Konferans Jeneral
Bondye renmen pitit Li
Konferans Jeneral Avril 2021


Bondye renmen pitit Li

Mwen ta renmen pataje twa fason espesifik Papa nou ki nan syèl la manifeste lanmou L pou noumenm, pitit Li yo.

Frè m avèk sè m yo, mwen rejwi ansanm avèk nou nan levanjil Jezikri a. Mwen pote lanmou manm enfayib nan Filipin yo avèk mwen, epi nan non yo m ap di nou: Mabuhay!

Nan jou maten Pak sa a, mwen temwaye de Kris vivan an, Li te resisite soti pami mò yo, epi lanmou Li pou nou ak Papa nou ki nan syèl la pur ak etènèl. Jodia, mwen vle konsantre sou lanmou Papa nou ki nan syèl la avèk Jezikri pou tout moun, ki manifeste atravè Ekspyasyon Pitit Gason L lan, Jezikri. “Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm, Li bay sèl Pitit Gason Literal Li a pou yo.” (Jan 3:16).

Lè yon zanj te poze pwofèt Nefi kesyon sou konesans li te genyen konsènan Bondye, Nefi te sèlman reponn: “M konnen li renmen pitit li yo” (gade nan 1 Nef 11:16–17).

Yon vèsè nan Liv Mòmon an: Yon lòt temwayay konsènan Jezikri anseye avèk puisans sou lanmou pafè Sovè a: “Epi, poutèt inikite lèzòm, yo pral jije l tankou yon bagay san valè; se poutèt sa, yo bat li; … yo frape l, … yo krache sou li, li pa di anyen poutèt amou sansib li, ak reziztans li genyen pou byen pitit lèzòm” (1 Nefi 19:9). Lanmou inivèsèl Sovè a se yon fòs motivan ki dèyè tout sa L fè. Nou konnen se menm lanmou sa a Papa nou ki nan syèl genyen pou nou, paske Sovè a te anseye enbleman ke Limenm ak Papa a “fè youn” (gade nan Jan 10:30,; 17:20-23).

Konsa, ki fason nou ka fè menm jan an epi montre rekonesans nou pou lanmou inivèsèl Yo a? Atravè envitasyon senp epi global sa a, Sovè a anseye nou: “Si nou renmen mwen, gade kòmandman m yo” (Jan 14:15).

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye, “Lanmou pafè ak inivèsèl Bondye manifeste nan tout benediksyon ki nan plan levanjil Li a, enkli lefèt ke pi bèl benediksyon L yo rezève pou moun ki obeyi lwa L yo.”1

Mwen ta renmen pataje twa fason espesifik Papa nou ki nan syèl la manifeste lanmou L pou noumenm, pitit Li yo.

Premyèman, Relasyon avèk Bondye epi avèk Fanmi nou Demontre Lanmou Li.

Relasyon ki gen plis valè nou genyen se sa ki egziste ant Papa a ak Pitit la epi avèk pwòp fanmi nou, paske lyen nou avèk yo etènèl. Gran plan bonè a se yon manifestasyon mèveye sou lanmou Bondye pou nou. Avèk je nou fikse sou plan Bondye a, nou volontèman chwazi raboure tè ak wòch andedan nou k ap nouri dezi egoyis yo epi ranplase yo pa fondasyon ki ap bati relasyon etènèl. Nan yon sans, nou ka rele sa “fouy spirityèl.” Pandan n ap fè fouy spirityèl nou an, nou dwe premyèman chèche Bondye epi rele L (gade Jeremi 29:12-13).

Chèche L ak rele L ap kòmanse pwosesis la epi prepare kote pou nou bati ak fòtifye relasyon etènèl nou yo. Li elaji vizyon espiriyèl nou epi ede nou konsantre nou sou chanje sa nou ka kontwole, olye de krent ki pa sou kontwòl nou. Etidye lavi ak ministè Sovè a, Jezikri, ap pèmèt nou wè lòt pwoblèm sa yo nan yon pèspektiv etènèl.

Pafwa, distraksyon ka anpeche nou santi lanmou Bondye nan relasyon ak aktivite familyal nou yo. Yon manman ki te santi ke aparèy elektwonik yo t ap pran pye sou relasyon familyal li te vini avèk yon solisyon. Lè yo ap dine a tab ak nan lòt moman an fanmi, li jis lanse apèl sa a: “mete telefòn sou kote, annou pale fasafas.” Li di sa se nouvo règ pou fanmi an epi sa fòtifye relasyon yo antanke fanmi lè yo pase tan ansanm fasafas. Kounyea, yo pran plezi nan bon jan diskisyon sou Vini, Suiv Mwen an ansanm an fanmi.

Dezyèman, Li Manifeste Lanmou L pou Pitit Li yo nan Aple Pwofèt

Mond aktyèl nou an ap nwaye anba “lagè pawòl anpil ak batay opinyon” (Istwa—Joseph Smith 1:10). Pòl raple nou “Gen sitèlman anpil kalite vwa nan mond lan” (1 Korentyen 14:10). Kilès nan tout vwa sa yo ki klèman ak siyifikatifman anlè yo tout? Se vwa pwofèt, vwayan, ak revelatè Bondye yo.

Mwen sonje byen klè lè m te retounen travay apre m te fin sibi yon operasyon an 2018, mwen te nan pakin syèj Legliz la. Toudenkou, mwen te tande vwa Prezidan Russell M. Nelson ki t ap rele, “Taniela, Taniela.” Mwen te kouri al jwenn ni, epi li te mande m kòman m ye.

Mwen te reponn, “M ap reprann mwen trè byen, Prezidan Nelson.”

Li te banm konsèy avèk yon akolad. Mwen te reyèlman santi lanmou ministè pèsonèl yon pwofèt pou “youn” nan.

Prezidan Nelson vwayaje ale nan anpil peyi sou tè a. Nan lespri m, li pa jis ap veye sou dè milye moun, men l ap sèvi dè milye “youn” endividyèlman tou. Nan fè sa, li pataje lanmou Bondye genyen pou tout pitit Li yo.

Denyèman, pawòl Prezidan Nelson yo te yon sous fòs ak enspirasyon pou pèp Filipin nan. Menm jan ak tout peyi nan mond lan, an 2020, pandemi Covid-19 la te frape Filipin fò, ansanm ak vòlkan, tranbleman tè, tanpèt twopikal puisan ak inondasyon devastan.

Men, tankou yon kolòn limyè k ap klere nan fènwa laperèz, solitid, ak dezespwa, pawòl pwofèt la te vini. Pawòl li yo te gen ladan yo yon apèl mondyal pou jene ak priye, epi yon konsèy pou nou kontiye avanse malgre pandemi an. Li te envite nou pou nou fè fwaye nou yo vin tounen sanktyè lafwa. Li te mande tout Sen Dènye Jou tout kote pou yo respekte tout pitit Bondye epi kite Bondye gen priyorite nan lavi yo.2

Menmjan tou, temwayaj sou videyo Prezidan Nelson fèk pibliye sou pouvwa gratitid la emouvan ansanm ak priyè final li a,ki rezone nan tout Filipin.3 Nan pwovens Leyte a, yo te pase videyo a nan yon rasanbleman ki te reyini moun lafwa diferan, epi yo te mansyone yon pati ladan l nan diskou yon prèt. Filipin, ansanm ak tout mond lan, beni anpil pou yo santi lanmou Bondye atravè pawòl pwofèt chwazi L la.

Twazyèman, Chatiman Kapab yon Manifestasyon Lanmou Bondye pou Pitit Li

Pafwa, Bondye manifeste lanmou Li nan chatye nou. Se yon fason pou L raple nou ke Li renmen nou epi Li konnen kiyès nou ye. Benediksyon lapè Li pwomèt nou an disponib pou tout moun k ap mache avèk kouraj sou chemen alyans lan epi ki dispoze pou yo aksepte koreksyon.

Lè nou rekonèt chatiman epi nou dispoze pou nou resevwa yo, sa vin tounen yon operasyon spirityèl. An pasan, kiyès ki renmen operasyon? Men, pou moun ki bezwen sa epi gen dezi pou sibi li, li ka sove lavi. Senyè a chatye moun Li renmen. Ekriti yo ansenye nou sa (gade Ebre 12:5–11; Elaman 12:3; Doktrin ak Alyans 1:27; 95:1). Chatiman oubyen operasyon spirityèl sa a ap reyalize chanjman ki nesesè a nan lavi nou. N ap reyalize, frè m ak sè m yo, ke l rafine ak pirifye veso spirityèl ki andedan nou yo.

Joseph Smith, pwofèt Retablisman an, te sibi chatiman. Apre l te fin pèdi 116 paj maniskri Liv Mòmon an, Senyè a te alafwa korije l epi montre lanmou L pou li kote L te di li: “Ou pa t dwe pè lèzòm plis pase Bondye. … Men, Ou te dwe rete fidèl. … Gade, ou rele Joseph, e Bondye te chwazi w. … Men sonje, Bondye gen mizèrikòd; se poutèt sa, repanti” (Doktrin ak Alyans 3:6-10).

An 2016, pandan m t ap sèvi yon misyon nan Little Rock, Arkansas, mwen te mande frè Cava pou l t al delivre yon pakè bay gran sè m nan, ki te abite nan yon zile nan Fiji. Reyaksyon li te ban m nan se pa t yon bagay mwen te atann. Li te di, nan yon kri, “Prezidan Wakolo, sè w la mouri, epi li antere sa gen 10 jou.” Mwen te pran pitye pou tèt mwen epi m te menm santi m yon tijan kontrarye dèske fanmi m pa t menm sousye pou yo te anonse m sa.

Nan jou apre a, pandan madanm mwen t ap anseye misyonè yo, panse sa a te penetre nan nanm mwen: “Tout bagay sa yo ap ba w eksperyans, epi se ap pou byen w. W ap anseye ak temwaye konsènan Ekspyasyon Jezikri a; kounyea viv dapre li.” Mwen te jwenn rapèl ke “Moun Bondye korije yo beni; se poutèt sa, nou pa dwe meprize chatiman Toupuisan an” (Jòb 5:17). Se te yon operasyon spirityèl pou mwen, e rezilta a te imedya.

Pandan m t ap reflechi sou eksperyans sa a, yo te rele m pou m te pran lapawòl pou te fini diskisyon an. Pami lòt bagay m t pale, mwen te pataje leson m te fèk aprann nan: premyèman, mwen te fèk resevwa chatiman Sentespri a, e m te kontan dèske m sete sèl moun ki te tande li; dezyèmman, gras ak sakrifis ak ranson Sovè a, mwen pa p janm fè referans a pwoblèm mwen yo kòm eprèv ak tribilasyon ankò, men kòm “eksperyans aprantisaj” mwen; epi, twazyèmman, gras ak lavi pafè ak san peche Li, mwen pa p janm fè referans a echèk mwen ak mank kapasite m yo kòm feblès ankò men pito kòm opòtinite pou m pwogrese. Eksperyans sa a te ede m aprann ke Bondye chatye nou paske L renmen nou.

Pou m fini. Papa Etènèl nou an, ak Pitit Gason L la, Jezikri, montre nou lanmou yo nan rann posib pou nou gen relasyon etènèl avèk yo epi avèk fanmi nou, nan aple pwofèt nan dènye jou yo pou anseye nou ak sèvi nou, epi nan chatye nou pou ede nou aprann ak pwogrese. “Bay Bondye remèsiman pou kado enkonparab Pitit Gason Diven L lan,”4 Senyè resisite nou an, Kris vivan an. Nan non Jezikri, amèn.