985 m te resevwa apèll nan Kolèj Douz Apot yo. Kontrèman a ansyen apèl mwen yo ki te gen relèv alafen, relèv nan apèl mwen Kolèj Douz yo pa yon bagay m ka espere kounyeya; sepandan m priye pou jou sa a rive sèlman apre m fin fè tout sa Senyè a aple m pou m fè yo.

Lè m ap panse a dènye 43 ane sèvis mwen kòm Otorite Jeneral ak privilèj remakab m te genyen pou m te sèvi pitit Papa nou ki nan syèl yo atravè mond la, m vin pi totalman reyalize ke li vle tout pitit li yo, yo tout, jwenn lapè, lajwa, ak bonè nan lavi yo.

Pwofèt Leyi te anseye: “Lèzòm [ak lfi] fèt pou yo ka gen lajwa.”1 Gen anpil rezon ki fè lapè, lajwa, ak bonè kapab chape nou nan lavi sa a, enkli povrete, lagè, katastwòf natirèl, ak revè sanzatann lavi a nan anplwa, sante, ak relasyon familyal nou.

Men, menmsi nou pa ka kontwole anpil nan fòs eksteryè sa yo ki gen enfliyans sou lavi nou isit sou latè a, lè nou eseye vin disip fidèl Senyè a, Jezikri, nou ka jwenn lapè, lajwa, ak bonè andepi de twoub ki nan mond la ki antoure nou an.

Yon fwa, yonn nan pitit mwen yo te di, 7Papa, m ap mande m èske m ap janm reyisi.” M te reponn ni: “Tout sa Papa nou ki nan syèl la mande nou se fè tout sa nou kapab chak jou,” Frè m ak sè mwen, fè tout sa w kapab chak jou, epi, anvan w bat je w, w ap reyalize ke Papa nou ki nan syèl la konnen ou epi l renmen ou. Epi lè w fin konn sa—konnen l toutbon—lavi w ap gen objektif reyèl ak siyifikasyon, epi wap ranpli avèk lajwa ak lapè.

Antanke Limyè mond la, Sovè a te di, “Tout moun ki kwè nan mwen p ap rete nan fènwa.”2

“Gade, Jezikri se non sa a Papa a bay, epi pa gen okenn lòt non ki te bay pou [nou] kapab sove;

“Se poutètsa, tout gason [ak tout fi] dwe pran non Papa a bay la sou tèt yo.”3

Ekriti yo anseye nou ke Satan vle mennen moun nan tenèb. Tout efò l ap fè se pou etenn limyè ak verite levanjil Jezikri a. Jan Leyi te anseye pitit li yo, dyab la “chèche pou l’ fè tout moun mizerab tankou tèt pa l.”4 Si “travay ak … glwa” Papa nou ki nan syèl la se “reyalize imòtalite ak lavi etènèl [gason ak fi],”5 travay” Lisifè se reyalize mizè ak malè san fen pou pitit Bondye yo. Peche ak transgresyon febli limyè Kris la nan lavi nou. Se poutèt sa, rechèch nou se pou n benyen nan limyè Kris la, ki pote lapè, lajwa, ak bonè.

Nan ennan edmi k sot pase yo, Senyè a te enspire Pwofèt li a ak Apot li yo pou yo fè yon kantite bèl chanjman. Men, m pè pou objektif spirityèl chanjman sa yo pa vin pèdi nan eksitasyon nou osijè chanjman yo.

Joseph F. Smith, sizyèm Prezidan Legliz Jezikri pou Sen nan Dènye Jou yo te di, sa gen anpil ane: “Vrè levanjil pur e senp Jezikri a retabli. Nou responsab pou nou prezève l sou tè a.”6 Li te ajoute ke vrè levanjil ki pur ak senp la se “doktrin Kris la pou sove nou an.”7

Pwofèt Joseph Smith te anseye ke “Atravè Ekspyasyon Kris la, tout limanite kapab sove, si yo obeyi lwa ak òdonans Levanjil yo.8

Premye prensip levanjil yo se lafwa nan Senyè Jezikri, repantans, batèm, don Sentespri a, ak pèsevere jiskalafen. Frè li, Hyrum Smith te anseye souvan, “Preche premye prensip Levanjil yo—preche yo epi preche yo ankò; epi w ap wè ke, jou apre jou, nouvo ide ak limyè adisyonèl konsènan yo ap revele pou ou. Ou ka apwonfondi yo … pou w ka konprann yo byen klè. Apresa, w ap ka fè yo vin pi senp pou moun [wap] anseye yo ka konprann.”9

Meyè fason pou nou wè objektif spirityèI Legliz la, se viv vrè ansèyman pur ak senp Kris yo epi aplike de gran kòmandman Sovè a: “nou dwe renmen Senyè Bondye nou an avèk tout kè nou. … Nou dwe renmen pwochen nou tankou tèt pa nou.”10

Obeyisans nan kòmandman sa yo ba nou yon mwayen pou nou fè eksperyans plis lapè ak lajwa. Lè nou renmen ak sèvi Senyè a epi nou renmen ak sèvi pwochen nou, n ap vin santi plis lajwa tou natirèlman ki vin jwenn nou nan pi bon fason.

Renmen Bondye ak renmen pwochen nou, se fondasyon doktrinal sèvis pastoral; aprantisaj santre sou fwaye, sipòte pa Legliz la; adorasyon spirityèl nan jou Saba, ak travay sali nan tou lèdebò vwal la, sipòte pa Sosyete Sekou ak Kowòm Ansyen an.pòte Tout bagay sa yo baze sou kòmandman diven pou nou renmen Bondye epi pou n renmen pwochèn nou an. Èske ka gen yon bagay pi elemantè, pi fondamantal, ak pi senp pase sa?

Lè nou viv vrè plan levanjil pur ak senp la, sa ap ba nou plis tan pou nou vizite vèf yo, vèv yo, òfelen yo, moun ki sèl yo, malad yo, ak pòv yo. N ap jwenn lapè, lajwa, ak bonè nan lavi a lè n ap sèvi Senyè a ak pwochen nou.

Chanjman nan jou Saba yo ki mete aksan sou aprantisaj ak etid levanjil santre sou fwaye, sipòte pa Legliz la, se yon opòtinite pou renouvle espri nou ak devouman nou pou Bondye andedan fwaye nou. Kisa k ta ka pi senp, pi elemantè, ak pi pwofon pase sa? Frè m ak sè m yo, èske nou ka wè ke aprantisaj ak ansèyman levanjil la nan fanmi nou se yon fason enpòtan pou nou jwenn lajwa ak bonè nan lavi nou?

Pandan l t ap pale de Saba a, Sovè a te di, “Paske, an verite, se yon jou ki tabli pou nou repoze nou apre travay nou yo, epi pou nou bay Bondye ki Pi Wo a devosyon nou;11 Li te ajoute, “Pou lajwa nou kapab konplè.Pou lajwa nou kapab konplè … [nan] rejwisans ak priyè… nou [ta dwe] fè bagay sa yo avèk remèsiman, avèk kè kontan epi avèk bon aparans … [epi] avèk kè kontan epi avèk bon aparans.”12

Silvouplè note kèk nan mo kle nan revelasyon sa a: lajwa, rejwisans, remèsiman, kè kontan, kontan kè, ak bon aparans. Pou mwenmenm, sanble ke obsève jou Saba a ta dwe pote souri sou figi nou.

Imaj
akèy nan legliz la

Lè n ap sèvi nan yon fason pi sen ak pi elve, tanpri, konsidere konbyen sa esansyèl pou nou akeyi tout moun ki vini nan reyinyon Legliz nou yo, espesyalman nouvo manm yo ak vizitè yo. Nou tout ta dwe kontan chante chan yo ak koute pawòl priyè sentsèn yo avèk kè nou ak lespri nou byen dispoze.

Temwayaj sou lafwa nan reyinyon jèn ak temwayaj yo dwe dirije pa yon manm episkopa a, ki dwe pataje yon brèf temwayaj sou plan bonè a ak levanjil vrè, pur ak senp levanjil Kris la. Tout lòt moun dwe suiv egzanp sa a. Nou bezwen sonje ke gen lòt kote apwopriye pou nou rakonte istwa oubyen pataje resi aventi sou vwayaj nou. Lè nou kenbe temwayaj nou senp ak santre sou levanjil Kris la, l ap ban nou renouvèlman spirityèl pandan n ap pataje temwayaj nou yonn avèk lòt la.

N ap pi byen konprann sèvis pastoral ki efikas si nou wè l kòm mwayen pou nou renmen Bondye ak renmen pwochen nou. Sinpleman di, nou sèvi paske nou renmen Papa nou ki nan syèl la ak pitit Li yo. Mwen kwè ke efò sèvis pastoral nou yo ap gen plis siksè si nou kenbe sèvis pastoral nou senp. Pi gwo lajwa a soti nan ti bagay senp lavi yo, konsa nou dwe pran prekosyon pou n pa sipoze ke nou dwe ajoute plis bagay sou chanjman nou resevwa pou bati lafwa ak temwayaj solid nan kè pitit Bondye yo.

An nou pa konplike bagay yo avèk reyinyon, atant oubyen egzijans adisyonèl. Kenbe l senp. Se nan senplisite sa a n ap jwenn lapè, lajwa, ak bonè m t ap pale a.

Depi dèzane, objektif dirijan Legliz yo, jan l deklare nan Manyèl Enstriksyon 2, a, se rezilta ki klè ak senp.

Imaj
yon fanmi nan règleman ladim

“Dirijan yo ankouraje chak manm pou yo resevwa tout òdonans esansyèl prètriz yo, kenbe alyans ki asosye avèk yo, epi kalifye yo pou egzaltasyon ak lavi etènèl . …

Imaj
yon koup nan tanp

Adilt: Ankouraje chak adilt pou yo diy pou resevwa òdonans tanp yo. Anseye tout adilt yo kijan pou yo chèche zansèt yo ak akonpli òdonans nan tanp pou yo.

Imaj
Òdinasyon nan prètriz
Imaj
jènfi ki gen kat òdonans tanp nan men yo

Jèn yo: Ede prepare chak jènjan pou yo resevwa Prètriz Mèlchizedèk la, pou yo resevwa òdonans tanp yo, ak pou yo diy pou sèvi yon misyon aplentan. Ede prepare chak jènfi pou yo diy pou yo fè ak kenbe alyans sakre ak pou yo resevwa òdonans tanp yo. Fòtifye jèn yo atravè patisipasyon nan aktivite ki siyifikan.

Imaj
Konsèy pawas

Tout manm yo: Ede dirijan prètriz ak dirijan oksilyè yo, konsèy pawas, misyonè pawas ak misyonè aplentan yo, avèk manm yo pou yo travay an kolaborasyon nan yon efò balanse pou sove moun, pou fòtifye fanmi yo ak inite Legliz yo, pou amelyore aktivite prètriz yo , epi pou rasanble Izrayèl atravè konvèsyon, retansyon, ak aktivasyon. Anseye manm yo pou yo reponn bezwen yo ak bezwen fanmi yo epi pou yo ede pòv yo ak moun ki nan nesesite yo dapre fason Senyè a.”13

Sèvis mwen nan Legliz la beni m avèk anpil eksperyans spirityèl spesyal ki remakab. M se yon temwen ke Senyè a ap dirije Legliz li a pou l akonpli objektif li. M resevwa gidans divin ki depase kapasite m. Pou mwenmenm, lafwa ki genyen nan levanjil la santre sou doktrin vrè, pur ak sen la ak levanjil Jezikri a.

M te sèvi sou kle ak direksyon sis pwofèt ak Prezidan Legliz soti nan Spencer W. Kimball rive nan Russell M. Nelson. Mwen temwaye ke yo chak sete epi yo se yon pwofèt Bondye chwazi. Yo aprann nou prensip esansyèl konsènan Legliz ak wayòm Bondye a. Prezidan Nelson ap fè travay Senyè a avanse nan yon vitès k ap koupe souf nou. M di “k ap koupe8 souf paske li se sèl nan pami Frè yo ki pi gran pase m, e m gen difikilte pou m suiv kadans li! M se yon temwen ke kle prètriz yo ak manto pwofèt Bondye a sou li. Prezidan Nelson anseye vrè levanjil pur e senp Jezikri a. Jezi se Kris la, epi sa a se Legliz Li a—konsènansa, mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.