Konferans Jeneral
Kisa Sovè nou an te fè pou nou?
Konferans Jeneral Avril 2021


Kisa Sovè nou an te fè pou nou?

Li te fè tout bagay ki esansyèl pou vwayaj nou atravè mòtalite a vè destine ki te planifye nan plan Papa nou ki nan Syèl la.

Nan yon reyinyon Samdi apremidi nan yon konferans pieu anpil ane desa, mwen te rankontre yon fi ki te di zanmi l yo te mande l pou l te retounen legliz apre anpil ane inaktivite, men li pa t ka panse ak okenn rezon pou l ta fè sa. Pou ankouraje li, mwen te di, “Lè w konsidere tout bagay Sovè a te fè pou ou, ou gen anpil rezon pou w ta retounen vin adore L ak sèvi Li.” Mwen te etone anpil lè l te reponn, “Kisa L te fè pou mwen?”

Imaj
Dezyèm Vini an

Kisa Jezikri te fè pou nou chak? Li te fè tout bagay ki esansyèl pou vwayaj nou atravè mòtalite a pou n al nan destine ki te planifye nan plan Papa nou ki nan Syèl la. M pral pale sou kat karakteristik prensipal nan plan sa a. Nan yo chak, Sèl Pitit Gason literal Li a, Jezikri, se pèsonaj santral la. Sa ki motive tout sa a se “lanmou Bondye, ki antre nèt nan kè pitit lèzòm; se poutèt sa, li pi dezirab pase tout bagay” (1 Nefi 11:22).

I.

Jis avan Dimanch Pak, se yon bon moman pou nou pale toudabò de Rezirèksyon Jezikri a. Rezirèksyon soti anba lanmò a se pilye rasirans pèsonèl lafwa nou. Li ajoute sans nan doktrin nou an, motivasyon nan konpòtman nou, ak lespwa pou lavni nou.

Paske nou kwè nan deskripsyon nan Bib la ak Liv Mòmon an sou Rezirèksyon literal Jezikri a, nou aksepte tout ansèyman nan ekriti yo ki di ke yon rezirèksyon menmjan an ap vini pou tout mòtèl yo ki te janm viv sou tè sa a tou.1 Jan Jezi te anseye, “Paske m ap viv, nou menm n ap viv” (Jan 14:19). Epi Apot li yo te anseye ke “moun ki te mouri yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò” epi “moun ki gen kò ki fèt pou mouri yo ap resevwa yon kò ki pa p mouri ankò” (1 Korentyen 15:52, 54).

Imaj
Rezirèksyon an

Men Rezirèksyon an ba nou plis pase asirans imòtalite sa a. Li chanje fason nou wè lavi nan mòtalite a.

Rezirèksyon an ba nou vizyon ak fòs pou nou andire difikilte nan mòtalite a ke nou chak ak moun nou renmen yo ap rankontre. Li ba nou yon nouvo fason pou nou wè pwoblèm fizik, mantal, osa emosyonèl nou genyen nan nesans yo oswa nou akeri pandan lavi nou nan mòtalite a. Li ba nou fòs pou nou andire chagren, echèk, ak fristrasyon. Paske nou chak gen yon rezirèksyon ki asire, nou konnen pwoblèm ak oposisyon nan mòtalite sa yo sèlman tanporè.

Rezirèksyon an ba nou yon gwo ankourajman pou nou kenbe kòmandman Bondye yo pandan lavi nou nan mòtalite a. Lè nou leve soti anba lanmò a epi nou prezante nou nan Jijman Final yo pwofetize a, nou vle pou nou kalifye pou pi bèl benediksyon yo pwomèt moun ki resisite yo.2

Imaj
Nou ka viv antanke fanmi pou tout tan.

Anplis, pwomès ki di ke Rezirèksyon an ka enkli yon opòtinite pou nou viv avèk manm fanmi nou yo—mari, madanm, timoun, paran, ak posterite nou—se yon ankourajman puisan pou n akonpli responsablite familyal nou yo nan mòtalite a. Li ede nou viv ansanm nan lamou nan lavi sa a tou epi li rekonfòte nou lè yon moun nou renmen mouri. Nou konnen ke separasyon mòtèl sa yo sèlman tanporè, epi nou ap ret tann bèl reyinyon ak rankont k ap vini yo nan lajwa. Rezirèksyon an bannou lespwa ak fòs pou nou rete pasyan pandan n ap tann nan. Li prepare nou tou avèk kouraj ak diyite pou nou fè fas ak pwòp lanmò pa nou—menm yon lanmò nou ka rele prematire.

Tout efè sa yo nan Rezirèksyon an fè pati premye repons pou kesyon “Kisa Jezikri te fè pou mwen?” an.

II.

Pou pifò nan nou, opòtinite pou nou jwenn padon pou peche nou yo se pi gwo siyifikasyon Ekspyasyon Jezikri a. Avèk adorasyon, nou chante ak reverans:

Il vint sur terre de plein gré;

Et gage précieux,

Son sang, sa vie, il a donnés,

Pour nous ouvrir les cieux.3

Sovè ak Redanmtè nou an te andire soufrans enkonpreyansib pou L te ka vin tounen yon sakrifis pou peche tout kretyen vivan ki repanti. Sakrifis ekspyatwa sa a te ofri sa ki pi bon an—timouton pur san tach la—pou dènye nivo mal la—peche tout mond lan. Li te louvri pòt pou nou chak vin netwaye anba peche pèsonèl nou yo pou nou ka reyantre ankò nan prezans Bondye, Papa Etènèl nou an. Pòt ouvè sa a disponib pou tout pitit Bondye yo. Nan adorasyon nou chante:

Oui, c’est merveilleux il quitta son trône divin

Pour racheter mon âme fière, sur terre il vint,

Il étend son amour sur un homme comme moi.4

Efè mayifik ak enkonpreyansib Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a baze sou lanmou Bondye pou nou chak. Li konfime deklarasyon L la ke “nanm yo”—nanm chak mòtèl—“genyen gwo valè nan je Bondye” (Doktrin ak Alyans 18:10). Nan Bib la, Jezikri te eksplike sa a nan tèm lanmou Papa nou ki nan Syèl la: “Paske Bondye sitèlman renmen mond lan, ke li te bay sèl Pitit Gason Literal li a, pou tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pèdi lavi yo, men ya va gen lavi ki pap janm fini an” (Jan 3:16). Nan revelasyon modèm nan, Redanmtè nou an, Jezikri te deklare ke Li “tèlman renmen mond lan, li te bay vi pa li, pou tout moun ki kwè kapab vin tounen pitit Bondye” (Doktrin ak Alyans 34:3).

Èske se etonan, lè sa a, ke Liv Mòmon an: Yon lòt Temwayaj konsènan Jezikri konkli avèk ansèyman ki di pou nou vin “pafè” ak “sanktifye nan Kris” la, nou nou dwe “renmen Bondye avèk tout pouvwa nou, tout panse nou, ak tout fòs [nou]” Mowoni 10:32–33). Plan L la ki motive pa lanmou an, nou dwe resevwa l avèk amou.

III.

Kisa ankò Sovè nou an te fè pou nou? Atravè ansèyman pwofèt li yo epi atravè ministè pèsonèl Li, Jezi te anseye nou plan sali a. Plan sa a enkli Kreyasyon an, bi lavi a, ak nesesite pou opozisyon, ak don libabit la. Li te anseye nou kòmandman ak alyans nou dwe obeyi ak òdonans nou dwe suiv pou nou ka retounen al jwenn paran selès nou yo tou.

Imaj
Diskou sou Mòn nan

Nan Bib la nou li ansèyman Li: “Mwen se limyè mond la; moun ki suiv mwen, li p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.” (Jan 8:12). Epi, nan revelasyon modèn nan, nou li, “Gade, M se Jezikri, … yon limyè ki pa kapab kache nan tenèb” (Doktrin ak Alyans 14:9). Si nou suiv ansèyman L yo, L ap klere wout nou nan lavi sa a epi asire destine nou nan lavi k ap vini an.

Paske li renmen nou, li ba nou envitasyon pou nou rete fokis sou Li, pa sou bagay ki nan mond mòtèl sa a. Nan gwo diskou L sou pen lavi a, Jezi te anseye ke nou pa ta dwe fè pati moun ki pi atire anpil pou bagay ki nan mond lan—bagay ki soutni lavi sou tè a men ki pa bay okenn eleman nitritif pou lavi etènèl.5 Jan Jezi toujou envite nou tanzantan, e san rete, “Suiv mwen.”6

IV.

Finalman, Liv Mòmon an anseye ke, kòm yon pati nan Ekspyasyon L la, Jezikri “[te] soufri lapenn, afliksyon ak tout kalte tantasyon; e sa pral fèt pou pawòl la kapab akonpli, pawòl ki te di li pral pran lapenn ak maladi pèp li a sou tèt pa l” (Alma 7:11).

Poukisa Sovè nou an te soufri “tout kalite” difikilte mòtèl sa yo? “Epi li pral pran enfimite yo sou tèt pa l, pou zantray li kapab plen avèk mizèrikòd, dapre kò fizik la, pou l kapab konnen dapre kò fizik la kouman pou l pote pèp li a sekou dapre enfimite yo [sa ki vledi pou bay soulajman oswa èd] pou pèp li a dapre enfimite pa yo” (Alma 7:12).

Imaj
Kris la nan Jetsemani

Sovè nou an santi epi L konnen tantasyon nou yo, lit nou yo, chagren nou yo, ak soufrans nou, paske Li te volontèman sibi yo tout kòm yon pati nan Ekspyasyon L lan. Gen lòt ekriti ki afime sa. Nouvo Testaman an deklare, “Koulye a, li ka pote sekou bay tout moun ki anba tantasyon, paske li menm tou li te pase anba tantasyon” (Ebre 2:18). Ezayi anseye, “Nou pa bezwen pè; paske mwen avèk nou: … M ap ban nou fòs; wi, m ap ede nou” (Ezayi 41:10). Moun k ap soufri tout kalite enfimite nan mòtalite a ta dwe sonje ke Sovè nou an te travèse kalite doulè sa a tou epi, gras ak Ekspyasyon an, L ap ba nou chak fòs pou nou sipòte yo.

Pwofèt Joseph Smith te rezime tout sa nan twazyèm atik lafwaa: “Nou kwè ke atravè Ekspyasyon Kris la, tout limanite kapab sove, si yo obeyi lalwa ak òdonans Levanjil yo.”

Sè sa a te mande “Kisa Jezikri te fè pou mwen?” Dapre plan Pè Selès nou an, Li “te kreye syèl yo ak tè a” (Doktrin ak Alyans 14:9) pou chak nan nou ka fè eksperyans lavi mòtèl ki nesesè pou nou chèche jwenn destine etènèl nou an. Kòm yon pati nan plan Papa a, Rezirèksyon Jezikri a simonte lanmò pou asire imòtalite nou chak. Sakrifis ekspyatwa Jezikri a bay nou chak yon opòtinite pou nou repanti pou peche nou yo epi retounen pwòp nan fwaye selès nou an. Kòmandman ak alyans Li yo montre nou wout la, epi prètriz Li a ba nou otorite pou nou akonpli òdonans ki esansyèl pou atenn destine sa a. Epi Sovè nou an te sibi tout doulè ak enfimite mòtalite yo volontèman pou L te ka konnen kijan pou L fòtifye nou nan aflikasyon nou yo.

Imaj
Jezikri

Jezikri te fè tout sa paske Li renmen tout pitit Bondye yo. Lanmou se motivasyon pou tout sa, epi se konsa sa te ye depi nan kòmansman an. Bondye te di nou nan revelasyon modèn ke “Li te kreye … gason ak fi, dapre imaj pa li … epi li te ba yo kòmandman pou yo renmen l epi sèvi l” (Doktrin ak Alyans 20:18–19).

Mwen temwaye konsènan tout bagay sa yo epi mwen priye pou nou tout ka sonje sa Sovè nou an fè pou nou chak epi pou nou tout ka renmen Li ak sèvi Li, nan non Jezikri, amèn.