2010–2019
Bonte Imedyat Bondye
Konferans Jeneral Avril 2019


Bonte Imedyat Bondye

Men, mesaj mwen jodi a sèke, malgre jan nou bezwen pasyans, gen kèk repons ak benediksyon syèl la ki vini imedyatman, menm selon krit mòtalite yo..

“Sa gen kèk ane, m t ap anseye jèn pitit gason m nan sou lavi frè Jarèd la ak eksperyans li yo. Mwen reyalize ke byento pou ou se yon pakèt tan pou mwen.”

Lè Senyè a oubyen sèvitè l yo di pawòl tankou, “Byento ” oubyen “Tan an pa twò lwen” yo, sa ka vle di tout yon lavi oubyen pi lontan.1 Tan pa li, e souvan kalandriye pa l diferan ak pa nou. Pasyans se kle a. San pasyans, nou pa ka ni devlope ni demontre lafwa nan Bondye ki mennen nan lavi ak sali a. Men, mesaj mwen jodi a sèke, malgre jan nou bezwen pasyans, gen kèk repons ak benediksyon syèl la ki vini imedyatman, menm selon krit mòtalite yo..

Limenm ak pèp li a te esklav Lamanit yo men yo te chape anba yo. Pandan Alma ak pèp li a t ap ret tann avèk pasyans Paregzanp, Li te touche kè Lamanit yo imedyatman pou yo pat touye yo. Li te fòtifye pèp Alma a tou epi l te soulaje fadon yo.2 Apre l te fin prezève nan kaptivite epi l te fin delivre anba kaptivite a, Alma ak pèp li a te vwayaje al nan Zarayemla kote yo te rakonte eksperyans yo foul moun ki te etone. Pèp Zarayemla a te etone, epi “lè yo te panse avèk bonte imedyat Bondye ak pouvwa li ki te delivre Alma ak frè l yo anba esklavaj, anba men Lamanit yo, yo te leve vwa yo pou yo remèsye Bondye.”3

Bonte imedyat Bondye manifeste pou tout moun ki mande L avèk entansyon reyl ak yon objektif total nan kè yo. Sa enkli moun k ap priye avèk dezespwa reyèl yo, lè delivrans sanble l si lwen epi soufrans sanble l ap pwolonje, e menm entansifye.

Se konsa sa te ye pou yon jèn pwofèt ki t ap soufri jiska lalimit nan fon yon kacho fènwa anvan l te finalman rele: “O Bondye, kikote ou ye? … Pou konbyen tan w ap kache men ou … ? Wi, O Senyè, pou konbyen tan … ?”4 Senyè a pa t rann li fasil, men li te fè li posib.5

Bondye bay esperans imedyat pou delivrans ki gen pou vini tou.6 Kèlkeswa sa k rive a, klkeswa kote nou ye, nan Kris la e atravè Kris la toujou gen esperans k ap briye devan nou.7 Imedyatman devan nou.

An plis, nou gen pwomès sa a: “Bonte p ap abandone ou.”7

Apretou, amou Bondye imedyat. Avèk Pòl, m temwaye ke anyen pa ka “separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris la, Jezi.”8 Menm peche nou yo, malgre yo ka separe nou avèk Lespri l pou yon tan, pa ka separe nou de konstans ak karakt imedya lanmou li.

Gen kèk fason ak mwayen kote “li beni [nou] imedyatman.”10 Kounyeya, pou rann prensip sa yo pwòch kotidyen nou, m ap pataje eksperyans de moun ki gen lavi yo kanpe kòm temwayaj sou amou imedyat Bondye.

Depi lè l te yon jèn adolesan, Emilie t ap lite anba dwòg. Eksperimantasyon te mennen nan abitid, ki te vin tounen yon adiksyon ki te kenbe l prizonye pandan dzane, apa kèk peryòd okazyonèl kote l te rekouvri. Emilie te kache pwoblèm ni an byen kache, espesyalman apre l te fin marye epi l te vin manman.

Kòmansman delivrans li a pat sanble delivrans ditou. Yon minit anvan, Emilie t ap fè yon egzamen medikal woutin, epi nan minit apre a, yo te oblije mennen l nan anbilans nan yon sant tretman pou l te ospitalize. Li te kòmanse panike lè l te panse ke l ta pral separe avèk pitit li yo, avèk mari li, ak kay li.

Jou swa sa a, poukont li nan yon chanm fènwa ki te frèt, Emilie te kouche sou kabann ni ap kriye. Kapasite l pou l te rezone te diminye jiskaske finalman, anvayi avè angwas, laperèz, ak tenèb opresan ki te nan chanm nan ak nan nanm ni, Emilie te menm panse ke l ta pral mouri jou swa sa a. Poukont li.

Nan kondisyon dezespere l la, li e te reyisi jwenn ase fòs pou l te leve sou kabann nan epi mete l ajenou. San kache anyen, li te konplètman livre tèt li bay Senyè a, epi l te enplore avèk dezespwa, “Chè Bondye m nan, m bezwen ou. Tanpri ede m. M pa vle ret poukont mwen. Tanpri, ede m pase nuit sa a,”

Epi imedyatman, jan L te fè pou Pyè a, Jezi te lonje men L epi L te ranmase nanm ni ki t ap nwaye a.11 Nan moman sa a, yon bèl asirans, yon amou, ak yon rekonfò mèveye te vini sou Emilie. Chanm nan pat frèt ankò, li te konnen li pat poukont li, epi pou lapremyè fwa depi laj katòzan, Emilie te konnen tout bagay tap vin byen. Pandan l t ap “reveye nan Bondye,”10 Emilie te tonbe dòmi anpè. Epi konsa nou wè ke “si nou repanti epi nou pa andisi kè nou, imedyatman gwo plan redanmsyon an ap akonpli pou nou.”11

Imaj
Yon fanmi ki sou tab

Gerizon Emilie ak delivrans definitif li te pran tan—anpil mwa anba tretman, antrènman, ak terapi, kote l te soutni e pafwa Bondye te pote l nan bonte imedyat li. Epi l te kontinye santi bonte Bondye lè l te antre nan tanp avèk mari l ak de pitit yo pou yo te sele ansanm pou tout tan. Kounyeya, Emilie rekonesan lè l ap reflechi sou bonte imedyat Bondye ak pouvwa L ki te delivre l anba esklavaj la.

Kounyeya, men istwa yon lòt kwayan brav. 27 desanm 2013, Alicia Schroeder te jwayezman akeyi bon zanmi li yo, Sean ak Sharla Chilcote, ki te vin lakay li sanzatann. Sean, ki sete evèk Alicia tou, te lonje telefòn selilè l la bay bay Alica, epi l te di avèk solanite, “Alicia, nou renmen ou. Ou bezwen pran apèl sa a.”

Mario, mari Alicia a, te nan telefòn nan. Li te an vakans nan yon zòn izole avèk kèk nan timoun yo pou yon vwaaj sou motoneige ki te prevwa depi lontan. Te gen yon aksidan. Mario te blese grav epi, pitit gason dizan yo a, Kaleb, te mouri. Lè Mario te di Alicia Kalèb te mouri, Alicia te devaste anba yon santiman chòk ak doulè anpil nan nou p ap janm konnen. Li te tonbe. Paralize anba yon angwas ineksplikab, Alicia pat ka ni pale, ni fè mouvman.

Evèk la ak Sè Chilcote te kouri leve l epi yo te kenbe l. Yo te kriye epi yo te jemi ansanm pandan yon long moman. Epi, Evèk Chilcote te ofri pou l te bay Alicia yon benediksyon.

Sa k te pase apre a se yon bagay enkonpreyansib pou yon moun ki pa konprann Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ak bonte imedyat Bondye. Evèk Chilcote te mete men l jantiman sou tèt Alicia epi avèk yon vwa k t ap tranble, li te kòmanse pale. Alicia te tande de bagay kòmsi sete Bondye menm ki te pale. Premyèman, li te tande non l, Alicia Suzan Schroeder. Apresa, li te tande Evèk la envoke otorite Bondye Toupuisan an. Nan menm moman sa a—lè yo te mansyone non l ak pouvwa Bondye a—te gen yon lapè ak yon amou, yon rekonfò ak asirans endeskriptib ki te vin sou Alicia ak yon lajwa.. Epi santiman sa yo p at janm kite l.

Natirèlman, Alicia, Mario, ak fanmi yo kontinye kriye pou Kalèb epi yo sonje li. Sa difisil! Chak fwa m pale avèk yo, je Alicia ranpli dlo lè l ap di m kijan l renmen pitit gason l lan ak konbyen li sonje li. Epi zye l toujou plen dlo lè l ap rakonte kijan Gran Liberatè a soutni l atravè chak ti etap nan eprèv li a, kòmanse pa bonte imedyat li pandan dezespwa ki pi pwofon l lan epi ki kontinye kounyea avèk lespwa yon bèl reyinyon ki “pa twò lwen.”

M reyalize ke pafwa eksperyans lavi yo mennen twoub ak ajitasyon ki ka rann difisil pou nou resevwa oubyen rekonèt kalite sekou Emilie ak Alicia te santi yo. Dènyèman, m t ap panse avèk chwa. Mwen temwaye ke, nan moman sa yo, senp prezèvasyon nou se yon manifestasyon tand ak puisan de bonte imedyat Bondye. Sonje, Izrayèl te finalman vin delivre “pa menm Bondye sa a ki te prezève”12 jou apre jou a.

Mwen rann temwayaj ke Jezikri se Gran Liberatè a, epi nan non Li, m pwomèt nou ke, si nou envlie liavèk yon entansyon reyèl ak yon kè byen dispoze, l ap delivre nou anba tout sa k ap menase pou diminye oubyen detwi lavi nou oubyen lajwa nou. Delivrans sa a ka pran pi lontan pase nou ta vle—petèt tout yon lavi oubyen pi lontan toujou. Konsa, pou ba nou rekonfò, kouraj, ak espwa, pou soutni nou ak fòtifye nou jiskaske jou delivrans final sa a rive, mwen rekòmande nou e m temwaye nou de bonte imedyat Bondye nan non Jezikri, amèn.