Konferans Jeneral
“Gade! M Se Yon Bondye Ki Konn fè Mirak”
Konferans Jeneral Avril 2021


“Gade! M Se Yon Bondye Ki Konn fè Mirak”

Gen anpil mirak, siy, ak mèvèy pami moun ki ap suiv Jezikri jodi a, nan lavi yo ak nan lavi pa m.

Chè frè m ak sè m yo, ala yon privilèj sa ye pou m kanpe devan nou jodia. Ini avèk moun ki pale deja yo nan konferans sa a, m ap temwaye nou ke Jezikri vivan. Se Li ki ap dirije Legliz Li a; Li pale a pwofèt Li a, Prezidan Russell M. Nelson, e Li renmen tout pitit Pè Selès la.

Nan jou Dimanch Pak sa a, n ap komemore Rezirèksyon Jezikri, Sovè ak Redanmtè nou an,1 Bondye Puisan an, Prens Lapè a.2 Ekspyasyon L lan, ki te debouche sou Rezirèksyon L lan twa jou apre nan yon tonm yo te prete, ki kanpe kòm pi gwo mirak ki te fèt nan istwa limanite. Li deklare: “Paske gade,” “m se Bondye; m se yon Bondye ki konn fè mirak.”3

“Èske mirak yo sispann poutèt Kris la te monte nan syèl la, e li chita bò kote dwat Bondye?”4 se kesyon pwofèt Mòmon poze nan Liv Mòmon an. Li reponn: “Non; ni tou zanj yo pa sispann travay pou pitit lèzòm.”5

Apre Krisifiksyon an, yon zanj Senyè a te parèt devan Mari, ki, ak kèk lòt medàm, te ale kote tonm nan te ye a pou yo te benyen kò Jezi. Anj lan te di:

“Poukisa n ap chèche moun vivan an nan mitan mò yo?6

“Li pa isit la; paske li resisite.”7

Pwofèt Abinadi nan Liv Mòmon an te pale de mirak sa a.

“Si Kris la pa t leve nan pami mò yo, … pa tap kapab gen rezirèksyon.

Men, gen yon rezirèksyon; se poutèt sa, tonm lan pa gen viktwa e Kris la anglouti agoni lanmò a”8

Akoze de mirak Jezi te fè yo, premye disip yo te mande: “Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, epi yo obeyi li.”9

Pandan premye Apot yo t ap suiv Jezi epi yo te tande Li t ap anseye levanjil la, yo te temwen anpil mirak. Yo te wè “je avèg yo louvri, moun ki t ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soud yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la.”10

Gen anpil mirak, siy, ak mèvèy pami moun ki ap suiv Jezikri jodi a, nan lavi yo ak nan lavi pa m. Mirak se aksyon, manifestasyon, ak expresyon divin sou pouvwa san limit Bondye ak yon afimasyon ke Li se “menm nan, ayè, jodi a ak pou tout tan.”11 Jezikri, ki te kreye lanmè yo, kapab kalme yo; Limenm ki te bay avèg yo pouvwa pou yo wè kapab ede nou konsantre atansyon nou sou bagay espirityèl yo; Limenm ki te geri lepre yo kapab repare enfimite nou yo; Limenm ki te geri nonm ki pa t kapab mache a kapab rele nou pou nou leve lè l di nou: “Vini, Suiv Mwen”12

Anpil nan nou konn temwen mirak, plis pase nou reyalize. Yo gen dwa parèt piti an konparezon avèk Jezikri ki te leve nan pami mò yo. Men grandè yon bagay sanble l genyen se pa sa ki fè l yon mirak, sa ki fè l yon mirak se paske li soti nan Bondye. Kèk nan pami nou panse ke mirak yo se tou senpleman kèk koyensidans oswa yon chans. Men pwofèt Nefi te kondane moun ki te “pyetine pouvwa ak mirak Bondye yo, e yo preche lasajès ak konesans pa yo, pou yo kapab fè lajan e pou yo kapab graje figi pòv yo.”13

Mirak fèt pa pouvwa diven Moun “ki gen pouvwa pou sove moun”14nan. Mirak se pwolonjman plan etènèl Bondye a; mirak se lyen tout yon lavi ant syèl la ak tè a.

Nan otòn ki sot pase a, Sè Rasband avèk mwen te nan wout pou Goshen, Utah, pou yon evenman Fas a Fas mondyal ki te pou retransmèt pou plis pase 600.000 moun nan 16 lang diferan.15 Pwogram nan se te pou nou te konsantre nou sou evenman ki konsène Retablisman levanjil Jezikri a avèk kesyon jèn adilt toupatou nan mond lan te poze. Sè Rasband avèk mwen te reli kesyon yo pèsonèlman; yo te ba nou opòtinite pou nou te temwaye konsènan Joseph Smith kòm yon pwofèt Bondye, pouvwa revelasyon nan lavi nou, Retablisman levanjil Jezikri a ki ap kontinye, ak verite ak kòmandman ke nou konsidere kòm trezò yo. Anpil moun k ap koute jodia te patisipe nan evenman mirakile sa a.

Toudabò, retransmisyon an te dwe fèt nan Boskè Sakre a nan Upstate New York, kote Joseph Smith te temwaye: “M te wè de pèsonaj, ekla yo ak laglwa yo te depase tout deskripsyon, ki te kanpe sispandi anlè devan mwen. Youn ladan yo te pale avèk mwen, li te site non mwen, epi l te di, pandan l te lonje dwèt li sou lòt la—Se Pitit Gason Byenneme m nan. Koute Li!16 Sa, frè m ak sè m yo, sete yon mirak.

Imaj
Jerizalèm etabli nan Goshen, Utah

Pandemi mondyal la te fòse nou chanje kote pou retransmisyon an te fèt la pou nou t al fè l pito nan Goshen, Utah, kote Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo re-kreye yon pati nan ansyen Jerizalèm nan pou yo fè tounaj fim. Sè Rasband avèk mwen te a kèlke minit de Goshen jou Dimanch swa sa a lè nou te wè yon lafimen epè ki t ap soti nan direksyon kote nou ta prale a. Te gen gwo dife nan zòn nan, e nou te pè pou sa pa t lakoz yon pwoblèm pou retransmisyon an. Sa nou te pè a te rive, a 6 zè mwen 20, ki se te lè retransmisyon nou an, te gen yon blakawout nan tout bilding nan. Pa gen kouran! Pa gen retransmisyon. Te gen yon dèlko kèk moun te panse nou t ap kapab itilize pou ba nou kouran, men pa t gen asirans ke li t ap kapab sipòte ekipman sofistike nou te bezwen yo.

Imaj
Lafimen k ap soti nan dife

Nou tout ki t ap patisipe nan program nan, enkli naratè, mizisyen, ak teknisyen—menm 20 jèn adilt ki te soti nan pwòp fanmi elaji pa m—te envesti nou konplètman nan sa k te gen pou te fèt la. Mwen te elwanye m soti nan kriye ak konfizyon yo a epi m te sipliye Senyè a pou L te fè yon mirak. M te priye konsa: “Pè Selès,” “Se raman m konn mande w pou w fè yon mirak, men m ap mande w youn kounyeya. Reyinyon sa a dwe fèt pou tout jèn adilt nou yo nan mond lan. Nou bezwen pou kouran an mache byen si se volonte w.”

A 6 zè 7 minit, osi vit ke kouran an te ale a, li te retounen. Tout bagay te kòmanse fonksyone, soti nan mizik ak mikwo rive nan videyo yo ak tout ekipman retransmisyon an. Tout bagay t ap byen mache. Nou te temwen yon mirak.

Imaj
Pèfòmans mizikal pandan aktivite Fasafas

Lè Sè Raspband avèk mwen te nan machin ap retounen lakay nou ta jou swa sa a, Prezidan ak Sè Nelson te voye mesaj tèks sa a pou nou: “Ron, nou vle fè w konnen ke osito nou te tande te gen blakawout la, nou te priye pou yon mirak te fèt.”

Nou li nan ekriti dènye jou yo: “Paske, mwen menm Senyè a, m lonje men mwen pou m manifeste pouvwa syèl la; nou pa kapab wè l kounyeya, men, nan yon ti tan nou pral wè l, epi n ap konnen m egziste, epi m ap vini pou m reye avèk pèp mwen an.”17

Se sa ki te riv egzakteman. Senyè a te egzèse pouvwa Li epi kouran an te vini.

Mirak fèt pa pouvwa lafwa, jan Prezidan Nelson te si byen anseye nou nan dènye sesyon an. Prwofèt Mowoni te egzòte pèp la konsa: “Si pa gen lafwa nan pami pitit lèzòm, Bondye pa kapab fè mirak nan pami yo; se poutèt sa li te fè yo wè l apre yo te fin gen lafwa.”

Li te kontinye:

“Se te lafwa Alma ak Amilèk ki te fè prizon an tonbe atè.

“Se te lafwa Nefi ak Leyi ki te fè chanjman sa a desann sou Lamanit yo, pou yo te batize avèk dife, epi avèk Sentespri a.

Se te lafwa Amon ak frè l yo ki te pote gran kalte chanjman sa a nan pami Lamanit yo.

“Ni tou, nan okenn tan, okenn moun pa fè mirak jistan yo te gen lafwa; se poutèt sa, yo kwè nan Pitit Gason Bondye a anvan.”18

Mwen ta kapab ajoute sou sekans ekriti sa yo, “Sete lafwa jèn adilt sensè ki t ap patisipe yo, pwofesyonèl difizyon yo, dirijan ak manm Legliz yo, yon Apot, ak yon pwofèt Bondye ki te priye pou yon si gran mirak ki te fè kouran an te retabli nan yon lye tounaj izole nan Goshen, nan Utah a.”

Mirak rive kòm repons a priyè nou. Yo pa toujou sa nou mande a oswa sa nou atann nan, men lè nou fè Senyè a konfyans, Li ap la, e L ap fè sa k pou fèt la. L ap fè mirak la koresponn a sa nou bezwen nan moman an.

Senyè a fè mirak pou fè nou sonje pouvwa L, lanmou Li, men L ki lonje ban nou soti nan syèl la pou atenn eksperyans nou nan mòtalite a, ak dezi Li pou anseye bagay ki gen plis valè yo. “Epi ankò se pral konsa, yon moun ki gen alafwa nan mwen pou l geri, si jou lanmò l poko rive, l ap geri.”19 Gen lwa oubyen règ irevokab ki dekrete nan syèl la, e nou toujou sijè a yomenm.

Gen de fwa nou espere yon mirak pou geri yon moun nou renmen, pou ranvèse yon zak enjis, oubyen pou adousi kè yon moun ki amè oswa desi. Lè nou gade bagay yo avèk je mòtèl nou, nou vle pou Senyè a entèveni, pou L repare sa ki kraze a. Atravè lafwa, mirak pwodui, men pa nesesèman selon kalandriye pa nou ni nan fason nou ta swete a. Èske sa vle di nou pa fidèl ase oubyen nou pa merite entèvansyon Li? Non. Senyè a renmen nou anpil. Li te bay lavi L pou nou, e Ekspyasyon L lan kontinye soulaje nou anba fado nou yo ak peche lè nou repanti epi vin pi pre L.

Senyè a te fè nou sonje: “Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m.”20 Li ofri “Vin jwenn mwen, nou tout k ap pote chay, ma ba nou soulajman”21—soulajman anba sousi, desepsyon, laperèz, dezobeyisans, enkyetid pou fanmi nou, pou rèv ki pèdi oubyen ki kraze. Lapè nan mitan konfizyon ak chagren se yon mirak. Sonje pawòl Senyè a: “Èske m pa t pote lapè nan panse w konsènan bagay sa? Ki pi gwo temwayaj ou kapab resevwa nan men Bondye?”22 Mirak la sè ke Jezikri, Gran Jewova a, Pitit Gason Sa Ki Pi Wo a, ofri nou lapè Li.

Menmjan L te parèt devan Mari nan jaden an, kote L te rele l nan non li, Li envite nou pou nou egzèse lafwa nou. Mari t ap chèche sèvi L ak pran swen L. Rezirèksyon Li se pa t sa manmzèl te atann, men se te dwe fèt dapre gran plan bonè a.

“Desann sou kwa a!,”23 foul enkwayan nan Kalvè yo t ap di L nan yon espri mokri. Li te kapab fè yon mirak konsa. Men Li te konn fen an depi nan kòmansman an, epi Li te vle rete fidèl a plan Papa a. Nou ta dwe konprann egzanp sa a.

Li di nou nan moman eprèv nou yo “Gade blese ki te pèse bò kòt mwen yo, epi tou gade mak klou yo nan men m yo ak pye m yo; rete fidèl, respekte kòmandman m yo, epi n ap eritye wayòm syèl la.”24 Frè m ak sè m yo, sa a se mirak Senyè a pwomèt nou tout.

Nan Dimanch Pak sa a, pandan nou ap selebre mirak Rezirèksyon Senyè nou an, antanke yon Apot Jezikri, mwen priye enbleman pou nou santi pouvwa Redanmtè a nan lavi nou, pou Pè Selès la reponn siplikasyon nou yo avèk lanmou ak angajman Jezikri te demontre pandan tout ministè L la. Mwen priye pou nou rete fèm ak fidèl anfas tout sa ki gen pou vini. Mwen beni nou pou mirak ka fèt pou nou menmjan sa te fèt pou gwoup nou an nan Goshen nan—si se volonte Senyè a. Chèche benediksyon syèl yo nan lavi nou pandan n ap “chèche Jezi sa a ke pwofèt ak apot yo te pale a, pou lagras Bondye, Papa a, ak Senyè a, Jezikri, ak Sentespri a ki rann temwayaj konsènan yo a, kapab avèk nou epi pou l rete avèk nou pou tout tan.”25 Nan non Jezikri, amèn.