Konferans Jeneral
Jezikri: Gadyen nanm nou
Konferans Jeneral Avril 2021


Jezikri: Gadyen nanm nou

Si nou repanti sensèman pou peche nou yo, n ap pèmèt sakrifis ekspyatwa Kris la vin totalman efikas nan lavi nou.

Chè frè m ak sè m yo, nan bèl maten Pak sa a, kè m rejwi lè m konsidere bèl zak mèveye, ki pi majestye e pi imans ki te pase nan tout istwa limanite a—sakrifis ekspyatwa Senyè nou an, Jezikri. Pawòl selèb pwofèt Ezayi yo mayifye grandè ak majeste kondesansyon Sovè a ak sakrifis Li a an favè tout pitit Bondye yo:

“Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t ap pini l. Nou te konprann se frape Bondye t ap frape l, se kraze Bondye t ap kraze l anba men l.

“Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akoz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.”1

Paske L te pran peche tout limanite sou Li volontèman an, paske yo te kloure L sou kwa a enjisteman, epi Li te viktoryezman konkeri lanmò nan twazyèm jou a,2 Jezi te bay yon siyifikasyon pi sakre pou òdonans Pak yo te bay Izrayèl nan ansyen tan an.3 Nan akonplisman pwofesi sa a, Li te ofri tèt Li kòm gran ak dènye sakrifis la,4 pou l te legalize senbòl tradisyonèl yo te itilize nan selebrasyon Pak Senyè a.5 Nan fè sa, Kris la te fè eksperyans soufrans fizik ak espirityèl ki enkonpreyansib pou lespri imen an. Sovè a limenm te di:

“Paske gade, mwen menm Bondye, m te soufri bagay sa yo pou tout moun, …

“Soufrans sa a ki te fè, mwen menm Bondye, ki pi gran pase tout moun, tranble anba doulè, epi ki te fè m senyen nan chak twou swè nan kò m, epi ki te fè m soufri nan ni kò m ni nan lespri m—epi m te swete pou m pa t bwè tas anmè a, epi tou m pa t fè bak—

“Men, laglwa pou Papa a, m te bwè l epi m te fini preparasyon m yo pou pitit lèzòm.”6

Avèk jenewozite, Kris la te akonpli volonte Papa a7 atravè sakrifis enfini ak plen mizèrikòd Li a. Li te anglouti agoni lanmò fizik ak espirityèl la,8 ki te antre nan mond lan atravè Chit la,9 pou ofri nou posiblite sali etènèl.10

Jezi sete sèl moun ki te ka akonpli sakrifis etènèl ak pafè sa a pou nou tout.11 Li te chwazi epi L te preòdone nan Gran Konsèy nan Syèl la, anvan mond lan te fòme.12 Anplis, paske se yon fi mòtèl ki te manman Li, Li te eritye lanmò fizik, men nan men Bondye, antanke Sèl Pitit Gason Literal Papa a, Li te eritye pouvwa pou L te bay pwòp lavi Li epi apresa reprann ni ankò.13 Epitou, Kris la te viv yon lavi pafè ki te san tach epi konsa, ki te libere anba egzijans jistis divin yo.14 Nan kèk okazyon, Pwofèt Joseph Smith te konn anseye:

“Mond lan pa ka resevwa sali san medyasyon Jezikri a.

“Bondye … te prepare yon sakrifis nan don Pitit Gason L lan, ke L t ap voye lè tan an te rive pou … ouvri yon pòt ki ka fè nou antre nan prezans Senyè a.”15

Malgre ke Sovè a te retire efè lanmò fizik yo san kondisyon atravè sakrifis Li a,16 Li pa t elimine responsablite pèsonèl nou pou nou repanti pou transgresyon nou komèt yo.17 Olye sa, Li lanse nou yon envitasyon espesyal pou nou rekonsilye avèk Papa Etènèl nou an. Atravè Jezikri ak sakrifis ekspyatwa L la, nou ka gen yon chanjman puisan nan kè nou ak nan lespri nou, ki ap pote yon atitid tou nèf, anvè Bondye ak anvè lavi a an jeneral.18 Lè nou repanti sensèman pou peche nou, nou tounen kè nou ak volonte nou bay Bondye ak kòmandman L yo, nou ka resevwa padon Li epi santi enfliyans Sentespri a an pi gwo abondans nan lavi nou. Erezman, sa evite nou fè eksperyans pwofondè soufrans Sovè a te andire a.19

Don repantans lan se yon ekspresyon bonte Bondye pou pitit Li epi l se demonstrasyon pouvwa enkonparab Li pou ede nou simonte transgresyon nou komèt yo. Se yon prèv tou sou pasyans ak andirans Papa Etènèl nou an pou feblès ak frajilite mòtèl nou yo. Prezidan Russell M. Nelson, pwofèt byeneme nou an, te fè referans a don sa a kòm “kle pou bonè ak lapè nan lespri.”20

Chè zanmi m yo, mwen temwaye nou ke si nou repanti sensèman pou peche nou,21 n ap pèmèt sakrifis ekspyatwa Kris la vin fè efè konplètman nan lavi nou.22 N ap vin libere anba esklavaj peche, n ap jwenn lajwa nan vwayaj nou sou tè a, epi n ap vin elijib pou nou resevwa sali etènèl, ki te prepare depi fondasyon mond lan pou tout moun ki kwè nan Jezikri epi ki vin jwenn Li.23

Anplis de ba nou don sali majestye sa a, Sovè a ofri nou sekou ak rekonfò tou lè n ap fè fas ak afliksyon, tantasyon, ak feblès nou yo nan lavi mòtèl la, enkli sitiyasyon nou fè k sot travèse yo nan pandemik aktyèl la. M ka asire nou ke Kris la toujou konsyan de advèsite n ap travèse nan mòtalite a. Li konprann tout amètim, agoni, ak doulè fizik osi byen ke pwoblèm emosyonèl ak espirityèl n ap travèse. Zantray Sovè a ranpli ak mizèrikòd, epi Li toujou pare pou pote nou sekou. Sa posib paske, nan lachè, Li te pèsonèlman pran sou tèt Li epi fè eksperyans doulè feblès ak enfimite nou yo.24

Avèk dousè ak imilite nan kè L, Li te desann pi ba pase tout bagay epi Li te aksepte pou lèzòm te meprize L, rejte L, ak imilye Li, kote L te blese poutèt transgresyon ak inikite nou. Li te soufri bagay sa yo pou tout moun, kote L te pran tout peche mond lan sou tèt Li,25 epi Li te vin gadyen espirityèl final nou.

Si nou rapwoche nou de Li, nou soumèt tèt nou espirityèlman ba Li, n ap kapab pran sou do nou jouk Li, ki fasil, ak fado Li ki lejè epi konsa, n ap kapab jwenn rekonfò ak repo Li pwomèt la. Anplis, n ap resevwa fòs nou tout bezwen pou nou ka simonte pwoblèm, feblès, ak doulè lavi yo, ki t ap ekstrèmeman difisil pou nou andire san èd Li ak pouvwa gerizon Li.26 Ekriti yo anseye nou pou nou “remèt sò nou nan men Senyè a, epi L ap kenbe nou fèm.”27 “Epi m mande Bondye pou l fè chay [nou] kapab vin lejè nan lajwa Pitit Gason [L] lan.”28

Imaj
Regina ak Mario Emerick

Prèske nan fen ane pase a, m te aprann lanmò yon koup ki te chè pou mwen, Mario ak Regina Emerick, ki te fidèl anvè Senyè a anpil epi ki te mouri youn lwen lòt, akoz konplikasyon COVID-19.

Youn nan pitit gason yo, ki aktyèlman ap sèvi kòm evèk nan Brezil, te rakonte m bagay sa a: “Sa te difisil anpil pou m te wè paran m te kite mond sa a nan kondisyon sa a, men m te ka klèman wè men Senyè a nan lavi m nan mitan trajedi sa a, paske m te resevwa fòs ak lapè ki te depase konpreyansyon mwen. Atravè lafwa m nan Jezikri ak nan Ekspyasyon L lan, m te resevwa èd divin pou m te fòtifye ak rekonfòte manm fanmi m yo ak tout moun ki te ede nou pandan eksperyans difisil sa a. Menmsi mirak tout moun te espere a pa t rive, pèsonèlman, m se temwen yon chanjman ki te fèt nan pwòp lavi m ak nan lavi manm fanmi m yo. M te santi yon lapè ineksplikab ki te penetre nan fon kè m, ki te ban m espwa ak konfyans nan lanmou Sovè a pou mwen ak nan plan bonè Bondye a pou pitit Li yo. M te aprann ke nan jou ki plis chaje doulè yo, bra lanmou Sovè a toujou lonje lè nou chèche L ak tout kè nou, tout pouvwa, lespri ak fòs nou.”

Imaj
Fanmi Emerick

Chè frè m ak sè m yo, nan jou Dimanch Pak sa a, mwen rann temwayaj solanèl ke Jezi te leve soti anba lanmò epi Li vivan. Mwen temwaye ke atravè Limenm ak sakrifis ekspyatwa L la, Sovè a ba nou fason pou nou simonte lanmò, fizikman ak espirityèlman. Anplis de gwo benediksyon sa yo, Li ofri nou rekonfò ak asirans nan tan difisil yo tou. Mwen asire nou ke si nou mete konfyans nou nan Jezikri ak nan sakrifis ekspyatwa selès Li a, si nou andire ak lafwa jiska lafen, n ap jwenn pwomès Pè Selès byeneme nou an fè nou yo, Limenm ki si dispoze pou L fè tout sa ki nan pouvwa Li pou ede nou retounen nan prezans Li yon jou a. Sa se travay Li ak laglwa Li!29 Mwen temwaye nou ke Jezi se Kris la, Redanmtè mond lan, Mesi yo te pwomèt la, Rezirèksyon an ak Lavi a.30 Epi m pataje verite sa yo avèk nou nan non sakre Li, sèl Pitit Literal Papa a, Senyè nou an, Jezikri, amèn.