2010–2019
Yon gran amou pou pitit Pè Selès yo
Konferans Jeneral Avril 2019


Yon gran amou pou pitit Pè Selès yo

Lanmou se premye karakteristik ak motivasyon pou objektif spirityèl pwofèt byeneme nou an mande nou pou nou reyalize.

Chè frè m ak sè m yo, sa se yon epòk unique ak vital nan listwa. Nou gen benediksyon pou n viv nan dènye dispansasyon anvan Dezyèm Vini Sovè a. Prèske nan kòmansman dispansasyon sa a an 1829, ane anvan Legliz la te òganize a, nou te resevwa yon revelasyon ki chè pou nou ki deklare ke yon “travay mèveye”1ta pral fèt. Revelasyon sa a te spesifye ke moun ki vle sèvi Bondye yo dwe kalifye yo pou sèvis sa a atravè “lafwa, lesperans, charite, ak lanmou, avèk yon je fikse sou glwa Bondye.”1 Charite, ki se “amou pi Kris la,”2 enkli amou etènèl Bondye pou tout pitit li.3

Objektif mwen maten an se pou mete aksan sou wòl esansyèl kalite amou sa a genyen nan travay misyonè, nan travay tanp ak istwa familyal, ak obsèvans relijye familyal santre sou fwaye a e sipòte pa Legliz la. Amou nou pou Sovè a ak amou pou pwochen nou4 se premye karakteristik ak motivasyon pou sèvis pastoral ak objektif spirityèl5 pwofèt byeneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, mande nou pou nou akonpli nan chanjman li te anonse an 2018 yo.

Travay misyonè pou rasanble Izrayèl dispèse a

Mwen te ekspoze anba kalite relasyon ki egziste ant travay misyonè a ak lanmou byen bonè nan lavi m. Lè m te gen 11 zan, mwen te resevwa yon benediksyon patriyakal nan men yon patriyach ki sete gran papa m tou.6 Benediksyon sa a te di, an pati: “Mwen beni w pou w gen gwo amou pou pwochen ou, paske w ap aple pou w pote levanjil la nan mond lan … pou mennen nanm bay Kris la.”7

Nan laj sa a, m te konprann ke pataje levanjil la te baze sou yon gran amou pou tout pitit Pè Selès yo.

Noumenm, Otorite Jeneral yo, ki te gen tach pou n te travay sou Preche Levanjil Mwen an sa gen 15 zan an, nou te rive nan konklizyon ke lanmou te esansyèl kòm kalite nan travay misyonè a nan epòk nou an, jan l te toujou ye a. Chapit 6 la, konsènan vèti kretyèn yo, enkli charite ak lanmou, toujou rete chapit ki pi popilè pami misyonè yo.

Antanke ajan Sovè a, pifò misyonè yo santi kalite lanmou sa a, epi lè yo santi li, efò yo beni. Lè manm yo gen yon vizyon sou kalite lanmou sa a, ki esansyèl nan ede Senyè a nan objektif li, travay Senyè a ap akonpli.

Imaj
R. Wayne Shute

M te gen privilèj pou m te jwe yon ti wòl tou piti nan yon egzanp mèveye sou kalite lanmou sa a. Pandan m t ap sèvi kòm Prezidan Entèrejyon nan Zile Pasifik yo, mwen te resevwa yon apèl telefòn nan men Prezidan R. Wayne Shute. Lè l te yon jenòm, li te sèvi yon misyon nan Samoa. Nan apre, li te retounen Samoa kòm prezidan misyon.8 Lè l te rele m nan, li te Prezidan Tanp Apia a nan Samoa. Youn nan jèn misyonè l yo, lè l te prezidan misyon an, sete Eldè Vince Haleck, ki se Prezidan Entèrejyon nan Pasifik la kounyeya. Prezidan Shute te gen yon gwo lanmou ak respè pou Vince ak pou tout fanmi Haleck la. Pifò nan fanmi an te manm Legliz la, men, papa Vince, Otto Haleck, patriyach fanmi an, pa t manm. Prezidan Shute te konnen m t ap vini nan yon konferans pieu ak nan lòt reyinyon nan Samoa Ameriken an, epi li te mande m si m t ap aksepte vin desann lakay Otto Haleck, nan ide pou m te pataje levanjil la avèk li.

Imaj
Eldè O. Vincent Haleck kòm yon jèn misyonè

Madanm mwen, Mary, avèk mwen te desann lakay Otto ak madanm ni, Dorothy, nan bèl kay yo a. Pandan dejene a, m te pataje yon mesaj levanjil epi m te envite Otto pou l te rankontre misyonè yo. Byen emab, men, fèm, li te refize envitasyon m nan. Li te di l li te kontan dèske anpil manm nan fanmi li te Sen Dènye Jou. Men li te di m avèk fòs ke anpil nan zansèt Samoan nan bò manman l yo sete premye pastè kretyen nan Samoa, epi li te santi yon gran lwayote anvè lafwa kretyèn tradisyonèl yo a.9 Men, nou te rete bon zanmi.

Nan apre, lè Prezidan Gordon B. Hinckley t ap prepare l pou l t al konsakre tanp Suva a nan Fiji, li te mande sekretè pèsonèl li a, Frè Don H. Staheli,10 pou l te rele m nan Nouvèl Zelann pou nou te ka fè aranjman nesesè yo. Prezidan Hinckley te vle pran avyon soti Fiji pou l t al nan Samoa Ameriken an pou l t al rankontre Sen yo. Yo te sigjere yon sèten otèl nou te itilize nan yon vizit anvan sa. M te mande si m te ka fè kèk aranjman diferan. Frè Staheli te di: “Ou se prezidan Entèrejyon an; sa ap oke.”

Mwen te imedyatman rele Prezidan Shute epi m te di l ke petèt nou te gen yon dezyèm chans pou n te beni zanmi nou, Otto Haleck spirityèlman. Fwa sa a, misyonè a se t ap Prezidan Gordon B. Hinckley. M te mande l si l te panse sa t ap oke pou Haleck yo te resevwa nou tout ki te fè pati gwoup vwayaj Prezidan Hinckley a.11 Prezidan Hinckley ak Sè Hinckley, pitit fi yo a, Jane, ak Eldè ak Sè Jeffrey R. Holland te fè pati gwoup vwayaj sa a tou. Prezidan Shute, te kontakte fanmi an epi yo te fè tout aranjman yo.12

Lè nou te rive Fidji apre konsekrasyon tanp lan, yo te akeyi nou chalerezman.13 Jou swa sa a, nou te pale avèk dè milye manm nan Samoa epi apresa nou te derape al lakay fanmi Haleck. Lè nou te reyini pou dejene nan demen maten, Prezidan Hinckley ak Otto Haleck te deja vin bon zanmi. Sa te enteresa pou m te wè yo te gen menm konvèsasyon m te genyen avèk Otto ennan anvan an. Lè Otto te di admirasyon l pou legliz nou an epi l te reyafime angajman l anvè legliz aktyèl li a, Prezidan Hinckley te mete men l sou zepòl Otto epi l te di: “Otto, sa pa sifi; ou dwe vin manm Legliz la.” Sa se Legliz Senyè a. Nan yon sans figire, m te ka wè boukliye defans Otto a ki t ap tonbe devan sa Prezidan Hinckley te di l la.

Sa te vin kòmansman yon ansèyman misyonè adisyonèl ak yon imilite spirityèl ki te pèmèt Otto Haleck batize ak konfime prèske ennan apre. Ennan apresa, fanmi Haleck te sele kòm yon fanmi etènèl nan tanp lan.14

Imaj
Fanmi Haleck te sele nan tanp

Sa k te touche kè m pandan tout eksperyans enkwayab sa a sete gwo lanmou liye ak sèvis Prezidan Wayne Shute te manifeste pou ansyen misyonè l la, Eldè Vince Haleck, ak dezi li pou l te wè tout fanmi l ini kòm yon fanmi etènèl la.15

Nan sa ki konsène rasanbleman Izrayèl, nou dwe aliyen kè nou avèk kalite amou sa a epi ranplase santiman senp responsablite16 oubyen kilpabilite yo pa yon santiman lanmou ak patisipasyon nan travay diven ki se pataje mesaj Sovè a, pran pa nan misnistè li, ak misyon li avèk mond lan.17

Antanke manm, nou ka montre amou nou pou Sovè a ak pou frè n ak sè nou yo nan tout mond lan nan lanse senp envitasyon. Nouvo orè reyinyon jou Dimanch yo reprezante yon opòtinite ekspesyonèl pou manm yo envite zanmi ak asosye pou vini epi wè ak santi yon eksperyans nan Legliz la.18 Yon reyinyon sentsèn spirityèl, nou espere ki osi sakre ke sa Eldè Jeffrey R. Holland te dekri yè a, ap suiv pa yon reyinyon 50 minit ki konsantre sou Nouvo Testaman an ak sou Sovè a oubyen sou diskou konferans ki santre sou Sovè a ak doktrin ni an.

Gen kèk sè Sosyete Sekou k ap mande tèt yo poukisa yo ba yo yon tach pou “rasanble” Izrayèl ansanm avèk manm kowòm prètriz yo. Gen rezon pou sa, epi Prezidan Nelson te ba nou anpil ladan yo nan dènye konferans jeneral la. Li te di: “Nou senpleman pa ka rasanble Izrayèl san oumenm.”19 Nan epòk nou an, nou gen benediksyon pou prèske trant pousan misyonè aplentan nou yo se fi. Sa pote yon motivasyon adisyonèl nan sè Sosyete Sekou yo pou yo pataje levanji lla avèk amou. Sa nou bezwen se yon angajman plen lanmou, konpasyon ak spirityalite nan men nou chak—gason, fi, jèn, ak timoun—pou n pataje levanjil Jezikri a. Si nou montre lanmou, jantiyès, ak imilite, anpil moun ap aksepte envitasyon nou an. Moun ki chwazi pa aksepte envitasyon nou yo ap toujou rete zanmi nou.

Travay tanp ak istwa familyal pou rasanble Izrayèl

Lanmou egalman nan sant travay tanp ak istwa familyal nou pou rasanble Izrayèl nan toulède bò vwal la. Lè nou aprann eprèv ak difikilte zansèt nou yo te rankontre, lanmou nou ak apresyon nou pou yo ogmante. Travay tanp ak istwa familyal la grandman ranfòse pa nouvo chanjman yo nan orè jou Dimanch yo ak avansman jèn yo nan klas ak kowòm yo. Chanjman sa yo soulve yon pi gwo enterè pou aprann sou zansèt nou yo ak rasanble Izrayèl nan lòtbò vwal la. Travay tanp ak istwa familyal la grandman amelyore.

Entènèt la se yon zouti puisan; fwaye a se sant prensipal istwa familyal kounyea. Jèn manm nou yo eksepsyonèlman gen talan pou fè rechèch istwa familyal epi yo spirityèlman motive pou akonpli batèm pou zansèt yo ke yo aprann renmen ak apresye. Depi chanjman sa a ki pèmèt anpil nan timoun 11 zan yo fè batèm pou mò yo, prezidan tanp toupatou nan mond lan di ke gen yon gwo ogmantasyon nan asistans nan tanp yo. Yon prezidan tanp te di nou ke “te gen yon ogmantasyon remakab nan batèm yo … epi adisyon tigason onzan yo mennen plis fanmi toujou. … Menm nan jèn laj sa a, sanble yo santi reverans epi yo kapte sans òdonans y ap akonpli a. Sa bèl pou nou gade!”20

Mwen konnen dirijan Primè nou yo ak dirijan jèn yo ap toujou kontinye founi yon gwo efò pou travay tanp ak istwa familyal . Sè Sosyete Sekou yo ak frè prètriz yo ka ranpli responsablite travay tanp ak istwa la avèk amou e endividyèlman epi tou nan ede ak enspire timoun yo ak jèn yo pou yo rasanble Izrayèl nan toulède bò vwal la. Sa patikilyèman enpòtan nan fwaye a ak nan jou Saba a. Mwen pwomèt nou ke òdonans nou akonpli avèk amou pou zansèt nou yo ap fòtifye ak pwoteje jèn nou yo ak fanmi nou nan yon mond ki plis anplis ap tonbe nan mechanste. Mwen temwaye pèsonèlman ke Prezidan Russell M. Nelson resevwa revelasyon pwofondeman enpòtan konsènan tanp ak travay tanp.

Prepare fanmi etènèl yo ak moun yo endividyèlman pou yo viv avèk Bondye

Nouvo aksan yo mete sou etid levanjil santre sou fwaye a ak resous Legliz la founi yo se gwo mwayen pou nou prepare fanmi etènèl ak moun endividyèlman pou yo rankontre Bondye epi viv avèk li.21

Lè yon gason ak yon fi sele nan tanp, yo antre nan lòd sakre maryaj la nan nouèl alyans etènèl la, yon lòd prètriz la.22 Ansanm, yo jwenn e resevwa benediksyon prètriz ak pouvwa pou yo dirije zafè fanmi yo. Fi yo ak gason yo jwe wòl unique jan yo souliyen nan “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond lan,”23 men entandans yo a egal nan valè ak enpòtans.24 Yo gen pouvwa egal pou resevwa revelasyon pou fanmi yo. Lè yo travay ansanm nan lanmou ak lajistis, syèl la beni desizyon yo.

Moun k ap chèche konnen volonte Senyè a pou yomenm ak pou fanmi yo dwe efòse yo akeri jistis, imilite, bonte avèk amou. Imilite ak amou se mak fabrik moun k ap chèche fè volonte Senyè a, espesyalman pou fanmi yo.

Pèfeksyone tèt nou, kalifye tèt nou pou benediksyon alyans yo, ak prepare nou pou n rankontre Bondye se responsablite endividyèl nou. Nou bezwen otonòm e aktivman angaje nan fè fwaye nou vin yon refij kont tanpèt ki antoure nou yo25 ak yon sanktyè lafwa.”26 Paran yo gen responsablite pou anseye pitit yo. Fwaye ki gen lanmou se yon jwa, yon delis e se literalman yon kwen syèl sou tè a.27

Kantik manman m te pi renmen sete “Dans nos foyers.”28 Chak fwa l te konn tande premye fraz la: “Dans nos foyers tout est beau quand fleurit l’amour,” li te konn vizibleman touche jis pou l kriye. Kòm timoun, nou te konnen ke nou t ap viv nan kalite fwaye sa a; sete youn nan pi gwo priyorite li.29

Anplis yon atmosfè lanmou nan fwaye a, Prezidan Nelson souliyen nesesite pou m limite itilizasyon medya k ap detounen nou de objektif prensipal nou yo.30 Youn nan chanjman ki ap benefisye prèske tout fanmi yo se fè Entènèt, medya sosyal, ak televizyon sèvi nou olye ke yo vin distraksyon oubyen menm, sa k pi mal toujou, vin mèt nou. Lagè pou nanm nou tout la, men patikilyèman timoun yo, se souvan nan fwaye a l fèt. Antanke paran, nou bezwen asire nou ke kontni medya yo bon kalite, apwopriye pou laj timoun yo, e ann amoni avèk atmosfè lanmou n ap eseye kreye a.

Ansèyman nan fwaye nou yo bezwen klè ak konvenkan31 men yo bezwen spirityèl, plen lajwa ak lanmou tou.

Mwen pwomèt ke si nou konsantre sou amou nou pou Sovè a ak pou Ekspyasyon l lan, nou fè l vin tounen eleman santral nan efò nou pou n rasanble Izrayèl nan toulède bò vwal la, si nou sèvi lòt epi nou prepare nou endividyèlman pou n rankontre Bondye, enfliyans advèsè a ap diminye epi lajwa, delis, ak lapè levanjil la ap mayifye fwaye nou avèk lanmou Kris la.32 Mwen temwaye konsènan pwomès doktrinal sa yo epi mwen rann yon temwayaj sèten sou Jezikri ak sakrifis ekspyatwa la pou nou an, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Doktrin ak Alyans 121:1–3.

  2. Mowoni 7:47.

  3. Gade “Charite ak lanmou,” Preche levanjil mwen an: Yon gid pou sèvis misyonè, rev. ed. (2019), 124.

  4. Gade Detewonòm 6:5; Matye 22:36–40.

  5. Gade “Responsablite Prezidans Kowòm Ansyen ak Sosyete Sekou yo nan travay misyonè manm yo ak nan travay Tanp ak Istwa familyal,” anons, 6 Okt. 2018.

  6. Yo te otorize granpapa m pou l te bay pitit pitit li yo ki t ap viv nan lòt pieu yo benediksyon patriyakal yo. Li te ban mwen l nan laj onzan paske l te malad epi l te pamse ke l ta pral mouri.

  7. Benediksyon patriyakal Quentin L. Cook te resevwa nan men patriyach Crozier Kimball, 13 Okt 1951, Draper, Utah.

  8. Prezidan R. Wayne Shute te sèvi ak madanm ni Lorna nan plizyè misyon nan Shanghai, Chine; Armenie; Singapour, ak Grèce. Apre lanmò Lorna, li te marye avèk Rhea Mae Rosvall, epi yo te sèvi yon misyon nan Misyon Brisbane nan nan Ostrali. Sèt nan nèf pitit li yo te sèvi misyon aplentan. Pandan dezan li t ap sèvi kòm prezidan misyon nan Samoa a, Eldè John H. Groberg t ap sèvi kòm prezidan misyon nan Tonga. Toulède te fè gwo kalite eksperyans.

  9. Otto Haleck sete yon dirijan layik nan Legliz Congegasyonèl Kretyen nan Samoa a, ki te gen orijin ni nan Sosyete Misyonè London nan. Papa l te soti nan vil Dessau, an Almay.

  10. Prezidan Don H. Staheli se aktyèlman prezidan tanp Bountiful la, nan Utah.

  11. Prezidan ak Sè Hinckley ak pitit fi yo a Jane Hinckley Dudley, Eldè Jeffrey R. ak Sè Patricia T. Holland, Eldè Quentin L. ak Sè Mary G. Cook, ak Frè Don H. Staheli te prezan.

  12. Eldè O. Vincent Haleck enfòme m ke papa l te envite Vince ak frè l la, David, pou yo te retounen soti nan yon lòt peyi pou yo te ka vin enspekte kay la epi pou yo te la pou vizit Prezidan Hinckley a. Eldè Haleck te di papa l te deklare: “Moun sa yo se gen dwa zanj ke nou konnen.” Li te di pitit gason l yo si yo te gen pou resevwa pwofèt la, kay la te dwe pafè.

  13. Prezidan Hinckley te akeyi pa dirijan nasyonal Samoa Amerikèn yo ak dè milye Samoan nan estad foutbòl la.

  14. Inyon fanmi yo atravè travay misyonè dilijan se youn nan pi gwo karakteristik moun Samoa yo ak lòt pèp Polinezyen yo.

  15. Yo te sitèlman renmen ak apresye Prezidan Shute ke yo te envite l pou l te pale nan antèman Otto Haleck an 2006.

  16. “Pafwa nou gen dwa sèvi pa obligasyon oubyen devwa, men, menm nan fason sa a, sèvis ka menan nou nan yon bagay ki pi elve … ki se sèvi ‘nan yon gason ki pi elve’ [1 Korentyen 12:31]“ (Joy D. Jones, “Pou li,” Liahona, Nov. 2018, 50).

  17. Gade Tad R. Callister, Ekspyasyon Enfini an (2000), 5-8.

  18. Manm Legliz yo dwe kowòdone avèk misyonè yo chak fwa y ap lanse envitasyon.

  19. Russell M. Nelson, “Patisipasyon sè yo nan rasanbleman Izrayèl,” Liahona, Nov. 2018, 70.

  20. Prezidan B. Jackson ak Sè Rosemary M. Wixom, prezidan ak matwòn Tanp Salt Lak la, rapò Prezidan Jeneral Primè, Mas 2019. Yo te note ke yo te “oblije kòmande plis rad batèm ti lajè piti pou te reponn a demann lan!”

  21. Gade Russell M. Nelson, , “Diskou ouvèti,” Liahona, Nov. 2018, 6–8.

  22. Gade Doktrin ak Alyans 131:1–4.

  23. Gade “T“Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond lan,” Liahona, May 2017, 145

  24. “Chak papa se yon patriyach pou fanmi li epi chak manman se yon matriyach epi yo egal ego nan wòl distenktif yo kòm paran” (James E. Faust, “The Prophetic Voice,” Ensign, Me 1996, 6).

  25. Gade Doktrin ak Alyans 45:26–27; 88:91.

  26. Russell M. Nelson,“Vin Sen Dènye Jou egzanplè,” Liahona, Nov. 2018, 113.

  27. Gade “Notre foyer ici-bas,” Cantiques, no. 188.

  28. “Dans nos foyers tout est beau,” Cantiques, no. 186.

  29. Si nou vle atenn kalite lanmou sa a, direksyon ki nan Doktrin ak Alyans 121:41–42 yo dwe objektif nou:

    “Oken pouvwa oubyen enfliyans pa kapab oubyen pa ta dwe egzèse pa mwayen prètriz la, eksepte pou pèsyade, avèk pasyans, avèk jantiyès, dousman epi avèk amou enfayib;

    “Avèk jantiyès, ak konesans ki pi, ki grandi nanm moun anpil san ipokrizi, epi san riz.”

    Nou dwe evite kritike pitit nou yo. Pou n simonte erè ak mank sajès yo, sa mande enstriksyon, non pa kritik. Peche mande chatiman (gade Doktrin ak Alyans 1:25–27).

  30. Gade Russell M. Nelson, “Patisipasyon Sè yo nan rasanbleman Izrayèl la,” 69; gade Russell M. Nelson, “O, vaillants guerriers d’Israel” (devosyon mondyal pou jèn yo, Je 3, 2018), HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org.

  31. Nan yon sans, fwaye a se tankou yon klas nan lekòl pou timoun tout laj. Lè n ap anseye timoun onzan yo, nou pa ka inyore sa k gen twazan yo.

  32. Gade Jan 17:3; 2 Nefi 31:20; Mowoni 7:47.