Konferans Jeneral
Bondye Nan Mitan Nou
Konferans Jeneral Avril 2021


Bondye Nan Mitan Nou

Bondye nan mitan nou—epi Li pèsonèlman enplike nan lavi nou epi Li ap gide pitit Li yo aktivman.

Chè frè m ak sè m yo, atravè syèk yo, Bondye toujou pale pa lentèmedyè sèvitè L yo, pwofèt yo.1 Maten an, nou te gen privilèj pou nou te tande pwofèt Bondye a ap pale avèk tout mond lan. Nou renmen ou, Prezidan Nelson, epi mwen ankouraje tout moun tout kote pou yo etidye ak koute pawòl ou.

Anvan m te gen 12 zan, yo te fòse fanmi m an defwa pou yo te abandone lakay yo epi al rekòmanse nan mitan konfizyon, laperèz, ak ensètitid lagè ak divizyon politik te lakoz. Se te yon peryòd ki te plen angwàs pou mwen, men siman li dwe te terifyan pou paran byenneme m yo.

Manman m ak papa mpa t pataje anpil nan fado sa yo avèk noumenm kat pitit yo. Yo te andire tansyon an ak soufrans la pi byen yo te kapab. Laperèz la dwe siman te opresan pou yo, nan pwen ke l te okipe tout tan yo ak wonje espwa yo.

Tan dezolasyon sa a apre Dezyèm Gè Mondyal la te kite tras nan tout mond lan. Li te kite tras li sou mwen tou.

Nan epòk sa yo, nan solitid moman ki te pi solitè m yo, mwen te souvan ap mande tèt mwen “Èske gen lespwa ki rete nan mond lan?”

Zanj nan mitan Nou

Pandan m t ap reflechi sou kesyon sa yo, mwen te panse a jèn misyonè Ameriken nou yo ki t ap sèvi nan pami nou pandan epòk sa yo. Yo te kite konfò ak sekirite lakay yo byen lwen nan lòtbò mond lan pou yo te vwayaje vini an Almay—peyi moun ki te enmi trè resamman—pou yo te ofri lespwa diven bay pèp nou an. Yo pa t vini pou yo te blame nou, ni joure nou, ni pou te fè nou wont. Yo te volontèman bay nan jèn lavi yo a san panse a benefis materyèl, yo te sèlman vle ede lòt moun jwenn lajwa ak lapè yo te fè eksperyans la.

Pou mwenmenm, jèn gason ak jènfi sa yo te pafè. Mwen si ke yo te gen defo, men se pa t pou mwenmenm. M ap toujou panse avèk yo kòm moun ki te ekstraòdinè—zanj limyè ak laglwa, mesaje konpasyon, bonte ak verite.

Pandan mond lan t ap anfonse l nan sinik, amètim, rayiman, ak laperèz, egzanp ak ansèyman jèn moun sa yo te ranpli m avèk espwa. Mesaj levanjil yo te ofri a te depase politik, listwa, rankin, plent, ak ajanda pèsonèl. Li te bay repons diven pou kesyon enpòtan nou te genyen pandan moman difisil sa yo.

Mesaj la sete ke Bondye te vivan epi Li te sousye de nou, menm nan moman toumant, konfizyon, ak twoub sa yo. Ke Li te parèt tout bon vre nan epòk pa nou an pou retabli verite ak limyè—Levanjil Li a ak Legliz Li a. Ke Li pale avèk pwofèt ankò; ke Bondye nan mitan nou—epi Li pèsonèlman enplike nan lavi nou epi L ap gide pitit Li yo aktivman.

Se etonan sa nou ka aprann lè nou byen gade plan sali ak egzaltasyon Papa nou ki nan Syèl la, plan bonè L la, pou pitit Li yo Lè nou santi nou ensiyifyan, rejte, ak abandone, nou aprann ke nou kapab gen asirans ke Bondye pa bliye nou—anfèt, Li ofri tout pitit Li yo yon bagay inimajinab: pou yo vin “eritye Bondye, epi koeritye avèk Kris la.”2

Kisa sa vledi?

Ke nou pral viv pou tout tan, n ap resevwa yon plenitid lajwa,3 epi n ap gen potansyèl pou nou “eritye twòn, wayòm, prensipalite, ak pouvwa.”4

Se yon bagay ki emouvan pou nou konnen ke fiti mayifik ak siprèm sa a posib—non pa akoz kiyès nou ye, men akoz kiyès Bondye ye.

Paske nou konnen sa, kijan nou ka fè janm kontinye ap kriye, ap plenyen, oubyen rete egri? Kijan nou ta ka kontinye kenbe je nou bese atè lè Wa tou wa yo envite nou pou nou pran vòl nou al nan yon fiti bonè diven inimajinab?5

Sali nan mitan Nou

Gras ak lanmou pafè Bondye pou nou ak sakrifis etènèl Jezikri a, peche nou yo—gran ak piti—kapab efase epi yo pa p sonje yo ankò.6 Nou kapab kanpe devan Li pur, diy epi sanktifye.

Kè m ranpli ak rekonesans pou Papa m ki nan Syèl la. Mwen reyalize ke Li pa kondane pitit Li yo pou yo trebiche atravè mòtalite a san espwa pou yon fiti briyan ak etènèl. Li bay enstriksyon ki revele chemen pou nou retounen al jwenn Li an. Epi nan mitan tout bagay sa a gen Pitit Gason Byenneme L la, Jezikri,7 ak sakrifis Li te fè pou nou an.

Sakrifis ekspyatwa enfini Sovè a konplètman chanje fason nou kapab konsidere transgresyon ak enpèfeksyon nou yo. Olye nou demere sou yo epi santi nou p ap ka rachte oubyen nou sanzespwa, nou ka aprann de yo epi santi lespwa.8 Don pirifikasyon repantans lan pèmèt nou abandone peche nou epi vin tounen yon nouvo kreyati.9

Gras ak Jezikri, echèk nou yo pa oblije defini kiyès nou ye. Yo kapab rafine nou.

Tankou yon mizisyen k ap repete nòt mizik li, nou kapab konsidere fopa, defo ak peche nou yo kòm opòtinite pou nou vin pi konsyan de tèt nou, pou nou montre lanmou ak onètete pi pwofon pou lòt moun, epi vin rafine atravè repantans.

Si nou repanti, erè nou yo pa p diskalifye nou. Yo fè pati pwogresyon nou.

Nou tout se tibebe konpare ak èt laglwa ak grandè nou aple pou nou devni an. Pa gen okenn moun mòtèl ki ka pwogrese soti nan rale epi mache pou al nan kouri san yo pa tonbe, blese ak grafiyen anpil fwa. Se konsa nou aprann.

Si nou sensèman kontinye fè pratik, nou toujou fè efò pou nou kenbe kòmandman Bondye yo, epi nou pran angajman pou nou repanti, andire, epi aplike sa nou aprann yo, liy apre liy, n ap rasanble limyè nan nanm nou.10 E byenke nou ka pa totalman konprann tout potansyèl nou kounyeya, “Nou konnen ke, lè [Sovè] a va parèt,” nou pral wè imaj Li nan nou, epi nou “pral wè L jan L ye a.”11

Ala yon pwomès gloriye!

Wi, mond lan toumante. E wi, nou gen feblès. Men nou pa bezwen pann tèt nou nan dezespwa, paske nou kapab gen konfyans nan Bondye, nou kapab gen konfyans nan Pitit Gason L lan, epi nou kapab aksepte don Lespri a pou gide nou sou chemen sa a ki mennen nan yon vi ki ranpli ak lajwa ak bonè diven an.12

Jezi nan mitan Nou

Mwen souvan poze tèt mwen kesyon sa a, kisa Jezi t ap ansenye ak fè si L te nan mitan nou jodia?

Aprè Rezirèksyon an, Jezikri te ranpli pwomès Li pou L te vizite “lòt brebi” L yo13

Liv Mòmon an: Yon lòt temwanyaj konsènan Jezikri pale de aparisyon sa a devan pèp sou kontinan Ameriken an. Nou gen anal presye sa a kòm yon temwen tanjib sou travay Sovè a.

Pèp Liv Mòmon an te viv nan lòtbò mond lan—istwa yo, kilti yo, ak klima politik yo te diferan anpil de pa pèp Jezi te ansenye pandan ministè mòtèl Li a. E malgre sa Li te ansenye yo anpil nan menm bagay Li te ansenye nan Tè Sent la.

Poukisa L te fè sa?

Sovè a toujou anseye verite ki etènèl. Yo aplike a moun tout epòk ak tout sikonstans.

Mesaj li a sete e li rete yon mesaj lespwa ak apatenans—yon temwanyaj ke Bondye Papa nou ki nan Syèl la pa abandone pitit Li yo.

Ke Bondye nan mitan nou!

Sa gen desanzan, Sovè a te retounen ankò sou Tè a. Ansanm avèk Bondye Papa a, li te parèt devan Joseph Smith ki te gen 14 zan epi Li te entwodui Retablisman levanjil la ak Legliz Jezikri a. Depi jou sa a, syèl yo te louvri, epi mesaje selès te desann soti nan demè laglwa imòtèl yo. Limyè ak konesans te vide soti nan twòn selès la.

Yon fwa ankò, Senyè a, Jezikri te pale avèk mond lan.

Kisa L te di?

Pou benediksyon pa nou, anpil nan pawòl Li yo ekri nan Doktrin ak Alyans yo—yo disponib pou tout moun nan mond lan ki vle li yo ak etidye yo. Ala presye pawòl sa yo presye pou nou jodia!

E nou pa ta dwe etone wè ke Sovè anseye mesaj fondamantal Levanjil Li a ankò: “Nou dwe renmen Senyè Bondye nou an avèk tout kè nou, avèk tout pouvwa nou, tout panse nou, epi tout fòs nou; epi nou dwe sèvi l nan non Jezikri.14 Li enspire nou pou nou chèche Bondye15 epi viv dapre ansèyman Li te revele bay sèvitè Li, pwofèt yo.16

Li anseye nou pou youn renmen lòt17 epi pou nou “ranpli ak charite pou tout moun.”18

Li envite nou pou nou sèvi kòm men Li, epi mache fè byen.19 “Piga nou renmen nan bouch sèlman … Se pou nou renmen tout bon vre pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n ap fè”20

Li egzòte nou pou nou obeyi gwo tach Li ba nou an: pou nou renmen, pataje, envite tout moun vin nan levanjil Li a ak nan Legliz Li a.21

Li kòmande nou pou bati tanp sakre epi pou nou antre epi sèvi ladan yo.22

Li anseye nou pou nou vin disip Li—pou kè nou pa chita sou pouvwa, richès, apwobasyon, oswa ran sosyal. Li ansenye nou pou nou “mete akote bagay mond sa a, epi chèche bagay yon mond ki pi bon.”23

Li egzòte nou pou nou chèche lajwa, limyè, lapè, bonè,24 ak pwomès imòtalite ak lavi etènèl la.25

Annou ale pi lwen avèk etap sa a. Sipoze Jezi ta vini nan pawas ou, branch ou, oubyen lakay ou jodia. Kijan sa t ap ye?

Li t ap gade dwat nan kè ou. Aparans eksteryè yo t ap pèdi enpòtans yo. Li t ap konnen ou jan ou ye a. Li t ap konnen dezi ki nan kè ou.

Li t ap soulaje moun ki fèb ak enb yo.

Li t ap geri malad yo.

Moun ki gen dout, Li t ap bayo lafwa ak kouraj pou yo kwè.

Li t ap ansenye nou pou louvri kè nou bay Bondye epi ede lòt moun.

Li t ap rekonèt epi onore onètete, imilite, entegrite, fidelite, konpasyon ak charite.

Yon sèl rega nan je Li epi nou pa t ap janm menm moun nan ankò. Nou t ap chanje ajamè. Nou t ap transfòme paske nou t ap pran konsyans ke Bondye efektivman nan mitan nou.

Kisa nou ta dwe fè?26

Avèk byenveyans, mwen jete yon rega annaryè sou jèn gason m te ye padan ane m t ap grandi yo. Si m te ka retounen nan letan, m t ap rekonfòte li epi di li pou l kontinye chèche. Epi mwen t ap mande l pou l envite Jezikri nan lavi li, paske Bondye nan mitan nou!

A noumenm, chè frè m ak sè m yo, e a tout moun k ap chèche repons, verite ak bonè, m ap ofri nou menm konsèy sa a: Kontinye chèche avèk lafwa ak pasyans.27

Mande, epi n ap resevwa. Frape epi y ap louvri pou nou.28 Mete konfyans nan Senyè a.29

Chak jou nan lavi nou, tach ki pi enpòtan nou genyen ak opòtinite beni nou genyen se pou nou rankontre Bondye.

Si nou mete ògèy nou akote epi nou pwoche bò twòn Li an avèk yon kè brize ak yon lespri kontri,30 L ap avanse pi pre nou.31

Si nou chèche suiv Jezikri epi nou mache sou chemen disip la, liy apre liy, jou a ap vini kote n ap fè eksperyans don inimajinab sa a ki se resevwa yon plenitid lajwa a.

Zanmi byenneme m yo, Papa nou ki nan Syèl la renmen nou avèk yon lanmou pafè. Li pwouve lanmou Li nan fason enfini, men pi gwo fason nan tout la se nan ofri Pitit Gason Literal Li a kòm yon sakrifis ak yon kado bay pitit Li yo pou rann retou al jwenn paran selès nou yo yon reyalite.

Mwen rann temwanyaj ke Papa nou ki nan Syèl la vivan, Jezikri ap dirije Legliz Li a, epi Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt Li.

Mwen kite lanmou m ak benediksyon m pou nou nan bèl sezon Pak sa a. Mwen ba nou benediksyon mwen nan sezon jwaye Pak sa a pou pandan n ap louvri kè nou bay Sovè ak Redanmtè nou an, kèlkeswa sikonstans, eprèv, soufrans, oswa erè nou, nou kapab konnen ke Li vivan, Li renmen nou, epi gras avèk Li, nou p ap janm poukont nou.

Bondye nan mitan nou.

Konsènan sa, mwen rann temwenyaj mwen, nan non sakre Jezikri, amèn.