Konferans Jeneral
Limyè atache a Limyè
Konferans Jeneral Avril 2021


Limyè atache a Limyè

Pandan n ap ogmante lafwa nou nan Kris la, n ap resevwa limyè k ap grandi jiskaske l chase tout fènwa.

Chè frè m ak sè m yo, mwen rejwi avèk nou jou Dimanch Pak beni sa a pandan n ap kontanple limyè gloriye ki te leve sou tè a avèk Rezirèksyon Senyè ak Sovè nou an Jezikri.

Pandan ministè Li nan mòtalite a, Jezikri te di: “Mwen se limyè mond la; moun ki suiv mwen, li p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”1 Lespri Kris la “nan tout bagay, [e] li bay tout bagay lavi.”2 Li konkeri fènwa ki otreman t ap antoure nou an.

Sa gen plizyè ane, nan chèche avanti, de pitit gason m yo avèk mwen te akonpanye yon gwoup jènjan ale nan Moaning Cavern (Gwòt k ap Jemi) an, ki rele konsa paske yon lè te gen yon bri eko ki te soti ladann. Gwòt la se yon twou wòch ki ouvri sou yon kavite vètikal a 180 pye (55 m) de pwofondè, ki se pi gwo twou wòch ki egziste nan Kalifòni.

Imaj
Moaning Cavern

Gen de fason sèlman pou yon moun desann ladan l: yon eskalye anwon ki san danje oubyen desant an rapèl (glise desann) pou rive anba nan gwòt la; pitit gason m yo avèk mwen te chwazi pou nou fè desant an rapèl la. Pi gran pitit gason m nan t ale an premye pandan mwenmenm ak pi piti a te deside ale an dènye pou nou te ka desann ansanm.

Apre gid nou yo te fin ba nou enstriksyon epi byen tache nou avèk ekipman solid nan yon gwo kòd, nou te rekile tou dousman jiskaske nou te rive kanpe sou yon ti rebò epi nou te rasanble kouraj nou, paske sete dènye chans nou pou nou te vire tèt tounen, epi dènye kote nou t ap wè limyè solèy la nan antre gwòt la.

Pwochen pa annaryè nou yo te plonje nou nan yon gwòt imans ki te si tèlman wo ak si tèlman laj ke li te ka vale tout Stati Libète a. La, nou te balanse tou dousman, pandan je nou t ap ajiste ak fènwa ki te nan kote sa a. Pandan nou t ap kontinye desann, klate anpoul elektrik yo te klere yon bèl mi ki t ap briye avèk stalagmit ak stalaktit briyan.

Toudenkou, tout limyè yo te etenn. Pandan nou te pandye nan abim nan, nou te anvlope nan yo fènwa tèlman pwofon ke nou pa t menm ka wè men nou sou kòd ki te devan nou yo. Yon vwa te rele imedyatman, “Papa, papa, ou la?”

M te reponn, “M la pitit gason m nan, m la.”

Pèt limyè toudenkou a te fèt pou yo te ka montre nou ke san elektrisite, fènwa gwòt la te enpenetrab. Sa te reyisi; nou “te santi” fènwa a. Lè yo te rebay limyè a, fènwa a te sispann imedyatman, paske fènwa dwe toujou soumèt bay menm yon ti limyè tou piti. Pitit gason m yo avèk mwente rete avèk souvni yon fènwa nou potko janm konnen, ak yon pi gwo apresyasyon pou limyè ke nou pa p janm bliye, ak asirans ke nou pa janm poukont nou nan fènwa.

Nan yon sètèn fason, desant nou nan gwòt sa a gen resanblans avèk vwayaj nou nan mòtalite a. Nou te kite limyè glorye syèl la epi nou te desann atravè yon vwal doubli vin nan yon mond fènwa. Papa nou Ki nan Syèl la pa t abandone nou nan fènwa a men Li te pwomèt nou limyè pou vwayaj nou an atravè Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri.

Nou konnen ke limyè solèy la esansyèl pou tout lavi sou latè. Se menm jan tou limyè ki soti nan Sovè nou an esansyèl pou lavi spirityèl nou. Nan lanmou pafè Li, Bondye akòde limyè Kris la a chak moun “ki vini nan mond lan”3 pou yo ka fè diferans ant “byen ak mal”4 epi pou yo ka enspire pou yo “fè byen tout tan.”5 Limyè sa a, ki revele tèt li atravè sa nou souvan rele konsyans nou, ankouraje nou pou nou aji epi pou nou vin pi bon vèsyon tèt nou.

Pandan n ap ogmante lafwa nou nan Kris la, n ap resevwa limyè k ap grandi jiskaske l chase tout fènwa ki gen dwa te antoure nou. “Yon bagay ki soti nan Bondye li se limyè; epi yon moun ki resevwa limyè epi ki kontinye nan Bondye, li resevwa plis limyè; epi limyè sa a vin pi klere jistan l fè jou klè.”6

Limyè Kris la prepare nou pou nou resevwa enfliyans sèvyab Sentespri a, ki se “pouvwa Bondye pou konvenk nou … de verasite Levanjil la.”7 Twazyèm manm Divinite a, Sentespri a “se yon pèsonaj Lespri.”8 Pi gwo sous limyè Papa nou ki nan Syèl la ban nou nan mòtalite a vini atravè Sentespri a, ki gen enfliyans ki “pral eklere lespri ou [epi] ranpli nanm ou ak lajwa.”9

Nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, atravè otorite prètriz retabli a, nou batize pa imèsyon pou remisyon peche nou. Apresa, yo poze men sou tèt nou epi yo ba nou “don enkonparab”10 Sentespri a.

Apresa, lè dezi nou ak aksyon nou santre sou chemen alyans lan, Sentespri a, tankou yon limyè andedan nou, ap revele epi temwanye de laverite11 avèti kont danje, rekonfòte12 ak netwaye,13 ak pote lapè14 pou nanm nou.

Paske “limyè atache a limyè,”15 konpayi konstan Sentespri a ap dirije nou pou nou fè chwa k ap gen tandans pou kenbe nou nan limyè a; kontrèman a chwa ki fèt san enfliyans Sentespri a ki ap dirije nou nan fènwa ak tenèb. Jan Èldè Robert D. Hales te ansenye, “Lè limyè prezan, li venk fènwa epi fènwa a dwe ale. … Lè limyè espirityèl Sentespri a prezan, fènwa Satan an ale.”16

Èlske m ka sigjere ke, petèt, sa se moman pou w mande tèt ou: Èske m gen limyè sa a nan lavi mwen? Si se non, ki dènye fwa mwen te genyen li?

Tou kòm limyè solèy la benyen tè a pou renouvle ak soutni lavi, se konsa tou nou ka fè limyè grandi andedan nou lè nou chwazi pou nou suiv Limenm—Jezikri.

Gen yon gout reyon solèy ki ajoute chak fwa w chèche Bondye nan lapriyè; chak fwa w ap etidye ekriti yo pou w ka “tande Li”17 lè w suiv enstriksyon ak revelasyon ou resevwa nan men pwofèt vivan nou yo; epi w obeyi ak kenbe kònandman pou w “mache nan òdonans Senyè a.”18

W ap envite limyè spirityèl nan nanm ou ak lapè nan lavi ou chak fwa w repanti. Pandan w ap pran sentsèn chak semèn pou w ka pran non Sovè a sou ou, pou w toujou sonje Li epi respekte kòmandman L yo, limyè Li ap briye nan ou.

Gen limyè solèy nan nanm ou chak fwa ou pataje levanjil la epi w rann temwayaj ou. Chak fwa nou youn sèvi lòt menmjan jan Sovè a te fè, n ap santi chalè Li nan kè nou. Limyè Pè Selès la toujou rete andedan tanp sakre L la ak sou tout moun ki prezante tèt yo nan Kay Senyè a. Limyè Li nan ou grandi a chak aksyon jantiyès, pasyans, padon, charite, epi li parèt nan vizaj kontan ou. Yon lòtbò, nou mache nan fènwa lè nou mete nou an kolè twò vit oswa nou twò lan pou nou padone. “Pandan w ap kenbe vizaj ou sou limyè solèy la, fènwa yo se dèyè w y ap rete.”19

Pandan w ap viv pou w merite konpayi Sentespri a, w ap vrèman “ogmante kapasite spirityèl ou pou resevwa revelasyon.”20

Lavi a prezante difikilte ak obstak, e nou dwe fè fas ak jou fènwa ak jou tanpèt. Men, atravè tout bagay sa yo, si nou “kite Bondye gen priyorite nan lavi nou,”21 limyè Sentespri a ap revele ke gen objektif ak sans nan eprèv nou yo, epi alafen y ap transfòme nou pou nou vin pi bon, moun ki pi konplè avèk yon lafwa ki pi fèm ak yon esperans nan Kris la ki pi klere, paske n ap konnen ke Bondye avèk nou nan tout jounen fènwa nou yo. Jan Prezidan Nelson te konseye, “Ogmantasyon fènwa ki akonpaye tribilasyon yo fè limyè Jezikri a briye pi plis toujou.”22

Gen peryòd nan lavi nou ki pafwa ka mennen nou kote nou pa ni vle ni atann. Si peche mennen w la, retire vwal tenèb la epi kòmanse kounyea pou w rapwoche w enbleman bò kote Papa nou Ki nan Syèl la avèk yon kè brize ak yon Lespri kontri epi repanti. L ap koute priyè sensè ou. Ak kouraj jodia, “pwoche kote [Li] epi [Li\ ap pwoche kote ou.”23 Ou p ap janm tonbe twò lwen pouvwa gerizon Sakrifis Ekspyatwa a.

M soti nan bon paran ak zansèt fidèl ki te reponn a limyè Jezikri a ak levanjil Li a, epi sa te beni lavi yo ak jenerasyon ki te suiv yo avèk rezistans spirityèl. Papa m te konn pale souvan de papa li, Milo T Dyches, e l te konn rakonte kijan lafwa papa l nan Bondye te yon limyè pou li lajounen kou lannuit. Granpapa m sete yon gad forestye e souvan li te poukont li ap pakouri mòn yo, pandan l te konn konfye lavi l nan direksyon ak swen Bondye san poze kesyon.

Byen ta yon jou otòn, Granpa te poukònt li anlè mòn yo. Ivè te gentan kòmanse lè l te sele youn nan cheval prefere l yo, vye Prens, epi li t ale nan yon asyeri pou l t al peze ak mezire gwo bwa anvan yo te siye yo pou fè pi piti bwa pou moun boule.

Lè solèy te kouche, li te fini travay li epi li te monte sou do cheval la. Rive lè sa a, tanperati a te desann nèt epi yon tanpèt nèj ivè sovaj te kòmanse anglouti mòn nan. San limyè ni chemen pou gide l, li te oryante Prens nan yon direksyon ke l te panse ki t ap mennen yo tounen nan pòs gad forestye a.

Imaj
Milo Dyches k ap vwayaje nan yon tanpèt nèj

Apre l te fin vwayaje plizyè kilomèt nan fènwa a, Prens te ralanti, apresa li te kanpe. Granpa te eseye pouse Prens plizyè fwa pou l te avanse, men cheval la te refize. Avèk toubiyon nèj aveglan ki te antoure yo a, Granpa te reyalize ke l te bezwen èd Bondye. Jan l te toujou konn fè pandan tout lavi li, li te enbleman “[mande] ak lafwa, san doute.”24 Yon vwa tou ba te reponn, “Milo, lache rêne Prens yo.” Granpa te obeyi, epi pandan l te lache rêne yo, Prens te vire epi l te kòmanse galope nan yon lòt direksyon. Aprè plizyè èdtan, Prens te kanpe ankò epi li te bese tèt li. Nan mitan nèj ki t ap tonbe a, Granpapa te wè yo te rive nan baryè pòs gad forestye a ansekirite.

Nan demen maten, Granpa te retrase ti tras pye Prens nan nèj la. Li te rale yon gwo souf lè l te dekouvri kote l te lache rêne Prens pou te ba l libète pou l tale kote l te vle a: sete arebò yon falèz kote yon sèl pa te ka plonje ni li menm ni cheval la tonbe anba al mouri sou wòch yo.

Baze sou eksperyans sa a ak anpil lòt, Granpapa te konseye nou souvan ke “meyè ak pi gran patnè nou ka janm genyen se Papa nou Ki nan Syèl la.” Lè papa m te konn rakonte istwa Granpapa a, mwen sonje li te toujou site ekriti sa a:

“Konfye w nan Senyè a avèk tout kè ou; epi pa apiye w sou pwòp konpreyansyon pa ou.”

“Toujou sonje Senyè a nan tout sa w ap fè. Li menm la montre ou chemen pou ou pran.”25

Imaj
Sovè a ki kenbe yon lanp

Mwen temwaye ke Jezikri se limyè etènèl ki toujou “briye nan fènwa” a26 Pa gen fènwa ki ka efase, etenn, oubyen defèt limyè sa a. Papa nou Ki nan Syèl la ofri ou Limyè sa a gratis. Ou pa janm poukont ou. Li tande epi L reponn chak priyè. Li “aple w pou ou sot nan tenèb pou vin nan limyè meveye l la.”27 Lè w mande, “Papa, Papa, èske w la?” L ap toujou reponn, “Mwen la, pitit mwen; mwen la a.”

Mwen temwaye ke Jezikri te akonpli plan Papa nou Ki nan Syèl la kòm Sovè ak Redanmtè nou;28 Li se limyè nou, lavi nou, ak chemen nou. Limyè L la pa p janm etenn;29 Lagwa Li p ap janm sispann, lanmou Li pou ou etènèl—yè, jodia, ak pou tout tan. Nan non Jezikri, amèn.