Konferans Jeneral
Sa N ap Aprann epi Nou P ap Janm Bliye
Konferans Jeneral Avril 2021


Sa N ap Aprann epi Nou P ap Janm Bliye

Si w egzamine lavi w nan yon espri lapriyè, mwen kwè w ap wè anpil fason Senyè a te gide w atravè tan difisil sa a

Chè frè m yo, mwen t ap tann reyinyon vityèl sa a avèk nou an avèk enpasyans. Dènye fwa nou te gen yon sesyon prètriz pou konferans jeneral sete an Avril 2019. Anpil bagay rive nan de dènye ane sa yo! Gen nan nou ki pèdi moun ki chè pou nou. Gen lòt ki pèdi travay yo, mwayen sibzistans yo, oswa sante yo. Genyen ankò ki pèdi santiman lapè oubyen lespwa pou demen. Kè m ranpli ak konpasyon pou chak nan nou ki te soufri bagay sa yo oswa lòt kalite pèt. Mwen priye san rete pou Senyè a konsole nou. Si nou kontinye kite Bondye pran priyorite nan lavi nou, mwen konnen L ap osi optimis konsènan fiti nou ke jan L te toujou ye.

Nan mitan pèt nou sibi yo, gen kèk bagay nou jwenntou. Gen kèk nan nou ki jwenn yon lafwa pi pwofon nan Pè Selès la ak nan Pitit Gason L lan, Jezikri. Anpil nan nou jwenn yon nouvo pèspektif sou lavi a—menm yon pèspektif etènèl. Nou gen dwa petèt vin gen relasyon ki pi solid avèk moun ki chè pou nou yo epi avèk Senyè a. Mwen espere nou jwenn yon pi gwo kapasite pou nou koute Li ak pou nou resevwa revelasyon pèsonèl. Eprèv difisil yo souvan founi opòtinite pou nou pwogrese, opòtinite ki pa t ap jamè egziste otreman.

Reflechi a dezan ki sot pase yo. Kijan w pwogrese? Kisa w aprann? Toudabò, ou gen dwa ta swete pou w ta retounen an 2019 epi rete la! Men, si w egzamine lavi w nan yon espri lapriyè, mwen kwè w ap wè anpil fason Senyè a te gide w atravè tan difisil sa a, kote L te ede w vin yon moun ki pi devwe, pi konvèti—yon vrè moun Bondye.

Mwen konnen Senyè a gen gwo plan mèveye pou nou—endividyèlman ak kolektivman. Avèk konpasyon ak pasyans, Li di:

“Nou se timoun piti, epi nou pa t ko konprann ki kalite gwo benediksyon Papa a … te prepare pou nou;

“Epi nou pa kapab sipòte tout bagay kounyeya; sepandan, fè kè nou kontan, paske m ap dirije nou.”1

Chè frè m yo, mwen temwaye ke reyèlman, L ap gide nou epi L ap fè nou avanse, lè nou chèche koute Li. Li vle pou nou pwogrese epi aprann, menm atravè—petèt espesyalman atravè—advèsite.

Advèsite se yon gwo pwofesè. Kisa ou te aprann nan de ane k sot pase yo k w ta renmen toujou sonje? Repons ou a ap pèsonèl a oumenm, men, kite m sigjere kat leson m espere nou tout te aprann epi nou p ap janm bliye.

Leson 1: Fwaye a se Sant Lafwa ak Adorasyon

Souvan lè Senyè a avèti nou de danje dènye jou yo, Li ajoute konsèy sa a: “Rete nan kote ki sen, epi pa kite moun deplase nou.”2 “Lye sen” sa yo sètènman anglobe tanp yo ak chapèl yo. Men, pandan ke posiblite pou nou rasanble nan kote sa yo anba restriksyon nan divès degre a, nou aprann ke youn nan andwa ki pi sakre sou tè a se fwaye a—wi, fwaye nou .

Frè m yo, nou detni prètriz Bondye a. “Dwa prètriz yo makònen seresere avèk pouvwa syèl la.”3 Noumenm ak manm fanmi nou te resevwa òdonans prètriz yo. Se “nan òdonans [prètriz yoke] pouvwa Bondye manifeste.”4 Pouvwa sa a disponib pou oumenm ak fanmi ou nan pwòp fwaye ou pandan w ap kenbe alyans ou te fè yo.5

Sa gen jis 185 an, nan dat sa a menm, 3 Avril 1836, Eli te retabli kle prètriz ki pèmèt fanmi nou sele ansanm pou tout tan an. Se poutèt sa yon moun santi sa si bon pou ap administre Sentsèn nan nan fwaye ou. Ki efè sa genyen sou manm fanmi ou lè yo wè oumenm, papa, granpapa, mari, pitit gason, oswa frè yo ap administre òdonans sa a? Kisa w pral fè pou konsève santiman sakre sa a nan fanmi ou?

Ou ka petèt santi gen plis bagay toujou ou bezwen fè pou fwaye w ka reyèlman vin yon sanktyè lafwa. Si se sa, tanpri fè li! Si w marye, fè konsèy avèk madanm ou antanke patnè egal ego avèk nou nan travay enpòtan sa a. Pa gen anpil bagay ki pi enpòtan pase sa. Ant kounyea ak lè Senyè a vini ankò, nou tout ap bezwen pou fwaye nou se andwa ki gen serenite ak sekirite.6

Atitid ak aksyon ki envite Lespri a ap ogmante sentete fwaye nou. Sa ki egalman sèten sèke sentete a ap disparèt si gen nenpòt bagay nan konpòtman ou oubyen nan anviwonman ou ki ofanse Lespri a, paske lè sa a, “syèl la ap wete tèt li.”7

Èske w janm konn mande tèt ou poukisa Senyè a vle pou nou fè fwaye nou vin sant aprantisaj levanjil ak pratik levanjil la? Se pa jis pou prepare nou pou yon pandemi, ak pou ede nou travèse yon pandemi. Restriksyon aktyèl konsènan reyinyon yo ap fini yon jou. Men, angajman ou pou fè fwaye w vin sanktyè prensipal lafwa a pa ta dwe janm fini. Pandan lafwa ak sentete ap diminye nan mond dechi sa a, bezwen ou pou lye sakre ak ogmante. Mwen priye nou pou nou kontinye fè fwaye nou vin yon andwa ki vrèman sakre “epi pa kite moun deplase nou8 nan objektif esansyèl sa a.

Leson 2: Nou Youn Bezwen Lòt

Bondye vle pou nou travay ansanm epi pou nou chak ede lòt. Sa se rezon k fè Li voye nou sou tè a an fanmi epi L òganize nou an pawas ak pieu. Se pou rezon sa a Li mande nou pou nou youn sèvi lòt ak veye sou lòt. Se pou rezon sa a Li mande nou pou nou viv nan mond lan men pou nou pa fè pati mond lan.9 Nou ka akonpli sitèlman plis bagay ansanm pase nou ka fè poukont nou.10 Plan bonè Bondye a t ap echwe si pitit Li yo ta rete izole youn ak lòt.

Pandemi resan an rete unique nan lefèt ke li afekte tout moun nan mond lan nan esansyèlman menm tan an. Pandan ke gen kèk moun ki soufri plis pase lòt, nou tout te epwouve nan yon fason oswa yon lòt. Akozdesa, eprèv nou sibi ansanm nan gen potansyèl pou ede ini pitit Bondye yo kòm jamè oparavan. Konsa, m ap mande nou, èske eprèv pataje sa a rapwoche nou de pwochen nou—de frè ak sè nou ki sou lòtbò lari a ak toupatou nan mond lan?

Nan bagay sa a, de gran kòmandman yo kapag gide nou: premyèman, renmen Bondye epi, dezyèmman, renmen pwochen nou.11 Nou montre lanmou nou nan rann sèvis.

Si w konn yon moun ki poukont li, pran kontak avèk li—menmsi w santi w poukont ou tou! Ou pa bezwen gen yon rezon oubyen yon mesaj oubyen yon zafè pou w regle. Jis di alo epi montre lanmou ou. Teknoliji a ka ede ou? Pandemi ou pa, chak pitit presye Bondye bezwen konnen ke l pa poukont li!

Leson 3: Kowòm Prètriz ou La pou Plis Pase Jis yon Reyinyon

Pandan pandemi an, reyinyon kowòm Dimanch yo te anile pou yon tan. Gen kèk kowòm ki kapab reyini vityèlman kounyea. Men, travay Senyè a bay kowòm prètriz yo pa t janm te vledi pou yo te redui a yon reyinyon. Reyinon yo se sèlman yon pati nan sa kowòm nan sipozè fè ak sa l ka fè.

Frè m yo nan kolèj Prètriz Aawon yo ak kowòm ansyen yo, elaji vizyon nou sou rezon k fè nou gen kowòm yo. Kijan Senyè a ta vle nou itilize kowòm nou pou akonpli travay Li—kounyea menm? Chèche revelasyon nan men Senyè a. Imilye tèt nou! Mande! Koute! Si w te gen apèl pou w dirije, fè konsèy ansanm an prezidans epi avèk manm kowòm yo. Kèlkeswa ofis ou oubyen apèl ou nan prètriz la, kite Bondye gen priyorite nan angajman ou kòm manm kowòm ou ak nan sèvis ou. Ak lajwa, fè eksperyans jistis w ap ede reyalize pandan w “gen bon dezi pou angaje nan yon bon kòz.”12 Kowòm yo nan yon pozisyon privilejye pou yo akselere rasanbleman Izrayèl nan toulède bò vwal la.

Leson 4: Nou Tande Jezikri Pi Byen Lè Nou Trankil

N ap viv nan yon epòk yo te pwofetize depi lontan, kote “tout bagay pral toumante; epi an verite, kè lèzòm pral sote; paske lakrent pral anvayi tout moun.”13 Sa te vrè anvan pandemi an, epi l ap rete vrè apre li. Ajitasyon nan mond lan ap kontinye ogmante. An kontras, vwa Senyè a se pa “yon gwo bri fò, men gade … se yon ti vwa trankil nèt, [tankou] yon chichotman, epi li pèse menm nanm yo”14 Pou nou ka tande ti vwa trankil sa a, noumenm tou nou bezwen trankil!15

Pou yon tan, pandeme an anile aktivite ki t ap nòmalman ranpli lavi nou yo. Byento, nou gen dwa petèt gen posiblite pou nou chwazi ranpli tan sa a avèk bri ak ajitasyon mond lan ankò. Oubyen nou ka itilize tan nou pou nou tande vwa Senyè a k ap chichote nou gidans, rekonfò, ak lapè Li. Moman trankilite yo se moman sakre—moman ki ap fasilite revelasyon pèsonèl epi k ap enspire lapè.

Disipline tèt nou pou nou ka pase tan poukont nou epi avèk moun ki chè pou nou yo. Louvri kè nou bay Bondye nan lapriyè. Pran tan pou nou plonje tèt nou nan ekriti yo ak adore nan tanp.

Chè frè m yo, gen anpil bagay Senyè a vle nou aprann apati eksperyans nou fè yo pandan pandemi sa a. Mwen pale de kat sèlman. Mwen envite nou pou nou fè pwòp lis pa nou, reflechi byen sou li, epi pataje l avèk moun nou renmen.

Fiti a briyan pou pèp Bondye k ap kenbe alyans li a.16 Senyè a ap plis anplis aple sèvitè diy Li yo ki detni prètriz la pou yo beni, rekonfòte, ak fòtifye limanite epi pou ede prepare mond lan ak pèp ki nan mond lan pou Dezyèm Vini L la. Devwa nou chak se mete nou alawotè òdinasyon sakre nou te resevwa a. Nou ka fè sa! Konsènan sa mwen temwaye, pandan m ap eksprime lanmou m pou nou chak, nan non sakre Jezikri, amèn.