Konferans Jeneral
Sa se tan pa nou!
Konferans Jeneral Avril 2021


Sa se tan pa nou!

Se Bondye ki voye nou isit la, kounyea menm, nan moman kapital sa a nan listwa.

Nan lane 1978, mwen te kanpe sou yon teren foutbòl nan yon estad ki te plen avèk 65.000 spektatè. Anfas mwen te gen plizyè gwo advèsè byen kosto ki te sanble yo te anvi rache tèt mwen. Se te premye match kote m t ap kòmanse jwe quaterback (aryè) nan Lig Foutbòl Nasyonal la, epi nou t ap jwe avèk moun ki te chanpyon an tèt yo nan Super Bowl la. Pou m onèt, mwen t ap mande m èske m te ase bon m te pou m te twouve m sou teren an. Mwen te rekile pou m te fè premye pas mwen, epi nan moman m te lanse balon an, mwen te resevwa yon frap ki te pi fò pase janm te janm konn frape oparavan. Nan moman sa a, kouche anba pil pakèt atlèt enpozan sa yo, mwen te mande tèt mwen kisa m t ap fè la a. Mwen te gen yon desizyon pou m te pran. Èske m t ap kite dout mwen yo venk mwen, oubyen èske m t ap jwenn kouraj ak fòs pou m te leve epi kontinye?

Imaj
Premye pas la

Près Asosye

Mwen pa t reyalize nan epòk sa a kòman eksperyans sa a t ap prepare m pou opòtinite fiti. Mwen te bezwen aprann ke m t ap ka solid epi gen kouraj pou afwonte sitiyasyon difisil.

Yon match foutbòl kapab petèt pa osi enpòtan ke difikilte ou pral rankontre yo. Nan pi fò ka yo, pa p gen yon estad ki plen avèk moun k ap gade w. Men desizyon w pran avèk kouraj yo pral gen yon konsekans etènèl.

Petèt ou gen dwa pa toujou santi w alawotè difikilte a. Men Papa ou ki nan Syèl la wè w tankou yon konstriktè ki plen kouraj nan wayòm Li a. Se poutèt sa a Li voye w isit la pandan epòk ki pi desizif sa a nan istwa mond lan. Sa a se tan pa nou!

Tande sa Prezidan Russell M. Nelson te di yon ti yon ti bout tan apre l te vin Prezidan Lelgiz la: “Sovè ak Redanmtè nou an, Jezikri, ap fè kèk nan travay ki pi puisan l yo ant kounyeya avèk lè L retounen ankò. Nou pral wè kèk siy mirakile ki montre ke Bondye Papa a avèk Pitit Li a Jezikri, ap dirije Legliz sa a nan majeste avèk laglwa”(“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou,(“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi nou,” Liahona, Me 2018, 96).

Travay ki pi puisan? Siy mirakile? Ak kisa sa pral sanble? Ki wòl nou pral jwe, epi kòman nou pral konprann kisa pou nou fè? Mwen pa konn tout repons yo, men m konnen Senyè a vle pou nou pare! Egzèse pouvwa prètriz la avèk diyite pa t janm pi enpòtan pase jodia.

Èske nou kwè nan pwofèt Bondye a? Èske nou kapab dekouvri desten nou epi akonpli li? Wi nou kapab, e wi nou dwe fè sa, paske sa a se tan pa nou!

Lè nou tande istwa sou sèvitè puisan Bondye ki te vini anvan nou yo—tankou Moyiz, Mari, Mowoni, Alma, Estè, Joseph, avèk anpil lòt ankò—sanble yo pi gran pase lavi. Men yo pa t tèlman diferan de nou. Yo sete moun nòmal ki te afwonte difikilte. Yo te fè Senyè a konfyans. Yo te fè bon chwa nan moman desizif yo. Epi, avèk lafwa nan Jezikri, yo te fè travay yo te mande yo akonpli nan epòk pa yo a.

Imaj
Pwofèt Jozye

Goodsalt

Annou konsidere Jozye, ewo Ansyen Testaman an. Li te yon disip devwe Moyiz, youn nan pi gwo dirijan nan listwa. Apre Moyiz te fin mouri, se te tan pa Jozye. Li te la pou l te gide pitit Izrayèl yo nan tè pwomiz la. Kijan l ta pral fè sa? Jozye te fèt epi li te leve nan esklavaj nan peyi Ejip. Li pa t gen okenn manyèl ni videyo fòmasyon pou te ede li. Li pa t menm gen yon smartphone! Men li te gen pwomès sa a ke Senyè a te fè l:

“M ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p ap vire do ba ou, mwen p ap janm lage w.

“Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje” (Jozye 1:5-6).

Lè m te yon nouvo Swasanndis san eksperyans, mwen te resevwa yon apèl telefòn ijan ki te soti nan biwo Premye Prezidans lan, pou te mande si m te ka al reprezante pwofèt la pou vizite yon jèn gason nan lopital—imedyatman. Non jèn gason an se te Zach. Li t ap prepare l pou l te vin yon misyonè men li te fè yon aksidan epi li t ap soufri anba yon blese nan tèt ki te grav.

Pandan m t ap kondui pou al lopital la, kè m t ap bat anpil. Yon komisyon pou pwofèt la—èske se yon blag? Kisa m pral jwenn? Kòman m pral ede jèn gason sa a? Èske m gen ase lafwa? Yon lapriyè fèvan avèk konesans ke m te gen otorite prètriz sen an te vin fòs mwen nan moman an.

Lè m te rive, Zach te kouche sou yon kabann lopital. Yon brankadye te pare pou l te mennen l nan sal operasyon an pou doktè yo te ka opere l pou te soulaje presyon nan sèvo l la. Mwen te gade manman l ki te gen dlo nan je avèk yon jèn zanmi tou enkyè ki kanpe bò kote li, epi m te santi klèman ke Zach te bezwen yon benedikyon prètriz. Zanmi l la te fèk sot resevwa Prètriz Mèlkisedèk, konsa mwen te mande l pou l te ede m. Mwen te santi pouvwa prètriz la lè nou te bay Zach benediksyon an avèk tout imilite. Apre sa yo te kouri mennen l nan sal operasyon an, epi yon santiman lapè te konfime m ke Sovè a ta pral pran bagay yo anmen selon sajès pa Li.

Pèsonèl medikal la te fè yon dènye radyografi anvan yo te kòmanse operasyon an. Avèk gwo sezisman, yo te dekouvri ke okenn operasyon pa t ap bezwen fèt ankò.

Apre anpil tretman, Zach te aprann mache ak pale ankò. Li te sèvi yon misyon avèk siksè epi kounyeya l ap elve yon bèl fanmi.

Natirèlman, rezilta yo pa toujou fini osi byen konsa. Mwen konn bay lòt benediksyon prètriz avèk menm lafwa a, epi se pa t Senyè a te akòde gerizon konplè nan lavi sa a. Nou mete konfyans nan objektif Li epi nou kite rezilta yo soukont Li. Nou pa ka toujou chwazi konsekans aksyon nou yo, men nou ka chwazi pou nou prepare pou nou aji.

Yo gen p ap janm mande w pou w reprezante Premye Prezidans lan nan yon sitiyasyon kote lavi yon moun an danje. Men nou tout aple pou nou fè dè bagay ki chanje lavi, antanke reprezantan Senyè a. Li p ap abandone ou. Sa a se tan pa nou!

Pyè, Apot anchèf Sovè a te nan yon bato tanpèt t ap sekwe lè l te wè Jezi k ap mache sou dlo a. Li te vle vin jwenn Li, epi Sovè a te di, “Vini.” Avèk anpil kouraj, epi mirakilezman, Pyè te kite sekirite kannòt la epi li te kòmanse mache al jwenn Sovè a. Men lè Pyè te pote atansyon a van yo ki t ap soufle fò a, lafwa l te febli. “Li te pè; epi li te kòmanse ap koule, li te rele, li te di, Senyè, sove m. “Epi imedyatman Jezi te lonje men Li epi L te pran Pyè.” Gade Matye 24:32–33

Imaj
Jezi k ap lonje lamen

Lè van yo soufle nan lavi nou, ki kote nou fikse je nou? Sonje, toujou gen yon sèl sous fòs ak kouraj ki fyab. Bra Jezi lonje ba nou, menm jan li te lonje pou Pyè a. Si nou vin jwenn Li, L ap pote nou sekou avèk anpil lanmou. Nou se pa Li. Li te di, “Nou pa bezwen pè anyen: M ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye” (Ezayi 43:1) L ap renye nan lavi w si w kite l fè sa. Chwa a nan men nou! (Gade Russell M. Nelson, “Let God Prevail, Liahona, Nov. 2020, 92–95.)

Nan fen lavi li, Jozye te sipliye pèp li a, “Chwazi depi koulye a sa nou vle sèvi a; … Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n ap sèvi” (Jozye 24:15). Paske li te fè chwa pou l te sèvi Senyè a, Jozye te vin yon gwo lidè nan tan pa l la. Chè zanmi m yo, sa a se tan pa nou! Epi chwa nou yo pral detèmine destine nou (gade Thomas S. Monson, “Desizyon Detèmine DestineCoin de feu Inivèsite Brigham Young, Nov. 6, 2005], speeches.byu.edu).

Pandan m t ap sèvi kòm evèk, nou te gen yon deviz nan pawas nou an: Bon chwa egal bonè—etènèlman. Lè yo te konn kwaze m nan koulwa a, jèn yo te konn di, “Evèk, m fè bon chwa!” Sa se rèv yon evèk!

Kisa nou vledi lè nou di “bon chwa”? Yon moun te mande Jezi yon fwa, “Ki pi gwo kòmandman ki genyen nan lalwa a?” Li te reponn:

“Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.

“Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan.

“Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.” (Matye 22:36–39).

Mwen pa konn pou oumenm, men lè m li de gwo kòmandman sa yo, mwen dekouvri yon twazyèm kòmandman ki souzantandi: renmen tèt ou.

Èske w janm panse a renmen tèt ou kòm yon kòmandman? Èske nou ka reyèlman renmen Bondye epi renmen pitit Li yo si nou pa renmen tèt pa nou?

Dènyèman, yon dirijan plen sajès te konseye yon moun ki t ap eseye simonte plizyè ane chwa ki te destriktè. Mesye a te santi l wont epi li te doute ke l te diy ase pou l santi lanmou kèlkeswa moun nan.

Dirijan l la te di l, “Senyè a konnen ou, li renmen ou, epi li kontan anpil [avèk] ou ansanm avèk efò plen kouraj w ap fè yo.” Men apresa li te ajoute, “[Ou] bezwen koute kòmandman pou renmen tèt ou a pou w kapab santi lanmou [Bondye] ak lanmou pou lòt moun.”

Lè frè sa a te tande konsèy sa a, li te wè lavi a avèk nouvo zye. Li te di nan apre, “Mwen te pase tout lavi m ap eseye jwenn lapè ak akseptasyon lòt moun. Mwen te chèche bagay sa yo nan move andwa yo. Se sèlman nan lanmou Pè Selès la avèk Sovè a m ka jwenn rekonfò. Mwen konnen ke Yo vle m renmen tèt mwen; sa se reyèlman sèl fason mwen kapab santi lanmou Yo genyen pou mwen.”

Papa nou ki nan Syèl la vle pou nou renmen tèt nou—non pa pou nou vin ògeye oubyen egoyis, men pou nou ka wè tèt nou nan fason Li wè nou an: antanke pitit cheri Li. Lè verite sa a antre nan fon kè nou, lanmou nou pou Bondye ap grandi. Lè nou wè tèt nou avèk yon respè sensè, kè nou ap dispoze pou trete lòt moun menm fason an tou. Pi plis nou rekonèt valè divin nou, se pi byen n ap konprann verite divin sa a: ke Bondye voye nou isit la menm, kounyeya, nan epòk kapital sa a nan listwa a, pou nou kapab fè pi gwo byen posib avèk talan ak don nou genyen yo. Sa a se tan pa nou! (Gade Russell M. Nelson, “Vin Vrè Milenè” [devosyon mondyal pou jèn adilt yo, Jan. 10, 2016], broadcasts.ChurchofJesusChrist.org.)

Joseph Smith te ansenye ke chak pwofèt, nan chak epòk, “t ap tann avèk enpasyans ak kè kontan pou jou sa yo n ap viv la; … Yo te chante, yo te ekri epi pwofetize konsènan tan pa nou an”, … nou se pèp favori Bondye te [chwazi] pou te pote laglwa nan Dènye jou yo” (Enseignements des présidents de l église: Joseph Smith [2007], 186).

Lè w ap fè fas a difikilte chak jou yo, sonje pawòl rasiran sa a Èldè Jeffrey R. Holland te bay: “Nou gen anpil responsablite sou zepòl nou, men sa pral yon eksperyans gloriye ak reyisi. … Viktwa nan konkou final sa a te deja dekrete. Viktwa a deja nan liv rejis yo … , ekriti yo!” (“Pa pè, Kwè Sèlman” [diskou pou Sistèm Edikatif Legliz la pou edikatè relijye yo, Fevriye. 6, 2015], broadcasts.ChurchofJesusChrist.org).

Nan bèl wikenn Pak sa a, kite m lanse yon envitasyon pou nou tout priye pou nou ka rekonèt ak anbrase wòl endividyèl nou pandan n ap prepare nou pou jou gloriye kote Sovè a ap vini ankò a. Senyè a renmen nou plis pase nou ka imajine, epi L ap reponn priyè nou yo! Epi keseswa nou sou yon teren foutbòl, nan yon chanm lopital, oubyen nan pwòp lakay nou, nou kapab vin yon pati enpòtan nan evenman remakab sa yo—paske sa a se tan pa nou! Nan non Jezikri, Amèn.