Ekriti yo
Doktrin ak Alyans yo 88


Seksyon 88

Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Kirtland, Ohio, 27 ak 28 Desanm 1832, ak 3 Janvye 1833. Pwofèt la te deziye l kòm “‘fèy oliv la’ … ki te soti nan Pyebwa Paradi a, mesaj lapè Senyè a ba nou an.” Yo te resevwa revelasyon sa a apre plizyè gran prèt nan yon konferans te priye “Senyè a separeman epi awotvwa pou l te revele volonte li pou nou konsènan etablisman Siyon an.”

1–5, Sen ki fidèl yo resevwa Konsolatè sa a, ki se pwomès lavi etènèl; 6–13, Se avèk Limyè Kris la tout bagay kontwole epi gouvène; 14–16, Rezirèksyon an vini pa mwayen Redanmsyon an; 17–31, Obeyisans lalwa selès, lalwa terès, oubyen lalwa telès prepare lèzòm pou wayòm ak laglwa respektif sa yo; 32–35, Moun ki vle rete nan peche ap toujou rete sal; 36–41, Se avèk lalwa tout wayòm yo dirije; 42–45, Bondye te bay yon lalwa pou tout bagay; 46–50, Lòm pral menm rive konprann Bondye; 51–61, Parabòl moun ki te voye sèvitè l yo nan jaden an epi ki te vizite yo youn apre lòt la; 62–73, Pwoche pre Senyè a epi n ap wè figi Li; 74–80, Sanktifye tèt nou epi ansenye youn lòt doktrin wayòm nan; 81–85, Chak moun ki te avèti dwe avèti pwochen l; 86–94, Siy, chanjman nan eleman yo, ak zanj ap prepare chemen an pou aparisyon Senyè a; 95–102, Twonpèt zanj la rele mò yo daprè lòd yo; 103–116, Twonpèt zanj la pwoklame retablisman levanjil la, chit Babilòn nan, ak batay Bondye ki gran an; 117–126, Chèche aprann, etabli yon kay pou Bondye (yon tanp), epi abiye tèt nou avèk lyen charite a; 127–141, Lòd Lekòl Pwofèt yo tabli, ansanm avèk òdonans lavman pye a.

1 An verite, se pawòl Senyè pou noumenm ki rasanble ansanm pou resevwa volonte li konsènan nou:

2 Gade, sa fè Senyè nou an plezi, epi zanj yo arejwi akoz nou; epi blacharite priyè nou yo monte nan zòrèy Senyè cTout Lame yo, epi yo anrejistre nan dliv ki gen non moun ki sanktifye yo, moun mond selès yo menm.

3 Se poutèt sa, kounyeya m voye yon lòt aKonsolatè ba nou, sou noumenm zanmi m yo, pou l kapab rete nan kè nou, bSentespri pwomès la menm; lòt Konsolatè sa a ki se menm m te pwomèt disip mwen yo, jan sa anrejistre nan temwayaj Jan an.

4 Konsolatè sa a se pwomès m ba nou konsènan alavi etènèl, blaglwa Wayòm selès la menm;

5 Laglwa sa a ki se laglwa legliz aPremyene a, sa vle di Bondye, ki pi sen pase tout lòt, pa entèmedyè Jezikri, Pitit Gason li a—

6 Li menm ki te amonte nan syèl la, menm jan tou li te bdesann pi ba tout bagay, yon fason pou l te kapab ckonprann tout bagay, pou l kapab nan tout bagay epi pa mwayen tout bagay, dlimyè verite a;

7 Verite sa a ki briye a. Sa se alimyè Kris la. Menm jan tou li nan solèy la, epi li se limyè solèy la, epi se avèk pouvwa li solèy la te bfèt.

8 menm jan tou li nan lalin nan, epi li se limyè lalin nan, epi se avèk pouvwa li lalin nan te fèt;

9 menm jan tou limyè zetwal yo, epi se avèk pouvwa li yo te fèt;

10 Epi tè a tou ak pouvwa li, tè kote nou akanpe a menm.

11 Epi limyè ki briye a, ki ba nou limyè a, se pa mwayen limenm ki klere je nou yo, se menm limyè sa a tou ki vivifye aentèlijans nou;

12 aLimyè sa a ki soti nan prezans Bondye pou branpli tout espas la nèt—

13 Limyè ki nan atout bagay, ki bay tout bagay blavi, ki se clalwa ki gouvène tout bagay, menm pouvwa Bondye ki chita sou twòn li a, ki anndan letènite a, ki nan mitan tout bagay.

14 Kounyeya, an verite m di nou, pa mwayen aredanmsyon ki te fèt pou nou an, rezirèksyon mò yo te reyalize.

15 Epi alespri a ak b a se cnanm lòm.

16 Epi arezirèksyon mò yo se redanmsyon nanm nan.

17 Epi redanmsyon nanm yo fèt pa lantremiz limenm ki vivifye tout bagay, anndan li dekrè a soti pou fè konnen apòv yo ak bmoun dou yo ki sou c a pral eritye l.

18 Se poutèt sa, li nesesè pou l sanktifye anba tout enjistis, pou l kapab pare pou laglwa aselès la;

19 Paske apre l fin ranpli mezi kreyasyon li a, li pral kouwone avèk alaglwa, avèk prezans Papa Bondye menm;

20 Pou kò ki fè pati wayòm selès yo kapab aposede l pou tout tan; paske se nan bentansyon sa a li te fèt epi li te kreye, epi se nan entansyon sa a yo csanktifye.

21 Epi moun ki pa sanktifye pa mwayen lalwa m te ba nou an, lalwa Kris la menm, yo dwe eritye lòt wayòm, menm yon wayòm terès, oubyen yon wayòm telès.

22 Paske yon moun ki pa kapab sipòte alalwa yon wayòm selès, li pa kapab sipòte yon laglwa selès.

23 Epi yon moun ki pa kapab sipòte lalwa yon wayòm aterès, li pa kapab sipòte yon laglwa terès.

24 Epi yon moun ki pa kapab sipòte lalwa yon wayòm atelès, li pa kapab sipòte yon laglwa telès; se poutèt sa li pa pare pou yon wayòm laglwa. Se poutèt sa, li dwe rete nan yon wayòm ki pa yon wayòm laglwa.

25 Epi ankò, an verite m di nou, a a sipòte lalwa yon wayòm selès, paske li ranpli mezi kreyasyon li a, epi li pa transgrese lalwa a—

26 Se poutèt sa, li pral asanktifye; wi, malgre l pral bmouri, l ap vivifye ankò, epi li pral sipòte pouvwa ki vivifye l la, epi cmoun ki jis yo pral deritye l.

27 Paske malgre yo mouri, yo pral aleve ankò, yon bkò espirityèl.

28 Moun ki gen yon lespri selès yo pral resevwa menm kò a ki te yon kò natirèl; nou menm tou pral resevwa kò nou, epi alaglwa nou pral menm laglwa ki te bvivifye kò nou an.

29 Moun yon pòsyon laglwa aselès la te vivifye yo pral resevwa menm nan, menm yon totalite.

30 Epi moun pòsyon glwa aterès la te vivifye yo pral resevwa menm nan, so vle toutnèt.

31 Epi tou moun yon pòsyon laglwa atelès te vivifye yo pral resevwa menm nan, sa vle di toutnèt.

32 Epi moun ki rete yo pral avivifye tou; sepandan, yo pral retounen nan plas pa yo, pou yo jwi sa yo te bvle resevwa a, paske yo pa t vle jwi sa yo ta kapab resevwa.

33 Paske kisa sa itil yon moun si yo te ba li yon don, epi li pa resevwa don an? Gade, li pa rejwi l nan bagay yo te ba li a, ni tou moun ki te ba l don an pa rejwi tou.

34 Epi ankò, an verite m di nou, yon bagay lalwa gouvène lalwa a prezève l tou epi lalwa a pèfeksyone l epi asanktifye l tou.

35 Yon bagay ki avyole yon lalwa, epi ki pa sipòte lalwa a, men ki chèche vin tounen yon lalwa pou tèt pa li, epi ki vle rete nan peche, epi ki rete nan peche nèt, lalwa pa kapab sanktifye l, ni bmizèrikòd, ni clajistis, ni jijman. Se poutèt sa yo dwe toujou rete dsal.

36 Tout wayòm resevwa yon lalwa;

37 Epi gen anpil awayòm; paske pa gen okenn espas ki pa gen wayòm; epi pa gen okenn wayòm ki pa gen espas, menm si se yon wayòm ki pi gran oubyen ki pi piti.

38 Epi chak wayòm resevwa yon alalwa; epi chak lalwa gen sèten lyen ak kondisyon tou.

39 Tout èt ki pa obeyi akondisyon sa yo pa bjistifye.

40 Paske aentèlijans mare ak entèlijans; blasajès resevwa lasajès; cverite anbrase verite; dvèti renmen vèti; elimyè atache a limyè; mizèrikòd gen fkonpasyon pou mizèrikòd epi l reklame sa ki pou li; lajistis kontinye wout li epi li reklame sa ki pou li; jijman ale devan moun ki sou twòn nan ki gouvène epi ki egzekite tout bagay.

41 Li akonprann tout bagay, epi tout bagay devan l, epi tout bagay antoure l, epi l alatèt tout bagay, epi l anndan tout bagay, epi l nan tout bagay, epi l antoure tout bagay; epi li fè tout bagay, epi tout bagay soti nan li, sa vle di Bondye, pou toujou epi ajamè.

42 Epi ankò, an verite m di nou, li bay yon lalwa pou tout bagay, ki pèmèt yo deplase nan atan yo ak sezon yo;

43 Epi kous yo fikse, sa vle di kous syèl la ak tè a, ki genyen tè a ak tout planèt yo.

44 Epi yo youn bay lòt alimyè nan tan yo ak sezon yo, nan minit yo, nan lè yo, nan jou yo, nan semèn yo, nan mwa yo, nan ane yo—tout bagay sa yo se byon ane pou Bondye, men pa pou lòm.

45 Tè a woule sou zèl li yo, epi asolèy la bay limyè l pandan lajounen, epi lalin nan bay limyè l nan nuit, epi zetwal yo bay limyè yo tou, pandan y ap woule sou zèl yo nan laglwa yo, nan mitan bpouvwa Bondye.

46 Avèk kisa m ta konpare wayòm sa yo, pou nou kapab konprann?

47 Gade tout sa yo se wayòm, epi nenpòt moun ki wè youn oubyen pi piti ki pami yo a, li a Bondye k ap deplase nan majeste l ak pouvwa l.

48 M di nou, li wè l; sepandan, li te vin kote moun apa l yo epi yo pa t konprann li.

49 aLimyè a klere nan tenèb, epi tenèb la pa konprann ni; sepandan, jou a pral rive pou nou bkonprann menm Bondye, paske n ap vivifye nan li epi akoz li.

50 Lè sa a n ap konnen nou te wè m, m egziste, epi m se vrè limyè ki nan nou an, epi nou nan mwen; san sa nou pa t ap kapab reziste.

51 Gade, m ap konpare wayòm sa yo avèk yon moun ki gen yon jaden, epi l voye sèvitè l yo nan jaden an pou laboure jaden an.

52 Epi l di premye a: Ale travay nan jaden an epi nan premye lè a m ap vini kote ou, epi w ap wè lajwa ki sou figi m.

53 Epi l di dezyèm nan: Ale nan jaden an tou, epi nan dezyèm lè a m ap vizite ou avèk lajwa ki sou figi m.

54 Epi tou li di twazyèm nan: m ap vizite nou;

55 Epi l di katriyèm nan, epi l kontinye jouk nan douzyèm nan.

56 Epi Senyè jaden an t al kote premye a nan premye lè a, epi li te rete avèk li pandan tout lè sa a, epi l te kontan wè limyè ki te sou figi Senyè li a.

57 Epi l te kite premye a pou l kapab vizite dezyèm nan, ak twazyèm nan, ak katriyèm nan, jouk nan douzyèm nan.

58 Epi konsa, yo tout te resevwa limyè figi Senyè yo a, chak moun nan lè pa l, epi nan tan pa l, epi nan sezon pa l—

59 Li te kòmanse sou premye a ale nan adènye a, epi nan dènye a retounen ale nan premye a, epi nan premye a ale nan dènye a;

60 Chak moun nan lòd pa l, jistan lè pa l la fini, jan Senyè li a te kòmande l la, pou Senyè li a te kapab glorifye nan li, epi pou limenm glorifye nan Senyè li a, pou yo tout kapab glorifye.

61 Se poutèt sa, m ap konpare parabòl sa a avèk tout wayòm sa yo, ak aabitan ki ladan yo—chak wayòm nan lè pa l, ak sezon pa l, sa vle di daprè dekrè Bondye te pran an.

62 Epi ankò, an verite m di nou, azanmi m yo, m kite pawòl sa yo avèk nou pou nou bmedite nan kè nou, avèk kòmandman sa m ba nou, pou nou crele non mwen pandan m pre a—

63 aPwoche kote m epi m ap pwoche kote nou; bchèche m avèk dilijans epi n ap cjwenn mwen; mande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou nou.

64 Nenpòt sa nou amande Papa a nan non mwen ki bnesesè pou nou, n ap resevwa l;

65 Si nou mande nenpòt bagay ki pa anesesè pou nou, l ap tounen yon bkondanasyon pou nou.

66 Gade, sa nou tande a se avwa moun k ap rele nan dezè a—nan dezè a paske nou kapab wè l—vwa m, paske vwa m se bLespri; Lespri m se verite; cverite rete epi l pa gen finisman; epi si l nan nou l ap fè abondans.

67 Epi si je nou fikse asèlman sou blaglwa m, tout kò nou ap ranpli avèk limyè, epi p ap gen tenèb nan nou; epi kò sa a ki ranpli avèk limyè a ckonprann tout bagay.

68 Se poutèt sa, asanktifye tèt nou pou bpanse nou kapab fikse sèlman sou Bondye, epi jou yo pral vini pou nou c l; paske li pral devwale figi l devan nou, epi se pral nan tan pa l, nan fason pa l, epi daprè volonte pa l.

69 Sonje dènye gwo pwomès m te fè nou an; chase amove panse nou yo epi sispann bri twòp.

70 Rete, rete kote nou ye a, epi konvoke yon asanble solanèl, sa vle di yon asanble moun ki se premye travayè yo nan dènye wayòm sa a.

71 Epi se pou moun yo te aavèti pandan yo t ap vwayaje yo rele non Senyè a, epi pou yo medite sou avètisman yo te resevwa a nan kè yo pandan yon ti tan.

72 Gade, m ap pran swen twoupo nou yo, epi m ap leve ansyen pou m voye ba yo.

73 Gade, m ap akselere travay mwen an nan tan pa li.

74 Epi m ap ba nou menm ki se premye atravayè yo nan dènye wayòm nan, yon kòmandman pou nou rasanble nou ansanm, pou nou òganize nou, pou nou prepare nou, epi pou nou bsanktifye tèt nou; wi, pirifye kè nou, epi cnetwaye men nou yo ak pye nou yo devan mwen, pou m kapab fè nou dpwòp;

75 Pou m kapab temwaye devan aPapa nou, ak Bondye nou, ak Bondye m nan, nou pwòp anba san jenerasyon mechan sa a; pou m kapab akonpli pwomès sa a, gwo dènye pwomès sa a m te fè nou an, lè m vle.

76 Epi tou, m ba nou yon kòmandman pou nou kontinye nan apriyè ak bjèn depi kounyeya.

77 Epi m ba nou kòmandman pou nou aansenye youn lòt bdoktrin wayòm nan.

78 Ansenye avèk dilijans epi alagras mwen ap vini sou nou, pou nou kapab benstwi pi pafètman nan tewori, nan prensip, nan doktrin, nan lalwa levanjil la, nan tout bagay ki gen rapò avèk wayòm Bondye a, ki nesesè pou nou konprann;

79 Konsènan bagay ki nan asyèl la ak sou tè a, ak anba tè a; bagay ki te egziste, bagay ki egziste, bagay ki dwe rive pwochènman; bagay ki lakay nou, bagay ki nan peyi etranje; blagè yo ak sitiyasyon konplike ki pami nasyon yo, ak jijman ki nan peyi a; epi yon konesans konsènan peyi yo ak wayòm yo—

80 Pou nou kapab prepare nan tout bagay lè m voye nou ankò pou nou mayifye apèl m te ba nou a, ak misyon m te otorize nou an.

81 Gade, m te voye nou pou nou kapab atemwaye epi avèti pèp la, epi se pou chak moun ki te resevwa avètisman bavèti pwochen l.

82 Se poutèt sa, yo rete san eskiz, epi peche yo sou tèt pa yo.

83 Yon moun ki achèche m bbonè l ap jwenn mwen, epi m p ap bliye l.

84 Se poutèt sa, rete epi travay avèk dilijans, pou nou kapab pèfeksyone nan ministè nou genyen pou ale pami aJanti yo pou yon dènye fwa, otan moun bouch Senyè a aple, pou bmare lalwa a epi pou sele temwayaj la, epi pou prepare sen yo pou lè jijman ki pral vini an;

85 Pou nanm yo kapab chape anba kòlè Bondye, adezolasyon abominasyon k ap rete tann mechan yo, ni nan mond sa a ak nan mond k ap vini an. An verite, m di nou, kite sa ki pa premye ansyen yo kontinye nan travay la jistan bouch Senyè a baple yo, paske lè yo poko rive; rad yo poko cpwòp anba san jenerasyon sa a.

86 Rete nan alibète ki fè nou blib la; pa canpetre tèt nou nan dpeche, men, epwòpte men nou jistan Senyè a vini.

87 Paske, pa rete anpil jou, a a pral btranble epi l pral balanse pasi-pala tankou yon moun ki sou; csolèy la pral kache figi l, epi l pral refize bay limyè l; lalin nan pral benyen nan dsan; epi ezetwal yo pral vin fache anpil, epi yo pral lage tèt yo desann tankou yon fig frans ki sot tonbe nan yon pye fig.

88 Epi apre temwayaj nou, kòlè ak endiyasyon pral vini sou pèp la.

89 Paske apre temwayaj nou, temwayaj atranbleman tè ap vini, ki pral lakòz lamantasyon nan mitan tè a, lèzòm pral tonbe atè epi yo p ap kapab kanpe.

90 Epi temwayaj yon avwa loray pral vini, ak vwa zeklè, ak vwa tanpèt, ak vwa lanm lanmè yo ki pral depase limit yo.

91 Epi tout bagay pral atoumante; epi an verite kè lèzòm pral sote; paske lakrent pral anvayi tout moun.

92 Epi azanj pral vole nan mitan syèl la, pou yo rele avèk yon vwa fò, pou yo sonnen twonpèt Bondye a, ki di: Prepare nou, prepare nou, O, abitan yo ki sou tè a; paske jijman Bondye ap vini. Gade, bmesye marye a ap vini; soti pou nou ale rankontre l.

93 Epi imedyatman pral gen yon agwo siy ki pral parèt nan syèl la, epi tout moun pral wè l ansanm.

94 Epi yon lòt zanj pral sonnen twonpèt pa li, ki di: agwo blegliz sa a, cmanman abominasyon yo, ki te fè tout nasyon yo bwè diven kòlè dfònikasyon li a, ki pèsekite sen Bondye yo, ki koule san yo a—limenm ki chita sou anpil dlo yo, ak sou zile yo ki sou lanmè a—gade li se move ezèb ki sou tè a; li mare fè pakèt; li mare solid, pèsonn pa kapab demare yo; se poutèt, sa li pare pou l fboule. Epi zanj la pral sonnen twonpèt li lontan epi byen fò, epi tout nasyon pral tande l.

95 Epi pral gen asilans nan syèl la pandan demiyèdtan; epi imedyatman apre sa rido syèl la pral devlope, tankou yon bwoulo ki devlope apre l te fin woule, epi cfigi Senyè a pral devwale;

96 Epi sen yo ki sou tè a, ki vivan yo pral vivifye epi yo pral amonte pou rankontre l.

97 Epi moun ki t ap dòmi nan tonm yo apral leve, paske tonm yo pral louvri; epi yo pral monte tou pou yo rankontre li nan mitan kolòn selès la—

98 Yo se moun Kris la, apremye fwi yo, yo menm ki pral desann avèk li anvan an, epi yo menm ki sou tè a ak nan tonm yo, ki monte an premye pou yo rankontre l la; epi tout sa pral fèt avèk vwa twonpèt Bondye a ki pral sonnen.

99 Epi apre sa, yon lòt zanj pral sonnen, sa ki se dezyèm twonpèt la, epi apre sa se pral redanmsyon moun ki pou Kris yo lè aparisyon li a; ki te resevwa pa yo nan aprizon sa a ki te prepare pou yo a, pou yo kapab resevwa levanjil la, epi pou yo kapab bjije daprè lèzòm nan kò fizik la.

100 Epi ankò, yon lòt twonpèt pral sonnen, sa ki se twazyèm twonpèt la; epi apre sa, se pral alespri lèzòm ki dwe jije yo, ki te tonbe anba bkondanasyon yo;

101 Epi se rès a yo sa; epi yo p ap viv ankò jistan bmil ane fin pase, ni apre sa, jouk nan finisman tè a.

102 Epi yon lòt twonpèt pral sonnen, ki se katriyèm nan, ki di: Genyen pami sa ki rete yo jouk nan gran dènye jou a, menm jiska lafen an, ki pral toujou rete asal.

103 Epi yon lòt twonpèt pral sonnen, ki se senkyèm twonpèt la, ki se senkyèm zanj ki gen alevanjil etènèl la—k ap vole nan mitan syèl la, pou tout nasyon, fanmi, lang ak pèp;

104 Epi se pral son twonpèt li a, li pral di tout moun ni nan syèl la ak sou tè a, epi ki anba tè atou—paske atout zòrèy pral tande l, epi tout jenou pral bpliye, epi tout lang pral konfese, pandan yo tande son twonpèt la ki di: Gen clakrent pou Bondye, epi bay limenm ki chita sou twòn nan laglwa, pou toujou epi ajamè; paske lè jijman li a vini.

105 Epi ankò, yon lòt zanj pral sonnen twonpèt li, ki se sizyèm zanj la, pou di: Li atonbe, li menm ki fè nasyon yo bwè nan diven kòlè fònikasyon li a; li tonbe, li tonbe!

106 Epi ankò, yon lòt zanj pral sonnen twonpèt li, ki se setyèm zanj la, pou di: Sa fini; sa fini! Ti aMouton Bondye a branpòte viktwa epi li ctòdye moulen près diven an pou kont li, moulen diven pi move kòlè Bondye Toupisan an menm.

107 Epi apre sa, zanj la pral kouwone avèk laglwa nan pisans li, epi asen yo pral ranpli avèk blaglwa li, epi yo pral resevwa ceritaj yo epi yo pral vin degal avèk li.

108 Epi apre sa, premye zanj la pral sonnen twonpèt li ankò nan zòrèy tout vivan yo, pou l arevele aksyon sekrè lèzòm, ak travay pisan Bondye yo nan bpremye mil ane a.

109 Epi apre sa, dezyèm zanj la pral sonnen twonpèt li, pou l revele aksyon sekrè lèzòm, ak panse ak entansyon kè yo, ak travay pisan Bondye yo nan dezyèm mil ane a—

110 Epi eksetera, jistan setyèm zanj la sonnen twonpèt li; epi li pral kanpe sou tè a ak sou lanmè a, epi li pral sèmante nan non moun ki chita sou twòn nan, pou fè konnen pa gen atan ki rete ankò; epi bSatan pral mare, vye sèpan sa a, yo rele dyab la, epi li p ap demare pandan yon peryòd cmil ane.

111 Epi apre sa li pral ademare pou yon ti tan, pou l kapab rasanble lame l yo ansanm.

112 Epi aMichèl, setyèm zanj la, akanj la menm, pral rasanble lame li yo ansanm, tout lame syèl la menm.

113 Epi dyab la pral rasanble lame l yo ansanm; tout lame lanfè a menm, epi li pral monte vin goumen kont Michèl ak lame l yo.

114 Epi lè sa a se ap abatay Gran Bondye a; epi dyab la ak lame l yo pral chase ale nan plas pa yo, pou yo pa gen pouvwa sou sen yo ditou ankò.

115 Paske Michèl pral batay pou yo, epi li pral ranpòte viktwa sou moun k ap achèche pran twòn lòt moun ki chita sou twòn nan, sa vle di Ti Mouton an.

116 Se laglwa Bondye ak moun ki asanktifye yo; epi yo p ap janm wè blanmò ankò.

117 Se poutèt sa, an verite m di nou, azanmi m yo, rele asanble solanèl nou yo, jan m te kòmande nou an.

118 Epi kòm tout moun pa gen lafwa, chèche avèk dilijans epi aansenye youn lòt pawòl bsajès; wi, chèche pawòl sajès nan pi bon cliv yo; chèche konesans, menm pa etid epi pa lafwa.

119 Òganize tèt nou; prepare tout bagay ki nesesè; epi etabli yon akay, men yon kay priyè, yon kay jèn, yon kay lafwa, yon kay pou aprann, yon kay laglwa, yon kay lòd, yon kay pou Bondye;

120 Pou antre nou yo kapab nan non Senyè a; pou soti nou yo kapab nan non Senyè a; pou tout salitasyon nou yo kapab fèt nan non Senyè a, avèk men nou leve devan Bondye Ki Pi Wo a.

121 Se poutèt sa, asispann avèk tout konvèsasyon ensanse nou yo, nan tout bgriyen dan, nan tout canvi fizik nou yo, nan tout dlògèy ak basès nou yo, epi nan tout mechanste nou yo.

122 Lonmen yon enstriktè pami nou, epi pa kite tout moun pale ansanm; men, kite yon sèl moun pale alafwa pandan lòt yo ap koute sa l ap di, pou lè tout moun fin pale, tout moun kapab edifye akoz tout moun, pou chak moun kapab genyen yon privilèj egal.

123 Gade pou youn arenmen lòt; sispann gen bkonvwatiz; aprann pataje youn bay lòt jan levanjil la mande a.

124 Sispann fè aparès; sispann pa pwòp; sispann bjwenn fot youn nan lòt; sispann dòmi plis pase sa ki nesesè; kouche nan kabann nou bonè, pou nou kapab pa fatige; leve bonè, pou kò nou ak panse nou kapab rafrechi.

125 Epi plis pase tout lòt bagay, abiye nou avèk kòd acharite yo, tankou avèk yon manto ki se kòd pèfeksyon ak blapè.

126 aPriye tout tan, pou nou kapab pa fayi, jistan m bvini. Gade, epi sètènman, M ap vini rapid rapid, epi m ap resevwa nou pou tèt pa m. Amèn.

127 Epi ankò, lòd kay ki te prepare pou prezidans alekòl pwofèt yo, ki te tabli pou enstriksyon yo nan tout bagay ki nesesè pou yo a, sa vle di pou tout bofisye ki nan legliz la, oubyen ki vle di, pou moun ki te resevwa apèl pou ministè nan legliz la, kòmanse avèk gran prèt yo, desann ale nan dyak yo—

128 Epi se pral lòd ki nan lekòl prezidans la: Yon moun ki lonmen kòm prezidan, oubyen enstriktè, dwe kanpe nan plas li, nan kay ki prepare pou li a.

129 Se poutèt sa, se li k ap premye nan kay Bondye a, nan yon plas kote asanble ki nan kay la kapab tande pawòl li yo avèk swen epi avèk presizyon, pa avèk yon vwa ki fò.

130 Epi lè l vini nan kay Bondye a, paske l ta dwe premye nan kay la—gade, se yon bèl bagay pou l ta yon egzanp—

131 Se pou l aofri tèt li nan priyè sou jenou l devan Bondye, kòm senbòl oubyen rapèl alyans etènèl la.

132 Epi lè nenpòt moun vini kote l, se pou enstriktè a leve, epi avèk men l leve nan direksyon syèl la, wi menm dirèkteman, pou l salye frè li oubyen frè l yo avèk mo sa yo:

133 Èske ou se yon frè oubyen se frè nou w ye? M salye ou nan non Senyè a Jezikri, kòm senbòl oubyen rapèl alyans etènèl la, nan alyans sa a m resevwa ou avèk afratènite, nan yon detèminasyon fiks, enfleksib, epi enchanjab, kòm bfrè ou pa mwayen lagras Bondye nan kòd lanmou, pou mache nan tout kòmandman Bondye san blam, avèk remèsiman, pou toujou epi ajamè. Amèn.

134 Epi yon moun ki pa gen diyite pou salitasyon sa a li p ap gen plas pami nou; paske nou pa dwe aksepte pou l asouye kay mwen an.

135 Epi yon moun ki vini epi ki fidèl devan mwen, epi ki se yon frè, oubyen ki se plizyè frè, yo dwe salye prezidan an oubyen enstriktè a avèk men yo leve nan direksyon syèl la, avèk menm priyè ak alyans sa a, oubyen pou yo di Amèn, kòm alyans pou menm bagay la.

136 Gade, an verite, m di nou, se yon egzanp pou nou kòm salitasyon pou youn avèk lòt nan kay Bondye a, nan lekòl pwofèt yo.

137 Epi nou aple pou nou fè sa avèk priyè ak remèsiman, jan Lespri a enspire nou nan tout sa n ap fè nan kay Senyè a, nan lekòl pwofèt yo, pou l kapab vin tounen yon kote ki sen, yon tabènak Sentespri a pou aedifikasyon nou;

138 Epi nou pa dwe resevwa okenn moun nan lekòl sa a si l pa lave anba asan jenerasyon sa a;

139 Epi nou dwe resevwa l avèk òdonans alavman pye yo, paske se poutèt rezon sa a òdonans lavman pye yo te tabli.

140 Epi ankò, se prezidan an, oubyen ansyen k ap prezide legliz la ki dwe administre òdonans lavman pye yo.

141 Li dwe kòmanse avèk priyè; epi apre yo fin amanje pen ak bwè diven an, li dwe mare senti l daprè bmodèl ki nan trèzyèm chapit temwayaj Jan an konsènan mwen an. Amèn.