Konferans Jeneral
Defann Konstitisyon Divinman Enspire Nou an
Konferans Jeneral Avril 2021


Defann Konstitisyon Divinman Enspire Nou an

Kwayans nou nan enspirasyon divin bay Sen Dènye Jou yo yon responsabilite unique pou yo soutni ak defann konstitisyon Etazini an ak prensip konstitisyonalis ki ladan l yo.

Nan tan twouble sa yo, mwen santi m enspire pou m pale de Konstitisyon enspire Etazini an. Konstitisyon sa a gen yon enpòtans espesyal pou manm k ap viv Etazini yo, men li se yon eritaj komen de lòt konstitisyon nan mond lan tou.

I.

Yon konstitisyon se fondasyon yon gouvènman. Li bay estrikti ak limit pou egzèsis pouvwa gouvènman yo. Konstitisyon Etazini an se konstitisyon ki pi ansyen nan konstitisyon ekri ki toujou an vigè jodia. Byenke se sèlman yon ti kantite koloni ki te adopte l alorijin, li te vit vin tounen yon modèl mondyal. Jounen jodi a, chak nasyon eksepte twa adopte konstitisyon ekri.1

Pandan m ap di sa yo la a, mwen pa p pale pou okenn pati politik ni pou okenn lòt gwoup. M ap pale pou konstitisyon Etazini an, ke m te etidye pandan plis pase 60 an. M ap pale selon eksperyans mwen nan domèn jiridik la kòm grefye legal anchèf Prezidan Lakou Siprèm Etazini an. M ap pale apati 15 zan eksperyans mwen kòm pwofesè lalwa nan plizyè lekòl dedwa, ak 3 zan edmi m kòm jij nan Lakou Siprèm Utah a. Pi enpòtan toujou, m ap pale apati 37 tan eksperyans mwen kòm yon Apòt Jezikri, ki responsab pou etidye siyifikasyon konstitisyon divinman enspire Etazini an jan l aplike nan travay Legliz retabli L la.

Konstitisyon Etazini an unique paske Bondye te revele ke L te “etabli” li “pou dwa ak pwoteksyon tout chè” (Doktrin ak Alyans 101:77; gade tou vèsè 80). Se poutèt sa konstitisyon sa a gen yon enpòtans espesyal pou Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo toupatou nan mond lan. Pou kesyon si prensip li yo dwe aplike nan lòt nasyon nan mond lan ak kijan yo dwe aplike, se zafè pou yomenm yo deside.

Kisa k te objektif Bondye nan etablisman Konstitisyon Etazini an? Nou ka wè l nan doktrin libabit la. Nan premyè deseni Legliz retabli a, Sen Dènye jou ki t ap viv nan teritwa lwès yo t ap sibi pèsekisyon prive ak piblik. Sete an pati paske yo te opoze a esklavaj lòm ki te egziste nan Etazini lè sa a. Nan sikonstans malere sa yo, Bondye te revele palentèmedyè pwofèt Joseph Smith verite etènèl konsènan doktrin Li an.

Bondye bay pitit Li yo libabit—pouvwa pou yo deside ak pou yo aji. Kondisyon ki pi dezirab pou egzèse libabit sa a se libète maksimòm gason ak fi genyen pou yo aji selon chwa pèsonèl yo. Lè sa a, revelasyon an eksplike, “chak moun ka responsab pou pwòp peche l jou jijman an” (Doktrin ak Alyans 101:78 “Se poutèt sa,” Senyè a te revele, “li pa jis pou okenn moun ta nan esklavaj youn anba lòt“ (Doktrin ak Alyans 101:79 Sa klèman vledi ke mete moun nan esklavaj pa bon. Epi, selon menm prensip la, li pa bon pou sitwayen yo pa gen yon vwa nan seleksyon moun ki pou dirije yo oubyen lè y ap fè lwa yo.

II.

Kwayans nou ke Konstitisyon Etazini an te divinman enspire a pa vle di ke se revelasyon divin ki te dikte chak mo ak chak fraz ladan li, tankou pwovizyon ki di kantite reprezantan ki pou soti nan chak eta yo oswa laj minimòm chak reprezantan.2 Prezidan J. Reuben Clark te di konstitisyon an se pa yon “dokiman konplè.” Li te eksplike, “Okontrè, nou kwè ke l dwe pwogrese ak devlope pou l ka reponn a bezwen chanjan yon mond k ap avanse.”3 Paregzanp, amandman enspire te aboli esklavaj epi te bay fi yo dwa pou yo vote. Sepandan, nou pa wè okenn enspirasyon nan chak desizyon Lakou Siprèm ki ap entèprete Konstitisyon an.

Mwen kwè ke Konstitisyon Etazini an gen omwen senk prensip ki enspire divinman.4

Premye prensip la sèke sous pouvwa gouvènman an se pèp la. Nan yon epòk kote moun te inivèsèlman asime ke pouvwa souvrain an te soti tou dwat nan dwa diven wa yo oubyen nan pouvwa militè, sete yon bagay revolisyonè pou te atribye pouvwa souveren a pèp la. Anpil filozòf te mande sa, men Konstitisyon Etazini an sete premye ki te aplike prensip sa a. Pouvwa souveren pèp la pa vle di ke yon foul moun oubyen lòt gwoup moun ka entèvni pou entimide gouvènman an oubyen pou fòse l aji. Konstitisyon Etazini an te etabli yon repiblik demokratik konstitisyonèl, kote pèp la egzèse pouvwa li atravè reprezantan li eli yo.

Yon dezyèm prensip enspire se divizyon pouvwa delege ant nasyon an ak eta ki anba l yo. Nan sistèm federal nou an, prensip san presedan sa a pafwa modifye pa amandman ki enspire, tankou amandman ki te aboli esklavaj la ak sa ki te bay fi yo dwa pou yo vote a, jan nou te mansyone anvan an. Sa siyifikatif ke Konstitisyon Etazini an bay gouvènman nasyonal la limit nan egzèsis pouvwa yo te akòde l byen klè oubyen pa enplikasyon an, epi li rezève tout lòt pouvwa gouvènman an “pou Eta yo respektivman, oubyen pou pèp la.”5

Yon lòt prensip enspire se separasyon pouvwa yo. Plis pase yon syèk anvan Konvansyon Konstitisyonèl 1787 la, Palman Anglè a te parèt avèk separasyon ant otorite lejislatif ak otorite ekzekitif la lè yo te retire kèk pouvwa nan men wa a. Enspirasyon nan konvansyon Ameriken an sete pou delege pouvwa egzekitif, lejislatif ak jidisyè ki endepandan pou twa branch sa yo te ka kontwole youn lòt.

Yon katriyèm prensip enspire se nan pakèt garanti esansyèl sou dwa endividyèl ak limit espesifik yo mete sou otorite gouvènman an nan Deklarasyon Dwa yo, ke yo te adopte jis twazan apre Konstitisyon an te antre an fonksyon. Yon Deklarasyon Dwa se pa t yon bagay ki te nouvo. Enspirasyon an sete nan aplikasyon pratikprensip ki te kòmanse an Angletè yo, kòmanse avèk Magna Carta (Grande Charte) la. Moun yo ki te ekri Konstitisyon an te familye ak bagay sa yo paske kèk nan chart kolonyal yo te gen kèk garanti konsa.

San yon deklarasyon Dwa, Etazini pa t ap ka sèvi kòm nasyon ki t ap resevwa Retablisman levanjil la, ki te kòmanse sèlman trantan apre. Te gen enspirasyon divin nan pwovizyon orijinal la ki te di ke pa t dwe gen tès relijyon pou ofis piblik,6 men adisyon nan garanti libète relijyon ak kontestasyon an nan Premye Amandman an te vital. Nou wè enspirasyon divin tou nan libète lapawòl ak laprès nan Premye Amandman an ak nan pwoteksyon pèsonèl ki genyen nan lòt amandman yo, tankou pou pwosekisyon kriminèl.

Imaj
Nou gen moun yo.

Senkyèm e finalman, mwen wè enspirasyon divin nan objektif vital tout Konstitisyon an. Nou dwe gouvène pa lalwa e nou pa pa moun endividyèl, epi lwayote nou se anvè Konstitisyon an ak prensip ak pwosesis ki ladan l yo, se pa anvè okenn moun ki detni yon ofis. Nan fason sa a, tout moun dwe egal devan lalwa. Prensip sa yo opoze a anbisyon otokratik, ki kowonpi demokrasi nan kèk peyi. Yo vle di tou ke okenn nan twa branch gouvènman an pa dwe domine sou lòt oubyen anpeche lòt ranpli fonksyon konstitisyonèl yo genyen pou youn tcheke sou lòt la.

III.

Malgre prensip ki divinman enspire nan Konstitisyon Etazini an, efè yo te atann prensip sa yo t ap genyen an pa toujou atenn lè se moun mòtèl enpafè ki ap egzèse yo. Gen kèk sijè enpòtan sou fè lalwa, tankou kèk lwa ki gouvène relasyon familyal, ke Gouvènman Federal la retire nan men eta yo. Garanti libète lapawòl Premye Amandman an pafwa disparèt akoz yo siprime pawòl ki pa popilè. Prensip separasyon pouvwa a te toujou anba presyon akoz mouvman ale-vini yon branch nan gouvènman an k ap egzèse oubyen bloke pouvwa ki te delege a yon lòt.

Gen lòt danje k ap wonje prensip enspire yo nan Konstitisyon Etazini an tou. Kalib Konstitisyon an diminye pa pil efò k ap fèt pou demontre ke tandans aktyèl sosyete a se rezon ki fè yo te fonde li, olye de libète ak otonomi gouvènman. Otorite Konstitisyon an diminye lè kandida oubyen ofisyèl inyore prensip ki ladan l yo. Diyite ak fòs Konstitisyon an redui pa moun ki fè referans avèk li kòm yon tès lwayote oubyen yon slogan politik, olye de pozisyon elve li kòm yon sous otorizasyon ak limit pou otorite gouvènman an.

IV.

Kwayans nou nan enspirasyon divin bay Sen Dènye Jou yo yon responsabilite unique pou yo soutni ak defann konstitisyon Etazini an ak prensip konstitisyonalis yo kèlkeswa kote n ap viv. Nou dwe fè Senyè a konfyans epi rete pozitif konsènan avni nasyon sa a.

Ki lòt bagay Sen Dènye Jou fidèl ka fè? Nou dwe priye pou Senyè a ka gide ak beni tout nasyon ak dirijan yo. Sa fè pati atik lafwa nou yo. Soumèt nou a prezidan oubyen dirijan7 yo sètènman pa entèdi pou nou opoze a kèk lwa oubyen politik endividyèl. Sa mande nou pou nou egzèse enfliyans nou poliman e pasifikman, andedan kad konstitisyon nou yo ak lwa ki aplikab yo. Nan pwoblèm n ap konteste yo, nou dwe chèche pou nou modere ak ini.

Gen lòt devwa ki atache a soutni Konstitisyon enspire a. Nou dwe aprann epi defann prensip enspire ki nan Konstitisyon an. Nou dwe chèche epi soutni bon moun saj ki ap sipòte prensip sa yo nan aksyon piblik yo.8 Nou dwe dè sitwayen ki enfòme e ki angaje aktivman nan fè santi enfliyans nou nan zafè piblik yo.

Nan Etazini ak nan lòt demokrasi, nou egzèse enfliyans politik nou lè nou prezante nou kòm kandida (yon bagay nou ankouraje), lè nou vote, nan pote sipò finansye, nan vin manm pati politik epi sèvi ladan yo, ak lè nou kenbe kominikasyon konstan avèk moun ki sou pouvwa yo, pati politik yo, ak kandida yo. Pou l byen fonksyone, yon demokrasi bezwen tout bagay sa yo, men yon sitwayen ki gen konsyans pa oblije fè tout ladan yo.

Gen plizyè pwoblèm politik, e pa gen okenn pati politik, ni platfòm, ni kandida poukont yo ki ka satisfè tout preferans pèsonèl yo. Se poutèt sa, chak sitwayen dwe deside ki pwoblèm ki pi enpòtan pou li nen nenpòt moman patikilye. Apresa, manm yo dwe chèche enspirasyon pou yo ka konnen kijan pou yo egzèse enfliyans yo selon priyorite endividyèl yo. Pwosesis sa a pa p fasil. Sa ka mande chanje sipò nou bay yon pati politik oubyen chwa kandida nou, soti nan yon eleksyon al nan pwochen eleksyon an.

Aksyon endepandan sa a kapab pafwa mande pou moun k ap vote yo sipòte kandida oubyen pati politik oubyen platfòm ki gen lòt pozisyon ke yo pa ka apwouve.8 Se youn nan rezon k fè nou ansenye manm nou yo pou yo evite jije youn lòt nan zafè politik. Nou pa dwe janm afime ke yon Sen Dènye Jou fidèl pa ka fè pati yon pati politik espesifik oubyen vote pou yon kandida patikilye. Nou ansenye prensip kòrèk yo epi nou kite manm nou yo chwazi kijan pou yo bay priyorite ak aplike prensip sa yo sou pwoblèm ki prezante de tanzantan yo. Nou ensiste tou, epi nou mande dirijan lokal nou yo pou yo ensiste sou sa, ke chwa politik ak afilyasyon politik pa dwe fè pati sijè ansèyman oubyen ankourajman nan okenn nan reyinyon Legliz nou yo.

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ap, sètènman, egzèse dwa li pou l andòse oubyen opoze a tout pwopozisyon lejislatif ke nou konsidere ki kontrè a ekzèsis libète relijyon oubyen a enterè esansyèl òganizasyon Legliz yo.

Mwen temwaye ke Konstitisyon Etazini an te divinman enspire epi m priye pou noumenm ki rekonèt Èt Diven ki te enspire l la toujou soutni ak defann gran prensip li yo. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Mark Tushnet, “Constitution,” nan Michel Rosenfeld and András Sajó, eds., The Oxford Handbook of Comparative Constitutional Law (2012), 222. (Twa peyi ki pa gen konstitisyon ekri yo se Wayòm Ini, Nouvèl Zeland, ak Izrayèl. Yo chak gen gwo tradisyon konsitisyonalis, menmsi pwovizyon gouvènman yo pa kolekte nan yon sèl dokiman.)

  2. United States Constitution, article 1, section 2.

  3. J. Reuben Clark Jr., “Constitutional Government: Our Birthright Threatened,” Vital Speeches of the Day, Jan. 1, 1939, 177, site nan Martin B. Hickman, “J. Reuben Clark, Jr.: The Constitution and the Great Fundamentals,” in Ray C. Hillam, ed., By the Hands of Wise Men: Essays on the U.S. Constitution (1979), 53. Brigham Young te gen yon opinyon similè de Konstitisyon an, li te ansenye ke fondatè yo te “bati fondasyon an, epi se te pou moun k ap vini yo bati gwo batiman sou li” (Diskou Brigham Youngsel. John A. Widtsoe (1978), 359.

  4. Senk sa yon sanble men se pa menm ke J. Reuben Clark Jr., Stand Fast by Our Constitution (1973), 7; Ezra Taft Benson, “Our Divine Constitution,” Ensign, Nov. 1987, 4–7; and Ezra Taft Benson, “The Constitution—A Glorious Standard,” Ensign, Sept. 1987, 6–11. Gade, an jeneral, Noel B. Reynolds, “The Doctrine of an Inspired Constitution,” in By the Hands of Wise Men

  5. Konstitisyon Etazini an, amandman 10.

  6. Konstitisyon Etazini an, atik 6.

  7. Gade Atik Lafwa 1:12.

  8. Gade Doktrin ak Alyans 82:10.

  9. Gade David B. Magleby, “Nesesite pou Pati Politik ak Enpòtans Konpwomi.“ BYU Studiesno. 4 (2015), 7-23.