2010–2019
Prepare pou Retou Senyè a
Konferans Jeneral Avril 2019


Prepare pou Retou Senyè a

Se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo sèlman ki gen pouvwa ak misyon pou akonpli preparasyon ki nesesè pou Dezyèm Vini Senyè a.

Nan de semèn, nou pral selebre Pak. Rezireksyon an se konfimasyon sou divinite Jezikri ak reyalite Bondye Papa a. Panse nou yo vire sou Sovè a, epi nou medite sou “lanmou enkonparab li ak merit enfini ki nan gran sakrifis ekspyatwa li a.”1 Mwen espere ke n ap reflechi tou sou retou li n ap tan rivea kote “Li pral reye kòm Wa tout Wa yo epi Senyè tout Senyè yo.”2

Sa gen kèk tan, nan Buenos Aires, Ajantin, mwen te patisipe nan yon konferans avèk dirijan ki te soti nan yon gran varyete gwoup relijye. Pat gen okenn dout sou lanmou yo pou pwochen yo. Yo te gen entansyon soulaje soufrans ak ede moun leve soti nan opresyon ak povrete. Mwen te reflechi sou kantite antrepriz imanitè legliz la, ki te enkli pwojè an kolaborasyon avèk yon kantite gwoup relijye ki te reprezante nan konferans la. Mwen te santi m rekonesan anpil pou jenerozite manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ki rann kalite sèvis Kretyen sa a posib.

Nan moman sa a, Sentespri a te konfime de bagay pou mwen. Premyèman, travay pou reponn bezwen tanporèl yo enpòtan e li dwe kontinye. Dezyèmman te inatandi, men li te puisan e klè. Sete sa a: odela sèvis dezenterese yo, li ekstrèman enpòtan pou nou prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè a, Jezikri.

Lè li vini, opresyon ak enjistis ap non sèlman diminye, men yo pral sispann tou:

“Lou pral rete avèk ti mouton an, leyopa pral kouche bò kote ti kabrit la, epi ti bèf, ti lyon ak gwo bèf gra pral ansanm; epi yon timoun piti pral mennen yo. …

“P ap gen ni blesi ni destriksyon sou tout mòn sen mwen an, paske tè a pral ranpli avèk bonkonprann Senyè a, menm jan dlo kouvri lanmè a.”3

Povrete ak soufrans pa pral sèlman bese, yo pral disparèt tou:

“Yo pa pral grangou ankò, ni yo pap swaf ankò; ni solèy pa p klere sou yo, ni okenn chalè.

“Paske Anyo a ki nan mitan twòn nan pral nouri yo, epi l pral dirije yo al nan anpil fontèn dlo yo: epi Bondye pral efase tout dlo ki nan je yo.”4

Menm doulè ak tristès pou lanmò pral elimine nèt:

“Nan jou sa a yon timoun p ap mouri jistan l vyeyi; epi vi l ap tankou laj yon pyebwa;

“Epi lè l mouri li p ap dòmi, sa vle di nan tè a, men l ap achanje nan yon klendèy, epi l ap bmonte, epi repo li pral glorye.”5

Konsa, wi, an nou fè tout sa nou kapab pou soulaje soufrans ak chagren kounyeya, epi an nou konsakre tèt nou avèk plis dilijans nan preparasyon nesesè pou jou kote doulè ak mechanste pral fini nèt la, lè “Kris la {pral} reye pèsonèlman sou tè a; epi … tè a pral renouvle epi resevwa laglwa paradizyak li.”6 Sa se pral yon jou redanmsyon ak jijman. Ansyen Evèk Anglikan nan Durham nan, Dr N.T. Wright, byen dekri siyifikasyon Ekspyasyon, Rezireksyon ak Jijman Kris la nan simonte enjistis ak mete tout bagay nan lòd.

Li di: “Bondye fikse yon jou kote l pral administre jijman sou mond la nan jistis pa yon moun ke li te chwazi—epi li te bay tout moun asirans de sa lè li te leve moun sa nan lanmò. Fè yo konsènan Jezi moun Nazarèt la, epi espesyalman konsènan rezireksyon li soti nan lanmò, se fondasyon pou asirans sa ke mond la se pa yon aza. Alafen se pa yon destriksyon; seke lè nou aji ak jistis jodia nou pap gaspiye tan ou, nan eseye sove yon konstriksyon ki pral kraze de toutfason, oswa eseye repare yon vwati ki vle pa vle pral lage nou nan wout. Lè Bondye te leve Jezi nan lanmò, sa sete yon evènman tou piti ki te genyen ladan gran pwosesis global jijman final la byen vlope, tankou yon semans, semansla, ki pote lespwa final la. Bondye te deklare, nan fason ki pi puisan nou ka inimajine, ke Jezi moun Nazarèt la sete vrèman Mesi a. … Nan pi gwo iwoni nan listwa, [Jezi] limenm te sibi yon jijman kriyèl ak enjis, epi rive sou plas ki senbolize epi rasanble tout nivo kriyote ak enjistis nan listwa, pou sipòte destriksyon, tenèb sa, enjistis sa, anndan li, epi pou epuize pouvwa li.”7

Pandan konferans la nan Buenos Aires ke m te mansyone avan an, Lespri a te pèmèt mwen konprann klè ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye-jou yo espesyalman gen pouvwa epi jwenn manda pou akonpli preparasyon nesesè yo pou Dezyèm Vini Senyè a; anfèt, li te retabli pou objektif sa. Eske gen yon l‼t kote nou ka jwenn yon pèp ki anbrase leprezan kòm pwofesi “dispansasyon plenitid tan yo,” kote Bondye gen bi pou l “rasanble tout bagay vin fè youn nan Kris la”?8 Si w pa jwenn isit la yon kominote ki detèmine pou akonpli sa k bezwen akonpli pou vivan yo ak pou mò yo pou prepare pou jou sa a, si w pa jwenn isit la yon òganizasyon ki dispoze pou konsakre gwo kantite tan ak lajan pou rasanbleman ak preparasyon yon pèp alyans ki pare pou resevwa Senyè a, ou p ap jwenn ni okenn lòt kote.

Nan pale ak Legliz an 1831, Senyè te deklare:

“Kle yo nan wayòm Bondye a se nan men yon mounyo ye sou tè a, epi apati moman sa levanjil la pral deplwaye rive nan ekstremite latè yo. …

Rele Senyè a, pou wayòm li a kapab ale sou tè a, pou abitan yo ki sou tè a kapab resevwa l, epi pou yo pare pou jou ki pral vini yo, lè Pitit Gason Lòm nan pral desann soti nan syèl la, abiye nan klète laglwa li a, pou l rankontre wayòm Bondye a ki tabli sou tè a.”9

Kisa nou ka fè kounya pou prepare pou jou sa a? Nou ka prepare tèt nou antanke pèp; nou ka rasanble pèp alyans Senyè a; epi nou ka ede rachte pwomès sali “yo te fè papa yo,” zansèt nou yo.10 Tout sa dwe rive nan yon gran mezi anvan Senyè a retounen.

Premyèman, sa ki fondamantal pou retou Seyè a se prezans yon pèp ki prepare pou resevwa Li lè l vini sou tè a. Li te deklare ke moun ki toujou sou tè a nan jou sa “depi pi piti a [rive] sou pi gran an, … pral ranpli ak konesans Seyè a, epi pral wè ak pwòp je yo, epi pral leve vwa yo, epi mete vwa yo ansanm pou chante nouvo kantik sa: Seyè a te retabli Siyon ankò. … Senyè a rasanble tout bagay fè yon sèl. Senyè a mennen Siyon desann soti anlè a. Senyè a te mennen Siyon monte soti anba.11

Nan tan ansyen yo, Bondye te rale vil Siyon jis la monte kote li.12 Pakont, nan dènye ou yo yon nouvo Siyon pral resevwa Seyè a nan retou li.13 Siyon se moun ki gen kè pur, yon pèp ki gen yon sèl kè ak yon sèl panse, ki grandi nan ladwati san pa gen pòv nan mitan yo.14 Pwofèt Joseph Smith te deklare, “Nou dwe genyen konstriksyon Siyon kòm pi gwo objektif nou.”15 Nou konstwi Siyon nan fwaye, pawas, branch, ak pieu nou yo atravè inite, bonte, ak charite.16

Nou dwe rekonèt ke konstriksyon Siyon an ap fèt nan yon epòk latwoublay—“yon jou kòlè, yon jou dife, yon jou dezolasyon, anpil kriye, ak jou rele, epi yon jou lamantasyon; epi tankou yon toubiyon li pral vini sou tout fas tè a, dapre pawòl Seyè a.”17 Konsa, rasanbleman anndan pieu yo vin “tounen yon defans, ak yon kalte refij kont tanpèt, epi kont kòlè lè sa pral devèse san melanj tonbe sou tout tè a.”18

Tankou nan tan lontan yo, nou “te reyini ansanm souvan, pou jene ak priye e pou pale youn ak lòt konsènan byennèt nanm [nou] yo. Epi… pou pataje pen ak [dlo] a pou nou ka sonje Seyè a Jezi.”19 Jan Prezidan Russell M. Nelson te eksplike nan konferans jeneral Oktòb pase a, “Objektif Legliz la depi lontan se pou ede tout manm yo ogmante lafwa yo nan Senyè a, Jezikri ak nan Ekspyasyon l lan, pou ede yo nan fè ak kenbe alyans yo avèk Bondye, epi pou fòtifye ak sele fanmi yo.”20 Pa konsekan, li mete anfaz sou siyifikasyon alyans tanp yo, Saba a, ak fè yon festen kotidyen sou levanjil la nan fwaye a, avèk sipò yon pwogram etid entegre nan Legliz la. Nou vle aprann konsènan Sovè a, epi nou vle pou nou konnen Sovè a.21

Efò moun pa wè nan konstriksyon Siyon an se rasanbleman pèp alyans Seyè a.22 “Nou kwè nan rasanbleman literal Izrayèl ak restorasyon dis tribi yo.”23 Tout moun ki repanti, kwè nan Kris, epi resevwa batèm vin tounen pèp alyans li a.24 Seyè a limenm te pwofetize ke avan retou li, levanjil la ta pral preche nan tout mond lan25 “pou rekipere pèp [Li a], ki se kay Izrayèl la,”26 “epi apresa lafen an pral rive.”27 Pwofesi Jeremi an ap akonpli:

“Se poutèt sa, yon jou va rive, kote [yo] pa pral [di] ankò: Senyè a vivan, li menm ki te fè pitit Izrayèl yo soti nan peyi Lejip;

“Men, yo va di: Senyè a vivan, li menm ki te fè pitit Izrayèl yo soti kite peyi nan Nò a ak tout lòt peyi kote li te gaye yo; epi m ap mennen yo tounen nan peyi mwen te bay zansèt yo a”28

Prezidan Nelson te ensiste nan mete anfaz pou di ke “rasanbleman [Izrayèl la] se bagay ki pi enpòtan ka p fèt sou tè a jodia. Pa gen anyen ki konparab avèk li nan grandè li, pa gen anyen ki konparab avèk li nan enpòtans li, pa gen anyen ki konparab avèk li nan majeste li. Epi si nou chwazi sa … nou kapab jwe yon gwo wòl ladan.”29 Sen Dènye-jou yo te toujou yon pèp misyonè. Dèsantèn milye te reponn apèl misyon yo depi nan kòmansman retablisman an, gen dizèn milye k ap sèvi aktyèlman. Epi, jan Eldè Quentin L. Cook fèk sot anseye li, nou tout ka patisipe nan fason senp ak natirèl, nan lanmou, lè nou envite lòt moun rejwenn nou nan legliz la, vizite fwaye nou yo, vin antre nan sèk nou an. Piblikasyon Liv Mòmon an sete siyal ke rasanbleman an te kòmanse.30 Liv Mòmon an limenm se enstriman pou rasanbleman ak konvèsyon .

Epi sa ki esansyèl nan preparasyon pou Dezyèm Vini an se gwo efò redanmsyon an favè zansèt nou yo, Seyè a te pwomèt pou l voye Eli pwofèt la anvan Dezyèm Vini li, “nan gran jou redoutab Seyè a,”31 pou “revele … Prètriz la” epi “plante nan kè pitit yo pwomès li te fè papa yo.”32 Eli te vini jan sa te pwomèt. Dat la sete 3 Avril, 1836; kote a sete nan Tanp Kirkland Ohio a. Nan kote sa epi nan moman sa, li te reyèlman konfere prètriz selon pwomès la, kle pou redanmsyon mò yo ak inyon mari, madanm yo, ak fanmi yo atravè tout jenerasyon tan yo epi atravè tout letènite.33 San sa, objektif kreyasyon an pa t ap ka akonpli, epi nan sans sa, tout latè a ta pral “modi” oswa “literalman devaste.”34

Nan yon devosyon anvan dedikas tanp Wòm ltali a, dèmilye jèn gason ak jènfi nan asistans la te ekspoze pou Prezidan Nelson kat yo te prepare avèk non zansèt yo. Yo te pare pou antre nan tanp la pou akonpli batèm pa pwokirasyon pou zansèt sa yo imedyatman li te louvri. Sete yon moman ekstrèman enteresan, men anplis sete yon lòt egzanp akselerasyon efò pou tabli Siyon pou jenerasyon ki te pase avan nou yo.

Pandan n ap fè efò pou mete dilijans nan konstwi Siyon, sa ki enkli patisipasyon nou nan rasanble eli nan Seyè a ak redanmsyon mò yo, nou ta dwe fè yon poze pou nou sonje ke sa se travay Seyè a e li ap fè li. Li se Seyè plantasyon rezen an, epi nou se sèvitè li. Li mande nou pou n travay nan plantasyon rezen li an avèk fòs nou nan “dènye moman” sa epi L ap travay avèk nou.35 Li t ap pwobableman pi kòrèk pou m di li otorize nou travay avèk li. Jan Pòl te di, “Mwen te plante, Apolòs te wouze; men Bondye te fè yo grandi.”36 Se li ki ap akselere travay li a nan moman pa li.37 Nan itilize efò nou yo ki evidaman enkonplè, “ti mwayen” nou yo, Seyè a akonpli anpil gwo bagay.38

Dènye gran dispansasyon sa ap grandi regilyèman jis rive nan apoje li—Siyon sou tè a, k ap rankontre avèk Siyon ki soti anlè a nan moman retou Sovè a. Legliz Jezikri a gen misyon pou l prepare—epi l ap prepare—mond lan pou jou sa a. Epi konsa, Pak sa a, annou vrèman selebre Rezirèksyon Jezikri a ak tout sa l prezaje: retou li pou reye pandan mil ane lapè, yon jijman jis ak jistis pafè pou tout moun, imòtalite tout moun ki te janm viv sou tè sa a, ak pwomès lavi etènèl. Sa se asirans definitif ke tout bagay pral rantrre nan nòmal. An nou kontinye fokis sou konstwi Siyon pou akselere jou sa. Nan non Jezikri, Amèn.