Konferans Jeneral
Mesaj byenveni
Konferans Jeneral Avril 2021


Mesaj byenveni

Byenveni nan konferans jeneral la ak pou privilèj pou nou koute vwa Senyè a.

Chè frè m yo, sè m yo, ak zanmi m yo atravè mond lan, mwen swete nou byenveni pèsonèlman nan konferans jeneral sa a. Nou rasanble kòm yon gwo fanmi mondyal ki gen dezi pou adore Senyè ak Sovè nou an, Jezikri. Mèsi paske w la a avèk nou.

Ane pase se te yon ane memorab nan rejis listwa. Pa gen dout ke nou chak te aprann bagay nou pa t konnen oparavan. Kèk leson ke m te konnen anvan te vin ekri nan kè m nan nouvo fason enstriktif.

Pa egzanp, mwen konnen avèk sètitid ke Senyè a ap dirije zafè legliz Li a. Li te di, “M pral montre [ou] m kapab fè travay mwen.”1

Souvan, mwenmenm ak konseye m yo gade avèk dlo nan je lè nou wè L entèsede nan sikonstans ekstrèmman difisil apre nou fin fè tout sa nou te kapab epi nou pa t kapab fè plis ankò. Nou anfèt kanpe emèveye.

Anplis, mwen pi byen konprann kounyea kisa L te vle di lè L te di, “Gade, m ap akselere travay mwen an nan tan pa li.”2 Ankò epi ankò, mwen rejwi lè m wè L ap dirije ak egzekite akselerasyon travay Li a—menm pandan yon pandemi mondyal.

Chè frè m ak sè m yo, fòs Legliz la chita nan efò ak temwayaj k ap kontinye grandi nan tout manm li yo. Temwayaj yo ka kiltive pi byen nan fwaye a. Pandan ane ki sot pase a, anpil nan nou te grandman ogmante etid levanjil la nan fwaye nou. Mwen di nou mèsi, epi pitit nou yo va remèsye nou.

Gwo pwojè renovasyon tanp Salt Lake la ap kontinye. Nan biwo m nan, mwen ka di m chita nan premye ran pou m gade travay k ap fèt sou plas tanp lan.

Imaj
Travay konstriksyon nan chantye tanp lan

Pandan m ap gade travayè yo ki ap fouye pou retire vye rasin pyebwa, plonbri, fil elektrik, ak yon fontèn ki koule, mwen panse a bezwen ki genyen pou, avèk èd Sovè a, nou tout retire vye debri nan lavi nou.

Levanjil Jezikri a se yon levanjil repantans.3 Gras ak Ekspyasyon Sovè a, levanjil Li a bay yon envitasyon pou nou kontinye chanje, grandi, ak vini plis pirifye. Se yon levanjil espwa, gerizon, ak pwogresyon. Kidonk, levanjil la se yon mesaj lajwa! Lespri nou rejwi a chak pa nou fè an avan.

Yon pati nan rasanbleman Izrayèl la, e yon pati ki trè enpòtan, se tach nou genyen antanke yon pèp pou nou diy ak dispoze pou ede prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè a .

Pandan n ap koute mesaj ke dirijan nou yo te prepare avèk anpil atansyon sou direksyon Sentespri a, mwen envite nou pou nou priye pou nou ka idantifye debri nou ta dwe retire nan lavi nou yo pou nou ka vin pi diy.

Mwen renmen nou, chè frè m ak sè m yo, epi mwen temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byeneme L la konnen nou ak renmen nou endividyèlman. Yo kanpe pare pou ede nou nan chak pa n ap fè an avan. Byenveni nan konferans jeneral la ak pou privilèj pou nou koute vwa Senyè a. Nan non Jezikri, amèn.