Konferans Jeneral
W ap Lib Tout Bon
Konferans Jeneral Avril 2021


W ap Lib Tout Bon

Jezikri se limyè nou dwe leve anlè, menm pandan moman fènwa yo nan lavi nou nan mòtalite a.

Frè ak sè byenneme m yo, mwen rekonesan anpil pou privilèj mwen genyen pou m adrese nou depi an Afrik. Se yon benediksyon pou nou gen teknoloji jodia epi pou nou itilize l nan fason ki pi efikas la pou kontakte w nenpòt kote ou ye.

An Septanm 2019, mwen menm ak Sè Mutombo, pandan nou t ap sèvi kòm dirijan misyon Maryland Baltimore la, te gen privilèj pou nou te vizite kèk sit istorik Legliz la nan Palmyra, nan New York, pandan nou t ap asiste nan yon seminè pou dirijan misyon. Nou te fini vizit nou an nan Boskè Sakre a. Entansyon nou lè nou t al vizite Boskè Sakre a se pa t pou nou te resevwa yon manifestasyon oubyen yon vizyon espesyal, men nou te santi prezans Bondye nan kote sakre sa a. Kè nou te ranpli ak rekonesans pou Pwofèt Joseph Smith.

Sou wout pou nou te retounen, Sè Mutombo te remake ke m te gen yon gwo souri sou figi m pandan mwen t ap kondui a, konsa, li te mande m, “Pou kisa kè w kontan konsa a?”

Mwen te reponn li, “Chè Nathalie mwen, laverite ap toujou triyonfe sou erè epi fènwa pa p kontinye sou tè a gras avèk levanjil retabli Jezikri a.

Bondye, Papa a ak Jezikri te visite jèn Joseph Smith pou te pote limyè sou sa ki te kache, pou nou te ka resevwa “konesans bagay yo jan yo ye, epi jan yo te ye, ak jan yo [pral vin ye]” (Doktrin ak Alyans 93:24

Apre prèske desanzan, anpil moun toujou ap chèche verite ki ap pèmèt yo libere yo anba kèk nan tradisyon ak mansonj advèsè a gaye nan tout mond lan. Anpil moun “avèg anba fent lèzòm” (Doktrin ak Alyans 123:12 Nan epit li te voye bay Efezyen yo, Pòl te anseye: “Leve non, ou menm k ap dòmi an, leve soti nan mitan mò yo, e Kris la va klere ou” (Efezyen 5:14). Sovè a te pwomèt L ap tounen yon limyè pou tout moun ki koute pawòl Li (gade 2 Nefi 10:14).

Trannsenk ane de sa, paran m te avèg menmjan an tou epi yo t ap chèche ak dezespwa pou yo te konn laverite epi yo te enkyè sou kijan yo te ka rive jwenn li. Manman m ak papa m te fèt nan yon vilaj kote tradisyon yo te vrèman byen anrasinen nan lavi chak gren moun ansanm ak chak fanmi. Toulède te kite vilaj la lè yo te jèn pou yo te ale lavil, pou yo te chèche yon lavi ki te pi bon.

Yo te marye epi yo te kòmanse fonde yon fanmi nan yon kondisyon ki te trè modès. Nou te preske uit moun nan ti kay la—manman m ak papa m, de nan sè m yo ansam avèk mwen, ak yon kouzen ki te abite avèk nou tou. Mwen te konn mande m si nou sete yon fanmi tout bon vre, paske nou pa t gen pèmisyon pou nou te chita sou menm tab avèk paran m pou nou te manje ansanm. Lè papa m te konn sot travay, kou l te rantre nan kay la, yo te mande nou pou nou te kite tab la pou nou t ale deyò. Lannuit nou nan kay la te kout anpil, paske nou pa t ka domi akoz pa t gen amoni ansanm ak vrè lanmou nan maryaj paran m yo. Non sèlman kay nou an te piti, men li te fènwa tou. Avan nou te rankontre avèk misyonè yo, nou te konn al nan yon legliz diferan chak Dimanch. Sa te klè ke paran nou t ap chèche yon bagay mond lan pa t ka ba yo.

Sa te kontinye jiskaske nou te rankontre avèk Eldè ak Sè Hutchings, premye koup misyonè aje ki te aple pou yo te sèvi nan Zaire (sa yo rele RD Kongo oubyen Kongo-Kinshasa jodia). Lè nou te kòmanse rankontre avèk bon misyonè sa yo, ki te tankou zanj Bondye pou nou, nou te remake ke te gen yon bagay ki te komanse chanje nan fanmi nou. Apre batèm nou, nou te vrèman kòmanse, tikal pa tikal, gen yon nouvo fason pou nou te viv gras ak levanjil retabli a. Pawòl Kris yo te kòmanse chanje nanm nou. Yo te kòmanse eklèsi konpreyansyon nou epi yo te kòmanse gen bon gou pou nou, paske nou te kapab distenge verite nou te resevwa yo epi nou te ka wè limyè a, epi limyè sa a te grandi vin plis an plis klere chak jou.

Konpreyansyon sa a sou rezondèt levanjil la te ede nou vin plis sanble ak Sovè a. Gwosè kay nou an pa t chanje; ni kondisyon sosyal nou nonplis. Men mwen te temwen yon chanjman nan kè paran m pandan nou t ap priye chak jou, maten ak aswè. Nou te etidye Liv Momon an; nou te fè sware familiyal; nou te vrèman vin tounen yon fanmi. Chak Dimanch, nou te konn leve a 6:00 a.m. pou nou te ka prepare nou pou n ale legliz, epi nou te konn vwayaje anpil tan pou nou te ka asiste reyinyon Legliz nou yo san plenyen. Se te yon bèl eksperyans pou nou te temwen. Noumenm, ki te kon mache nan tenèb, te chase tenèb soti pami nou ( gade Doktrin ak Alyans 50:25) epi nou te wè “gwo limyè” (2 Nefi 19:2).

Mwen sonje yon jou, kote mwen pa t anvi leve bonè nan matin pou priyè familyal nou, mwen te plenyen bay sè m yo, “Nou pa fè anyen ankò nan kay isit la, se sèlman priye, priye, priye.” Papa m te tande kòmantè m yo. Mwen sonje reyaksyon li, pandan li te anseye m avèk amou men byen fèm, “Toutotan w ap viv nan kay sa a, w ap oblije priye, priye, priye.”

Pawòl papa m yo kontinye ap sonnen nan zorèy mwen chak jou. Kisa w panse mwenmenm ak Sè Mutombo fè avèk timoun nou yo jodi a? Nou priye, priye, priye. Sa se eritaj nou.

Mesye ki te fèt avèg la epi Jezikri te geri l la, aprè li te fin sibi presyon nan men vwazen l yo ansanm ak Farizyen yo, te di:

“Nonm yo rele Jezi a fè yon ti labou, li fwote je m ak labou a, epi li di m al lave figi m nan basen Siloe a. M ale. Lè m fin lave figi m, mwen wè m wè. …

“… Yon sèl bagay mwen konnen mwen te avèg, koulye a mwen wè” (Jan 9:11-25).

Nou te avèg tou epi kounyea nou ka wè. Levanjil retabli a fè gwo efè sou fanmi nou depi epòk sa a. Yon konpryeyansyon sou rezondèt levanjil la te beni twa jenerasyon nan fanmi mwen epi l ap kontinye beni anpil jenerasyon ki ap vini.

Jezikri se limyè ki klere nan fènwa a. Moun ki suiv Li “va gen limyè ki bay lavi a. Yo p ap janm mache nan fènwa” (Jan 8:12).

Pandan prèske ennan, ant 2016 ak 2017, moun nan zòn Kasaï yo te fè fas avèk yon trajedi ki te terib. Sete yon epòk trè sonb pou pèp la akoz yon konfli ki te genyen ant yon gwoup gèrye tradisyonèl ak fòs gouvènman yo. Vyolans te simaye soti nan vil provens Santral Kasaï yo pou te rive jis nan rejyon ki pi laj nan Kasaï yo. Anpil moun te kouri kite kay yo pou yo t al chèche sekirite nan raje. Yo pa t gen ni dlo ni kouran, vrèman, yo pa t gen anyen menm, epi pami moun sa yo te gen manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou nan zon Kananga yo. Kèk manm nan legliz la te mouri anba men milis yo.

Frè Honoré Mulumba nan branch Nganza nan Kalanga, ansanm ak fanmi l te fè pati moun ki te rete kache lakay yo, yo pa t konn ki kote pou yo t ale paske tout lari yo te vin tounen chan batay. Yon jou, youn nan moun milis nan zòn nan te remake prezans Frè Mulumba ansanm ak fanmi l, yon jou swa pandan yo te soti pou yo t al eseye jwenn kèk legim ki te nan potaje fanmi an pou yo te manje. Yon gwoup milisyen te rantre lakay yo epi yo te rale yo soti deyò epi yo te di yo pou yo chwazi ant kolabore e antre nan pratik milis la oubyen yo t ap touye yo.

Frè Mulumba te di yo avèk anpil kouraj, “Mwen se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mwenmenm ak fanmi m nou te aksepte Jezikri epi nou gen lafwa nan Li. N ap rete fidel a alyans nou yo e n ap aksepte mouri.”

Yo te di yo, “Kòm nou chwazi Jezikri, kò nou ap rete la pou chyen manje yo,” epi yo te promèt yo t ap retounen. Men yo pa t janm retounen, epi fanmi an te rete la pou de mwa e yo pa t janm wè yo ankò. Frè Mulumba ak fanmi l te kite flanbo lafwa yo limen. Yo te sonje alyans yo epi yo te resewa proteksyon.

Jezikri se limyè nou dwe leve anlè, menm pandan moman fènwa yo nan lavi nou nan mòtalite a (gade 3 Nefi 18:24)). Lè nou chwazi pou nou suiv Kris la, nou chwazi pou nou chanje. Yon moun ki chanje pou Kris la ap jwenn direksyon nan men Kris la, epi li ap mande, tankou Pòl te mande a, “Senyè, kisa w ta renmen m fè?” (Travay 9:6). Nou ka “suiv pa Li” (1 Pyè 2:21). N ap “mache jan l mache” (1 Jan 2:6). (Gade Ezra Taft Benson, , “Fèt nan Bondye,” Tambuli, Okt. 1989, 2, 6.)

Mwen temwaye de Limenm ki te mouri, ki te antere, epi te leve ankò sou twazyèm jou a epi ki te monte nan syèl la pou mwenmenm avèk ou te ka resevwa benediskyon imòtalite ak egzaltasyon yo. Li se “limyè, … lavi, ak lespwa mond lan.” (Etè 4:12). Li se antidòt ak remèd tout konfizyon nan mond lan. Li se etanda ekselans pou egzaltasyon an, Jezikri menm. Nan non Jezikri, Amèn.