2010–2019
Dènye Diskou
Konferans Jeneral Avril 2019


Dènye Diskou

Epi se pou nou dedye ak rekonsakre lavi nou nan sèvis Bondye ak pitit li yo—nan toulède bò vwal la.

Chè frè ak sè byenneme m yo, pandan nou rive nan fen konferans istorik sa a, nou di Senyè a mèsi pou enspirasyon ak pwoteksyon li. Mesaj yo te enstwi n ak edifye nou.

Nou pa t bay oratè yo sijè pou yo pale. Yo chak te priye pou revelasyon pèsonèl nan prepare mesaj yo. Pou mwen, sa remakab jan tèm sa yo sanble yo koresponn tèlman byen youn ak lòt. Lè n ap etidye yo, chèche aprann sa Senyè a ap eseye anseye nou atravè sèvitè l yo.

Mizik lan te gloriye. Nou pwofondeman rekonesan pou pil mizisyen ki te mete talan yo ansanm pou yo te pote lespri Senyè a nan chak sesyon yo. Epi li te beni priyè yo ak kongregasyon an nan chak sesyon. Vrèman, konferans la sete yon lòt fwa ankò yon festen espirityèl pou nou tout.

Nou espere epi nou priye ke fwaye chak manm ap vin tounen yon sanktyè lafwa, kote lespri Senyè a ka demere. Malgre chirepit ki antoure nou yo, fwaye yon moun ka vin tounen yon andwa selès, kote etid, priyè, ak lafwa ka fè fizyon avèk lanmou. Nou ka vrèman vin tounen disip Senyè a, ki kanpe ak leve vwa nou pou li kèlkeswa kote nou ye.

Objektif Bondye ta dwe se objektif pa nou. Li vle pou pitit li yo chwazi pou yo retounen al jwenn li, prepare, kalifye, dote, sele, epi fidèl nan alyans yo te fè nan tanp sakre yo.

Kounyeya nou gen 162 tanp ki konsakre. Pi ansyen yo kanpe kòm senbòl lafwa ak vizyon pyonye byenneme nou yo. Chak tanp ke yo te konstwi se rezilta gran sakrifis ak efò pèsonèl yo te fè. Yo chak kanpe kòm yon jwayo mayifik ki kouwonnen akonplisman pyonye yo.

Nou gen yon responsablite sakre pou n pran swen yo. Se poutèt sa, tanp pyonye sa yo pral antre nan yon peryòd renovasyon ak anbelisman, epi, pou kèk, yon gwo reparasyon. Nou pral fè anpil efò pou n prezève karaktè istorik eksepsyonèl chak tanp sa yo tout kote sa posib, pou prezève bote enspiran yo ak aspè atistik espesyal jenerasyon ki te pase lontan avan nou yo.

Nou deja pibliye detay yo pou Tanp St. George la Utah a. Plan yo pou renovasyon Tanp Salt Lake la, Temple Square, ak espas avwazinan toupre Batiman Biwo Legliz la pral anonse jou Vandredi, 19 April 2019.

Renovasyon pou Tanp Manti ak Logan yo pral fèt nan ane ki pral vini yo. Lè plan sa yo prepare, n ap anonse yo tou.

Travay sa a pral mande pou chak tanp sa ti rete fèmen pandan yon peryòd tan. Manm legliz yo ka kontinye adore ak sèvi nan lòt tanp ki tou pre yo. Lè chak pwojè vin konplete, nou pral rekonsakre chak tanp istorik sa yo.

Frè m ak sè m yo, nou konsidere yon tanp kòm edifis ki pi sakre nan legliz la. Lè nou anonse plan pou konstwi yon nouvo tanp, li vin fè pati pati istwa sakre nou an. Kounyea, tanpri koute avèk atansyon epi avèk reverans. Si m anonse yon tanp nan yon kote ki espesyal pou nou, mwen sigjere pou nou senpleman bese tèt nou epi fè yon priyè rekonesans ansilans nan kè nou. Nou pa vle okenn eksplozyon vèbal ki ka deranje nati sakre konferans sa a ak tanp sakre Senyè a.

Jodia nou gen privilèj pou n anonse plan pou konstwi plis tanp, ki pral konstwi nan kote sa yo:

Pago Pago, Samoa Ameriken; Okinawa City, Okinawa; Neiafu, Tonga; Tooele Valley, Utah; Moses Lake, Washington; San Pedro Sula, Honduras; Antofagasta, Chili; Budapest, Hungarie.

Mèsi, chè frè m ak sè m yo.

Lè n ap pale de ansyen ak nouvo tanp nou yo, se pou nou chak montre nan aksyon nou ke nou se vrè disip Senyè a, Jezikri. Se pou nou renouvle lavi nou atravè lafwa nou ak konfyans nou nan li. Se pou nou jwenn aksè nan pouvwa ekpsyasyon l lan atravè repantans nou chak jou. Epi se pou nou dedye ak rekonsakre lavi nou nan sèvis Bondye ak pitit li yo—nan toulède bò vwal la.

Mwen kite lanmou m ak benediksyon m avèk nou, pandan m asire nou ke revelasyon ap kontinye nan legliz sa a, ki se legliz Senyè a. Sa ap kontinye jiskaske “objektif Bondye yo fin akonpli, epi Gran Jewova a di travay la fin fèt.”1

Mwen beni nou konsa epi m rann temwayaj mwen ke Bondye vivan! Jezi se Kris la! Sa a se Legliz pa li. Nou se pèp li. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 142.