Konferans Jeneral
Enjistis Revòltan
Konferans Jeneral Avril 2021


Enjistis Revòltan

Jezikri konprann enjistis epi Li gen pouvwa pou pote remèd pou sa.

An 1994, nan peyi Rwanda an Afrik de Lès te gen yon jenosid ki te pwovoke an pati pa gwo tansyon pwofon ki te egziste nan pami tribi yo. Yo estime te gen plis pase yon demi milyon moun yo te touye.1 Sa ki remakab sè ke pifò pèp Wanda a te rive rekonsilye,2 men evenman sa yo kontinye gen repèkisyon.

Sa gen dizan, pandan nou t ap vizite Rwanda, madanm mwen avèk mwen te kòmanse yon konvèsasyon avèk yon lòt pasaje nan ayewopò Kigali a. Li t ap plenyen poutèt enjistis jenosid la epi li te mande avèk anpil emosyon: “Si te gen yon Bondye, èske L pa t ap fè yon bagay pou sa?” Pou mesye sa a—ak pou anpil nan nou—soufrans ak enjistis kriyèl kapab sanble yo pa mache avèk reyalite yon Pè Selès ki plen bonte ak lanmou. Sepandan Li reyèl, Li bon, epi Li renmen chak pitit Li pafètman. Diferans ki sanble ki egziste ant de ide sa yo osi ansyen ke limanite e nou pa ka eksplike l nan yon senp deklarasyon oubyen sou yon otokolan pou nou mete sou defans yon machin.

Pou l kòmanse fè sans pou nou, an nou eksplore plizyè kalite enjistis. Ann konsidere yon fanmi kote chak timoun te resevwa yon montan kòb chak semèn pou travay yo fè nan kay la. Yon pitit gason, John, te achte sirèt; yon pitit fi, Anna, te sere lajan l lan. Alafen, Anna te rive achte yon bisiklèt. John te twouve ke sa te totalman enjis pou Anna te gen yon bisiklèt pandan ke limenm li pa t gen youn. Men se chwa John te fè yo ki te kreye inegalite a, se pa t aksyon paran l yo. Desizyon Anna pou l te sakrifye satisfaksyon imedyat ki se te manje sirèt la pa t reprezante okenn enjistis anvè John paske li te gen menm opòtinite avèk sè l la.

Menm jan an tou, desizyon nou yo ka mennen avantaj oswa dezavantaj alontèm. Jan Senyè a te revele a: “Epi si yon moun jwenn plis konesans ak entèlijans nan lavi sa a akozde dilijans li ak obeyisans li pase yon lòt moun, l ap gen pi gwo avantaj nan mond k ap vini an.”3 Lè lòt moun resevwa benefis paske yo fè bon chwa, nou pa ka gen rezon si nou di ke yo trete nou enjisteman lè nou te gen menm opòtinite a.

Yon lòt egzanp enjistis soti nan yon sitiyasyon madanm mwen, Ruth, te rankontre lè l te piti. Yon jou, Ruth te aprann ke manman l t ap mennen yon ti sè li, Merla, al achte soulye nèf. Ruth te plenyen: “Manman, sa pa jis! Se Merla ki te resevwa dènye pè soulye nèf la.”

Manman Ruth te mande: “Ruth, èske soulye w la (toujou) bon pou ou?”

Ruth te reponn “Wi.”

Apre sa manman l te di: “Soulye Merla a pa bon pou li ankò.”

Ruth te dakò ke chak timoun nan fanmi an te dwe gen soulye ki bon pou yo. Malgre Ruth ta byen renmen gen soulye nèf, pèsepsyon ki te fè l kwè ke yo te trete l enjisteman an te disparèt lè l te wè sikonstans yo atravè je manman l.

Gen kèk enjistis nou pa kapab eksplike; enjistis nou pa ka eksplike yo fè nou revòlte. Enjistis vini paske n ap viv avèk kò ki enpafè, ki blese oswa ki malad. Lavi nan mòtalite a enjis tou natirèlman. Gen moun ki fèt nan abondans, gen lòt ki pa fèt nan abondans. Gen moun ki gen paran ki plen lanmou, gen lòt ki pa gen chans sa a. Gen moun ki viv anpil ane, gen lòt ki viv yon tikras tan. E gen anpil lòt egzanp enjistis toujou ke nou ta kapab bay. Gen moun ki komèt bagay ki revòltan menm lè y ap eseye fè byen. Gen moun ki chwazi pou yo pa repare enjistis alòske yo ta kapab fè sa. Sa ki aflijan, sèke gen moun ki itilize libabit Bondye ba yo a pou yo blese lòt moun alòske yo pa ta dwe janm fè sa.

Gen plizyè kalite enjistis ki ka akimile, pou vin kreye yon tsunami enjistis ki boulvèsan. Pa egzanp, pandemi COVID-19 la afekte moun ki deja ap sibi anba dezantavanj ki lakoz pa plizyè kalite faktè pwofon. Kè m fè m mal pou moun ki ap sibi kalite enjistis sa yo, men mwen deklare avèk tout kè fè mal mwen an ke Jezikri konprann enjistis epi Li gen pouvwa pou L pote remèd pou sa. Pa gen anyen nou kapab konpare avèk enjistis Li te andire a. Sa te enjis pou L te soufri tout doulè ak afliksyon limanite. Sa te enjis pou L te soufri pou peche ak erè mwenmenm ak oumenm te komèt. Men Li te chwazi fè sa akozde amou Li pou nou ak pou Papa nou ki nan Syèl la. Li pafètman konprann sa n ap travèse yo.4

Ekriti yo rapòte ke Izrayelit tan lontan yo te di ke Bondye te trete yo enjisteman. Kòm repons, Jewova te mande yo: “Èske yon manman ka bliye pitit l ap bay tete a, èske l pa sansib pou pitit li pote nan vant li a?” Menm jan sa enposib pou yon manman plen lanmou ta bliye ti pitit li a, Jewova te deklare ke devouman Li te menm pi solid toujou. Li te di: “Wi, menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p ap janm bliye nou. Gade, mwen ekri non nou nan pla men m; mwen toujou wè miray nou yo devan je m.”5 Paske Jezikri te andire sakrifis ekspyatwa enfini an, Li konprann santiman nou yo pafètman.6 Li toujou konsyan de nou ak sikonstans nou yo.

Nan mòtalite a, nou ka “pwoche avèk konfyans” devan Sovè a pou nou resevwa konpasyon, gerizon, ak èd.7 Menm lè n ap soufri nan fason ineksplikab, Bondye ka beni nou nan fason senp, òdinè, ak siyifikatif. Si nou aprann rekonèt benediksyon sa yo, konfyans nou nan Bondye ap ogmante. Nan etènite yo, Pè Selès la ak Jezikri va rezoud tout enjistis. Se tou natirèl pou nou anvi konn kijan ak kilè. Kijan Yo pral fè sa? Kilè Yo pral fè sa? Dapre sa m konnen, Yo pa revele nou kijan ni kilè.7 Men sa m konnen sè ke Yo va fè sa

Nan sitiyasyon ki enjis yo, youn nan tach nou genyen se kwè ke “tout sa ki pa jis nan lavi a ka vin dwat gras a Ekspyasyon Jezikri a.”9 Jezikri te venk mond lan epi li te “absòbe” tout enjistis. Gras avèk Li, nou ka gen lapè nan mond sa a epi pran kouraj.10 Si nou kite L fè sa, Jezikri ap konsakre tout enjistis yo pou benefis nou.11 Li p ap sèlman konsole nou ak retabli sa ki te pèdi;12 men L ap itilize enjistis yo pou benefis nou tou. Nan zafè kijan ak kilèa, nou bezwen rekonèt ak aksepte, jan Alma te fè a, “se pa sa ki enpòtan; paske Bondye konnen tout bagay sa yo; epi li ase pou mwen pou m konnen se konsa sa ye.”13

Nou ka eseye tann repons kesyon nou genyen sou kijan ak kilè yo pou apre epi konsantre nou sou devlope lafwa nan Jezikri, ke Li gen pouvwa pou fè tout bagay dwat epi Li anvi fè sa.14 Ensiste pou nou konnen kijan oswa kilè a se bagay ki pa p pwodui anyen, epi sa se mank vizyon.15

Pandan n ap devlope lafwa nan Jezikri, nou ta dwe eseye vin tankou L tou. Lè sa a nou apwoche kot lòt moun avèk konpasyon epi nou eseye soulaje enjistis kote nou jwenn ni;16 nou ka eseye fè bagay yo vin dwat nan zòn enfliyans pa nou. Anfèt, Sovè a te di nou “ta dwe gen bon dezi pou angaje nan bon kòz, pou nou fè anpil bagay avèk pwòp volonte pa [nou], epi pou nou reyalize anpil lajistis.”17

Yon moun ki te gen bon dezi pou angaje l nan konbat enjistis se avoka Bryan Stevenson. Li konsakre kabinè avoka li nan Etazini pou l defann moun yo akize enjisteman, pou l mete fen a pinisyon ki egzajere, ak pou l pwoteje dwa imen debaz yo. Sa gen kèk ane, Mr Stevenson te defann yon mesye yo te akize san rezon kòm kwa li te touye yon moun epi yo te kondane l pou l te mouri. Mr. Stevenson te mande legliz mesye a te konn mache a pou te ba l sipò, malgre mesye a pa t aktif nan legliz la epi yo pa t vle wè l nan kominote a paske anpil moun te konnen li te komèt adiltè.

Pou l te fè kongregasyon an konsantre l sou sa ki te vrèman enpòtan an, Mr. Stevenson te rakonte yo istwa fi yo te akize pou adiltè nan Bib la e ke yo te mennen bay Jezi a. Akizatè yo te vle pou yo touye l avèk kout wòch, men Jezi te di: “Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l premye kout wòch la.”18 Akizatè yo te rale kò yo. Jezi pa t kondane fi a men li te di l pou l pa fè peche ankò.19

Apre l te fin rakonte istwa sa a, Mesye Stevenson te ajoute ke lògèy, laperèz, ak kòlè konn pouse menm moun ki Kretyen voye wòch sou moun ki trebiche. Li te di apre sa “Nou pa ka kite sa rive,” epi li te ankouraje kongregasyon an pou yo te vin tounen “moun ki ap atrap wòch.”20 Frè m ak sè m yo, fè efò pou nou pa voye wòch se premye etap nan trete lòt moun avèk konpasyon. Dezyèm etap la se eseye atrap wòch lòt moun ap voye yo.

Fason nou fè fas a avantaj ak dezavantaj yo fè pati tès lavi a. Se pa tèlman pou sa nou di ke nou pral jije men se pou fason nou trete moun ki vilnerab ak defavorize yo tou.21 Antanke Sen Dènye Jou, n ap chèche pou nou suiv egzanp Sovè a, pou nou mache toupatou al fè byen.22 Nou demontre lanmou nou pou pwochen nou nan travay pou asire diyite tout pitit Papa nou ki nan Syèl la.

Li ta bon pou nou reflechi anpil sou pwòp avantaj ak dezavantaj pa nou yo. Atitid John, ki te rive konprann poukisa Anna te gen bisiklèt la, te revele anpil bagay sou li. Pou Ruth, wè ke Merla te bezwen soulye atravè je manman l lan se te yon bagay trè anrichisan. Eseye wè bagay yo nan yon pèspektiv etènèl kapab pote plis klate pou nou. Pandan n ap vin plis sanble ak Sovè a, n ap devlope plis konpasyon, plis konpreyansyon ak plis charite.

M ap retounen sou kesyon pasaje parèy nou an nan Kigali a ki t ap plenyen pou enjistis jenosid Rwanda a te poze a: “Si te gen yon Bondye, poukisa Li pa t fè anyen pou sa” a?

San nou pa t minimize soufrans jenosid la te lakoz yo, epi apre nou te fin admèt enkapasite nou pou nou konprann kalite soufrans sa a, nou te reponn ke Jezikri te akonpli yon bagay apwopo enjistis kriyèl.23 Nou te eksplike l anpil prensip levanjil konsènan Jezikri ak Retablisman Legliz Li a.24

Apre sa, li te mande nou, ak dlo jan je li: “Nou vle di gen yon bagay m ka fè pou paran m ak tonton m ki mouri yo?”

Nou te di “O, wi!” Apre sa nou te temwaye ke tout sa ki pa jis nan lavi a kapab vin dwat atravè Ekspyasyon Jezikri a epi atravè otorite Li fanmi yo kapab ini ansanm pou tout tan.

Lè n ap fè fas ak enjistis, nou ka chwazi pou elwanye nou de Bondye oubyen nou ka pwoche pi pre Li pou nou jwenn èd ak sipò. Pa egzanp, Mòmon te di ke tout lagè ki te dire nan pami Nefit yo ak Lamanit yo te afekte moun yo nan fason diferan. Li te obsève “kè anpil moun te vin di” epi gen lòt ki “touche poutèt afliksyon yo, epi yo te gen imilite devan Bondye jouk nan pwofondè imilite a.”25

Pa kite enjistis andisi nou, pou fè nou vin egri, oubyen febli lafwa nou nan Bondye. Olyesa, mande Bondye pou L ede nou. Ogmante apresyasyon nou pou Sovè a epi fè L konfyans. Olye ke nou vin plen amètim, pito nou kite L ede nou vin pi bon.26 Kite L ede nou pèsevere, pou kite afliksyon nou yo “nwaye nan lajwa Kris la.”27 Epi, ini avèk Li nan misyon pou L “geri moun ki gen kè brize yo,”28 eseye adousi enjistis, epi vin yon moun ki ap atrap wòch lòt moun ap voye.29

Mwen temwaye ke Sovè a vivan. Li konprann enjistis. Mak ki nan pla men L yo toujou fè L sonje oumenm ak sikonstans ou yo. Li asiste w nan tout detrès ou. Pou moun ki vin jwenn Li, kè kontan pral ranplase lapenn yo; lajwa ak kontantman pral ranplase kè sere yo a; apresyasyon ak selebrasyon pral ranplase dekourajman ak dezespwa.30 Lafwa w nan Pè Selès la ak Jezikri pral rekonpanse plis pase sa w ka imajine. Tout enjistis—espesyalman enjistis revòltan yo—pral konsakre pou benefis ou. Mwen temwaye konsènan sa nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade John Reader, Africa: A Biography of the Continent (1999), 635–36, 673–79.

  2. Malgre nou espere sa, rekonsilyasyon nan Rwanda a konplèks. Gen kèk moun k ap mande tèt yo si l ase pwofon e si l ap dire. Gade, paregzanp, “The Great Rwanda Debate: Paragon or Prison?,” Economist, Mas 27, 2021, 41–43.

  3. Doktrin ak Alyans 130:19; italik ajoute.

  4. Gade Ebre 4:15.

  5. 1 Nefi 21:15–16.

  6. Gade Alma 7:11–13.

  7. Gade nan Hebrews 4:16; gade tou Ezayi 41:10; 43:2; 46:4; 61:1–3.

  8. Yon mo avètisman: Nou ta dwe reziste anba tantasyon pou nou kreye pwòp teyori pa nou sou kijan ak kilè, kèlkeswa fason nou wè sa rezonab oubyen pwobab. Nou pa ka ranpli vid pou sa Bondye poko revele.

  9. Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Sèvis Misyonè (2018), 52; gade tou Ezayi 61:2–3; Revelasyon 21:4. “Tout sa ki pa dwat nan lavi a kapab vin dwat” vledi ke konsekans enjistis yo fè nou yo pral rezoud, oubyen efase. Nan dènye diskou konferans li a, “Come What May, and Love It,” Eldè Joseph B. Wirthlin te di, “Chak grenn dlo nan je nou ap finalman retounen vin jwenn nou kòm santèn dlo rejwisman ak gratitid, … se yon prensip konpansasyon sa ye” (LiahnaNov. 2008). Yon prensip konpansasyon prevalwa” (Liahona, Nov. 2008, 28).

  10. Gade nan Jan 16:3.

  11. Gade nan 2 Nephi 2:2.

  12. Gade nan Jòb 42:10, 12–13; Jakòb 3:1.

  13. Alma 40:5.

  14. Gade nan Mozya 4:9.

  15. Russell M. Nelson, “Let God Prevail,” Liahona, Nov. 2020, 93. Myopic vledi pa wè pre.

  16. Pa egzanp, Kapitèn Mowoni te afime ke sa pa bon pou moun gade epi yo “pa fè anyen” lè yo ka ede lòt moun gade (gade Alma 60:9–11; gade tou nan 2 Korentyen 1:3–4).

  17. Doktrin ak Alyans 58:27; gade tou nan vèsè 26, 28–29.

  18. Jan 8:7.

  19. Gade Jan 8:10–11; Tradiksyon Joseph Smith sou vèsè 11 la di: “Epi fi a te glorifye Bondye apati moman sa a, epi li te kwè nan non li,” sa sigjere ke desizyon Sovè a pou L pa t kondane la avèk kòmande L te kòmande l pou l “pa peche ankò” a te gen enpak sou tout rès lavi fi a.

  20. Bryan Stevenson, Just Mercy: A Story of Justice and Redemption (2015), 308–9.

  21. Gade nan Matye 25:31–46.

  22. Gade Travay 10:38; gade tou Russell M. Nelson, “Dezyèm Gran Kòmandman an,” Liahona, Nov. 2019, 96–100.

  23. Gade Doktrin ak Alyans 1:17, 22–23.

  24. Presèp sa yo klèman atikile nan “Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a: Yon Pwoklamasyon Bisantnè pou Mond lan,” nan ChurchofJesusChrist.org.

  25. Alma 62:41.

  26. Gade Amos C. Brown, nan Boyd Matheson, “‘It Can Be Well with This Nation’ If We Lock Arms as Children of God,” Church News, 25 Jiyè 2019, thechurchnews.com.

  27. Alma 31:38.

  28. Gade Lik 4:16–19. Geri kè brize se retabli moun ki gen lespri yo, panse yo ak entelijans yo oswa andedan yo brize oubyen kraze (gade James Strong, The New Strong’s Expanded Exhaustive Concordance of the Bible [2010], Hebrew dictionary section, 139 and 271).

  29. Gade, pa egzanp, Russel M. Nelson, , “Kite Bondye Gen Priyorite,” Liahona, Nov. 2020; Dallin H. Oaks, “Renmen Enmi ou,” Liahona, Nov. 2020, 26–29. Prezidan Nelson te egzòte nou: “Jodia, m ap mande manm nou yo toupatou nan mond lan pou yo bay egzanp lan nan abandone atitid ak aksyon prejidis. Mwen priye nou pou nou ankouraje respè pou tout pitit Bondye.” Sa plis pase jis opoze ak atitid ak aksyon prejidis. Prezidan Oaks te site Reveran Theresa A. Dear: “Rasis pwospere nan rayiman, opresyon, konnivans, pasivite, endiferans ak silans.” Antanke sitwayen e antanke manm legliz Jezikri pou Sen dènye Jou yo, nou dwe aji pi byen pou n ede derasinen rasis totalman.

  30. Gade Ezayi 61:3. Resevwa yon kouwòn bote vle di n ap vin eritye avèk Jezikri nan wayòm Bondye a. Gade tou Donald W. Parry, Jay A. Parry, a Tina M. Peterson, Understanding Isaiah (1998), 541–43.