Konferans Jeneral
Sonje chemen pou n tounen lakay nou
Konferans Jeneral Avril 2021


Sonje chemen pou n tounen lakay nou

Nou gen Jezikri kòm egzanp pafè pou nou suiv, epi vwayaj pou tounen nan fwaye etènèl nou an posib sèlman gras ak ansèyman L yo, lavi Li, ak sakrifis ekspyatwa L la—ki gen ladan L lanmò ak rezirèksyon Li.

An 1946, jèn chèchè Arthur Hasler t ap fè yon randone toutolon kouran dlo nan mòn tou pre kay li te pase anfans li a, li te fè yon eksperyans ki te mennen nan yon dekouvèt enpòtan sou fason pwason jwenn wout pou yo retounen nan kouran dlo yo te fèt yo.

Pandan l t ap monte yon mòn, san l pa t ko wè kaskad prefere adolesans li a, yon souvni Hasler te bliye te remonte toudenkou nan memwa li. Li di, “Tankou yon briz fre ki pote ak li pafen bab panyòl ak flè lancoli bale tout alantou bit wòch la, detay kaskad la yo ak anviwònman li nan fas mòn nan ta monte nan lespri m toudenkou.”1

Sant sa yo te reveye souvni danfans li yo epi yo te fè l sonje lakay li.

Si sant yo te ka fè souvni sa yo remonte pou li, li te di ke petèt odè ka detèminan pou somon yo retounen egzakteman nan kouran dlo yo te fèt la, pou yo ponn ze apre yo fin pase dèzane nan gwo oseyan an.

Baze sou eksperyans sa a, Hasler, ansanm ak lòt chèchè, te demontre ke somon sonje avèk presizyon odè ki ka ede yo pakouri plizyè milye kilomèt pou yo jwenn wout pou tounen lakay yo soti nan lanmè a.

Istwa sa a fè m panse ke youn nan bagay ki pi enpòtan nou ka fè nan lavi sa a se rekonèt epi sonje chemen ki mennen tounen al jwenn Papa nou ki nan syèl la epi pèsevere pandan vwayaj la ak fidelite ak lajwa.

Mwen panse ak kat rapèl ki, si nou toujou itilize yo epi nou aplike yo nan lavi nou tout tan, ka reveye santiman nou te genyen nan fwaye selès nou yo.

Premyèman, nou ka sonje nou se pitit Bondye

Nou gen yon eritaj diven. Sonje nou se pitit Bondye, e ke Li vle nou tounen nan prezans Li se youn nan premye etap nan vwayaj pou nou tounen nan fwaye selès nou an.

Raple tèt ou eritaj sa a. Pran tan pou amelyore sistèm iminitè spirityèl ou pandan w ap sonje benediksyon w resevwa nan men Senyè a. Fè gid Li te ba nou yo konfyans olye nou vire jwenn mond lan pou mezire valè pèsonèl nou ak jwenn chemen nou.

Dènyèman an, mwen te vizite yon pwòch mwen apre l te sot lopital. Li te di m avèk emosyon ke pandan l te lopital la, tout sa l te anvi se te jwenn yon moun pou te chante kantik “Je suis enfant de Dieu” a pou li. Li di ke panse sa a sèlman te ba li lapè li te bezwen nan moman afliksyon sa a.

Konnen kiyès ou ye chanje sa w santi ak sa w ap fè.

Konprann kiyès nou ye reyèlman ap pi byen prepare nou pou nou rekonèt epi sonje chemen ki mennen tounen nan fwaye selès nou an ak gwo anvi pou nou la a.

Dezyèmman, nou ka sonje fondasyon ki pwoteje nou an

Nou jwen fòs lè nou rete jis, fèm epi fidèl anvè Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri, menm lè lòt moun pa bay okenn enpòtans a kòmandman ak prensip sali yo.2

Nan Liv Mòmon an, Elaman ansenye pitit gason l yo pou yo sonje ke yo dwe bati fondasyon yo sou Jezikri pou yo ka gen fòs pou reziste anba tantasyon advèsè a. Gwo van Satan yo ak siklòn li yo ap vin bat nou, men yo pa p gen pouvwa pou trennen nou desann si nou mete konfyans nou nan pi bon kote a—nan Redanmtè nou an.3

Atravè eksperyans pèsonèl mwen, mwen konnen ke lè nou chwazi koute vwa Li epi suiv Li, n ap resevwa èd nan men Li. N ap vin gen yon pi gwo pèspektiv sou sikonstans nou yo ak yon pi gwo konpreyansyon sou objektif lavi nou. N ap santi yon pouse spirityèl k ap gide nou pou ale lakay nou.

Twazyèman, nou ka sonje pou nou toujou priye

N ap viv nan yon tan kote avèk yon senp ti klik oubyen yon kòmand vokal, nou ka kòmanse chèche repons sou nenpòt sijè nnan imansite done ki sovgade epi òganize nan yon rezo òdinatè men gwosè epi konplèks.

Yon lòt bò, nou gen senplisite nan envitasyon pou nou chèche repons ki soti nan syèl la yo. “Toujou priye, epi m ap vide Lespri m sou nou.” Epi, Senyè a pwomèt: “Benediksyon w pral gran—wi, menm plis pase si w ta jwenn trezò latè yo” .”4

Bondye byen konnen nou chak epi Li pare pou koute priyè nou yo. Lè nou sonje priye, nou jwenn lanmou L pou soutni nou, epi pi plis nou priye Papa nou ki nan syèl la nan non Kris la, se pi plis nou antre Sovè a nan lavi nou ak pi plis n ap rekonèt chemen Li te trase pou mennen nan fwaye selès nou an.

Katriyèmman, nou ka sonje sèvi lòt moun

Pandan n ap efòse nou pou suiv Jezikri nan sèvi ak montre lòt moun jantiyès, nou fè mond lan tounen yon pi bon kote.

Aksyon nou yo ka totalman beni lavi moun ki bò kote nou yo ak pwòp lavi pa nou. Sèvis ki gen lanmou ajoute sans nan lavi ni moun k ap rann sèvis la ni moun k ap resevwa sèvis la.

Pa souzestime kapasite nou genyen pou enfliyanse lòt moun pou fè byen an, alafwa atravè sèvis pa aksyon nou ak sèvis pa egzanp nou.

Sèvis plen lanmou nou rann lòt moun ap gide nou sou chemen ki mennen nan fwaye selès nou an—chemen pou nou vini menm jan ak Sovè nou an.

An 1975, akoz gè sivil la, Arnaldo ak Eugenia Teles ansanm ak pitit yo te oblije abandone kay yo ak tout sa yo te konstwi pandan plizyè deseni ap travay di. Nan peyi natal yo Pòtigal, Frè ak sè Teles Grilo te fè fas ak eprèv rekòmanse ankò a. Men plizyè ane apre, apre yo te vin manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, yo te di “Nou te pèdi tout sa nou te genyen, men se te yon bon bagay paske sa te pouse nou panse ak enpòtans benediksyon etènèl yo.”5

Yo te pèdi fwaye terès yo a, men yo te jwenn chemen pou retounen nan fwaye selès yo a.

Kèlkeswa sa nou ta kite dèyè pou nou suiv chemen ki mennen nan fwaye nou an ap parèt yon jou tankou se pa t yon sakrifis ditou.

Nou gen Jezikri kòm egzanp pafè pou nou suiv, epi vwayaj pou tounen nan fwaye etènèl nou an posib sèlman gras ak ansèyman L yo, lavi Li, ak sakrifis ekspyatwa L la—ki gen ladan L lanmò ak rezirèksyon Li.

Mwen envite nou pou nou fè eksperyans lajwa ki genyen nan sonje ke nou se pitit Bondye epi Li sitèlman renmen mond lan ke L te voye Pitit Gason L la6 montre nou chemen an. Mwen envite nou pou nou sonje pou nou rete fidèl, tounen lavi nou bay Sovè a epi bati fondasyon nou sou Li. Sonje pou nou toujou priye pandan vwayaj nou an epi sèvi lòt moun sou tout chemen an.

Chè frè m ak sè m yo, nan jou Dimanch Pak sa a, mwen rann temwayaj ke Jezikri se Redanmtè ak Sovè mond lan. Se Limenm ki ka mennen nou chita sou tab lavi plen lajwa a epi gide nou nan vwayaj nou an. Se pou nou sonje Li epi suiv Li. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Arthur Davis Hasler, nan Gene E. Likens, “Arthur Davis Hasler: 5 janvye, 1908–23 mas, 2001,” nan National Academy of Sciences, Biographical Memoirsvol. 82 (2003), 174–75.

  2. Gade Le livre de Mormon: Manuel de l Etudiant (2009), 268–73.

  3. Gade Elaman 5:6–12.

  4. Doktrin ak Alyans 19:38.

  5. Gade Don L. Searle “Discovering Gospel Riches in Portugal,” Ensign, Okt. 1987, 15.

  6. Gade Jan 3:16.