Konferans Jeneral
Anseye nan Fason Sovè a
Konferans Jeneral Avril 2021


Anseye nan Fason Sovè a

Responsabilite pou nou suiv egzanp Mèt Pedagòg la ak ansenye menmjan avèk Li a repoze sou nou chak nan yon nivo egal.

Enstriktè Eksepsyonèl

Sa gen kèk mwa, yon ansyen kamarad de klas nan vil natal mwen, Overton, Nevada, te pwopoze pou nou te mete ansanm pou nou te voye yon kado Nwèl bay pwofesè lekòl matènèl byeneme nou an ki te fèk sot fete 98 tyèm anivèsè li. Li te anseye nou jantiyès, enpòtans yon bon ti dòmi, lajwa ki genyen nan lèt ak bonbon graham, ak pou nou youn renmen lòt. Mèsi, sè Davis, dèske w te yon pwofesè ekstraòdinè konsa.

Imaj
Sè Davis

Mwen te gen yon lòt pwofesè eksepsyonèl lè m te nan Ricks College sa gen anpil ane. Mwen t ap prepare m pou m t al sèvi yon misyon epi m te santi sa ta p ede m si m te ale nan yon klas preparasyon pou misyonè. Eksperyans m te fè a te chanje lavi m.

Depi nan premye jou klas la, mwen te reyalize ke m te an fas yon mèt pedagòg. Enstriktè sa a se te Frè F. Melvin Hammond. Mwen te konnen frè Hammond te renmen Senyè a epi li te renmen m tou. Mwen te ka wè sa sou vizaj li ak nan vwa li. Lè l te ansenye, Lespri a te klere lespri m. Li te anseye doktrin, men li te envite m pou m te aprann pou tèt pa m tou. Envitasyon sa a te ede m wè klèman responsabilite m pou m aprann doktrin Senyè a pou tèt pa m. Eksperyans sa a te chanje lavi m ajamè. Mèsi frè Hammond paske w te anseye nan fason Sovè a.

Frè m ak sè m yo, tout moun merite pou yo fè kalite eksperyans aprantisaj sa a nan fwaye yo ak nan legliz la.

Entwodiksyon pwogram Vini, Suiv Mwen an bay yon ide sou kisa ansèyman nan fason Kris la ka akonpli. Nou li: “Bi tout sa n ap aprann ak tou sa n ap anseye nan levanjil la se pou apwofondi konvèsyon nou nan Jezikri ak pou ede nou vin pi plis menmjan avèk Li. … Men, kalite aprantisaj levanjil ki fòtifye lafwa nou e ki mennen chanjman konvèsyon mirakile sa a pa rive toudenkou. Li ale odela kad klas [la] e li fèt nan kè yon moun ak nan fwaye li.”1

Ekriti yo endike nou ke vizit Senyè a nan ansyen Amerik la te sitèlman gen gwo enpak e si simaye ke “tout pèp la te konvèti nan Senyè a, nan tout peyi a, ni Nefit yo, ak Lamanit yo, e pa t gen chirepit ak diskisyon nan pami yo, e tout moun te aji byen, youn ak lòt.”2

Kijan ansèyman nou ka gen yon efè menm jan an sou moun nou renmen yo? Kijan nou ka plis ansenye tankou Sovè a epi ede lòt moun pou yo vin konvèti toutbon? Pèmèt mwen ofri nou kèk sijesyon.

Imite Sovè a

Premyèman, e pi enpòtan an, deside poukont pa nou pou nou aprann tout sa nou kapab sou Mèt Pedagòg la Limenm. Nan ki fason L te montre lanmou pou lòt moun? Kisa yo te santi lè L te ansenye? Kisa L te ansenye? Kisa L te atann nan men moun Li t ap ansenye yo? Apre nou fin eksplore kesyon tankou sa yo, evalye tèt nou epi ajiste fason nou ansenye pou fason nou ka vin pi sanble avèk pa Li.

Legliz la founi nou anpil resous pou ansèyman nan app Bibliyotèk Levanjil la ak sou sit ChurchofJesusChrist.org la. Youn nan resous sa yo rele Anseye nan Fason Sovè a. Mwen envite nou pou nou li epi etidye chak grenn mo ladan l. Prensip ki ladan l yo ap ede nou nan efò nou pou nou pi sanble ak Kris la nan ansèyman nou.

Libere Pouvwa Fanmi yo

Pwochen sijesyon m nan ka ilistre avèk yon eksperyans mwen te fè sa gen kèk mwa pandan m te pase wè yon zanmi pwòch. Mwen te tande madanm ni pa anba ki t ap pale avèk yon moun, konsa, mwen te rapidman di l orevwa pou l te ka tounen al jwenn fanmi li.

Anviwon inèdtan apre konsa, mwen te resevwa mesaj tèks sa a madanm janti l la te voye ban mwen: “Frè Newman, mèsi paske w te vin wè nou. Nou te dwe envite w antre, men kite m pataje avèk ou kisa nou t ap fè. Depi pandemi an te kòmanse a, n ap fè etid nan Vini, Suiv Mwen an avèk pitit ki adilt nou yo chak Dimanch sou Zoom. Sa literalman opere mirak. Mwen panse se premye fwa pitit fi nou an li Liv Mòmon an poukont li. Jodia se te dènye leson sou Liv Mòmon an e nou ta pral fini lè w te pase a. … Mwen panse sa ap enterese w pou w tande kòman Vini, Suiv mwenan, Zoom, ak yon pandemi founi opòtinite pou chanje yon kè nan moman apwopriye a. … Sa fè m mande tèt mwen ki kantite ti mirak tou piti ki fèt pandan peryòd etranj sa a.”

Pou mwenmen, sa sonnen tankou akonplisman pwomès Prezidan Russel M. Nelson te fè an Oktòb 2018 la. Li te di ke nouvo aprantisaj levanjil sa a ki santre sou fwaye, ke Legliz la sipòte a “gen potansyèl pou libere pouvwa fanmi yo, pandan chak fanmi ap pran desizyon pou yo konsyaman e avèk atansyon transfòme fwaye yo vin fè l tounen yon sanktyè lafwa. Mwen pwomèt ke pandan n ap travay ak dilijans pou remodle fwaye nou pou vin fè l tounen yon sant aprantisaj levanjil la, avèk letan jou Saba nou yo pral vin vrèman yon delis. Pitit nou yo ap kontan aprann ak viv ansèyman Sovè a yo. … Chanjman nan fanmi yo pral ekstraòdinè epi dirab.”3 Ala yon bèl pwomès!

Pou l reyèlman chanje lavi, konvèsyon nan Jezikri dwe enplike tout nanm nou epi antre nan tout aspè nan lavi nou. Se pou rezon sa a li dwe konsantre sou sant lavi nou—fanmi nou ak fwaye nou.

Sonje Konvèsyon se Yon Bagay ki Pèsonèl

Dènye sigjesyon mwen se pou nou sonje konvèsyon dwe soti andedan. Jan sa ilistre nan parabòl dis vyèj yo, nou paka bay yon lòt moun luil konvèsyon nou, kèlkeswa jan nou ta renmen fè sa. Jan Èldè David A. Bednar te ansenye: “Luil presye sa a se gout apre gout moun rive jwenn li … avèk pasyans ak pèseverans. Pa gen okenn rakousi ki disponib; okenn preparasyon ajite nan dènye minit ki posib.”4

Vini, Suiv Mwen an baze sou verite sa a. Mwen konpare l avèk zanj lan ki te ede Nefi aprann plis osijè Jezikri a lè l te di l, “Gade!”5 Menm jan ak zanj sa a, Vini, Suiv Mwen an envite nou pou nou chèche nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt modèn yo pou nou ka jwenn Sovè a epi koute Li. Menm jan ak Nefi, n ap pèsonèlman aprann nan men Lespri a pandan n ap li epi medite sou pawòl Bondye a. Vini, Suiv mwen an se yon tranplen ki pèmèt nou plonje byen fon nan dlo lavi doktrin Kris la.

Responsabilite paran yo sanble ak sa nan anpil fason. Timoun yo eritye anpil bagay de paran yo, men temwayaj se pa youn nan bagay sa yo. Nou pa ka bay pitit nou yon temwayaj pa plis ke nou pa ka fè yon grenn pouse. Men nou ka ba yo yon anviwonman favorab, avèk bon teren, san pikan ki ta ka “toufe pawòl la.” Nou ka efòse nou pou nou kreye kondisyon ideyal pou pitit nou yo—ak moun nou renmen yo—ka jwenn yon kote pou yo mete grenn semans lan, “[koute] pawòl la, ak konprann li.”6 epi dekouvri pou tèt pa yo “grenn semans lan bon.”7

Imaj
Frè Newman ak pitit gason l, Jack

Sa gen plizyè ane, pitit gason m nan Jack avèk mwen te gen opòtinite pou nou te jwe sou pakou Old Course la nan St. Andrews an Ekòs, kote jwèt golf la te pran nesans. Sa te vrèman fòmidab! Lè m te retounen m te eseye eksplike lòt moun kòman eksperyans la te mayifik. Men m pa t kapab. Foto, videyo, ak pi bèl deskripsyon m yo te totalman ensifizan. Mwen te finalman reyalize ke sèl fason pou yon moun konnen grandè St Andrews se viv eksperyans la limenm—pou wè gwo pakou yo, respire lè a, santi van an sou vizaj li, epi frape kèk bal pou tonbe andedan twou bankè yo ak nan gwo touf bwa sovaj yo, ki se sa nou te fè avèk gwo siksè.

Se menm jan sa ye pou pawòl Bondye a. Nou ka anseye li, nou ka preche li, nou ka eksplike li. Nou ka pale de li, nou ka dekri li, nou ka menm temwaye de li. Men toutotan yon moun pa santi pawòl sakre Bondye a koule sou nanm li tankou lawouze ki soti nan syèl la atravè pouvwa Sentespri a,8 se ap kòmsi l ap gade yon kat postal oubyen gade foto vakans yon lòt moun. Nou dwe ale la noumenm. Konvèsyon se yon vwayaj pèsonèl—yon vwayaj rasanbleman.

Tout moun ki anseye nan fwaye yo ak nan legliz la kapab ofri lòt moun opòtinite pou yo fè pwòp eksperyans spirityèl pa yo. Atravè eksperyans sa yo, yo ap rive “konnen verite nan tout bagay” pou tèt pa yo.9 Prezidan Nelson te ansenye, “Si w gen kesyon sensè sou levanjil la oubyen sou Legliz la, si w chwazi pou w kite Bondye dirije, w ap resevwa direksyon pou w ka jwenn ak konprann verite etènèl absoli ki pral gide lavi w epi ede w kanpe fèm sou chemen alyans lan.”10

Amelyore Ansèyman an Konsiderableman

Mwen envite dirijan ak enstriktè nan tout òganizasyon nan Legliz la yo pou yo fè konsèy ansanm avèk paran yo ak jèn yo pou yo ka konsiderableman amelyore ansèyman an nan tout nivo—nan pieu yo, pawas yo, ak nan fwaye yo. Sa ap fèt lè nou ansenye doktrin nan epi nou fasilite diskisyon ki ranpli ak Lespri sou verite Sentespri a ansenye nou nan moman pezib pandan etid pèsonèl nou yo.

Bon zanmi mwen nan Kris la, responsabilite a repoze sou nou chak pou nou suiv egzanp Mèt Pedagòg la epi ansenye tankou Li. Chenmen L la se vrè chemen an! Se pou nou suiv Li pou “lè l parèt, pou nou kapab tankou l, paske nou ap wè li jan li ye a; pou nou kapab gen esperans sa a; pou nou pirifye menm jan li pi a.”11 Nan non Limenm ki resisite a, Mèt Pedagòg la menm, Jezikri, amèn.