Konferans Jeneral
Kè Yo Makonnen Ansanm
Konferans Jeneral Avril 2021


Kè Yo Makonnen Ansanm

Pandan w ap lonje lamen bay lòt avèk jantiyès, byenveyans, ak konpasyon, menmsi se dijitalman, mwen pwomèt ke w ap rive leve men ki pande epi w ap kapab geri anpil kè.

Entwodiksyon

Èske se pa yon bagay fasinan pou wè kijan pafwa se evenman senp tankou yon pòm ki sot tonbe nan yon pyebwa ki enspire kèk dekouvèt syantifik enpòtan?

Jodi a, kite m pataje yon dekouvèt syantifik ki te rive gras ak yon ti gwoup lapen.

Nan ane 1970 yo, chèchè yo te mete sou pye yon eksperyans pou egzamine efè alimantasyon sou sante kadyak. Pandan yon peryòd plizyè mwa, yo te bay yon group lapen yo t ap kontwole yon rejim ki te gen anpil grès epi yo te kontwole tansyon yo, rit kadyak yo ak kolestewòl yo.

Jan yo te atann nan, anpil nan lapen yo te devlope yon akimilasyon depo grès sou andedan atè yo [veso sangen yo]. Men, se pa t sa sèlman! Chèchè yo te dekouvri yon bagay ki pa t fè anpil sans pou yo. Malgre tout lapen yo te gen yon akimilasyon depo grès, yon bagay siprenan sè ke te gen yon gwoup ki te gen 60 pou san mwens ke lòt yo. Sete kòmsi yo t ap gade de gwoup lapen diferan.

Pou syantis yo, rezilta tankou sa a kapab fè yo pèdi somèy. “Kijan sa te fè posib?” Tout lapen yo te soti nan menm ras la nan Nouvèl Zelann, nan yon gwoup jenetik pratikman idantik. Yo chak te resevwa menm kantite nan menm manje a.

Kisa sa te vle di?

Èske rezilta sa yo te rann etid la envalid? Èske te gen erè nan konsepsyon eksperyans lan?

Syantis yo te lite anven pou yo te ka konprann reziltaetranj sa a!

Finalman, yo te tounen atansyon yo sou group moun ki t ap fè rechèch la. Èske l te posib ke chèchè yo te fè yon bagay pou te enfliyanse rezilta yo? Pandan yo t ap pousuiv ipotèz sa a, yo te dekouvri ke chak lapen ki te gen mwens depo grès yo te soukont yon sèl chèchè. Li te nouri lapen yo avèk menm manje ke lot chèchè yo te itilize pou lòt lapen yo. Men, jan youn nan syantis yo te rapòte, “Manmzèl [chèchè sa a] sete yon moun ki te patikilyèman janti e byenveyan.” Lè l te konn ap bay lapen yo manje, “li te konn pale avèk yo, karese yo, epi chouchoute yo. … Li pa t kapab anpeche tèt li fè sa. Tou senpleman, se konsa manmzèl te ye.”1

Imaj
Chèchè a ak yon lapen

Li te fè plis pase senpleman bay lapen yo manje. Li te ba yo lanmou.

Nan kòmansman, sa te parèt enpwobab ke sa te siman rezon ki te eksplike diferans dramatik sa a, men ekip rechèch la pa t kapab wè okenn lòt posiblite.

Konsa, yo te refè eksperyans lan—fwa sa a yo te kontwole tout lòt varyab yo etwatman. Lè yo te analyze rezilta final yo, menm bagay la te rive ankò. Lapen ki te soukont chèchè janti a te gen rezilta sante ki te reyèlman pi bon.

Syantis yo te pibliye rezilta etid sa a nan jounal prestijye a Science.2

Plizyè ane apre, dekouvèt yo te fè nan eksperyans sa a toujou sanble y ap enfliyanse kominote medikal la. Nan ane ki sot pase resamman yo, Dr. Kelli Harding te pibliye yon liv ki pote tit The Rabbit Effect [Efè Lapen an] ki gen yon non ki enspire apati eksperyans sa a. Konklizyon l lan se te: “Pran yon lapen ki gen yon estil vi ki pa bon pou lasante. Pale avèk li. Kenbe l. Ba l afeksyon. Relasyon an ap fè yon diferans. … Finalman,” li konkli: “sa ki afekte sante nou nan fason ki pi siyifikatik yo gen anpil relasyon avèk jan nou youn trete lòt, jan nou viv, ak jan nou reflechi sou sa imen vle di.”3

Nan yon mond pwofàn, pon ki konekte lasyans ak verite levanjil yo sanble yo ra pafwa epi yo pa gen anpil bagay an komen. Sepandan antanke Kretyen—disip Jezikri, Sen Dènye Jou—rezilta etid syantifik sa a kapab parèt plis nòmal ke siprenan pou nou. Pou mwenmenm sa ajoute yon lòt brik sou fondasyon jantiyès kòm yon prensip levanjil fondamantal ki pote gerizon—yon prensip ki ka geri kè moun emosyonèlman, spirityèlman, epi, jan sa demontre nan egzanp sa a, menm fizikman.

Kè Yo Makonnen Ansanm

Lè yo te mande L “Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan tout lalwa a?” Sovè a te reponn “Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou,” ki te suiv pa, “se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.”4 Repons Sovè a reyafime devwa selès nou. Pwofèt tan lontan yo te kòmande “pou pa t gen achirepit youn kont lòt, men okontrè, pou yo gade nan yon sèl direksyon… pou yo gen kè [nou] makonnen ansanm nan inite ak lanmou youn pou lòt.”5 Nou resevwa ansèyman pi lwen nan ekriti yo ki di “pouvwa oubyen enfliyans … dwe egzèse … avèk jantiyès, dousman, … epi avèk amou enfayib.”6

Mwen kwè prensip sa a gen yon aplikasyon inivèsèl pou tout Sen Dènye Jou: adilt, jèn, ak timoun.

Avèk sa nan lespri nou, kite m pale dirèkteman avèk noumenm ki gen laj timoun Primè yo pandan yon ti moman.

Nou konprann deja kijan li enpòtan pou nou janti. Refren youn nan chan Primè yo, “Jésus-Christ est mon modèle [M ap Eseye Vin Tankou Jeze],” a anseye:

Se pou youn renmen lòt; jan Jezi renmen nou an.

Eseye montre jantiyès nan tout sa w ap fè.

Se pou nou janti ak byenveyan nan aksyon ak nan panse nou,

Paske se bagay sa yo Jezi te anseye.7

Malgre sa, ou gen dwa twouve sa difisil pafwa. Men yon istwa ki ta kapab ede w konsènan yon tigason Primè ki rele Minchan Kim ki se moun Kore diSid (Corée du Sud) . Fanmi l te vin manm Legliz depi anviwon 6 zan.

Imaj
Minchan Kim

“Yon jou, nan lekòl la, gen kèk nan kanmarad klas mwen yo ki t ap moke yon lòt elèv, yo t ap ba l tout kalite non. Sa te parèt amizan, konsa, mwen te kòmanse fè l tou.

“Kèlke semèn apre, tigason an te di m ke menmsi li te pretann ke mokri yo pa t fè l anyen, pawòl nou yo te blese li, epi li te kriye chak swa. Mwen te manke kriye lè l te di m sa. Mwen te santi m dezole epi m te vle ede li. Nan demen, mwen t al jwenn ni epi m te pase men m nan kou li epi m te ekskize mwen, m te di, ‘Mwen vrèman dezole dèske m te pase w nan betiz.‘ Lè l te tande pawòl mwen yo li te souke tèt li, epi je l te plen dlo.

“Men, lòt timoun yo te kontinye ap moke li. Lè sa a, mwen te sonje sa m te aprann nan klas Primè a, ki sete chwazi sa ki byen. Konsa, mwen te mande kanmarad mwen yo pou yo te sispann. Pifò nan yo pa t deside pou yo te chanje epi yo te fache kont mwen. Men, youn nan lòt tigason yo te di l te dezole, epi nou toulètwa te vin tounen bon zanmi.

“Malgre kèlke timoun te toujou kontinye ap moke li, li te santi l pi byen paske l te genyen nou.

“Mwen te chwazi sa ki byen nan ede yon zanmi ki te nan difikilte.”8

Imaj
Foto Minchan Kim

Èske sa a se pa yon bon egzanp pou pouse w eseye vin tankou Jezi?

Kounyeya, pou jènjan ak jènfi yo, lè nou vin pi gran, moke lòt moun kapab koze gwo danje. Souvan anksyete, depresyon, ak lot pwoblèm ki pi mal ankò se konpayon anmède moun. “Byenke mokri pa yon konsèp ki nouvo, rezo sosyal yo ak teknoloji a pote entimidasyon nan yon lòt nivo. Li vin tounrn yon menas pi konstan, ki toujou prezan—entimidasyon sou entènèt.”9

Klèman, advèsè a ap itilze sa pou nui jenerasyon w lan. Pa dwe gen plas pou atitid sa a nan espas sibènetik ou, nan katye ou, lekòl ou, kowòm w ak klas ou. Tanpri fè sa w kapab pou rann kote sa yo pi janti epi pi an sekirite. Si nou pasivman obsève oubyen patisipe nan nenpòt nan bagay sa yo, m konnen pa gen pi bon konsèy pase sa Èldè Dieter F. Uchtdorf te ba nou anvan an:

“Nan sa k konsène rayiman, tripotay, inyore, pase moun nan betiz, kenbe moun nan kè, oubyen anvi pou fè moun mal, tanpri aplike bagay sa a:

“Sispann!”10

Èske nou tande? Sispann! Pandan w ap lonje lamen bay lòt avèk jantiyès, byenveyans, ak konpasyon, menmsi se dijitalman, mwen pwomèt ke w ap rive leve men ki pande epi w ap kapab geri anpil kè.

Kounyea mwen fin pale avèk timoun ki nan Primè yo ak jèn yo, kounyeya m ap adrese remark mwen dirèkteman a adilt yo nan Legliz la. Nou gen responsablite prensipal pou nou bay legzanp epi pou nou sèvi kòm modèl jantiyès, entegrasyon, ak sivilite—pou nou kontinyèlman anseye jenerasyon ki ap grandi a konpòtman kretyen nan sa n ap di ak jan n ap aji. Sa espesyalman enpòtan lè nou ap obsève yon chanjman nan sosyete a ki mennen nan divizyon nan nivo politik, klas sosyal, ak prèske tout lòt distenksyon ke lòm kreye.

Prezidan Russell M. Ballard te anseye tou ke non sèlman Sen Dènye Jou yo dwe se bon moun antreyo, men nou dwe bon moun pou tout moun ki bò kote nou tou. Li te fè obsèvasyon sa a: “Pafwa m konn tande pale de manm ki ofanse moun lòt relijyon, nan fè kòmsi yo pa egziste oswa nan pa entegre yo. Sa kapab rive espesyalman nan kominote kote manm nou yo an majorite yo. Mwen konn tande pale de paran ki gen espri etwat ki di pitit yo ke yo pa kapab jwe avèk yon timoun patikilye nan katye a senpleman paske fanmi l pa manm Legliz nou an. Kalite konpòtman sa a pa an akò avèk ansèyman Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mwen pa ka konprann poukisa nenpòt manm Legliz nou an ta kite kalite bagay sa yo rive. M pa janm tande manm nan Legliz sa a resevwa egzòtasyon pou yo vin okenn lòt jan eksepte pou yo eman, janti, toleran epi byenveyan avèk zanmi ak vwazen nou genyen ki fè pati lòt Legliz yo.”11

Senyè a atann pou nou anseye ke entegrasyon se yon mwayen pozitif pou nou rive nan inite epi eksklizyon mennen nan divizyon.

Antanke ke disip Jezikri, nou konstène lè nou tande kijan y ap maltrete pitit Bondye poutèt ras yo. Kè nou ap rache lè nou tande nouvèl sou atak ki fèt resamman sou Nwa, Azyatik, Latino, oswa nenpòt lòt gwoup yo. Prejije, tansyon rasyal, oubyen vyolans pa dwe janm gen okenn plas nan katye nou yo, kominote nou yo, oswa nan Legliz la.

Se pou nou chak fè efò, kèlkeswa laj nou, pou nou vin pi bon moun posib.

Renmen Ènmi Ou

Pandan n ap fè efò pou nou aji ansanm avèk lòt moun nan lanmou, respè, ak jantiyès la, san okenn dout, nou ap blese oswa afekte pa move chwa lòt moun. Kisa pou nou fè lè sa a? Nou dwe suiv egzòtasyon Senyè a pou nou “renmen tout lenmi nou yo, lapriyè pou moun k ap pèsekite nou.”12

Apre sa nou fè tout sa nou kapab pou nou simonte advèsite ki plase sou wout nou an. Nou fè efò pou nou andire jiska lafen, pandan n ap priye tout tan pou men Senyè chanje sikonstans nou yo. Nou remèsye L pou moun Li plase sou wout nou pou ede nou.

Imaj
Mirak nan Quincy, Illinois

Mwen te santi m touche pa yon egzanp sou sa, ki soti nan istwa Legliz la nan premye jou yo. Pandan livè 1838–1839 la, yo te kenbe Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz la nan prizon Liberty a pandan ke yo t ap fòse Sen Dènye Jou kite kay yo nan eta Missouri a. Sen yo te pòv, yo pa t gen zanmi e yo t ap soufri anpil anba fredi ak mank resous. Moun ki te abite Quincy, nan Illinois yo, te wè yo te nan yon sitiyasyon dezespere e yo te lonje lamen ba yo nan yon espri konpasyon ak amitye.

Wandle Mace, yon rezidan Quincy, te raple l nan apre lè premye fwa li te wè Sen yo bò rivyè Mississipi a nan yon seri tant enpwovize: “Kèk ladan yo te gen dra ke yo te detire pou yo te ka fè yon ti abri pou pwoteje yo kont van an, … timoun yo t ap tranble anba fredi toutotou yon dife ke van an t ap soufle, sa ki fè li pa t tèlman itil yo. Pòv Sen sa yo t ap soufri anpil.”13

Lè yo te wè detrès yo, moun ki t ap viv nan Quincy yo te mete tèt ansanm pou yo te pote èd, gen kèk ki te menm ede transpòte nouvo zanmi sa yo travèse rivyè a. Mace te kontinye: “[Yo] te bay liberalman; machant yo te fè konpetisyon youn ak lòt pou te wè kiyès ki t ap kontribye plis … avèk … vyann kochon, … sik, … soulye ak rad, tout sa pòv sen sa yo te si bezwen yo.”14 Avan lontan, kantite refijye yo te depase kantite rezidan Quincy yo, ki te ouvri fwaye yo e ki te pataje ti resous mèg yo te genyen yo, sa ki te reprezante yon gwo sakrifis pèsonèl pou yo.15

Anpil Sen te siviv anba ivè difisil la sèlman gras avèk konpasyon ak jenewozite rezidan Quincy yo. Zanj terès sa yo te ouvri kè yo ak kay yo, yo te pote nouriti ak chalè ki te sove lavi, ak—petèt sa ki pi enpòtan—yon men amikal pou Sen yo ki t ap soufri a. Malgre sejou yo nan Quincy a te relativman kout, Sen yo pa t janm bliye dèt rekonesans yo genyen anvè vwazen byeneme sa yo, e yo te vin rekonèt Quincy kòm “vil refij la.”16

Lè advèsite ak afliksyon vide sou nou akoz kritik, zak negatif ak malveyan, nou ka chwazi pou nou espere nan Kris la. Esperans sa a soti nan envitasyon L ak pwomès Li pou nou “fè kè nou kontan, paske m ap dirije nou”17 epi L ap konsakre afliksyon w yo nan avantaj pa w.18

Bon Bèje a

Annou fini kote nou te kòmanse a: yon chèche konpatisan, ki repann bonte ak jantiyès ak yon espri byenveyan, avèk yon rezilta inespere—gerizon kè bèt ki te gou responsablite l yo. Poukisa? Poukisa? tou senpleman paske se konsa l te ye!

Lè nou gade atravè loup levanjil la, nou rekonèt ke noumenm tou nou anba rega vijilan yon doktè konpatisan ki ap pran swen nou, ki bay tèt Li pou nou nan jantiyès ak yon espri byenveyan. Bon Bèje a konnen nou chak pa non nou epi “Li gen yon enterè pèsonèl nan nou.”19 Senyè a, Jezikri Limenm te di: “Mwen se bon bèje a, epi m konnen mouton m yo. … Epi M [ap] bay lavi M pou mouton m yo.”20

Imaj
Jwenn Mouton Ki Pèdi a

Nan wikenn Pak sa a, mwen santi yon lapè dirab paske m konnen “Senyè a se bèje mwen”21 epi Li konnen nou chak e L ap veye sou nou chak. Lè nou ap afwonte van ak tanpèt lavi yo, maladi ak blesi, Senyè a—Bèje nou, Doktè nou an—ap nouri nou avèk lanmou ak bonte. Li ap geri kè nou epi L ap retabli nanm nou.

Mwen temwaye konsènan sa —epi, konsènan Jezikri kòm Sovè nou ak Redanmtè nou—nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Kelli Harding, The Rabbit Effect (2019), xxiii–xxiv.

  2. Gade Robert M. Nerem, Murina J. Levesque, ak J. Frederick Cornhill, “Social Environment as a Factor in Diet-Induced Atherosclerosis,” Science, vol 208, no. 4451 (27 Jen 1980): 1475–76.

  3. Harding, The Rabbit Effect, xxiv, xxv.

  4. Gade Matye 22:36–39.

  5. Mozya 18:21; italik ajoute.

  6. Doktrin ak Alyans 121:41–42.

  7. “Jésus-Christ est mon modèle,” Chants pour les enfants,, 41.

  8. Minchan K., “The Apology,” Friend, Jan. 2020, 35.

  9. Frances Dalomba, “Social Media: The Good, The Bad, and the Ugly,” Lifespan, lifespan.org.

  10. Dieter F. Uchtdorf,, “Moun ki Mizèrikòdye yyo ap Jwenn Mizèrikòd,” Liahona, Me 2012, 75.

  11. M. Russell Ballard, “Doktrin Entegrasyon an,” Liahona, Jan. 2002, 41.

  12. Lik 6:27–28.

  13. Wandle Mace, Autobiography, circa 1890, typescript copy, 32–33, Church History Library, Salt Lake City.

  14. Wandle Mace autobiography, 33; òtograf ak majiskil adapte.

  15. Gade Richard E. Bennett, “‘Quincy—The Home of Our Adoption’: A Study of the Mormons in Quincy, Illinois, 1838–1840,” Mormon Historical Studiesvol. 2, no. 1 (Spring 2001), 110–11.

  16. Gade Susan Easton Black, “Quincy–A City of Refuge,” Mormon Historical Studies, vol. 2, no. 1 (Spring 2001), 83–94.

  17. Doktrin ak Alyans 78:18.

  18. Gade nan 2 Nephi 2:2.

  19. Gade nan James-E. Talmage, Jésus le Christ, (1916), 561.

  20. Jan 10:14, 15.

  21. Sòm 23:1.