2010–2019
Rapò Depatman Odit Legliz la pou 2018
Konferans Jeneral Avril 2019


Rapò Depatman Odit Legliz la pou 2018

Pou Premye Prezidans Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo

Chè Frè yo: Jan yo rekòmande pa revelasyon, jan sa anrejistre nan seksyon 120 Doktrin ak Alyans yo, se Konsèy pou Dispozisyon Dim yo—ki konpoze pa Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, ak Episkopa Prezidan an—ki otorize depans ki fèt nan fon Legliz la. Depatman yo nan Legliz la depanse fon yo selon bidjè ki te apwouve epi ki konfòm avèk règ ak pwosedi Legliz la.

Depatman Odit Legliz la, ki konpoze pa pwofesyonèl ki sètifye epi ki endepandan de tout lòt depatman yo nan Legliz la, gen responsabilite pou fè odit nan bi pou founi asirans rezonab konsènan kontribisyon ki te resevwa yo, sa k te depanse, ak pou pwoteje byen Legliz yo.

Baze sou odit ki te fèt yo, Depatman Odit Legliz la estime ke, nan tout aspè materyèl, kontribisyon yo te resevwa yo, depans ki te fèt yo, ak byen Legliz yo pou ane 2018 la te anrejistre epi administre annakò avèk bijè ki te apwouve selon règ ak modalite Legliz yo ansanm ak pratik kontabilite yo. Legliz la aplike konsèy li anseye manm li yo sou viv selon yon bidjè, evite dèt, epi fè ekonomi pou tan bezwen yo.

Soumèt avèk respè,

Depatman Odit Legliz la

Kevin R. Jergensen

Dirèktè Jeneral